MagAPA Jiyè 2022 (July 2022)

Page 1

MAG

APA

ANSEYE POU AYITI Magazin Jiyè 2022



Tab Matyè Editoryal | Depatman Anbasadè ak Patenarya...................................................................1 Analiz konparatif sou zafè edikasyon nan konstitisyon 1987 la ak avan pwojè konstitisyon 2021 an | Sorel Valentin, Anseyan/Avoka .................................................... 2 Ledikasyon se richès ; Boukan Kare paka tann | Suffit Osée, Anbasadè APA ...............6 Pedagoji aktiv, kisa li ye ? | Genson Mayot, Anbasadè APA .............................................8 Sipòte agrikilti se bay edikasyon an jarèt. | Mésilien Sinéus, Anbasadè APA............. 10 Ki modèl sitwayen ou ta renmenaprenan w oubyen pitit ou devni lè yo rive granmoun demen? | Jean Paul Carlene, Anbasadè APA ...............................................13 Je wè bouch pale! | Luckson Fleurency, Anbasadè APA ..................................................16 Temwayaj aprenan | Slaybie Noel, Aprenan-Lidè............................................................18


Editoryal Depatman Anbasadè ak Patenarya (AP) Se toujou yon plezi, kòm mouvman ayisyen k ap pwone lidèchip transfòmasyonèl, pou n dedye yon nouvo magazin chak ane ak tout sitwayen angaje, lidè kominotè, tout aktè nan sitèm edikatif la an jeneral. Enpak nou pa sèlman fèt sou anseyan ak aprenan, men li fèt sou tout yon popilasyon. Magazin sila a se yon senkyèm edisyon ki enkli yon seri atik ak temwayaj enteresan pou anrichi sektè edikatif la. Nan kontni atik sa yo, lektè yo ap jwenn bon jan konsèy sou ledikasyon, ansèyman-aprantisaj, lidèchip ak temwayaj aprenan-lidè ki enpakte a travè pwogram devlopman pwofesyonèl la. Solidarite se youn nan valè APA pataje. Nou kwè nan pataje. Se pou sa nou kreye magazin sila a, pataje ak tout aktè nan sistèm nan, ak tout lidè kominotè, ak tout sitwayen angaje pou n solidarize nan lide pou n abouti ak chanjman yo nan tèt kole. Lidèchip ou, se yon limyè ki pa dwe janm etenn. Anseye Pou Ayiti swete tout moun ki pral li Magazin sila a bon lekti. Pwoblèm yo anpil, men solisyon yo posib. Nou kwè ak solidarite, ekselans, respè ak angajman n ap rive devlope kominote nou yo. N ap abouti ak yon chanjman mantalite pou n pran bon jan desizyon k ap garanti chanjman dirab pou peyi nou. Anseyan-lidè, direktè-lidè, paran-lidè ak aprenan-lidè se senbòl chanjman Ayiti reve a. N ap fòme, n ap enflyanse, n ap fè enpak pou chanje peyi nou. Wout la long, men nou lwen.

1


Analiz konparatif sou zafè edikasyon nan konstitisyon 1987 la ak avan pwojè konstitisyon 2021 an Sorel Valentin, Anseyan/Avoka

