MAG
APA
ANSEYE POU AYITI Magazin Jiyè 2021
Tab Matyè Editoryal................................................................................................................................1 Pedagoji aktiv, yon estimilan pou reyisit lekòl. | Joselie Jn Francois ............................ 2 M ap kontinye travay pou bon jan solisyon dirab e itil | Alexis Jn Thony ....................4 8 mas: Selebrasyon jounen diskriminasyon an ! | Geneviève Chery .............................5 Bon jan ledikasyon pou timoun ki restavèk yo, yon dwa olye yon favè | Jean Berthony Claimon ..............................................................7 Aplikasyon etik pwofesyonèl se yon garanti pou reyisit enstitisyon eskolè yo | Phabiana Jean.................................................................... 9 Ti koze sou ledikasyon ann Ayiti | Colson Jean Jacques ..............................................11 Aksyon kominotè | Laurie Sabrina Dieudonné ............................................................13 Koz ak konsekans chatiman kòpowèl la. | Joachim Jackson.........................................15 Temwayaj aprenan-lidè Rosalineda | Rosalineda Ténélien ............................................ 17 Temwayaj yon aprenan-lidè | Daphneed Emmanuella Leon .......................................... 18
Editoryal Depatman Anbasadè ak Patenarya Anseye Pou Ayiti (APA) kontan ofri ak tout patnè li yo, tout antite k ap evolye nan sektè edikatif la, tout manm fanmi APA ak tout lektè an jeneral yon katryèm edisyon MagAPA. Travay sa a enkli yon seri atik, temwayaj enteresan ki vini apre enspirasyon ak eksperyans aprenan-lidè, anseyan-lidè, gradye, anbasadè ak paran epi direktè lidè ki fè pati mouvman APA. Apre tout bèl travay ekip solid sa a ap reyalize nan kominote yo, nou twouve l nesesè pou n pataje ak tout kominote edikatif la bon jan temwayaj, konsèy sou ledikasyon, metòd ansèyman, lidèchip, elatriye. Youn nan valè APA se solidarite. Nou kwè nan pataje, se pou sa nou fè echanj ak tout lòt antite k ap mennen menm batay sa a. Nou kwè se nan solidarite, tèt ansanm n ap rive abouti ak bon jan ledikasyon kalite e se konsa n ap rive chanje peyi nou. Nou kwè solidarite, ekselans, respè ak angajman kapab pèmèt nou abouti ak yon chanjman mantalite nan lide pou n poze bon jan aksyon pou yon chanjman dirab e itil. Aprenan, anseyan, paran, anbasadè ak direktè-lidè nou yo kwè se vre pwoblèm yo anpil, men solisyon yo posib si chak moun pran responsabilite yo. Nou swete w bon lekti e nou espere kontni magazin sa a pral pèmèt ou asimile kèk estrateji ajoute sou sa w genyen deja kòm potansyèl pou transfòme kominote pa w. Pou elèv yo, pou peyi nou !
Nou apresye sipò ekip revizyon an ki fè yon travay kolosal. Chapo ba! Hoates Inson Lyra • Darline Axil • Rolf-Phanel Soulouque 1
Pedagoji aktiv, yon estimilan pou reyisit lekòl. Joselie Jn Francois, Anbasadè APA Depi plizyè syèk, chatiman kòporèl ap taye banda nan peyi Dayiti. Baton, ajenou ak lòt pinisyon ki gen anpil efè negatif sou moun, se sèl mwayen lekòl te toujou konn itilize pou fè aprenan aprann. Jounen jodi a, prèske tout kote ou pase, y ap pale sou pedagoji aktiv. Kisa pedagoji aktiv la ye? Ki avantaj li pote? Nan ki nivo nou ka itilize pedagoji aktiv? Eske gen yon materyèl espesyal pou itilize nan pedagoji aktiv? Anpil lòt moun pale sou pedagoji aktiv. Tankou : Maria Montessori, Philippe Meirieu, Ovide Decroly, Marguerite Altet, Célestin Freinet, elatriye. Gen ladan yo ki kwè aprantisaj la se devlòpman ak fòmasyon aprenan an kòm yon moun (Ovide Decroly). Genyen ki kwè nan fòme aprenan an kòm yon moun sosyal, yon manm nan kominote l. Satiyèt enterè pou kominote kay aprenan an ki pou pouse l aji (pedagoji sosyalis ak pwodiktiv / Célestin Freinet). John Dewey di ou pa dwe fòse timoun nan aprann men fè li pran yon angajman pou aprantisaj li. Aktivite aprantisaj yo dwe enteresan epi gen sans pou aprenan an. Roger Cousinet di si anseyan vle aprenan aprann , li dwe sispann anseye. Paske aprann se chèche enfòmasyon. Nan otè sa yo, kiyès ki gen tò oubyen rezon? Nou pa konnen. Men nan Anseye Pou Ayiti, pwiske adaj la di : « Monte sou zepòl sa yo ki pi gran pou wè pi lwen » nou pran sa nou jije bon nan chak apwòch yo epi nou ajoute lanmou. Timoun pa aprann nan men moun li pa renmen ni ki pa renmen l tou. Pou m repete Rita Person. Nan kontèks pa nou, pedagoji aktiv se bon jan relasyon bati sou lanmou ak respè nan mitan aprenan ak anseyan andedan ak deyò sal klas la pandan 2
