MagAPA - Anseye Pou Ayiti Magazine (Jiyè/July 2019)

Page 1

MAG

APA

MAGAZINE 2019



Tab Matyè Editorial | Mario Joseph .......................................................................................................1 Sistèm edikasyon ann Ayiti se yon sistèm ki malad …depi nan konsepsyon li | Nedgine Paul Deroly .............................................................2 Une décolonisation mentale au profit des enfants de demain | Emmano Medina ........................................................................5 De l’enseignant à l’enseignant-leader | Mésilien Sinéus ...................................................6 Haïti et le système éducatif haïtien, d’où la naissance d’Anseye Pou Ayiti | Bendjimy Pierre ...................................................8 Yon nouvèl Ayiti posib ak yon nouvèl jenerasyon lidè | Esther Oxilas .......................10 Vers une vision de l’enseignement pour le plaisir d’apprendre | Hoates Inson Lyra .............................................................12 Ansèyman se lanmou ak pasyans | Joselie Jn Francois ...................................................14 L’importance d’un enseignant dans une société idéale | Emmano Medina ...............16 Le respect d’un enseignant doit être le résultat de ce qu’il inspire et non de ce qu’il est | Rolf Phanel Soulouque ...................17 Enplikasyon paran-lidè nan zafè lekòl | Bendjimy Pierre .............................................19 Le châtiment corporel, un défi à relever | Carlène P. Jean ............................................20 Yon rèv k ap fè wout pou reyalize | Jodelin Pierre ..........................................................22 Temwayaj Anbasadè | Chimène Sorel ..............................................................................24


EDITORIAL En juillet 2019, cela va faire 5 ans qu’Anseye Pou Ayiti travaille avec une équipe locale pour créer une génération de leaders pour le pays. Le mouvement commence à s’imposer. Haiti peut changer si nous commençons par influencer positivement les plus petits. C’est pourquoi nous travaillons au niveau du préscolaire et des 2 premiers cycles. Pour que le pays soit aimé et chéri, cela requiert un travail continu qui ne se résume pas seulement en l’achat de quelques drapeaux à l’occasion de sa fête en mai. Chaque année, nous recrutons une nouvelle cohorte car nous avons besoin de bras qui partagent notre philosophie. Aussi, nous vous invitons à appliquer pour continuer à mettre la main à la pâte vers la création de cette nouvelle génération de leaders haïtiens pour Haïti.’’ Anseyan-lidè fòme, aprenan-lidè transfòme!

Mario Joseph

Directeur des Ambassadeurs et Partenariats

Nous sommes vraiment reconnaissants à notre équipe de révision pour leur effort bien apprécié. Equipe de révision: Hoates Inson Lyra Jean Berthony Claimond Emmano Medina Mario Joseph Rolf-Phanel Soulouque 1


Sistèm edikasyon ann Ayiti se yon sistèm ki malad …depi nan konsepsyon li Se pou n sispann kore sistèm k ap vyole dwa ti moun yo. Fòk nou goumen kont fòs sa yo k ap ranfòse inegalite an pèmanans nan peyi a. Nedgine Paul Deroly, Ko-Fondatris & Direktris Jeneral

Depi m gen konesans, mwen sonje pifò moun panse sistèm edikasyon ann Ayiti se yon sistèm ki malad grav, ki san lè kaba epi k ap fè ti moun yo plis tò pase byen. Sistèm edikasyon sa a bay rannman ki pi mal pami sistèm lekòl nan kontinan Amerik la. Prèske 80% pwofesè lekòl primè pa gen fòmasyon fòmèl. Gen plis pase mwatye elèv yo ki pa fin fè klas primè. Epi tou, se sèlman 1% ki rive nan nivo inivèsite. Done ki konsène   salè pwofesè, metòd ansèyman, rezilta egzamen, finansman, elatriye, tout done sa yo bay tèt fè mal lè n ap kalkile lavni edikasyon ann Ayiti. Men, èske sistèm edikasyon an se yon sistèm ki an pàn vre? E si se yon sistèm k ap bay rannman l sipoze bay la daprè objektif moun ki kreye l la e k ap pwofite de li? Sistèm edikasyon nou an se youn nan motè k ap fonksyone depi byen lontan pou l kore chapant inegalite sosyal ki egziste depi nan pase kolonyal nou. Depi n fouye nan istwa peyi nou, n ap rive konprann koz inegalite k ap depafini peyi a depi digdantan. Wi, touswit aprè 1804, aprè revolisyon ki te fè nou jwenn endepandans, premye konstitisyon peyi d Ayiti deklare edikasyon se yon dwa fondamantal pou tout Ayisyen. Men, pandan 2 syèk ki sot pase yo, edikasyon vin tounen yon chan batay pou konsyans nou, pou idantite nou e pou jèvrin nou kòm sitwayen ki konsekan. Baryè ki bloke aksè nan sistèm edikasyon yon peyi, sa se youn nan mwayen ki pi efikas pou kontwole ki moun nan popilasyon an k ap ka reyisi. Lè yo kreye divizyon nan kominote nou yo, sa se youn nan pi bon fason pou yo bloke « men anpil, chay pa lou » sa a ki te nan nannan lidèchip ki te fè nou tounen premye repiblik nwa sou latè. Lè zansèt nou yo te kreye Repiblik d Ayiti an 1804, sa se te yon viktwa kont fòs enperyalis ki te gen pi gwo lame nan kòmansman 19èm syèk la. Se fòs enperyalis esklavajis sa yo ki te plante rasin inegalite sosyal ann Ayiti depi nan peryòd kolonyal la. Se menm inegalite sosyal sa a k ap kontinye nan peyi a depi dè syèk. Sitiyasyon sa a se nan avantaj elit ekonomik la paske sa pèmèt yo ranmase pi plis richès sou do pèp la. Yo kontwole richès peyi a pandan nou kontinye bay tèt nou manti, pandan nou kontinye kwè li posib pou tout moun reyisi nan yon sistèm ki chaje ak inegalite sosyal. Pou ki nou pa mande tèt nou « Kouman fè lamizè ka travèse plizyè jenerasyon si, vrèman vre, gen yon sistèm an plas k ap chache egalite? »