Konstitisyon se baz fondamantal tout yon nasyon, li konsidere tankou yon zouti endispansab pou estabilite politik, devlopman sosyete a epi asire tout enstitisyon yo ap byen mache. Konstitisyon an defini tou kad jiridik ak fondman legal sistèm politik pou chak pouvwa piblik yo, li defini tou modalite gouvènans peyi a, fonksyonman enstitisyon leta yo ansanm ak politik piblik nan diferan domèn lavi sitwayen yo san patipri. Pou asire devlopman total sosyete a ak devlopman chak sitwayen yo, konstitisyon an defini gran liy yo nan zafè edikasyon ki kapab sèvi modèl pou bonjan politik piblik edikatif pandan l ap asire modèl edikasyon sa a reponn ak bezwen fondamantal tout nasyon an nan tout domèn ak nan tout nivo ( ansèyman preskolè, fondamantal, segondè, pwofesyonèl, inivèsitè ak rechèch yo). Pou sa rive posib, li enpòtan pou nou founi je kade kontni konstitisyon ayisyen ane 1987 la, ki amande nan lane 2011 pandan n ap konpare l ak avan pwojè konstitisyon 2021 an epi pwofite gade ki pwovizyon legal ki fèt nan zafè edikasyon pou peyi a, pou elèv yo, anseyan yo ak direktè lekòl yo. Fòk nou te tann 12 ane aprè endepandans 1804 pou nou te genyen konstitisyon 1816 la, ki se premye konstitisyon ki te anonse prensip ansèyman primè gratis la. Depi lè sa tout konstitisyon ayisyen ki sòti nan ane 1843 nan mwatye 19èm ak 20èm syèk yo te toujou mete aksan sou zafè edikasyon ak ansèyman an jeneral. Sepandan, atik nan diferan konstitisyon sa yo pa tradui nan lwa kad yo ak règleman yo pou te kapab ede MENFP etabli politik piblik pou fonksyonman ministè a epi fè respekte 2


dwa konstitisyonèl tout moun genyen pou jwenn bonjan edikasyon. Malgre mankman ki genyen nan konstitisyon pou reglemante edikasyon ak eskolarizasyon ann Ayiti, fòk nou note depi endepans 1804 pou rive jounen jodi a, konstitisyon yo adrese kesyon edikasyon nan yon fason oubyen yon lòt. Menm si majorite refòm konstitisyonèl yo te pran dispozisyon pou asire edikasyon gratis epi obligatwa, men li pa toujou entegre nan manda ak kad jiridik yo. Depi 1804 pou rive 2011, ane konstitisyon 1987 la te modifye, Pierre Delima idantifye 80 lwa ki gen rapò ak edikasyon epi eskolarizasyon.1 Anvan nou ale pi lwen, analiz sa a pa fèt nan objektif pou fè piblisite pou avan pwojè konstitisyon 2021 an ni pou montre li pa gen okenn feblès. Analiz sa konsantre plis sou dispozisyon ki trete kesyon edikasyon nan tou 2 dokiman sa yo, konstitisyon 1987 ak avan pwojè konstitisyon 2021 an. Pou nou ale pi lwen, ki diferans ki genyen ant 2 dokiman sa yo? Nan kontni ak fòm yo nan zafè edikasyon? Nan yon kontèks sosyal ak politik, avan pwojè konstitisyon 2021 an gen pou premye merit renouvle angajman leta nan zafè edikasyon, ansèyman, rechèch ak kilti nan lide pou asire byennèt sitwayen yo men avan pwojè a pa premye konstitisyon ki abòde aspè sa a. Konstitisyon 1987 la, nan seksyon F la ki pale sou edikasyon ak ansèyman genyen 14 atik. Poutan avan pwojè konstitisyon 2021 an nan chapit 1x ki abòde kesyon ansèyman, rechèch ak kilti genyen yon total 11 atik. Konstitisyon ayisyen 1987 nan seksyon F atik 32 ak lòt alineya yo mete aksan sou: I- Responsabilite leta ak kolektivite tèritoryal yo nan zafè edikasyon Konstitisyon 1987 la fè leta obligasyon pou garanti dwa chak sitwayen pou yo jwenn edikasyon epi asire fòmasyon tout popilasyon an, sa vle di fòmasyon ki asire devlopman fizik, entèlektyèl, moral, pwofesyonèl, sosyal ak sivik popilasyon an. Konstitisyon 1987 la tou abòde zafè desantralizasyon edikasyon nan tout nivo sou tèritwa peyi a epi fè konnen edikasyon se pa zafè leta santral sèlman men tou se responsabilite majistra yo ki nan tout kolektivite peyi a. II- Edikasyon gratis sou tout tèritwa nasyonal la. Pou asire tout timoun gen menm chans pou ale lekòl, konstitisyon 1987 la 1

Delima Pierre,constitution,lois et education en Haiti 1801-2011,elements de politiques educatives Ed.le Béréen.