chak aprenan angaje li nan chèche enfòmasyon k ap pèmèt yo fè deba, grandi, pwodwi pou pote rezilta pozitif sou kominote a. Lè ou itilize pedagoji aktiv nan klas ou, ou jwenn plis enfòmasyon nan mwens tan, sa vle di gen plis aprantisaj pandan anseyan fè mwens efò. Gen plis motivasyon nan mitan aprenan yo. Aprenan yo pran tan pou yo reflechi, devlope otonomi, inisyativ ak kreyativite. Li favorize aprantisaj, lespri analiz ak kritik. Aprenan yo anvi aprann , yo vin renmen lekòl paske sa y ap fè lekòl la, se sa yo fè e viv nan lavi yo chak jou. Nan kèlkeswa nivo, ou ka itilize pedagoji aktiv, depi preskolè jiska tèminal. Chak nivo nan dimansyon pa l. Pa gen yon materyèl espesyal pou pedagoji aktiv. Se menm materyèl yo, nou itilize yon lòt fason. Eske ou konnen gen moun ki fini lekòl, ki pa janm itilize yon riban metrik e ki ka pa janm jwenn chans itilize li parapò ak metye li vin chwazi nan lavni. Anpil jèn ki antre nan jeni sivil, koutiryè, elatriye se nan inivèsite yo pral resi manyen materyèl sa a ki te devan je yo chak jou. Olye n ap di aprenan an ang dwa mezire 90°, mande l trase figi ou konnen l ap jwenn ang dwa ladan l lan, mande li mezire ang yo, diskite ak lòt aprenan, pou dekouvri yo menm lè ang lan dwa e 90° se mezi a . Li pap janm bliye sa li dekouvri. Anseyan, jodi a pedagoji aktiv ofri nou opòtinite pou nou pwodwi moun konplè pou pran la relèv pou lè nou pa kapab ankò. Ann sispann fè yo repete tankou jako repèt sa lòt moun te di. Mete yo nan anbyans pou yo pwodwi apati eksperyans ak dekouvèt yo fè. Pandan n ap itilize pedagoji aktiv, n ap tou dekouvri ak ki materyèl chak aprenan pi alèz epi oryante yo nan sa ki ale avè yo pou lavi pwofesyonèl yo. Konsa, yo pap bezwen al envesti yon lane nan yon bagay pou se lè yo rive , yo rann yo kont sa pa fèt pou yo. Kèkfwa, yo al eseye nan yon lòt domèn; kèkfwa, yo tou bay vag oubyen yo di : M deja la, m ap kontinye. Men, etid sa pa janm itil yo anyen paske se pat sa yo te anvi fè vrèman. Si ou antrene yo nan anbyans pedagoji aktiv la, n ap gen plis aprenan ki reyisi lavi yo. Ann anseye yo byen jodia pou yo byen anseye jenerasyon ki gen pou vini yo. Ann anseye yo pou Ayiti!!!
3
M ap kontinye travay pou bon jan solisyon dirab e itil Alexis Jn Thony, Direktè-Lidè Eksperyans mwen fè m konprann, yon lidè transfomasyonèl se yon lidè ki gen anpil imilite. Li devlope lidèchip li nan solidarite ak antouraj li. Li itilize lidèchip li pou l transfòme lavi l ak lavi lòt moun nan kominote l, pandan l ap vize ekselans toujou nan respè youn pou lòt, avèk anpil taktik oubyen estrateji. Kit se nan fanmi m ak lòt aktivite mwen antreprann, sa touche m anpil. Paske m te gen yon sans fèmen, konsantre sou mwen menm. Men Anseye Pou Ayiti mete m nan anbyans. Li elaji m, pou m pa wè tèt pa m sèlman, men lòt moun tou. Li fè m konnen kòman pou m dekouvri fòs ak feblès mwen. Pandan m ap rete konfyan, ouvè nan imilite pou m kapab resevwa fidbak. Konsa m va konsolide pwen fò m yo, pou m ka amelyore feblès mwen. Menm jan ak pitit mwen, mwen vin konnen pou m kreye tan pou moun paske tout moun pa aprann menm jan. Gen anpil etap moun pase pou abouti ak yon chanjman dirab. Mwen vin aprann plis nan jere konfli, nan fè analiz, pran desizyon ki posib ak aplikasyon. Mwen deja eseye metòd APA yo e m jwenn bon rezilta. Anseye Pou Ayiti se yon revolisyon nan zafè chanjman ak transfòmasyon pou sistèm edikasyon nou an. Anseye Pou Ayiti, vin ogmante konpetans mwen, fòs ak abilite m pou m avanse ak anpil konfyans pozitif, pou m konnen nan kolabore ak moun, toujou gen move rezilta. Anplis, nan tout pwoblèm k ap bay pwoblèm, toujou gen solisyon ki posib. Avèk kapasite sa a, m ap travay pou m kontinye enfliyanse pozitivman lòt moun ki nan kominote m ap evolye a, nan poze bon jan aksyon konkrè nan lide pou n abouti ak bon jan chanjman dirab e itil.