2


Malerezman, pifò moun ann Ayiti pa rive jwenn mwayen ki ta ka ede yo pete chenn mizè a—mwayen tankou bon jan edikasyon, kouran, yon minimòm swen medikal, dlo potab, lojman kòm sa dwa, elatriye. Men, gen prejije ki kontinye ap sikile kòm ki dirè popilasyon riral la se moun ki « parese », ki « pa pase lekòl » donk yo pa gen gou ase pou yo fè sa ki nesesè pou yo soti nan lamizè. Sistèm edikasyon peyi d Ayiti ap akonpli misyon yo te ba li depi nan konsepsyon li. Li anpeche kole zepòl pami popilasyon an epi li kraze solidarite. Sa pèmèt eksplwatasyon mas pèp la pandan youn pa fè lòt konfyans. Sistèm edikasyon an se yon sistèm kote yo retire tout eleman ki te anrasinen nan sitwayènte n, nan fòs lojik nou, nan objektif nou kòm desandan zansèt sa yo ki te ban nou 1804. Yo menm retire edikasyon sivik nan kourikoulòm nasyonal la. Epi yo kite lekòl prive donnen tankou djondjon san yo pa jwenn okenn sipèvizyon nan men Ministè Edikasyon Nasyonal la (prèske 90% lekòl se lekòl prive yo ye). Se poutèt sa an 2014 kolèg mwen yo avè m fonde Anseye Pou Ayiti (APA). Nou travay ak kominote nan peyi a pou n kreye yon rezo lidè sivik e pou n bati yon sistèm edikasyon ki chita sou egalite, sou istwa peyi nou an, sou valè moral ansanm ak yon vizyon kolektif. Nou rekrite anseyan lokal nan lekòl primè riral yo. Nou ba yo devlopman pwofesyonèl yo ki nesesè pou bon jan anseyan ki ka fonksyone kòm lidè kominotè tou—yo tounen anseyan-lidè. Aktivite nan sal klas yo se yon modèl pou sa ki ka fèt nan kominote yo tou. N ap fè kominote yo tounen motè pou pouvwa. Filozofi nou konsènan ansèyman ak aprantisaj nan sal klas bay kominote lokal yo lavwa. Se konsa tou lang kreyòl la se yon zouti fondamantal nan pedagoji nou. Nou ankouraje travay an gwoup nan tèt ansanm epi nou pwone konpreyansyon nan plas aprann pa kè an jako repèt. Se ak lojik sa a n deside retounen sou wout pou n aprann yon nouvo vèsyon istwa peyi nou. Jan n di nan APA: Istwa nou se istwa jounen jodi a. Tounen sou wout pou n aprann yon nouvo vèsyon istwa nou, sa vle di fòk nou mande tèt nou poukisa istwa d Ayiti sa a y ap anseye jounen jodi a se yon istwa ki inyore enfliyans Ayiti sou rès monn lan. Fòk nou tounen sou wout pou n aprann tout istwa nou pou n ka analize siksè mouvman popilè yo pyès pa pyès, e pou n fè konesans ak ewo tankou Claire Heureuse (Madan Dessalines) ki se yon pèsonaj twòp moun pa konnen. Olye pou leson istwa nou yo mete aksan sou sa ki pa t mache, nou anseye sa ki te byen fèt e ki gen dwa fèt ankò. An final, se kominote lokal yo ki gen pou kreye chanjman n ap chache a pou n rive bati peyi nou vle a. Se nan sal klas n ap enplemante aktivite APA yo ; men, se nan kominote yo chanjman yo ap fèt.

3


Nou pa fè menm jan ak anpil inisyativ k ap travay sou edikasyon nan peyi a : nou menm, nou pa vize yon rezilta rapid rapid sou gwo echèl. Nou prefere chache patenarya ki gen nanm e ki byen chita nan kominote kote n ap travay yo. Nou analize patenarya yo, nou mezire enpak nou daprè jèvrin relasyon nou yo ak kominote a olye pou n konte kantite relasyon sa yo. Pou n rebati kominote nou yo, li nesesè pou nou kalkile kisa n ap bezwen pou n kreye egalite ak jistis nan sistèm edikasyon an. Enpak ki gen nanm mande pou n soti anba bòt dominasyon. Enpak ki gen nanm mande pou youn ka fè lòt konfyans. Enpak ki gen nanm mande pou n gen volonte pou n plante bon semans, bon rasin ki ka kreye chanjman dirab pou n bati yon sistèm edikasyon ki baze sou egalite e ki an ba kontwòl kominote a. Patenarya ki gen nanm fè APA tounen yon òganizasyon ki ka travay men nan men ak sila yo ki soufri enjistis n ap chache elimine a. Epi se menm yo menm ki soufri enjistis k ap dirije konba pou elimine enjistis sa a. N ap kontinye priyorize patenarya ki gen nanm devan yon kwasans ki laj, menm si gen dè moman nou santi metòd nou an pa fin twò popilè. Nou mande tèt nou: Kouman pou n demontre n fè sa kominote a bezwen? Kilès ki sou volan epi kilès ki gen lavwa o chapit nan sa k ap fèt nan lekòl ti moun yo? Èske sa n ap fè a ap dirab nan yon nivo lokal tout bon vre? Kisa ki ka demontre n rive fòme pwofesyonèl k ap ka ranplase nou tout bon vre? Konsa pou pa gen nesesite pou okenn ONG pran kontwòl pou ede kominote a reyalize rèv yo? Èske nou toujou ap travay pou n laji enpak ki pozitif pou kominote a olye pou n laji chif sou papye? Jounen jodi a, APA ap demontre sa ki posib. Nou fè patenarya ak 65 lekòl nan 5 kominote. Nan lekòl sa yo, anseyan-lidè nou yo rive demontre nivo konpreyansyon ki depase 85%—yon chif ki preske twa fwa pi wo pase mwayèn nivo lekòl riral nan peyi a. Nou fèt pou n rekonèt ki jan istwa nou parèt nan lavi nou jodi a, menm nan jan sistèm edikasyon nou an ap fonksyone. Se pou n sispann kore sistèm k ap vyole dwa ti moun yo. Fòk nou goumen kont fòs sa yo k ap ranfòse inegalite an pèmanans nan peyi a. Fòk nou kreye yon lòt sistèm edikasyon ki ka sèvi dwa fondamantal ti moun yo, ki ka ede yo jwenn bon jan edikasyon kòm sa dwa.

4


Une décolonisation mentale au profit des enfants de demain Nous devons être fiers de notre haïtianité. Emmano Medina, Enseignant-Leader, Cohorte 2017

La liberté ne s’achète pas, on ne la donne pas non plus mais on la prend, on la saisit de force. Personne ne vous dira quand vous êtes libre, car c’est à vous de déterminer à quel moment vous avez besoin d’être libre. Il est vrai que la valeur d’un homme se voit et se complimente par autrui mais, il ne faut pas attendre quelqu’un pour vous dire ce que vous devez faire à un moment donné. La vie de chacun dépend de lui, tout comme le devenir d’un peuple dépend de sa mentalité et non de ses dirigeants politiques. Si on veut quelque chose, on la trouvera en prenant la décision de se battre. Rien n’est aisé, tout exige un effort, une conviction et un sacrifice. Tant bien ou mal, on doit se risquer pour obtenir ce dont on souhaite avoir. Nous sommes un peuple né dans un abime de frustration, de malversation et grandi sous le commandement des bourreaux venant d’horizons divers nous faisant croire que nous sommes faits pour les servir à tout jamais et mourir sans trouver notre identité culturelle. Ils nous ont stigmatisé de peur qu’un jour nous nous rendrions compte que nous pouvons faire plus qu’eux. C’en est assez maintenant ! Le peuple haïtien, ça fait longtemps que vous êtes dans cette caverne de désarroi, luttant en espérant voir un jour la lumière du soleil. On y est presque, l’heure est arrivée. Car, nous nous sommes rendu compte que nous ne pourrons aller nulle part sans se tendre vers l’éducation qui est le moteur de toute société. Car, l’Haïtien n’a pas besoin d’un sauveur qui prédit des choses sans pouvoir les exécuter mais une vision de rééducation qui chambardera ce système égoïste et sans foi ni loi à travers nos enfantleaders qui deviendront des leaders authentiques et fervents. Il nous faut cette rééducation de qualité nous montrant également notre identité à travers notre culture, coutume et communauté. Le respect des normes, envers soi-même et envers autrui s’avère nécessaire pour éradiquer ce sentiment de haine, de division que les blancs sans scrupules nous ont laissé comme héritage. Il est temps de renoncer à toutes ces tendances destructives et malveillantes. Nous devons être fiers de notre haïtianité. Haïti, c’est nous, pas le gouvernement ni les étrangers. Comment peut-on espérer une nouvelle Haïti si nous refusons de nous changer nous-mêmes ? Autant de fois que nous changeons notre personnalité, c’est autant de fois que notre pays tend vers le changement. Nous devons repenser l’ordre des choses. Nous devons commencer par changer notre mentalité. Le changement se fait par une rééducation de soi et non par une position de qui que ce soit.