3


fè leta ak kolektivite tèritoryal yo obligasyon pou mete lekòl gratis nan tout rakwen nan peyi a epi asire fòmasyon anseyan yo nan sektè piblik tankou prive. Konstitisyon 1987 la presize premye responsabilite leta ak kolektivite yo se eskolarizasyon tout timoun. Leta dwe bay timoun yo materyèl gratis pou yo ale lekòl sitou sila yo ki nan klas primè. Se menm jan an tou avan pwojè 2021 an repete menm bagay la tou. Leta ak kolektivite yo dwe asire lekòl gratis pou tout timoun men nan atik 49 ak 50 avan pwojè a di ansèyman an obligatwa rive nan laj 16 lane. Fòk nou note, atik sa yo anonse demisyon leta ki bliye gen anpil timoun nan zòn rekile yo, pou plizyè rezon (sosyal, ekonomik ) pa ale lekòl bonè, sa konn rive gen timoun ki gen 16 lane ki nan twazyèm ane fondamantal. III- Aksè ak fòmasyon pwofesyonèl ak inivèsitè. Leta dwe pran mezi pou asire fòmasyon pwofesyonèl nan tout domèn. Fòmasyon anseyan yo nan nivo preskolè epi pèmèt tout jèn ki kalifye jwenn chans pou antre nan inivèsite a. Leta dwe asire chak kolektivite tèritoryal, seksyon kominal, komin, depatman yo genyen etablisman ansèyman ki adapte ak bezwen epi devlopman popilasyon an. IV- Dwa pou moun ki nan bezwen espesyal yo. Pou fasilite entegrasyon moun ki gen bezwen espesyal yo ak moun ki gen anpil kapasite yo (Sidwe). Konstitisyon ayisyen ane 1987 la fè leta obligasyon pou garanti dwa moun andikape yo ak sila yo ki gen anpil kapasite yo mwayen pou asire otonomi yo, jwenn edikasyon epi jwi endepandans yo. Leta ak kolektivite tèritoryal yo dwe pran tout dispozisyon nesesè pou fè kanpay alfabetizasyon tout kote epi ankouraje inisyativ ki gen rapò ak sa. V- Kondisyon sosyal anseyan yo ak entèdiksyon pou vyole espas etablisman ansèyman yo. Pou amelyore konsiderableman lavi pèsonèl k ap travay nan edikasyon yo, konstitisyon an egzije yon salè ki jis epi ekitab ki reponn ak bezwen anseyan yo, sèl nan ka kote ki gen gravite, espas lekòl yo ak inivèsite yo pa dwe vyole. Moun pa dwe antre ak zam oubyen lòt materyèl ki kapab mete lavi moun an danje. Kisa avan pwojè konstitisyon an di nan zafè edikasyon? Avan pwojè nouvèl konstitisyon an renouvle obligasyon leta genyen pou garanti dwa, aksè, kalite edikasyon gratis ak finansman fonksyonman epi devlopman inivèsite leta a ak lòt inivèsite piblik yo, kondisyon travay anseyan 4