4
8 mas: Selebrasyon jounen diskriminasyon an ! Geneviève Chery, Kotch Pedagojik Aprè plizyè jounen protestasyon feminis ewopeyen yo reyalize nan premye mwatye 21è syèk la, pou revandike meyè kondisyon sosyal pou fanm ki ofisyèlman pa t gen aksè pou jwi dwa sosyal yo, La Russie Sovyetik se premye peyi ki chwazi ofisyalize yon jou pou sansibilize moun sou respè dwa fanm nan lide pou kapab genyen yon priz konsyans kolektif sou nesesite amelyorasyon nan kondisyon lavi fanm yo. Nan lane 1977, nasyonzini te deside ofisyalize dat 8 mas la kòm jounen entènasyonal pou moun panse sou kondisyon lavi ak respè dwa fanm yo nan lemonn antye. Toutfwa, kwasans rapid rasis sistemik lan ak pouvwa dominan nan sosyete pòs-modèn yo fè dat sa a tounen yon jounen kote yo nòmalize epi selebre diskriminasyon ak inegalite seksyèl nan plizyè peyi. Nan peyi Dayiti, lè 8 mas rive, anpil sektè òganize gwo fèt pou fanm yo, yo menm rele jounen sa, jounen fèt fanm. Souri ki sou vizaj fanm k ap resevwa kado ak bèl souwè, pa manke eksprime lajwa ki nan kè yo, paske gason chwazi yon jou pou onore yo. Souwè y ap resevwa nan men gason yo pa manke eksprime frajilite ak anòmali ke fanm reprezante an jeneral. Medam yo bliye kesyone : Poukisa nou selebre fèt fanm, men nou pa selebre fèt gason? Poukisa mak patikilarite sa a, si m se yon moun nòmal ? Anplis konsiderasyon sa yo, depi 2011 leta ayisyen ofisyalize prensip kota, selon prensip sa a, fanm yo dwe benefisye privilèj pou yo reprezante pou pipiti 30% nan fonksyon piblik yo, endepandamman de prensip meritokratik yo. Lè nou konsidere aksè a fonksyon piblik yo ki ta dwe ouvè a tout moun an fonksyon konpetans ak kalifikasyon yo, li enpòtan pou nou ta kesyone : Poukisa nan lekòl ak inivèsite yo tifi yo reyisi san prensip kota, e souvan yo pi briye pase anpil gason nan etid yo, alòske, pou yo aksede a fonksyon piblik yo, yo oblije jwenn yon favè ? Poukisa konpetans ki pèmèt mwen reyisi nan lekòl la paka pèmèt mwen entegre mache travay la ?
5
Depi 1804 nou endepandan, peyi nou deja pase anviwon 43 prezidan. Inik fanm ki te resi prezidan Dayiti pa enterim se Ertha Pascal Trouillot. Li reyalize yon lane gouvènans nan yon kontèks difisil, avèk tout diyite l. Nasyon an pa t kapab akize l de fwod ni de vòl paske li te byen jere fonksyon li. Malgre sa, jounen jodi a, anpil fanm ayisyen deklare yo p ap mete fanm dirije yo. Se sa k fè yo p ap janm vote fanm nan vi yo. Nòmalman, pouvwa dominan fè nou kwè fanm paka fè gwo bagay. Se sa ki fè, lè yon fanm fè yon gwo eksplwa, tout moun wè se yon bagay ekstraòdinè paske, nòmalman fanm paka fè sa a. Konsepsyon sa vin kreye yon konplèks lakay fanm yo, ki fè yo santi yo nan konpetisyon youn ak lòt, pou yo kapab toujou siperyè pou sosyete a ka rekonèt yo kòm ewo. Aprè nou fin viktim konplèks sa a nan kèk enstitisyon sosyal ann Ayiti, nou reyalize yon antretyen avèk 10 fanm ayisyen, pami yo 4 enfimyè ak 2 edikatris, epi 4 lòt ki pa gen pwofesyon. Antretyen an te baze sou kòman yo konstate koperasyon ant fanm nan sosyete ayisyen an. Dwòlman, repons lan te prèske inivèsèl pou tout moun : Fanm pa renmen fanm parèy yo, fanm pa vle fanm parèy yo pwogrese, fanm nan konpetisyon ak fanm parèy yo, fanm toujou prè pou trayi fanm. Refleksyon Poukisa nou pa gen yon sosyete kote fanm rantre nan ran moun òdinè/ nòmal ? Poukisa yo pa selebre jounen entènasyonal dwa imen (Fanm + gason) olye jounen fanm? Nou reve yon mond kote eksplwa fanm pa yon mirak, yon mond kote lè yon nwa prezidan USA sa pa yon pwodij, men pou se bagay òdinè. Menm jan Michel Foucault t ap montre nan filozofi pa l, pou nou jwenn yon sosyete ki baze sou jistis sosyal, fòk nou fini ak kesyon nòmal/ anòmal, pou tout moun kèlkeswa sèks yo, koulè ak relijyon yo genyen menm aksè sosyal. Ann Ayiti gen anpil gason ki viktim paske dwa yo pa respekte. Gen anpil fanm ki benefisye plis dwa ke gason paske yo nan yon klas ki siperyè. Sa montre pwoblèm Ayiti a ale pi lwen ke yon pwoblèm seksyèl. Se yon pwoblèm sosyal ki merite kontribisyon fanm kou gason. Li lè pou nou plede pou yon sosyete kote sèks pa yon faktè ki detèmine privilèj sosyal, men pou tout moun gen menm aksè sosyal, menm respè, anfen, yon mond ki baze sou ekite ak jistis sosyal. Li enpòtan pou nou reflechi epi kesyone poukisa jis nan 21è syèk yo konsidere m kòm yon moun espesyal (anòmal)? Poukisa chak 8 mas gason ap swete m bòn fèt? Poukisa fanm paka dirije peyi m ?