5


De l’enseignant à l’enseignant-leader Depuis lors, je ne suis plus un simple enseignant, je deviens un enseignant-leader qui travaille comme un guide, un facilitateur, qui place les apprenants au centre du processus d’apprentissage comme acteur de leur propre savoir. Mésilien Sinéus, Enseignant-Leader, Cohorte 2017

Enseignant et enseignant-leader, deux termes presque semblables, mais qui ont une légère différence. Dans le contexte haïtien, un enseignant est une personne chargée d’enseigner des connaissances ou méthodes de raisonnement à autrui dans le cadre d’une formation générale ou d’une formation spécifique à une matière, mais l’enseignant-leader est quelqu’un qui enseigne de manière différente, qui utilise des méthodes actives dans le processus d’enseignement-apprentissage, c’est un guide, un facilitateur, c’est quelqu’un qui place les apprenants au centre du processus et qui donne la chance aux apprenants d’être l’acteur de leur propre savoir. L’enseignantleader prépare aussi des citoyens pour le pays, il les aide à vivre comme des leaders dès leur plus jeune âge. Depuis plusieurs années, j’ai travaillé dans le système éducatif haïtien, tant au niveau primaire qu’au niveau secondaire. Pendant toutes ces années, je me donnais à fond, mais mon enseignement n’était pas centré vraiment sur mes apprenants, je ne faisais que transmettre le savoir en utilisant des méthodes traditionnelles. C’est ainsi qu’en janvier 2017, lorsque j’ai entendu 6


parler d’Anseye Pou Ayiti (APA) en tant que mouvement de leadership transformationnel qui recrute des personnes désirant intégrer le secteur d’éducation primaire avec qualification. Après avoir lu les informations, j’ai vite constaté que j’ai répondu aux exigences, rapidement j’avais pris la décision d’appliquer. J’ai franchi les quatre (4) étapes du processus de recrutement. Après la dernière étape, j’ai intégré la cohorte 2017. C’est ainsi qu’en juillet de cette même année, nous avons démarré avec une formation initiale dénommée : immersion d’été qui a duré quatre (4) semaines. Pendant ces quatre (4) semaines, j’ai commencé à avoir une autre compréhension et une autre conception de la question d’enseignement-apprentissage suite aux différentes séances de développement professionnel. En septembre 2017, j’ai été affecté à une école partenaire qui se trouve dans le département du centre, spécialement à Mirebalais où j’ai travaillé comme enseignant-leader pendant deux ans. Je dois préciser que durant ces deux ans, je n’étais pas seul dans la salle de classe, car il y avait des encadreurs pédagogiques qui me visitaient deux ou trois fois par mois pendant la première année et une ou deux fois par mois pendant la seconde année pour des séances de coaching accompagnées de conseils et de remarques. A noter que, j’ai suivi des séances de développement professionnel et j’ai appris de nouvelles méthodes et techniques d’enseignement qui me permettent d’être très performant. Depuis lors, je ne suis plus un simple enseignant, je deviens un enseignantleader qui travaille comme un guide, un facilitateur, qui place les apprenants au centre du processus d’apprentissage comme acteur de leur propre savoir. J’ai aidé les apprenants à élaborer leur propre vision pour l’avenir. Je travaille aussi pour la préparation d’une nouvelle génération de leaders compétents et conséquents qui peuvent travailler pour un pays stable, prospère dont nous rêvons tous. APA doit continuer avec ce noble travail qu’il a commencé. APA représente une petite lumière dans une grande obscurité et prouve que quelque soit le degré de l’obscurité, une petite lumière fait toujours la différence. Après mes expériences entant qu’enseignant-leader, si tous nos enseignants deviennent des enseignants-leaders, l’Haïti que nous visons tous est possible. Anseyan Lidè – pou elèv yo, pou peyi nou ! Pwoblèm yo anpil men, solisyon yo posib ! Viv Ayiti !

7


Haïti et le système éducatif haïtien, d’où la naissance d’Anseye Pou Ayiti Outre la capacité de lire et d’écrire, l’éducation devrait inclure l’apprentissage de toute une gamme de valeurs, de compétences et d’attitudes dont le sens de la discipline, de l’honnêteté et du sérieux, susceptible de doter l’enfant, le jeune, voire l’adulte, de la capacité d’exercer pleinement sa responsabilité citoyenne. Bendjimy Pierre, Enseignant-Leader, Cohorte 2017

Aujourd’hui, l’éducation est considérée et vue en Haïti comme un besoin immédiat et une nécessité absolue pour l’épanouissement social et humain. Mais dans quel sens abordons-nous ce sujet si fondamental? Y-a-t-il vraiment des débats sérieux sur les différents problèmes éducatifs qui affectent notre société dans ses racines et dans ses modes de fonctionnement? En Haïti, le besoin éducatif se réfère plutôt à l’apprentissage de la lecture et de l’écriture; ce qui est d’ailleurs louable, mais qui n’aborde qu’une partie du problème éducatif haïtien ou une face de la médaille. Ce problème est beaucoup plus complexe et sérieux. Pour cela, nous devons l’aborder de manière radicale. Compte tenu du mode de fonctionnement de la société, marquée non seulement par l’analphabétisme, nous devons aujourd’hui poser le problème de l’éducation haïtienne dans toute sa complexité et son intégralité. Outre la capacité de lire et d’écrire, l’éducation devrait inclure l’apprentissage de toute une gamme de valeurs, de compétences et d’attitudes dont le sens de la discipline, de l’honnêteté et du sérieux, susceptible de doter l’enfant, le jeune, voire l’adulte, de la capacité d’exercer pleinement sa responsabilité citoyenne. De plus, la situation politique, telle qu’elle se vit en Haïti, rend de plus en plus capitale et même nécessaire cette approche intégrale du processus éducatif dans le pays. Les scandales en série qui se reproduisent dans notre société, particulièrement dans le champ politique, nous montrent clairement que le système éducatif actuel, sous toutes ses formes, est un problème social grave. Des membres 8


de presque toutes les nobles institutions du pays ne sont exempts d’avoir été mis sur le banc des accusés: en passant par des juges, députés, sénateurs pour arriver à des dignitaires de l’Exécutif, donc un sérieux problème de leader. Tout semble indiquer que le problème à la base de ces scandales de corruption, voire de viol, n’est pas dû à l’alphabétisme. Où se trouve donc le problème ? Notre société prétend qu’un citoyen est éduqué après avoir bouclé les études classiques et universitaires. Mais l’instruction qui se réfère à l’acquisition de savoirs scientifiques ou techniques se révèle très limitée pour atteindre une vie pleinement humaine et responsable. Pour cela, l’éducation ne se limite pas à l’obtention d’un titre professionnel mais, elle constitue une tâche permanente. Elle est le moyen par lequel sont transmis l’héritage et les valeurs d’une société, d’une culture et d’une civilisation et tout ce dont l’être humain a besoin pour s’acquitter de ses fonctions et rôles dans la société. D’où la nécessité de l’existence d’Anseye Pou Ayiti, qui envisage un système éducatif haïtien, qui garantit à tous les citoyens leur droit à une éducation de qualité, en promouvant l’excellence des enseignants et la réussite des apprenants. Un enseignement et un leadership transformationnel qui équiperont tous les apprenants avec des connaissances, des compétences et des mentalités nécessaires pour atteindre leur potentiel grâce à l’égalité des chances. Cette éducation va leur permettre de mener une vie de prospérité et contribuer à un monde plus éclairé du 21ème siècle. Elle leur permettra de subvenir à leurs propres besoins et ceux de leurs familles ; ils seront fiers de leur provenance et de leur identité, équipés pour devenir des citoyens actifs en Haïti avec une connaissance approfondie des raisons historiques, sociales, et économiques du changement tant au niveau local qu’au niveau international. En outre, ils seront des leaders conséquents et respectés dans leurs ccommunautés, des décideurs pour notre nation, tout en contribuant à un système qui respecte la justice sociale pour tous.