yo, aksè pou tout moun ki nan sitiyasyon andikap yo. Chapit 9 avan pwojè a pote kèk nouvo eleman ki gen rapò ak ledikasyon epi ansèyman siperyè ak nesans yon enstitisyon ki pou kontwole kalite ansèyman siperyè ak rechèch syantifik sou tout tèritwa a. Misyon li ap kouvri tout enstitisyon piblik ak prive ki nan ansèyman siperyè. Chak ane l ap pibliye yon rapò pou bay enstitisyon ki pi pèfòman yo. Yon lòt kote avan pwojè a fè konnen tout richès akeyolojik, istorik, kiltirèl ak folklorik peyi a dwe jwenn pwoteksyon leta. Avan pwojè a kontinye montre enpòtans travay akademi kreyòl ayisyen an ki pou fikse lang kreyòl la epi pèmèt devlopman syantifik li ak amoni li. La lwa ap detèmine fonksyonman akademi an. An konklizyon, ni konstitisyon 1987 la ni avan pwojè konstitisyon an abòde sou plizyè fòm dwa pou tout moun jwenn edikasyon nan tout nivo. 2 dokiman sa yo mete aksan sou obligasyon leta santral ak kolektivite yo pou kreye bonjan etablisman eskolè pou timoun yo epi asire fòmasyon anseyan yo pandan y ap bay timoun yo materyèl didaktik pou yo aprann pi byen. Bibliographie Cinstitution 1987 29 mars amandée. Comité consultatif independant,avant-projet 2021. Delima Pierre,constitution,loi et éducation en Haiti.1801-2011.Elements politiques éducatives.Ed.le Béréen/edition memoire,Montréal.2002. Delors Jacques: L'éducation un trésor est cachée dedans: rapport à l'UNESCO de la commission internationale sur l' éducation pour le vingt et unième siècle. Bernard Marie Martine,prevenir la delinquance juvenile par l' éducation au droit et la justice pénale de proximité. François Pierre Enocque ( 2020) politique éducative et inégalités des chances scolaires en Haiti. Ebersold Serge,education inclusive ou droit? Avec la collaboration de Rick Olivia.Presse universitaire de grenoble.2017

5


Ledikasyon se richès ; Boukan Kare paka tann Suffit Osée, Anbasadè APA Depi kèk tan sityasyon sosyal, ekonomik ak didaktik yo vin yon serye preokipasyon pou anseyan yo nan sistèm edikatif ayisyen an. Kondisyon anseyan yo nan lekòl piblik yo trè lwen pou l vin yon preyokipasyon nasyonal. Reyalite sa a nan sosyete nou an pa t janm fè objè yon etid serye. Responsab Edikasyon Nasyonal yo, anpil fwa pran abitid fèmen zye yo sou pwoblèm anseyan yo k ap travay nan premye ak dezyèm sik fondamantal nan lekòl piblik yo.

Atik 32.1 jiska 32.3 manman lwa peyi a (Konstitisyon 29 Mas 1987 la) fè konnen kòman pou tout bagay mache nan dosye ledikasyon an. Nou pral konsidere yo yonn aprè lòt. Daprè atik 32.1: «Bon fòmasyon pou tout sitwayen sou kont Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a. Se pou yo rive mete lekòl gratis pou tout moun. Se pou yo kontwole si moun k ap fè lekòl yo, alawotè, ni pou lekòl Leta, ni pou lekòl prive ». Daprè atik 32.2 : « Premye travay Leta, ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan pou tout moun rive ale lekòl. Se sèl fason yo ta kapab mete peyi a sou wout pwogrè vre. Tout moun ki vle bay konkou nan travay sa a, fèt pou yo jwen ankourajman ak avantaj nan men leta ». Selon atik 32.3: « Tout timoun dwe fè klas primè yo. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl primè tout liv ak tou sa ki nesesè pou yo aprann, gratis ». Pi lwen, lè n ap gade anseyan yo ki se aktè ki vrèman enpòtan nan sistèm nan, ap fè fas ak anpil pwoblèm. Yo pa byen trete yo. Anpil fwa, yo kanpe travay oubyen yo pran lari, fè manifestasyon, fè sit-in pou fè pase revandikasyon yo, pou egzije leta peye yo, pou ogmante oubyen pou ajiste salè yo. Fason y ap trete dosye anseyan yo kontribye nan deteryorasyon sistèm edikatif la nan nivo fondamantal nan Boukan Kare. Nou remake ankò anpil lekòl piblik, depase kapasite akèy yo, sa vle di kantite aprenan ki ta dwe genyen nan yon sal klas vrèman depase. Anpil fwa, yo pa menm ka jwenn espas pou yo chita. Mwayen didaktik yo, enfrastrikti eskolè ak kantite anseyan yo pa kapab asire yon bon kalite ansèyman ki pa sispann 6


