
2 minute read
Temwayaj yon aprenan-lidè | Daphneed Emmanuella Leon
Temwayaj yon aprenan-lidè
Daphneed Emmanuella Leon, Aprenan-Lidè
Advertisement
Non pa m se Daphneed Emmanuela Leon, kite m pataje avèk nou eksperyans mwen fè ak de (2) anseyan-lidè.
Pandan 2 lane sa yo, mwen fè yon eksperyans san parèy. Anseyan yo te ede nou devlope anpil konpetans. Nou vin gen sans responsabilite epi langaj nou devlope gras ak fason yo travay ak nou. Yo ba nou fè travay an gwoup, lè sa a nou kolabore ak lòt aprenan pou nou remèt bon jan travay, ak anpil ekselans. Yo montre nou enpòtans viv ansanm.
Sa ki plis fè m plèzi se paske anseyan-lidè yo se zanmi nou. Yo pa kale nou, lè nou fè yon dezòd, yo pale avèk nou yon fason pou n konprann. Yo toujou raple nou, nou se lidè, tout sa n ap fè dwe fèt ak anpil ekselans epi pwouve lidèchip nou. Yo ede nou elabore vizyon nou, gras ak travay sa a nou chak gentan konn ki sa n ap devni epi kòmanse travay pou n reyalize vizyon sa a nou genyen an. M renmen lè anseyan lidè yo rele nou selon vizyon nou : « Bonjou Dòk, bonjou Kòmandan, bonjou Enjenyè, bonjou Agwo, bonjou Dirèk, … ». M santi m fyè pou m reponn anseyan an lè l rele m konsa a, sa ankouraje m travay ak plis detèminasyon pou m reyalize rèv mwen pou m ka itil tèt mwen, fanmi m ak kominote m.

Mwen kontan fè eksperyans ak anseyan-lidè yo e m ta renmen pou tout anseyan anseye menm jan ak anseyan lidè yo. Pa kale timoun yo silvouplè, renmen yo pito. Se pa fòt nou lè nou afiche yon move konpòtman. Kèk fwa, se reyalite n ap viv la oswa konnen nou pa konnen enpak li genyen sou nou ak antouraj nou. Se pou tout anseyan yo konprann reyalite chak timoun. Li lè pou dwa timoun yo respekte ! An nou repete e medite sou fraz sa a avè m : « Li lè, li tan pou dwa timoun yo respekte ! »



Yon mouvman pou ekipe yon rezo lidè Ayisyen pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon.
ANSEYE POU AYITI rekrite & ekipe yon rezo anseyan-lidè ann Ayiti pou lekòl fondamantal pou transfòme sal klas e kominote nou yo. N ap devlope yon mouvman lidè sivik k ap fè pledwari pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. Atravè chanjman nan sal klas anseyan-lidè nou yo, n ap transfòme kominote nou yo.

Sa nou vle pou sosyete nou an, n ap kòmanse transfòmasyon sa nan lekòl yo. Nou valorize kilti, koutim & kominote, epi n ap travay pou nou ofri yon lòt modèl lidèchip k ap travay nan tèt ansanm pou nou reyisi ansanm. N ap envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen.

509-4895-4508 | info@anseyepouayiti.org | www.anseyepouayiti.org $ " !