6
Bon jan ledikasyon pou timoun ki restavèk yo, yon dwa olye yon favè Jean Berthony Claimon, Anbasadè APA Nan sosyete ayisyen an, nou tande fenomèn restavèk la chak jou, men èske nou konnen ki sa ki yon restavèk ? Ki mal li fè nan sosyete a ? Yon restavèk se yon timoun ki oblije kite lakay paran l pou l ale viv ak yon lòt moun ki, pafwa pa gen okenn rapò ak li. Timoun sa a fè tout travay domestik nan kay kote li ye a. Li konn rive fè lòt travay ki pa nan kay la tankou: ale vann nan mache, ale nan jaden, elatriye. Pou sa ki gen rapò ak koze lekòl, sa prèske pa egziste pou restavèk yo. Esperyans mwen avèk yon restavèk nan yon lekòl ki blayi kò l nan lakou Mibalè, fè m konprann pi byen, fenomèn sa a. Nan yon klas, te genyen yon aprenan ki nan sitiyasyon restavèk, se prèske chak jou li rive lekòl la anreta. Jou mèkredi ak jou jedi, ou pa fasil jwenn li lekòl la, paske 2 jou sa yo li souvan ale nan mache ak moun ki responsab li a. Kèk fwa, li konn vini lekòl la ak kèk mak sou kò li, lè anseyan poze l kesyon sou tras sa yo ki sou kò l yo, li di se matant li ki bat li konsa. Mande l nimewo telefòn matant ki fè mak sa yo sou kò l li reponn anseyan : « Si w pale sou sa ak matant mwen, l ap bat mwen ankò ». Tout sa ède m wè ak konprann : « Timoun ki restavèk pa rive jwi menm dwa ak tout timoun nan sosyete a ». Yon timoun ki restavèk se tankou yon esklav. Dwa pou yo jwenn bon jan ledikasyon prèske pa egziste pou yo. Anpil nan yo pa ale lekòl ditou. Ti kantite ki rive jwenn chans ale lekòl la pa rive lwen, yo pa rive jwenn sa yo ta sipoze jwenn nan sa ki gen pou wè ak bon jan ledikasyon yon fason pou yo ta kapab itil tèt yo demen. Anpil fwa se nan lekòl aprè midi ou jwenn timoun sa yo. Aprè lekòl la, rive lakay, pa gen twòp tan pou etidye pou m pa di pa gen tan pou etidye ditou, leve demen maten se pi rèd. Anpil nan timoun sa yo pa rive pi lwen pase 6e ane fondamantal. Anpil nan yo kite lekòl pou ale fè komès, nan ka ti fi yo, genyen ki rive ansent avan lè paske yo konn sibi vyòl nan men pwòp moun k ap viv nan menm kay ak yo, gen lòt ki oblije ale travay kay madanm ki se yon lòt fòm esklavaj. 7
Dènye rechèch yo di, sou chak 15 timoun ou ap jwenn pou pi piti youn nan yo ki se restavèk. Konvansyon entènasyonal sou dwa timoun yo di timoun pagen dwa travay si yo pako gen 18 lane men pou yon restavèk, dwa a sa a pa respekte paske timoun sa yo fè tout kalite travay. Yon timoun ki restavèk gen dwa pou jwenn ak jwi bon jan kalite ledikasyon, pou yo kapab itil tèt yo, itil fanmi yo, itil kominote yo ak rive menm itil peyi yo. Men, pou yo rive itil tout kominote a, fòk yo jwenn bon jan ledikasyon e bon jan ledikasyon sila a pa dwe ni yon favè ni yon kado men, se yon dwa tout timoun genyen sitou retavèk yo.