degrade chak jou pi plis. Pou sa ki gen pou wè ak fòmasyon de tanzantan, entèrese yon fèb kantite anseyan ki deja ap viv nan ensekirite sou tout fòm. Pou fason sitiyasyon an ye aktyèlman, kondisyon anseyan nan premye ak dezyèm sik fondamantal nan komin Boukan kare pa ankourajan ditou. Nou kapab di tou, majorite ladan yo ap viv nan povrete ekstrèm, yo pa rive reyalize anyen serye nan lavi yo anvan yo mouri akoz yo pa byen trete yo. Anseyan yo vin twouve yo malerezman nan yon sitiyasyon kote y ap eksplwate yo san yo pa an mezi pou travay nan yon anbyans kè kontan, motivasyon ak konsantrasyon. Anfen, nou kapab di enfrastikti eskolè yo prèske pa egziste oubyen pa apwopriye, atant salaryal anseyan yo pa konble e ti solobab yo benefisye a pa regilye. Plis aprenan ap echwe chak jou, genyen ki menm kite lekòl pou al regle lòt bagay, koz yo pa gen mwayen pou reponn ak egzijans lekòl la, medyokrite anpil nan aktè yo nan sistèm nan. Anpil fwa, se sou baz ti zanmi oubyen akwentans politik yo rekrite anseyan yo. Yon pakèt lòt pwoblèm k ap ravaje sistèm edikatif nan peyi Dayiti ki koz anseyan yo vrèman trè lwen pou yo ta jwenn yon ti moso satisfaksyon. Nou ankouraje aktè yo envesti nan anseyan dabò. Si anseyan yo pa okipe aprenan yo p ap kapab resevwa sa yo merite. Komin Boukan Kare se dezyèm komin ki plis vas nan plato santral, sa ta vle di gen anpil timoun k ap grandi ladan l. Kidonk, voye je sou ansèyman ak aprantisaj nan Boukan Kare se voye je sou avni peyi Dayiti.

7


Pedagoji aktiv, kisa li ye ? Genson Mayot, Anbasadè APA Yonn nan aspè enpòtan ki genyen nan fòmasyon Anseye Pou Ayiti ofri anseyan-lidè yo pandan 2 lane se pedagoji aktiv. Misyon anseyan yo se pou al transfòme aprenanlidè yo. Men pou sa fèt anseyanlidè yo dwe resevwa bon jan fòmasyon akse sou disiplin pozitif nan lide pou pèmèt aprenan yo benefisye sa yo merite.

Kisa pedagoji aktiv la ye ? Pedagoji aktiv la se yon apwòch ki pèmèt nou pa konsidere aprenan yo tankou yon resipyan pou n ranpli men pito tankou yon dife n ap limen. Nan apwòch tradisyonèl la, se te transmisyon savwa ki te priyorize, men ak apwòch pedagoji aktiv la olye nou di transmisyon savwa nou di pito konstwiksyon savwa. Ak apwòch sa a, anseyan yo mete aprenan yo nan yon anbyans kote yo konstwi pwòp konesans yo, fè bon jan dekouvèt sou sa yo dwe aprann. Anseyan an sèlman prezan kòm yon gid, yon fasilitatè, yon ankadrè men - pa tankou yon chèf.