9


YON NOUVÈL AYITI POSIB AK YON NOUVÈL JENERASYON LIDÈ Nivo sitwayènte yo tèlman devlope, yo renmen peyi yo, yo kwè nan chanjman an epi yo konnen yo chak se yon ajan chanjman nan kominote kote y ap viv la. Esther Oxilas, Anseyan-Lidè, Kowòt 2017

Soti 1804 rive 1982, sistèm edikatif ayisyen an t ap kopye sou sistèm edikatif fransè a, kote ansèyman an te konn fèt nan lang franse, sa te lakòz ansèyman an te chita sou pakè sèlman san konpreyansyon. Nou te vin divize san nou pa t rann nou kont paske lang franse se te zafè gwo zouzoun, timoun nan milye defavorize yo te vin pa t gen menm chans reyisit ak timoun milye riral yo. Lang kreyòl la te vin sinonim lamizè, sa vin lage nou nan diskriminasyon sosyal. Nan lane 1982, Doktè Joseph Claude Bernard ki te minis edikasyon te vini avèk yon refòm, ki ladan te mande pou ansèyman-aprantisaj la fèt nan 2 lang, ki se kreyòl ak franse. Malgre sa a, nou pa remake gran chanjman paske tout liv aprenan yo te toujou an franse epi pa t gen materyèl pedagojik. Nou ka di pwoblèm ekonomik te lakòz refòm nan pa t ka ateri men, li te sèvi kòm « vizyomèt » pou fè pedagòg yo wè pi lwen kote je yo pa t ka rive. Nan lane 1997, yo te vote yon lwa ki se « Plan National d’Education et de Formation (PNEF) » ki te di tout timoun gen aksè ak yon edikasyon ki gen kalite, malerezman ki pa t janm abouti ak rezilta edikasyon ki gen kalite a. Plan sa a te gen pou objektif amelyore kalite edikasyon an epi veye sou pwogresyon aprenan yo. Nou ta ka rele plan sa a kontinite oswa pwolonjman refòm Bernard a. Malgre sa sistèm nan te toujou ap andire gwo difikilte ki te anpeche l atenn objektif li, tankou anseyan ki pa kalifye, fèb pousantaj lekòl piblik yo, pwoblèm egalite chans, pwoblèm materyèl, nan mitan yon pakèt. Pwoblèm sa yo lakòz nouvèl Ayiti a rete nan papye li pa ka ateri paske sistèm edikatif peyi a malad e vizyomèt pedagòg yo paka detèmine sous pwoblèm nan. Rezilta egzamen yo ap vin pi kritik chak jou ; depèdisyon eskolè se pa pale. Ti grenn ki rive reyisi nan filo yo, majorite nan yo pa konn sa pou yo fè paske yo pa gen yon vizyon ; inivèsitè yo menm ap fin kite peyi a pou y al chache lavi miyò nan peyi lòt bò dlo.

10


Poutan, depi nan lane 2014 gen yon mouvman ki rele : « Anseye Pou Ayiti » ki detèmine sous pwoblèm nan. Konfyans ak pèseverans ekip la fè yo rive anbwate lepa ak mouvman an nan lane 2015. Aprè tout analiz ekip la fè, yo rann yo kont : « Pwoblèm yo anpil men solisyon yo posib. » Poutèt sa, yo ale nan baz la pou dechouke pwoblèm yo jouk nan rasin li. Pou tout ti moun ka jwenn yon edikasyon wot kalite, APA rekrite moun ki vle pote patisipasyon yo nan sistèm nan, kit se inivèsitè, pwofesyonèl, anseyan, depi li gen diplòm filo. Li ekipe moun li rekrite yo nan devlopman pwofesyonèl sou pedagoji aktif ak lidèchip transfòmasyonèl. Li vin gen yon rezo anseyan-lidè k ap anseye soti nan preskolè rive nan sizyèm ane fondamantal. Anseyan-lidè sa yo pa sèlman anseye aprenan yo matyè entèlektyèl yo, men yo ede yo devlope konpetans yo e elabore vizyon yo. Depi nan preskolè, chak aprenan konnen li se yon lidè k ap travay pou pote chanjman nan sal klas li, lekòl li, enfliyanse kominote l jouk li vin sitwayen konsekan e akonpli k ap itil tèt li, fanmi li, kominote li, peyi a. Aprenan yo jwenn posiblite, menm si yo poko gen anpil laj, pou yo elabore yon vizyon. Yo gen yon rèv. Yo gen tan konnen aprè etid klasik yo ki sa yo pral fè. Nivo sitwayènte yo tèlman devlope, yo renmen peyi yo, yo kwè nan chanjman an epi yo konnen yo chak se yon ajan chanjman nan kominote kote y ap viv la. Konsa, lè yo gran yo p ap bezwen pati kite peyi a. Okontrè, y ap gen kapasite pou kreye pwòp antrepriz pa yo, travay ak tèt yo, bay lòt moun travay. Lè sa a, y ap itil tèt yo, fanmi yo epi peyi a. Nan lentèval 5 lane, soti 2015 rive 2019, Anseye Pou Ayiti gentan enpakte 10 000 ti moun ki vin aprenan-lidè. Se sa ki bay lasirans yon nouvèl Ayiti posib.

11


Vers une vision de l’enseignement pour le plaisir d’apprendre L’école ne doit pas être considérée comme une pénible tâche, mais comme un plaisir obligatoire. Hoates Inson Lyra, Ambassadeur, Cohorte 2016

Une vision prodigieuse de l’enseignementapprentissage s’embellit au long des formations et des expériences sur le terrain. Dans la généralité, un enseignant doit pouvoir guider ses apprenants vers l’apprentissage d’une notion et non leur transmettre de manière magistrale ce qu’il sait. Les apprenants ne sont pas en classe pour admirer le savoir de l’enseignant, mais préférablement pour apprendre. Ainsi, celui qui est en charge des apprenants doit être sensible et attentif à leurs besoins et à leurs intérêts afin de les faire prendre goût à ce qu’il veut les enseigner. Il doit créer de bons liens avec eux, puisque chacun a des besoins spécifiques et que très souvent, on n’apprend pas de quelqu’un que l’on n’aime pas. Un enseignant doit centrer ses activités sur ses apprenants et s’évertuer à appliquer le principe de différenciation pour maximiser le potentiel de tous. C’est aussi vrai lorsque l’on intègre une communauté qui n’est pas sienne. Ensuite, un enseignant doit être en mesure de créer une ambiance harmonieuse et propice à l’apprentissage. Pour y parvenir, il doit instaurer un climat de respect mutuel entre toutes les personnes présentes en classe et démontrer de l’empathie envers ses apprenants. Il doit être en mesure de les mettre dans leur peau pour mieux les aider. Ainsi, tous se sentiront confortables et confiants. Un enseignant doit être très sensible à ses apprenants et à leurs réactions afin de s’ajuster rapidement et efficacement. Cela est d’autant plus important dans les classes contenant des apprenants hyperactifs et turbulents voire violents, puisque pour aider les apprenants à développer leurs compétences, l’enseignant doit se prouver compétent auprès de ses apprenants. L’école ne doit pas être considérée comme une pénible tâche, mais comme un plaisir obligatoire. L’enseignant doit être en mesure de transmettre le goût d’apprendre à ses apprenants. Il est possible de travailler tout en s’amusant. Il faut être créatif et ambitionner des manières de capter l’attention des apprenants, de prendre en considération leurs intérêts, etc. Par exemple, l’évaluation représente souvent un stress constant pour les apprenants. Il faut 12