8
Aplikasyon etik pwofesyonèl se yon garanti pou reyisit enstitisyon eskolè yo Phabiana Jean, Anbasadè APA Anvan nou angaje n nan batay pou bon jan transfòmasyon nan sistèm edikatif la, nou dwe konnen prensip ak valè nou pliye anba yo pou enstitisyon yo byen mache, epi ale nan sans misyon yo genyen. Manm kominote a, paran yo, anseyan yo, aprenan yo dwe byen reflechi epi aji nan respè youn pou lòt pandan y ap aplike valè sila yo, pou lekòl la kapab byen devlope epi rive atenn objektif li yo. Se yon enperatif pou tout enstitisyon yo fonksyone selon prensip/nòm e se yon devwa pou tout pesonèl yo respekte prensip sa yo e koube anba valè etik yo pou entitisyon yo byen mache. Anvan nou ale pi lwen, ann chèche konnen orijin mo sila ki se « etik ». Mo etik la soti nan lang grèk « ethicos » ki vle di moral epi « ethos » ki vle di mès. Nan yon lekòl, chak moun dwe jwe patisyon pa yo epi kolabore pou byennèt chak aprenan, se pou sa nou dwe mete anpil aksan sou valè sila yo epi transmèt yo bay jenerasyon k ap vini yo. An nou fè yon koudèy sou kèk nan valè sila yo : Lwayote, solidarite, angajman, kolaborasyon, egalite, diyite, libete ak respè. Nou gen valè lwayote, se karaktè yon moun ki fidèl nan sa l ap fè, nan desizyon l ap pran, nan sa l ap di, nan fason li respekte bon jan angajman pwofesyonèl li pran. Nou gen solidarite, se yon valè ki rapwoche moun nan yon kominote oswa responsab nan yon enstitisyon, pou yo kapab travay nan tèt ansanm, youn ede lòt, kote youn kapab konte sou lòt pou travay la fèt avek plis efikasite. Angajman se atitid yon moun responsab k ap evolye nan kominote a, li bay tout li menm pou reyisi aktivite ki gen rapò ak yon angajman li te
9
pran. Enstitisyon yo vrèman bezwen modèl resous imèn sa yo pou bon jan avansman e pou pèmèt yo atenn ak objektif yo. Kolaborasyon se lè manm kominote a, responsab lekòl la, anseyan yo ak paran yo, mete tèt ansanm pou rezoud pwoblèm epi travay pou pote chanjman nan kominote a ak nan lekòl la. Men anpil chay pa lou. Jere yon enstitisyon se yon travay ekip. Egalite si nou fè referans ak deklarasyon inivèsèl dwa moun nan ki di : tout moun sou tè a fèt tou lib, tout gen menm valè nan je lasosyete, tout moun gen menm dwa devan lalwa. Tout moun fèt ak yon konsyans epi youn fèt pou trete lòt ak respè, paske nou tout egal. Ala bèl sa t ap bèl si prensip UBUNTU a te aplikab nan enstitisyon yo ! Lè sa a, egzistans chak pèsonèl t ap bay egzistans yon lòt sans. « Mwen egziste paske pwochen mwen an egziste ». Diyite se yon valè nou dwe kiltive lakay nou, k ap pemèt nou konn tèt nou e respèkte sa nou ye. Kòm pwofesyonèl, toujou fè efò pou w kenbe diyite w. Se sa k ap valorize prezans ou e se youn nan pwen fò k ap fè santi ou nan plas ou. Respè se gwo tonton koze a, se yon mo ki soti nan lang laten « repectus » ki vle di konsiderasyon. Lè w respèkte yon moun se lè w gen konsiderasyon pou moun sila, ou aksepte l jan li ye a, menm si w pa renmen moun sa, menm si w pa dakò totalman ak sa l ap di, ak sa l fè. Pou w rive fè sa ou dwe gen konsiderayon pou tèt ou anvan, paske respè a kòmanse depi lakay ou, fò w respèkte tèt ou avan w respèkte lòt yo. Libète se kapasite yon moun genyen pou di oswa montre sa w santi, pozisyon w, sa w panse nan respè youn pou lòt san yo pa jije w. Jistis se lè responsab lekòl yo oswa manm kominote a aji nan pran bon jan desizyon k ap bon pou tout moun nan respè mityèl. Epi bon jan desizyon ki reflete respè dwa moun. Valè sila yo enpòtan anpil pou w konnen epi aplike yon fason pou w devlope bon jan relasyon nan nenpòt anvironnman w ap fonksyone. Li enpòtan pou n konnen ki kote dwa nou kòmanse ak ki kote l rive. Ki atant nou kapab genyen
10
Ti koze sou ledikasyon ann Ayiti Colson Jean Jacques, Anbasadè APA Tout sosyete ki vize pwogrè ak devlopman dirab, bay gwo enpòtans ak ledikasyon paske « ledikasyon se bousòl lavi a ». Katòz (14) lane karyè oubyen eksperyans pa m nan domèn ledikasyon, pouse m fè anpil refleksyon konsènan kalite ledikasyon chak timoun ta dwe resevwa ann Ayiti, kèlkeswa kote l soti oubyen zòn li abite. Ekselans nan pwosesis ansèyman aprantisaj la ak nan rezilta aprenan yo dwe klèman defini nan kourikoulòm lekòl fondamantal la. Sa fè yon deseni konsa, nou remake nivo ekselans akademik aprenan yo bese konsiderableman, daprè kèk done estatistik nou ka fè konfyans. Èske se yon mank motivasyon sosyal ki okazyone sa osinon se boulvèsman sosyopolitik yo ki pèmèt aprenan yo manke angaje