8


Ak apwòch pedagoji aktiv la, ansèyman an fèt ak lanmou. Anseyan yo valorize aspè afektif la. Yonn nan diferans ki genyen ant apwòch tradisyonèl la ak apwòch modèn sa a ki se pedagoji aktiv, se reyaksyon anseyan yo pa rapò ak aksyon aprenan yo. Lè aprenan yo fè yon dezòd anseyan an pa remèt li monnen pyès li, men pito li ba l yon konsekans lojik. Konsekans lojik sa a reprezante reyaksyon anseyan an pa rapò ak move konpòtman aprenan yo e sa ap pèmèt aprenan yo kontinye aprann menm si l ap sibi yon konsekans. Ak apwòch pedagoji aktiv la se zewo (0) chatiman kòporèl, rigwaz pa taye banda nan sal klas. Aprenan yo santi yo konfòtab pou yo aprann nan yon klima pwopis pou aprantisaj la. Nou ankouraje tout anseyan itilize apwòch sa a, chèche konprann li pou aprenan yo kapab benefisye bon jan kalite ledikasyon nou tout swete a. Se bon jan fòmasyon aprenan yo pral resevwa ki pral pèmèt nou abouti ak yon seri kominote modèl nan tout peyi a. Ann kontinye fòme, enflyanse e fè enpak pou n chanje peyi nou paske aprenan yo se senbòl chanjman Ayiti reve a. Pou elèv yo, pou peyi nou.

9


Sipòte agrikilti se bay edikasyon an jarèt. Mésilien Sinéus, Anbasadè APA Depi mwen tou piti mwen toujou tande yo di Ayiti se yon peyi ki chita sou agrikilti, sa vle di agrikilti a jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a. Mwen vle pataje ak nou byenfè agrilti nan moun mwen ye jodi a. Se kapab menm bagay la pou anpil nan nou k ap li atik sa a.

Mwen fèt nan yon lokalite ki nan komin Fonvèrèt ki rele Gwo cheval, zòn sa a se kote ki bay divès kalite pwodwi moun bezwen pou yo manje. Nou ka site legim yo; chou, kawòt, bètrav, leti pwavon… pòmdetè, mayi, ble, patat ak divès kalite pwa yo (pwa nwa, pwa bè, pwa wouj ak pwa frans). Depi mwen fèt mwen jwenn paran mwen yo ap fè jaden, se ak jaden sa yo paran mwen fè ki pèmèt yo jwenn tout sa yo gen bezwen; tankou peye lekòl nou, achte bèt mete nan patiraj ak anpil lòt bagay ankò. Mwen te kòmanse klas primè mwen jis rive nan 4èm ane fondamantal nan zòn lakay mwen. Lè pou mwen ale fè 5èm ane fondamantal, mwen te oblije akonpanye gran sè mwen ki t ap pral fè 7èm ane fondamantal nan Pòtoprens, paske zòn nan pat gen lekòl segondè. Depi soti nan peryòd sa, jis mwen rive fini ak klas segondè mwen epi antre nan inivèsite, tout depans nèt te chita sou jaden yo. M ap soulinye pou m di nou tou, zòn kote mwen fèt la (Gwo Cheval) pa gen rivyè, pa gen tè wouze, tout jaden sa yo se lapli ki toujou wouze yo. Anpil fwa, lapli a tonbe nan lè yo bezwen an, konsa tou gen lè jaden yo pa remèt anyen paske lapli a pa tonbe ditou osinon li tonbe twòp. Tout sa yo se pou mwen rakonte nou ki kantite sakrifis paran mwen yo fè gras ak zafè jaden pou yo rive fè nou konn ekri non nou ak li byen. Mwen paka bliye tou gen anpil paran ki konn kòmanse voye timoun yo lekòl epi rekòt yo pa rapòte yo anyen. Sa konn lakoz yo nan gwo difikilte pou yo peye dèt yo, sitiyasyon sa a tou konn oblije paran yo pran desizyon kite timoun sa yo chita lakay pou anpil ane. Mwen sonje chak lè gen yon ti vakans, mwen toujou ale an pwovens pou mwen ale ede paran mwen yo travay nan jaden yo, paske mwen konnen san jaden, yo p ap gen lajan pou ede mwen reyalize anyen. Se poutèt sa, mwen te toujou itilize peryòd vakans yo pou mwen al travay ak papa mwen ki se yon gwo kiltivatè ki kwè nan travay latè pou l okipe fanmi li. Si mwen ka kote mwen ye konnyea se gras ak jaden yo. Sa montre vrèman kòman agrikilti a ka kontribye nan ekonomi peyi a. Men, ki aktè ki dwe ankadre richès sa a ? 10