donc leur montrer que cela peut les aider à progresser dans leur apprentissage sans exercer une pression de performance sur eux. Ainsi, les apprenants seront plus motivés et obtiendront de meilleurs résultats. Finalement, l’enseignant doit souvent parler de l’utilité des connaissances afin de motiver ses apprenants. De plus, il est très important que les apprenants aient la chance de faire leurs propres hypothèses sur l’enseignement, qu’ils puissent effectuer des comparaisons avec leurs vécus afin de mieux retenir les informations. En revanche, l’apprenant doit entretenir d’étroites relations avec l’enseignant. De ce fait, l’apprentissage doit s’effectuer non seulement à partir d’expériences concrètes, significatives et personnelles, mais aussi, à partir des connaissances de l’enseignant. Les théories mémorisées seront vite oubliées, tandis que les liens établis avec des expériences concrètes, des vécus favoriseront la rétention, à long terme, d’informations. Nous encourageons les apprenants à agir et à penser eux-mêmes, c’est-à-dire à développer leur autonomie et à se responsabiliser dans leur apprentissage. Car le processus d’apprentissage est aussi important que les leçons mémorisées, puisqu’il permet de développer des habiletés, par exemple la pensée critique, le leadership entre autres, qui leur serviront tout au long de la vie. Définitivement, l’apprentissage est un processus continu. Ceci étant dit, il n’est pas possible d’arriver à la perfection et il est peu possible de bien apprendre en ne prenant jamais de risque, il est normal de faire des erreurs pour cheminer. Il faut toujours un certain délai avant de pouvoir bien assimiler ce qui est enseigné et de pouvoir le transférer à une situation concrète. Il faut faire des hypothèses, il n’est pas suffisant de rester passif et d’enregistrer tout ce que l’enseignant dit. Il faut agir, réagir, discuter, être attentif, prendre des risques, […] et s’engager.

13


ANSÈYMAN SE LANMOU AK PASYANS Ki vizyon lekòl Ayiti pou Ayisyen ? Aprann eksplwate sa yo genyen ki bon nan plas kraze sa ki bon lakay yo pou w chache sa ou swete jwenn. Joselie Jn Francois, Anbasadè, Kowòt 2016

Si ou gen ide fè gwo lajan, rantre nan sektè bizniz la. Men si w vle kè w toujou kontan, rantre nan edikasyon. Wi, chak fwa w ap gade aprenan w yo k ap grandi devan zye w, w ap fyè. Men, kòm anseyan, se pa sèlman gade yo k ap grandi, fòk ou mande tèt ou : « Kisa ou ba yo pou yo byen jwe wòl yo a demen nan benefis peyi a ? » Lè mwen te lekòl, mwen pa t pi bon aprenan ki te nan klas la, men mwen te toujou pase. Sa kòz si yon moun te konnen m oubyen yon kondisip mwen ap prezante m ba ou, l ap di : « Joselie se te yon aprenan entèlijan. » Paske mwen te toujou repete alalèt sa anseyan yo te konn ban mwen. Si Anseyan m yo wè m, y ap di tèt yo : « Yo te fè yon bon travay. » Men, e sila yo ki te chita bò kote m, ki rive nan wout ki abandone yo, jodi a k ap boule kawoutchou sou asfalt nou yo, boule lekòl nou yo, elatriye, se vizyon sa lekòl la te gen pou yo ? Eske se pa ou menm direktè, anseyan, paran, manm kominote ak tout aktè sistèm edikatif la ki kòz yo dekouraje tèlman ou ba yo baton ak imilyasyon sou tout fòm ? Mwen sonje m te nan premye (1e) ane fondamantal, anseyan m nan te anseye nan de (2) klas an menm tan (1è ak 2èm ane). Lè gen yon aprenan nan 2èm ane ki pa rive reponn ak yon kesyon oubyen fè yon egzèsis, l al pran m nan premye ane a pou m egzekite konsiy lan. Aprè m fin fè l, li leve m mete sou tèt ban an pou m bay aprenan an 10 kout sentiwon. Ey, anseyan, ou pa janm poze tèt ou kesyon sou modèl imilyasyon ou bay aprenan sa ak enpak negatif sa ka gen sou li ? Mwen gen anpil aprenan ki kenbe atansyon m sou yo pandan pakou m kòm anseyan. Men, m ap prezante w 3 nan yo : - Premye a nan 7èm ane jodi a, lè m te jwenn li, li te nan 2èm ane fondamantal, li pa t ka ni li ni ekri men li te gen yon kapasite memorizasyon. Lè l ap eksplike w sa li memorize a, ou ta di se li ki anseyan an. Konsa, lè m ap evalye l, mwen fè l oral epi sa li di m nan menm si l bon menm si l pa bon, mwen ekri l ba li kopye, pandan m ap kontinye fè seyans lekti ak ekriti espesyal pou li. Kounye a li nan 7èm epi li konn li. - Dezyèm lan nan 3èm ane fondamantal, mwen te jwenn li nan 1è ane fondamantal. Anplis de tout lòt pwoblèm yo, li te pè pale. Mwen te rive konprann li manke konfyans nan tèt li. Kèk fwa, mwen fè l di repons la nan 14


zòrèy mwen, si li bon, mwen mande l di fò. Mwen toujou fè l konnen tout sa li di bon. Nou ka pa sèvi avèk li nan sa nap fè a men l ap itil nou yon lòt kote. Nan klas la te gen entèdiksyon pou moun ri opinyon lòt moun. Kidonk, pa gen moun k ap ri li lè li bay yon repons ki pa fin kòrèk. Jounen jodi a, li toujou prè pou patisipe nan diskisyon klas li, prè pou poze kesyon lè li manke konprann. E si w ap konte senk (5) aprenan ki ka avanse pou kont yo nan klas la, l ap pami yo. - Twazyèm lan nan 3èm ane fondamantal, se menm pwomosyon ak dezyèm nan. Li pa t twò fò nan lekti men li fè desen byen. Mwen konn ap travay, li kache yon fèy anba biwo l, l ap fè desen. Mwen itilize desen an kòm yon atou. Chak fwa m ap evalye l nan lekti, mwen ba li yon tèks pou li ilistre. Jodi a, li kapab li epi li kontinye fè desen. Eske ou ka pran yon ti tan pou w imajine sa ki te ka pase si mwen te konn imilye yo ? Kòm yo piti, yo pa sou kont tèt yo. Paran yo mennen yo lekòl, yo t ap vini. Men tout vire tounen, yo t ap mande pèmisyon yon fason pou yo libere yo de klas la paske imilyasyon yo t ap fè klas la tounen yon lanfè. Epi, lè yo fin gran, yo pa t ap mete pye yo lekòl ankò. Paran, vwazen, anseyan, direktè sispann konpare aprenan nou yo youn ak lòt paske yo chak se yon moun diferan. Chak gen yon bagay li ka fè paske pa gen moun ki nil. Aprann eksplwate sa yo genyen ki bon nan plas kraze sa ki bon lakay yo pou w chache sa ou swete jwenn. Itilize sa yo genyen kòm potansyèl pou w devlope sa ou ta renmen wè lakay yo men ki pa ko parèt pou yon rezon oubyen yon lòt. Ayiti nou swete a posib. Men sèl sitwayen ki kwè nan tèt li, ki gen fyète pou tèt li, pou peyi l ak kilti l, ki pa anvi sanble ak yon lòt moun kap rive fè chanjman sa. Ann edike yo pou Ayiti !