yo ? Sou menm koze sa a, an nou fè yon ti koudèy sou listwa entènasyonal la. Pandan e aprè dezyèm gè mondyal la, peyi Japon te sibi gwo domaj sou tout fòm, majorite vil yo te delabre, dezolasyon te blayi prèske tout kote. Èske gouvènman nan epòk sa ak pèp japonè a te « bay vag » oubyen « kraze yon kite sa » ? O non ! Yo te deside envesti nan « ledikasyon » ki se zam ki plis puisan nenpòt pèp kapab itilize pou chanje sitiyasyon yo, pou m parafraze selèb deklarasyon Nelson Mandela a. An plis, gouvènman japonè a te voye etidyan nan lòt peyi ki gen gwo inivèsite. Aprè etid yo, yo te retounen pou yo rekonstui Japon. Jounen jodi a, peyi japon konte pami pi gwo puisans nan mond lan nan prèske tout domèn paske yo kontinye vize ekselans. Brèf, bò lakay pa nou, ann Ayiti, kontèks sosyopolitik la rann sitiyasyon an plis difisil. Men, nou dwe kontinye simaye lespwa nan aksyon nou yo, jan nou renmen repete slogan sa a, nan APA : « Pwoblèm yo anpil men, solisyon yo posib ». Antanke Anseyan lidè pou lavi, nou dwe kontinye mete men ansanm pou n fè pledwari pou tout timoun ann Ayiti san distenksyon resevwa bon jan kalite ledikasyon epi ede yo vize ekselans pou yon demen miyò. Paske : « Pi gwo kado nou ka ofri nasyon an, se kontinye fòme ak enstui jenès la » pou m site Ciceron. Nou dwe toujou sonje : « Sa nou fè pou tèt pa nou ap otomatikman disparèt, lè nou kite tè sa a, men sa nou fè pou jenerasyon k ap 11
vini yo ap rete kòm eritaj ». Se responsabilite nou chak pou n kolabore pou n bay ledikasyon peyi nou jarèt. N ap lanse yon envitasyon ak tout anseyan, paran, direktè lekòl, ajan edikatif ak tout lòt ayisyen konsekan ki kwè chanjman ak devlopman dirab peyi Dayiti dwe kòmanse ak ledikasyon. Malgre difikilte ak gwo defi nan domèn sila a, nou dwe rete motive e optimis epi kontinye fè konbit pou aprenan nou yo resevwa bon kalite ledikasyon ki kadre ak reyalite anviwònman yo, k ap pèmèt yo valorize kilti, koutim ak kominote y ap evolye, e sitou, lang manman yo ; pèmèt yo vin sitwayen pwodiktè k ap itil tèt pa yo, fanmi yo, peyi yo, pandan y ap kontinye aprann lòt lang ak kilti lòt pèp epi adapte ak nouvèl teknoloji enfòmasyon e kominikasyon (NTEK) k ap pèmèt yo kontribye nan avansman mond lan. San n pa bliye, pou m parafraze pwovèb Chinwa sa a : « Yon moun ki kontribye pou aprenan yo resevwa bon kalite ledikasyon anvan l mouri pa t viv pou granmesi. ». N ap kole zepòl pou elèv yo, pou peyi nou !
12
Aksyon Kominotè Laurie Sabrina Dieudonné, Anbasadè APA Chanjman yon peyi kòmanse nan òganize kominote yo. Si nou t ap gade tèt nou nan miwa pandan nou t ap ede kominote nou, moun ki bò lakay nou, kijan nou t ap wè tèt nou ? Chanjman nan kominote se yon melanj volonte, kolaborasyon, entèlijans, resous ak òganizasyon estratejik, marye avèk aksyon tèt ansanm ki baze sou valè ak solidarite. Aksyon kominotè se yon metòd entèvansyon sosyal ki vize mobilizasyon ak patisipasyon sitwayen kominote a, nan lòd pou ankouraje otonomi ak devlopman kominotè. Se youn nan faktè ki pa ta dwe neglije, paske se manm kominote a ki pou kontribye nan devlopman kominote li. Bon jan aksyon yo pèmèt nou enfliyanse pwosesis devlopman an epi kontribye aktivman, apre n ap jwi benefis yo ansanm. Se pou sa tout sitwayen dwe patisipe nan poze bon jan aksyon pou ede kominote l avanse pi vit sou wout chanjman lè sa n ap ka di men anpil chay pa lou, jan pwovèb la di. Patisipasyon nan kominote a ede nou jwenn pi bon sipò ak otorize nou nan yon pwosesis pou chanjman.
13
Li ede nou ogmante resous nesesè ki déjà egziste pou amelyore kalite sèvis yo epi elaji aksè yo. Sèl mwayen nou ka fè sa, se lè nou òganize tèt nou, konsa nou ka fè fas e rezoud nenpòt pwoblèm nan kominote nou menm si leta absan. Tout aksyon kominotè chita sou etap sa yo: • Òganize • Dyagnostike epi chwazi priyorite • Devlope yon plan aksyon epi reyalize l ansanm • Evalye aksyon nou poze yo ansanm Etap sa yo mare youn ak lòt tankou may yon chèn avèk kominote a nan yon mouvman ki pap janm kanpe. Lè sa kòd lonbrik nou ap mare ak lokalite nou, nou ap reyalize lè nou òganize, planifye ak pataje travay ansanm sa ap mennen nou pran plis responsabilite nan lòd ak siksè nan aktivite yo, e nou ap ka pran bon jan desizyon k ap bon pou tout moun kap viv nan kominote a. Lè sa n ap gen yon kominote ki soude youn ak lòt, k ap rezoud pwoblèm yo ansanm e ki ap pran wout chanjman ki ap pouse peyi nou avanse nan tèt ansanm. Ann kolabore pou enterè komen yo.