Jounen jodi a si ou ta fè yon rechèch sou anpil dirijan politik, sitwayen ki okipe anpil gwo pòs nan sektè prive osinon sektè piblik, w ap jwenn anpil nan yo ki soti nan yon zòn pwovens kote chak lè rekòt la pare yo vann li epi mare lajan byen di anba kòd voye pou yo jere tout sa ki gen rapò ak lekòl. Sitiyasyon sa m ap dekri la, se sitiyasyon anpil lòt sitwayen ki rive reyisi lavi yo gras ak paran yo k ap travay latè nan yon vil pwovens epi vann sa yo jwenn nan rekòt la mare lajan an, epi voye pou peye lekòl, kay, achte manje, achte liv elatriye. Men kèk pwoblèm k ap ravaje sektè agrikòl la. Jodi a sektè agrikòl la ap fè fas ak divès kalite pwoblèm. a) Pwodwi ak entran agrikòl yo ki pa disponib. Lontan, mwen sonje lè mwen te tou piti, mwen te toujou tande leta sibvansyone angrè a pou pèmèt peyizan yo jwenn li nan yon pri abòdab. Konsa, yo pa konn gen twòp difikilte pou yo jwenn angrè a. Nan 10 dènye ane sa yo se gwo chabrak nan sektè prive a k ap jere angrè a. Kòripsyon ki nan aparèy leta a, koz lè leta jwenn yo fè l kado angrè, yo bay sektè prive jere l, konsa peyizan an pral achte l byen chè, paske sektè prive a vann li ak pri ki bon pou yo. b) Pwoblèm mache pou vann pwodwi yo. Yon lòt pwoblèm ankò, se lè peyizan an fin rekòlte li pa ka jwenn yon mache pou l vann rekòt la. Kèk fwa, yo konn jwenn machann ki pran l nan men yo ak yon ti pri paske wout yo pa bon, machann nan oblije achte l nan yon pri pou l peye transpò epi fè tout lòt depans yo. Sa konn rive peyizan an vann rekòt la epi li paka fin peye dèt li. c) Pwoblèm ensekirite. Nan dènye tan sa yo, nou gen yon pwoblèm kirele ensekirite ki layite tout kote nan peyi a. Machann nan konn achte rekòt la epi li pral vann li pou pran benefis la epi pote manman lajan an pou mèt jaden an. Nou gen plizyè mwa la a nan divès zòn pwovens yo, rekòt yo oblije rete gaspiye nan wout osinon nan jaden an paske nèg ak zam bloke divès antre kapital la ki se pi gwo mache yo genyen pou vin vann pwodwi yo. d) Pwoblèm anviwònman. Gen zòn ki pa gen tè wouze, se sou lapli a peyizan yo konte pou yo fè jaden. Men akoz debwazman, gen anpil zòn k ap tann lapli pou yo fè jaden, yo konn pase anpil tan san lapli, sa ki konn koz yo pèdi sezon an. e) Pwoblèm migrasyon. Jodi a, anpil nan tè ki te konn bay bon jan rekòt, itilize pou konstwi kay. Rezon 11


an se paske yo pa jwenn mwayen ak akonpayman nan men otorite yo pou yo travay tè yo. Konsa, anpil peyizan oblije vann tè yo epi ale chita nan bouk yo. f) Kontwòl ki pa genyen sou mache lokal ak nasyonal. Akoz pa gen kontwòl sou mache a, anpil lòt peyi anvayi mache a ak pwodwi pa yo ki pa toujou gen bon kalite, men ak yon pri ki pi ba pa rapò ak pri nasyonal la. Pwodwi pa nou yo ki pa fèt ak pwodwi chimik oblije rete yo pa ka vann, sa ki souvan dekouraje peyizan yo. Konsekans yo. a) Jodi a akoz anpil peyizan pa jwenn mwayen pou yo travay latè, fè yo pa jwenn lajan pou peye lekòl timoun yo. Pwoblèm sa a ogmante analfabetizasyon, anpil timoun antre nan zak malonèt ki gen anpil enpak negatif sou sosyete a. b) Anpil peyizan vann tè yo andeyò epi vin chita pòtoprens osinon ale nan lòt peyi. c) Plis timoun pa gen aksè ak chimen lekòl. d) Plis timoun lage nan zak malonnèt e) Ensekirite ap kontinye vale tèren. f) Ekonomi an kontinye ap pran move kou.