15


L’importance d’un enseignant dans une société idéale Si vous avez des enseignants malformés, incompétents, c’est normal de trouver des politiciens sans états d’âmes et de redevance envers le peuple. Emmano Medina, Enseignant-Leader, Cohorte 2017

L’homme de par sa nature et de sa fonction dans la vie a toujours besoin de se soigner afin de se sentir en bonne santé. Il a été créé fragile et mortel. C’est pourquoi il doit y avoir quelqu’un qui se nomme médecin pour le soigner quand il est tombé malade. On est bien conscient pour vivre bien et plus longtemps, il faut rester en bonne santé. Un médecin a une importance capitale dans la vie de l’être humain. Sans lui, l’humanité ne serait pas ainsi et les gens non plus ne survivraient pas aussi longtemps que ça. Selon le serment d’Hippocrate, on doit concevoir l’être avant l’avoir. Mais, c’est le contraire qui est de mise. Si on ne dépose pas une forte somme d’argent avant, on est négligé. On ne se soucie pas vraiment de l’état déplorable dans lequel quelqu’un puisse se trouver. Là encore, peut-on dire que c’est une mauvaise conscience de la part des médecins puisque l’Etat ne prend pas en charge leurs conditions salariales ? Tout individu a droit à un premier soin dans tous pays sérieux, mais ce n’est pas le cas pour nous les Haïtiens. Malgré leur importance, ils n’ont rien sans la socialisation des gens. L’homme à l’état de nature vit dans un barbarisme perpétuel. C’est grâce à l’éducation qu’il apprend à vivre en société. Or, qui est responsable de transmettre cette éducation à une nouvelle génération, ce sont les enseignants et les parents. Si vous avez des enseignants malformés, incompétents, c’est normal de trouver des politiciens sans état d’âme et de redevance envers le peuple. On ne peut pas diriger un peuple sans se soucier de ses besoins psychologiques et éducatifs. Il est normal que chacun occupe sa fonction afin de rendre la société juste et heureuse mais que chacun reçoive ce qui doit lui revenir en fonction de son importance. Un médecin gagne, par mois, dix fois plus qu’un enseignant. Alors que c’est l’enseignant qui prépare l’avenir, qui fait en sorte que des valeurs sociétales se conservent à d’autres générations. Le médecin n’a rien à donner sinon empêcher que quelqu’un meurt aujourd’hui, mais il mourra demain. Mais ce que l’enseignant transmet bien ne mourra jamais. Il est grand temps de prendre en considération le salaire des enseignants afin qu’ils puissent réussir leurs vies avec aisance et fierté. L’enseignant ne devra plus avoir de créditer avant même l’arrivée du petit pourboire dénommé soi-disant salaire. Il faut 16


que l’Etat fixe et exige un salaire minimum pour chaque enseignant, qu’il s’agisse des écoles publiques ou privées. Les gens d’un pays s’éduquent en fonction des besoins de celui-ci. Pour que cela puisse être possible, il faut que l’Etat prenne le contrôle de toutes les institutions existantes afin de fixer des objectifs et des finalités pour une période de temps bien indiquée.

Le respect d’un enseignant doit être le résultat de ce qu’il inspire et non de ce qu’il est Le concept d’autorité du professeur a donc progressivement glissé vers celui du respect qu’il inspire. Rolf Phanel Soulouque, Ambassadeur, Cohorte 2016 Assistant au Département des Ambassadeurs

La relation Enseignant-Apprenant a beaucoup changé durant les dernières décennies. Tenant compte de ce que l’histoire a rapporté, on peut remarquer que la gouvernance scolaire se fait d’une autre manière. Oui, on est dans un autre siècle. Oui, le monde a changé. Mais il y a d’importantes choses qui doivent être maintenues. Compliments aux enseignants d’aujourd’hui qui ont divorcé avec la méthode traditionnelle et mis l’accent sur la méthodologie moderne. Voyons donc, avec des yeux de justice qu’il y a des éléments problématiques qui empêchent la nouvelle méthode de faire son chemin dans les institutions. 17


Le respect met en œuvre un trait fondamental de bonne éducation. Dans le système éducatif, il y a des apprenants qui ont compris que leur réussite nécessite le respect des règles que l’école a établies, en l’occurrence, l’obéissance aux instructions des dirigeants (comme membres de la direction, surveillants, enseignants et agents de service) et l’adéquation des réponses apportées à leurs demandes. Mais il existe un autre sens du terme qui passe par la reconnaissance par l’individu des capacités, des connaissances, des compétences, des qualités de la personne qu’il respecte. A ce point, l’enseignant n’a pas tiré profit d’un respect pour son autorité mais plutôt la récompense de la manière qu’il l’a exercé. Dans la question de respect, être un enseignant est bien, mais le plus inspirant est le professionnalisme et les aptitudes exercées. Il y a beaucoup d’enseignants qui ne comprennent pas le sens du mot « autorité ». Entant que supérieur hiérarchique, le respect doit s’accorder – mais l’autorité ne suffit pas. Comment exercer cette autorité envers autrui ? Le concept d’autorité du professeur a donc progressivement glissé vers celui du respect qu’il inspire. L’enseignant qui veut exercer son autorité doit être respecté, pas par peur d’une sanction (note ou punition), mais parce que l’apprenant reconnaît en lui une personne qui démontre des compétences et qui fait la preuve d’une certaine éthique. Pour être respecté, il faut être pris au sérieux. Autrement dit, si l’enseignant veut que ses apprenants lui accordent un quelconque crédit, il ne faut pas que la matière enseignée soit dépréciée. Actuellement, il n’est heureusement plus question de châtiment corporel infligé aux apprenants, mais la disparition de la violence physique (du côté de l’enseignant) cède parfois la place à une forme de violence morale en disant n’importe quoi aux apprenants. Si vous estimez que les apprenants vous manquent de respect, ce n’est pas une raison de leur manquer de respect en retour, ou pour manquer de respect aux autres. Pour une éducation de qualité, une approche idéale doit être priorisée chez tous les enseignants. L’utilisation d’une bonne méthode pour faciliter la compréhension des enfants est très importante, mais le respect de l’enseignant est une méthode beaucoup plus forte pour un apprentissage efficace. 18


ENPLIKASYON PARAN-LIDÈ NAN ZAFÈ LEKÒL Se kominote a ki di ki byen yo ta renmen wè pou timoun yo, ki mòd moun li ta renmen ti moun yo vin ye demen. Bendjimy Pierre, Anseyan-Lidè, Kowòt 2017

Depi lontan jouk jounen jodi a, nan tout peyi, nan tout sosyete, premye kote ti moun resevwa edikasyon se nan fanmi li. Se anba zye tout gran moun lakay li li grandi, li devlope pou tounen yon jenn gason oswa yon jenn fanm. Se la li aprann tout prensip ki bon pou devlopman kò li ak lespri li. Se la li jwenn posiblite pou li fòje pèsonalite li, karaktè l, santiman moral ak espirityèl ki nesesè pou l al viv nan sosyete a demen. Se paran l k ap ba l egzanp diyite ak sans responsablite pou l kapab travay, okipe fanmi pa li. Se nan mitan paran l ak nan gwoup sosyal ti moun aprann fè diferans ant sa ki bon ak sa ki pa bon. Tout fanmi ki rete nan yon zòn fòme yon kominote. Se kominote a ki di ki byen yo ta renmen wè pou timoun yo, ki mòd moun li ta renmen ti moun yo vin ye demen. Depi paran timoun yo kòmanse kite lakay yo bonè pou yo ale travay byen lwen, enpe nan wòl edikasyon sa a vin chape nan men yo epi tonbe sou do lekòl. Anseyan-lidè yo vin oblije jwe wòl paran tou. Sosyete a ba yo dwa pou gide edikasyon timoun yo. Lekòl pran timoun yo pandan yon bon tan nan divès fanmi nan sosyete a. Yo gen misyon pou bay yo tout menm edikasyon daprè sa sosyete a mande. Yo la pou yo remèt sosyete a sitwayen djanm ak moun kòrèk ki pou ede l viv nan lapè, ak byennèt. Jounen jodi a, pèsòn pa vrèman kontan. Kominote a di : « Lekòl fini, nou pa rekonèt kalite moun l ap remèt nou. » Majorite lekòl menm di : « Paran demisyone, nou pa rekonèt kalite moun y ap voye ba nou. Oswa, paran yo kite tout chay la pou nou, yo pa ede nou fè travay la. » Se sa ki fè paran yo dwe chita ak lekòl yo pou yo wè kisa yo chak ap atann youn de lòt epi kijan youn ka ede lòt rive nan rezilta y ap chache a. Daprè John Dewey, kèlkeswa peyi a, tout sosyete, tout paran toujou vize twa rezilta pou ti moun yo : 1. Devlope tout kapasite oswa tout konesans timoun yo genyen depi yo fèt : - devlope kò yo, sèvi byen ak tout posibilite kò yo ; - devlope lespri, memwa, jijman ; - devlope tout talan, kreyativite ak espirityalite. 2. Transmèt kilti sosyete kote y ap viv la : - Transmèt timoun yo sa yo konnen, sa yo konn fè, jan yo konn fè pou yo ka viv nan peyi a, nan sosyete a ; - Transmèt yo lang yo pale, jan yo pale l, sa yo kwè, sa yo abitye fè, jan yo wè lavi a, jan yo wè lemonn. 19