14
Koz ak konsekans chatiman kòpowèl la. Joachim Jackson, Anbasadè APA Depi nan tan lontan, chatiman kòpowèl la te toujou yon fòm vyolans kap fèt sou sanblab nou yo, e jiskaprezan li rete yon fenomèn ki pran divès fòm nan sosyete 21èm syèk sa a. Li soti nan tan konkèt yo avèk ‘’ la raison du plus fort est toujours la meilleure.’’ Pase nan rejim esklavajis yo avèk yon fòm represyon sovaj pou abouti nan lekòl nou yo, fanmi nou yo sou fòm domestisite, sa nou rele restavèk yo. Se kòmsi nou kapab di chèn nan soti nan pye ak men nou, pou abouti nan lespri nou. Si nou ta fè yon koudèy sou systèm edikatif nou ann Ayiti, n ap wè sa byen klè se toujou menm pratik yo, pou timoun yo aprann se ak baton lekòl nou yo sèvi, e menm nan mitan fanmi yo se menm bagay la, se baton ki pou fè timoun yo mache, jan anpil nan nou konprann li e viv li tou. Sa pouse nou tou dwat nan esklavaj ak travay fòse ki te genyen nan ispanyola anvan kolon yo te rive nan lil la. Kote endyen yo tap mouri pa milye paske yo pat abitye ak jan de bagay sa yo pita ki ta pwal akouche sa nou rele trèt negriye. Pou repete “timoun pa janm aprann nan men moun li pa renmen”, tròp vyolans mezanmi, sa dwe sispann. Li merite pou nou panse bagay yo yon lòt jan. Lekòl, lafanmi ki ta dwe enstitisyon sosyal pou refije aprenan yo tounen yon jeng, kote mepri, move trètman ak vyolans sou tout fòm ap taye banda. Gen kèk eleman lekòl la dwe konsidere pa rapò ak misyon sivilizatris e sosyal li genyen, vizyon li pou ankadre, akonpanye timoun yo pou demen yo kapab asire, sitwayen konsekan, valere, konpetan e ki prè pou envesti pou demen miyò. Si depi soti nan trèt negriye , pase pran 1789 pou abouti 1804 ki se libète, jouk jounen jodia nou konstate anyen pa janm chanje, se vre, malgre sikatris vyolans lan kite andedan nou, nou pa ka ap repwodwi menm zak malonèt saa. Ann pa bliye deklarasyon inivèsèl la ki di nou tout egalego kèlkeswa ras ou, koulè po ou, lang ou pale, nou tout se moun. Se pou nou gade sa byen nan panse nou chatiman kòporèl la fè anpil mal sou timoun yo, ki konn koz pafwa timoun yo menm rive abandone lekòl, yo tromatize, yo vinn konplekse, yo vinn refèmen sou yo menm, yo vinn egoyis, yo vinn sovaj, yo tounen delenkan ……. E se nòmal pou yo konsa, pwiske se nan mitan vyolans lan yo grandi, tout kote yo pase se vyolans sou yon fòm oubyen lòt. Yo pa leve nan yon klima 15
kote se dialòg ak kominikasyon ki adopte pou rezoud pwoblèm, nou kwè anpil nan kraze brize, epitou se pinisyon chatiman kòpowèl la ki an premye. Konsa tou nou mèt atann yap genyen pou yo repwodwi menm bagay la. Se sak fè, li enpòtan pou nou ta gade ki kote sa pouse nou, nou vinn gen plis delenkan, bandi, asasen, mandyan, plis moun ki pa konn li ak ekri, e rezilta a senp si nou gade modèl peyi nou an. Mwen konnen sa pa fasil men li pa enposib non plis si ansanm nou mete men pou nou kwape vyolans kap taye banda nan tout kwen kote nou pase yo. Anmentan si nou gade dekrè lwa ki di sou vyolans yo, gade e patisipe nan fowòm ak kantite mouvman k ap fèt pou eradike chatiman kòpowèl ak vyolans kap fèt sou moun, e anplis yon koudèy sou mouvman Anseye Pou Ayiti ki etabli nan peyi a depi 2015 , nou t ap rive konprann gen anpil lòt metòd ak estrateji nou te kapab itilize pou pèmèt lòt jenerasyon timoun ki ann Ayiti viv pi byen, nan lapè, pandan y ap resevwa yon edikasyon kalite baze sou egalite sosyal ak ekite, kote y ap santi yo konfòtab pou aprann e y ap prè pou yo pran bon jan dezisyon e responsabilize yo antanke sitwayen konsekan pou demen kapab pi bèl. "Sispann, sispann, sispann bat timoun yo, edike yo pito konsa lespwa ap boujonnen pou nouvèl Ayiti a."
