2 minute read

Ti koze sou ledikasyon ann Ayiti | Colson Jean Jacques

Ti koze sou ledikasyon ann Ayiti

Colson Jean Jacques, Anbasadè APA

Advertisement

Tout sosyete ki vize pwogrè ak devlopman dirab, bay gwo enpòtans ak ledikasyon paske « ledikasyon se bousòl lavi a ».

Katòz (14) lane karyè oubyen eksperyans pa m nan domèn ledikasyon, pouse m fè anpil refleksyon konsènan kalite ledikasyon chak timoun ta dwe resevwa ann Ayiti, kèlkeswa kote l soti oubyen zòn li abite. Ekselans nan pwosesis ansèyman aprantisaj la ak nan rezilta aprenan yo dwe klèman defini nan kourikoulòm lekòl fondamantal la.

Sa fè yon deseni konsa, nou remake nivo ekselans akademik aprenan yo bese konsiderableman, daprè kèk done estatistik nou ka fè konfyans. Èske se yon mank motivasyon sosyal ki okazyone sa osinon se boulvèsman sosyopolitik yo ki pèmèt aprenan yo manke angaje yo ?

Sou menm koze sa a, an nou fè yon ti koudèy sou listwa entènasyonal la. Pandan e aprè dezyèm gè mondyal la, peyi Japon te sibi gwo domaj sou tout fòm, majorite vil yo te delabre, dezolasyon te blayi prèske tout kote. Èske gouvènman nan epòk sa ak pèp japonè a te « bay vag » oubyen « kraze yon kite sa » ? O non ! Yo te deside envesti nan « ledikasyon » ki se zam ki plis puisan nenpòt pèp kapab itilize pou chanje sitiyasyon yo, pou m parafraze selèb deklarasyon Nelson Mandela a. An plis, gouvènman japonè a te voye etidyan nan lòt peyi ki gen gwo inivèsite. Aprè etid yo, yo te retounen pou yo rekonstui Japon. Jounen jodi a, peyi japon konte pami pi gwo puisans nan mond lan nan prèske tout domèn paske yo kontinye vize ekselans.

Brèf, bò lakay pa nou, ann Ayiti, kontèks sosyopolitik la rann sitiyasyon an plis difisil. Men, nou dwe kontinye simaye lespwa nan aksyon nou yo, jan nou renmen repete slogan sa a, nan APA : « Pwoblèm yo anpil men, solisyon yo posib ». Antanke Anseyan lidè pou lavi, nou dwe kontinye mete men ansanm pou n fè pledwari pou tout timoun ann Ayiti san distenksyon resevwa bon jan kalite ledikasyon epi ede yo vize ekselans pou yon demen miyò. Paske : « Pi gwo kado nou ka ofri nasyon an, se kontinye fòme ak enstui jenès la » pou m site Ciceron. Nou dwe toujou sonje : « Sa nou fè pou tèt pa nou ap otomatikman disparèt, lè nou kite tè sa a, men sa nou fè pou jenerasyon k ap

vini yo ap rete kòm eritaj ». Se responsabilite nou chak pou n kolabore pou n bay ledikasyon peyi nou jarèt.

N ap lanse yon envitasyon ak tout anseyan, paran, direktè lekòl, ajan edikatif ak tout lòt ayisyen konsekan ki kwè chanjman ak devlopman dirab peyi Dayiti dwe kòmanse ak ledikasyon. Malgre difikilte ak gwo defi nan domèn sila a, nou dwe rete motive e optimis epi kontinye fè konbit pou aprenan nou yo resevwa bon kalite ledikasyon ki kadre ak reyalite anviwònman yo, k ap pèmèt yo valorize kilti, koutim ak kominote y ap evolye, e sitou, lang manman yo ; pèmèt yo vin sitwayen pwodiktè k ap itil tèt pa yo, fanmi yo, peyi yo, pandan y ap kontinye aprann lòt lang ak kilti lòt pèp epi adapte ak nouvèl teknoloji enfòmasyon e kominikasyon (NTEK) k ap pèmèt yo kontribye nan avansman mond lan. San n pa bliye, pou m parafraze pwovèb Chinwa sa a : « Yon moun ki kontribye pou aprenan yo resevwa bon kalite ledikasyon anvan l mouri pa t viv pou granmesi. ».

N ap kole zepòl pou elèv yo, pou peyi nou !

This article is from: