8 mas: Selebrasyon jounen diskriminasyon an ! Geneviève Chery, Kotch Pedagojik Aprè plizyè jounen protestasyon feminis ewopeyen yo reyalize nan premye mwatye 21è syèk la, pou revandike meyè kondisyon sosyal pou fanm ki ofisyèlman pa t gen aksè pou jwi dwa sosyal yo, La Russie Sovyetik se premye peyi ki chwazi ofisyalize yon jou pou sansibilize moun sou respè dwa fanm nan lide pou kapab genyen yon priz konsyans kolektif sou nesesite amelyorasyon nan kondisyon lavi fanm yo. Nan lane 1977, nasyonzini te deside ofisyalize dat 8 mas la kòm jounen entènasyonal pou moun panse sou kondisyon lavi ak respè dwa fanm yo nan lemonn antye. Toutfwa, kwasans rapid rasis sistemik lan ak pouvwa dominan nan sosyete pòs-modèn yo fè dat sa a tounen yon jounen kote yo nòmalize epi selebre diskriminasyon ak inegalite seksyèl nan plizyè peyi. Nan peyi Dayiti, lè 8 mas rive, anpil sektè òganize gwo fèt pou fanm yo, yo menm rele jounen sa, jounen fèt fanm. Souri ki sou vizaj fanm k ap resevwa kado ak bèl souwè, pa manke eksprime lajwa ki nan kè yo, paske gason chwazi yon jou pou onore yo. Souwè y ap resevwa nan men gason yo pa manke eksprime frajilite ak anòmali ke fanm reprezante an jeneral. Medam yo bliye kesyone : Poukisa nou selebre fèt fanm, men nou pa selebre fèt gason? Poukisa mak patikilarite sa a, si m se yon moun nòmal ? Anplis konsiderasyon sa yo, depi 2011 leta ayisyen ofisyalize prensip kota, selon prensip sa a, fanm yo dwe benefisye privilèj pou yo reprezante pou pipiti 30% nan fonksyon piblik yo, endepandamman de prensip meritokratik yo. Lè nou konsidere aksè a fonksyon piblik yo ki ta dwe ouvè a tout moun an fonksyon konpetans ak kalifikasyon yo, li enpòtan pou nou ta kesyone : Poukisa nan lekòl ak inivèsite yo tifi yo reyisi san prensip kota, e souvan yo pi briye pase anpil gason nan etid yo, alòske, pou yo aksede a fonksyon piblik yo, yo oblije jwenn yon favè ? Poukisa konpetans ki pèmèt mwen reyisi nan lekòl la paka pèmèt mwen entegre mache travay la ?
5