3. Devlope kapasite yo pou yo fonksyone byen kòm manm aktif sosyete a : - Patisipe nan aktivite k ap fèt nan fanmi an, nan kominote yo; - Fè aktivite ki pou prepare yo pou wòl yo va gen pou yo jwe antan y ap grandi kòm manm sosyete a, manm yon fanmi, sitwayen peyi a; - Aprann pwodwi byen ak sèvis yo bezwen ak sa lòt moun ka bezwen; - Aprann kijan pou sèvi an bon konsomatè ak byen ak sèvis ki egziste nan sosyete a. Apati de rezilta sa yo, paran-lidè yo ka ede lekòl nan zafè edikasyon timoun yo, pandan y ap patisipe nan travay lekòl la ap fè. Y ap fè sa nan : chèche enfòme sou jan lekòl la wè edikasyon ; rankontre ak anseyan-lidè a souvan pou yo mande kijan ti moun yo ap vanse ; enterese mande aprenan-lidè yo chak jou kisa yo te aprann ; ale nan reyinyon paran lè lekòl la voye envite yo ; chèche konnen ki sa lekòl la bezwen ; pran kontak ak lòt paranlidè pou suiv pwogrè aprenan-lidè yo ap fè ; ofri sèvis yo lè lekòl la ap fè yon aktivite ; chita ansanm ak lòt paran-lidè yo, ak direksyon lekòl la pou fòme yon asosyasyon paran-lidè, elatriye. Konsa, lekòl ap chita sou vrè baz li ki se twa (3) wòch dife sa yo : « Direksyon lekòl ak Anseyan-lidè yo, Paran-lidè ak Manm Kominote yo e Ministè edikasyon ak tout lòt Aktè yo. » Lè sa a, nou va genyen yon pi bon rezilta swivan atant nou.

Le châtiment corporel, un défi à relever N’abusons pas de notre autorité pour briser l’estime de soi des autres. Carlène P. Jean, Enseignant-Leader, Cohorte 2017

“ Dans ma famille, tout le monde se respecte. Jamais de propos déplaisants et on vit en parfaite harmonie. Mes frères et moi obéissons toujours aux règlements parentaux. On n’utilise jamais le fouet. Le dialogue est l’arme pour nous maintenir à l’ordre.” ~ Pauleine. “Chez moi, nous sommes souvent battus. À la moindre infraction, nous sommes grondés. Nous avons peur quand nos parents rentrent. Notre objectif est de fuir le toit parental parce que nous sommes humiliés.” ~ Julie. Ces deux enfants vivent dans deux situations différentes l’une de l’autre. Leur réaction est totalement différente. Parfois, nous utilisons le châtiment corporel 20


pour punir quelqu’un sans penser que cet acte l’humilie. Plus une personne est maltraitée, plus elle est agressive. Comment définit-on le châtiment corporel ? Comment se manifeste-t-il? Quelles sont ses conséquences? Existe-til des solutions pour combattre cet acte d’oppression? Nous allons faire le point. Tout acte dénigrant, […], humiliant qu’on porte sur une personne, ordinairement, ayant une faible défense, se nomme châtiment corporel. Citons le fouet, les propos déplaisants, […], les moqueries. Une personne, surtout les enfants, recevant des châtiments corporels a tendance à les reproduire sur autrui. C’est pourquoi, un comportement agressif doit être examiné à fond pour en connaître la vraie cause. Une personne maltraitée, battue présente des comportements négatifs sur son entourage. Elle se replie sur elle-même, elle a tendance à être turbulente et agressive, […], et elle se bagarre pour un rien. Généralement, l’objectif premier de l’opprimé, c’est de fuir son oppresseur (la fugue, l’école buissonnière) ; s’engager dans le banditisme, la délinquance pour se venger, […] et son comportement se laisse à désirer. Les personnes ne connaissant pas de mauvais traitements dans leur entourage sont très obéissantes. Elles n’ont pas besoin d’être exigées ou forcées pour l’exécution d’une tâche. Elles ont un comportement positif. Leurs supérieurs sont leurs vrais et meilleurs amis, leur confident au cas où un problème d’ordre personnel survient dans leur vie. Pour traîner en longueur ces bonnes manières, il faut remplacer les châtiments corporels par la prise de conscience, la discipline positive, établir un climat de confiance via le dialogue, se mettre à la place de l’autre pour pouvoir résoudre le problème et utiliser des conséquences logiques à la place des punitions. En fin de compte, le châtiment corporel tue la personne moralement. Pour éviter la reproduction de cet acte, le dialogue en est l’arme la plus puissante. Au lieu de fouetter, d’injurier, de se moquer de quelqu’un à cause d’un comportement jugé mauvais, les conséquences logiques s’avèrent nécessaires. N’abusons pas de notre autorité pour briser l’estime de soi des autres.

21


YON RÈV K AP FÈ WOUT POU REYALIZE Enben, mwen vle di tout Ayisyen konsekan ki kwè menm jan avèk mwen yon lòt Ayiti posib, vin pote kolaborasyon pa w nan gwo mouvman sa a pou n transfòme sistèm edikatif la. Jodelin Pierre, Anseyan-Lidè, Kowòt 2017

Mwen sonje lè m te lekòl, mwen te gen yon anseyan ki t ap bay tout elèv klas mwen an kèk konsèy sou cheminman karyè pwofesyonèl. Li te pran anpil tan pou site non kèk metye si nou chwazi k ap bon pou nou. Lè li fin eksplike tout bagay sa yo, li tèmine pou l di : « Pa janm pèdi tan nou al nan edikasyon, pa pèdi tan nan ansèyman paske sa pa p itil nou anyen. » Mwen menm ki te la epi ki t ap koute l ak anpil enterè te poze l yon kesyon pou m te ka konnen, kilès ki pral gen pou pran larelèv pou fòme sila yo k ap gen pou vini. Li te reponn mwen pou l di m sa pa regade l paske se kòb li l ap defann epi pa gen okenn espwa pou peyi sa. Deklarasyon sa te fwase m anpil paske m te wè menm moun ki t ap anseye a t ap denigre edikasyon. Se depi lè sa, pou m te bay yon repons a pèsonaj sa mwen te gen yon pouse pou m etidye edikasyon jis pou m devni, yon jou, yon pèsonaj remakab nan edikasyon, ki pral plede pou sistèm nan vin gen moun serye, konpetan ki entegre l epi ki pral lite pou edikasyon ann Ayiti ka gen valè tankou tout lòt domèn nan tout peyi a epi k ap ka ede l devlope tout bon vre. Pandan tout peryòd etid mwen, mwen toujou jwenn anpil kritik bò kote fanmiy ak zanmi ki toujou ap minimize m paske m ap etidye syans edikasyon. Yo toujou wè mwen se yon moun k ap pran move direksyon paske mwen sanse ap pase tout vi m nan move kondisyon. Lè vwazinaj mwen yo ap poze m kesyon pou mande m kisa m ap etidye, yo toujou ap rizibye m epi kèk fwa tchwipe m, lè m di yo se syans edikasyon m ap etidye paske yo wè sa pa gen valè. Tout bagay sa yo fè m rive konprann, tout moun nan peyi sa se zafè yo sèlman y ap regle. Se gwo tit, woule bèl machin, boule lajan peyi a pou granmesi epi fè wè sèlman. Men, malgre tout bagay sa yo te ban m anpil panik, sa pa t ka rive brannen m paske konviksyon m te pi fò pase tout sa moun t ap di. Aprè m te fin gradye, mwen te gen opòtinite patisipe nan yon pwosesis rekritman kote m te rive okipe plas direktè nan yon lekòl, Okap. Lè m te resevwa nouvèl se mwen ki pral direktè lekòl sa a, mwen te gen anpil lajwa nan kè m paske mwen te wè se gwo jou opòtinite pa m nan pou m te ka kòmanse fè gwo rèv mwen te genyen an tanmen wout li. Men malerezman, 22