16
Temwayaj aprenan-lidè Rosalineda Ténelien Rosalineda Ténélien, Aprenan-Lidè Non pa m se Rosalineda Ténélien, mwen se yon aprenan-lidè nan klas katriyèm ane fondamantal. Mwen se aprenan yon anseyan-lidè ki rele Guerdy Jean Baptiste. M ap pataje ak nou eksperyans mwen fè ak anseyan-lidè a pandan tan mwen te pase ak li. Se yon eksperyans k ap difisil pou m bliye, paske anseyan-lidè a pa travay menm jan ak tout lòt anseyan. Mwen te vrèman santi m an konfyans nan klas la. Pwofesè a renmen nou, li bay tout elèv yo menm enpòtans, li travay yon fason pou tout timoun konprann epi li toujou motive nou pou n enterese ak etid nou. Depi lè m nan klas anseyan-lidè yo, mwen konpòte m tankou lidè. Mwen bliye sak rele rigwaz, jouman ak dòmi nan klas. Nan klas la, se kè kontan tout lajounen. Timoun yo pa anvi ale tèlman mèt la mete anbyans nan klas la. Mwen renmen lè mèt la fè travay an gwoup, nou yonn ap ede lòt, lè konsa nou tankou frè ak sè. Gras ak anseyan-lidè yo, nou chak etabli vizyon nou. Tankou mwen menm, m gen pou m yon gwo doktè, m ap karese vizyon sa a pou jiskaske m reyisi fè l tounen yon reyalite. Sa m ta renmen, se pou tout timoun nan peyi a ta gen yon anseyan lidè nan klas yo. Konsa, nou t ap aprann menm jan. Nou t ap gen lanmou, respè ak solidarite nan mitan nou. Se te yon plèzi pou m te temwaye satisfaksyon m pa rapò ak travay anseyanlidè yo. M ap mande Anseye Pou Ayiti kontinye fòme anseyan pou elèv yo, pou peyi nou. Mèsi!
17
Temwayaj yon aprenan-lidè Daphneed Emmanuella Leon, Aprenan-Lidè Non pa m se Daphneed Emmanuela Leon, kite m pataje avèk nou eksperyans mwen fè ak de (2) anseyan-lidè. Pandan 2 lane sa yo, mwen fè yon eksperyans san parèy. Anseyan yo te ede nou devlope anpil konpetans. Nou vin gen sans responsabilite epi langaj nou devlope gras ak fason yo travay ak nou. Yo ba nou fè travay an gwoup, lè sa a nou kolabore ak lòt aprenan pou nou remèt bon jan travay, ak anpil ekselans. Yo montre nou enpòtans viv ansanm. Sa ki plis fè m plèzi se paske anseyan-lidè yo se zanmi nou. Yo pa kale nou, lè nou fè yon dezòd, yo pale avèk nou yon fason pou n konprann. Yo toujou raple nou, nou se lidè, tout sa n ap fè dwe fèt ak anpil ekselans epi pwouve lidèchip nou. Yo ede nou elabore vizyon nou, gras ak travay sa a nou chak gentan konn ki sa n ap devni epi kòmanse travay pou n reyalize vizyon sa a nou genyen an. M renmen lè anseyan lidè yo rele nou selon vizyon nou : « Bonjou Dòk, bonjou Kòmandan, bonjou Enjenyè, bonjou Agwo, bonjou Dirèk, … ». M santi m fyè pou m reponn anseyan an lè l rele m konsa a, sa ankouraje m travay ak plis detèminasyon pou m reyalize rèv mwen pou m ka itil tèt mwen, fanmi m ak kominote m.
18
Mwen kontan fè eksperyans ak anseyan-lidè yo e m ta renmen pou tout anseyan anseye menm jan ak anseyan lidè yo. Pa kale timoun yo silvouplè, renmen yo pito. Se pa fòt nou lè nou afiche yon move konpòtman. Kèk fwa, se reyalite n ap viv la oswa konnen nou pa konnen enpak li genyen sou nou ak antouraj nou. Se pou tout anseyan yo konprann reyalite chak timoun. Li lè pou dwa timoun yo respekte ! An nou repete e medite sou fraz sa a avè m : « Li lè, li tan pou dwa timoun yo respekte ! »
19
Yon mouvman pou ekipe yon rezo lidè Ayisyen pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. ANSEYE POU AYITI rekrite & ekipe yon rezo anseyan-lidè ann Ayiti pou lekòl fondamantal pou transfòme sal klas e kominote nou yo. N ap devlope yon mouvman lidè sivik k ap fè pledwari pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. Atravè chanjman nan sal klas anseyan-lidè nou yo, n ap transfòme kominote nou yo. Sa nou vle pou sosyete nou an, n ap kòmanse transfòmasyon sa nan lekòl yo. Nou valorize kilti, koutim & kominote, epi n ap travay pou nou ofri yon lòt modèl lidèchip k ap travay nan tèt ansanm pou nou reyisi ansanm. N ap envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen.
509-4895-4508 | info@anseyepouayiti.org | www.anseyepouayiti.org
$"!