lè m te rive nan reyalite a, jan m te panse bagay yo ta pral ye a, yo te nètman diferan paske vizyon pa m nan pa t sou menm liy ak administrasyon lekòl la. Vizyon pa m nan sete ofri yon edikasyon wot kalite ak tout aprenan ki te lekòl la alòske administrasyon lekòl la te plis anvizaje pati ekonomik lan; olye yo rekrite pwofesè ki kalifye yo te prefere pran sila yo ki te mwens kalifye jis pou yo te peye mwens epi tout rès kòb la vin nan pòch yo. Bagay sa a te mete m nan yon sitiyasyon feblès paske lanp mwen ki t ap limen an t ap bat pou l limen yon pakèt lòt ki, malerezman, te san gaz. Mwen te gen kèk zanmi ki te toujou ap pale m de Anseye Pou Ayiti, de vizyon mouvman sa a genyen. Puiske pwovèb la di : « Se moun ki sanble ki rasanble », mwen te santi se yon opòtinite l ap ye pou mwen si m ta fè pati mouvman sa a. Mwen te aplike. Aprè mwen te fin pase kat etap nan pwosesis rekritman an, mwen te gen opòtinite seleksyone kòm manm kowòt 2017. Pandan peryòd 2 zan mwen nan APA, mwen swiv anpil fòmasyon sou lidèchip tranfòmasyonèl ak pedagoji aktif ki pèmèt mwen gen plis konesans nan domèn edikasyon epi ki ban m plis fòs tou, pou m toujou kwè yon lòt Ayiti posib. Nan sans sa a, nan kominote kote m ap travay kèk lòt anseyan gen abitid ban m yon ti non gate “Dènye lè’’ paske mwen se yon anseyan ki toujou itilize kèk minit anplis aprè klas pou m bay aprenan yo plis enfòmasyon k ap itil yo nan lavi. Ak fòmasyon sou lidèchip mwen swiv nan APA, mwen vin devlope anpil kapasite pou etabli bon jan relasyon ak lòt anseyan ki nan lekòl la epi m menm rive ede yo nan bay yo bon jan konsèy sou pedagoji aktif ki ede yo amelyore fason yo te konn anseye epi yo rive bay pi bon rezilta pase sa yo te konn bay. APA, nou dwe kontinye fè plis efò pou pèmèt flanbo a pote plis limyè chak jou pou chase tenèb ki blayi nan milye riral yo nan pote bon jan ledikasyon bay tout timoun. Menm jan gen anpil moun k ap panse mal epi poze move aksyon pou rann peyi sa pi mal chak jou, nou dwe fè plis efò pou n panse pi byen epi toujou poze bon aksyon pou van chanjman sa a nou tout espere a ka rive soufle sou peyi nou tout bon vre. Eksperyans nan domèn agrikilti montre sa yon nonm plante nan kè latè, se sa li va rekòlte. Enben, mwen vle di tout Ayisyen konsekan ki kwè menm jan avèk mwen yon lòt Ayiti posib, vin pote kolaborasyon pa w nan gwo mouvman sa a pou n transfòme sistèm edikatif la. Konsa, nan 20 pou rive 25 lane, n ap gen yon lòt jenerasyon k ap gen yon lòt mantalite epi k ap kwè si gen yon gwo chanjman ki pou fèt pou peyi a se nou menm kòm pèp k ap kapab fè l. Se pou sa m ankouraje nou vini ! Vini ! Vini aplike! Pou yon lòt jenerasyon, pou Elèv yo, pou Peyi nou. 23


Temwayaj Anbasadè Anseyan yo bezwen kreye yon relasyon solid ak aprenan yo. Chimène Sorel, Anbasadè, Kowòt 2015

Mwen se yon Anbasadè Anseye Pou Ayiti k ap travay nan lekòl Jésus-Marie. Lè m te rantre nan APA, li te difisil pou mwen anpil paske lekòl la se ak chatiman kòporèl li mete disiplin. Mwen menm, pa rapò ak sa m aprann nan Anseye Pou Ayiti, mwen te wè li pat nesesè pou n bat timoun yo. Mwen vin rantre nan yon lit kont chatiman nan yon lekòl ki te gentan abitye ak metòd sila a. Mwen te pran desizyon pou m ranplase baton pa disiplin pozitif nan lekòl la. Nan premye ane a, lè aprenan yo fè yon dezòd oswa yo rive an reta, chèf disiplin nan kale yo oswa mete yo ajenou. Mwen te toujou mande yo, èske li pa posib pou nou itilize yon lòt estrateji lè ka sa yo prezante? Mwen te toujou ap pwopoze yo kèk estrateji. Malgre tout sa m te di yo, anyen pa t janm mache. Nan dezyèm ane mwen nan pwogram nan, pawòl mwen yo kòmanse ap fè enpak sou yo paske chèf disiplin nan vin bay aprenan yo kopye liy nan plas baton an. Malgre sa, mwen te wè kopye liy nan pa t metòd ideyal la. Nan mwa mas 2018 la, Anseye Pou Ayiti te òganize yon fowòm pedagojik sou « disiplin pozitif ak konsekans lojik ». Tout anseyan ki nan lekòl la ak tout direktè a te patisipe. Nan nouvèl ane a, dirijan lekòl la te chanje estrateji. Yo deside elimine baton an nèt nan lekòl la. Yo deside ajoute 20 pwen pou disiplin. Chak fwa yon aprenan rive an reta, pwen li ap diminye, konsa tou chak fwa li respekte kòd disiplin lekòl la pwen li ap ogmante. Estrateji sila a te pèmèt lekòl la mache byen. Tout aprenan yo toujou rive a lè, yo toujou evite fè dezòd. Sa fè m santi se pa baton ki fè timoun aprann. Anseyan yo sèlman bezwen kreye yon relasyon solid ak aprenan yo. Lè w itilize chatiman kòporèl, w ap fè bak, men lè w itilize konsekans lojik, w ap avanse.

24


Yon mouvman pou ekipe yon rezo lidè Ayisyen pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. ANSEYE POU AYITI rekrite & ekipe yon rezo anseyan-lidè ann Ayiti pou lekòl fondamantal pou transfòme sal klas e kominote nou yo. N ap devlope yon mouvman lidè sivik k ap fè pledwari pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. Atravè chanjman nan sal klas anseyan-lidè nou yo, n ap transfòme kominote nou yo. Sa nou vle pou sosyete nou an, n ap kòmanse transfòmasyon sa nan lekòl yo. Nou valorize kilti, koutim & kominote, epi n ap travay pou nou ofri yon lòt modèl lidèchip k ap travay nan tèt ansanm pou nou reyisi ansanm. N ap envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen.

509-4895-4508 | info@anseyepouayiti.org | www.anseyepouayiti.org

$"!


Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.