Men kèk pwopozisyon nou fè. Pou pèmèt ekonomi peyi a ogmante, otorite yo ta dwe : a) Ede peyizan yo jwenn zouti ak pwodwi agrikòl pou yo travay. b) Fasilite yo jwenn yon mache pou yo vann pwodwi yo. c) Garanti sekirite tout moun, espesyalman machann ak chofè machin k ap deplase pou ale vann rekòt yo. d) Nan zòn kote ki gen kanal ki mennen dlo nan jaden yo, netwaye yo pou dlo rive nan jaden yo. e) Mete sou pye yon pwogram rebwazman pou zòn ki debwaze yo, konsa lapli ap tonbe a tan pou ede zòn ki sèlman gen lapli kòm mwayen pou awoze jaden yo. f) Mete bon wout disponib pou fasilite deplasman pwodwi yo soti nan yon zòn pou ale nan yon lòt zòn.

Mwen pataje refleksyon sa ak nou pou mwen montre nou si gen volonte bò kote otorite yo pou akonpanye peyizan yo epi ede yo jwenn bon jan mwayen pou yo wouze tè yo, jwenn semans ak angrè a nan yon pri ki pa twò chè, jwenn bon wout, sekirite ak bon jan mache pou yo vann pwodwi yo ap gen kòb antre nan ekonomi an epi peye lekòl timoun yo. Konsa, n ap ka diminye kantite timoun ki pa ka ale lekòk pou demen se pa yo ki vin ap fè zak delenkans yo. Se konsa nou ka rive pran chimen pwogrè ak devlopman an tout bon vre.

12


KI MODÈL SITWAYEN OU TA RENMEN APRENAN W OUBYEN PITIT OU DEVNI LÈ YO RIVE GRANMOUN DEMEN? Jean Paul Carlene, Anbasadè APA Youn nan pwoblèm k ap ravaje lemond jounen jodi a, se sa nou rele "vrè vale yo" k ap disparèt chak jou. Timoun nou yo pa ka devlope kalite sa yo pou kont yo. Se poutèt sa yo bezwen èd moun ki gen eksperyans ak bon konprann pou montre yo chimen yo dwe suiv. Kisa nou rele "vrè vale yo"? Poukisa yo enpòtan pou nou pratike yo? Kòman nou ka anseye epi transmèt timoun yo vrè valè sa yo? Nou pral gen pou n wè, nan liy ki pi ba yo, kèk vrè valè nou dwe anseye timoun yo.

Yon vrè valè se yon prensip, yon kalite ke moun bezwen kiltive lakay yo k ap pèmèt lèzòt yo vle rete toujou bò kote yo malgre moun sa ka toujou genyen defo pa li. Yon moun te mèt posede lemond ak tout sa ki ladan l, depi ou pa bay tèt ou prensip, w ap toujou fè lòt moun mal regade w. Men kèk nan vrè valè nou dwe montre timoun nou yo pou yo kiltive lakay yo.  Metriz oubyen tanperans: Se yon valè ki pèmèt ou konnen ke ou dwe tann anvan ou jwenn sa ou vle a. Se kontwole anvi yo, fè yon bagay ak tout kè w menm lè ou pa gen okenn enterè ladan l. Se aprann mete w nan plas lòt moun sitou sa ki pi fèb yo. Tanperans fè yon moun di non ak sa ki mal menm si gen avantaj ki ta tante li. Menm jan pwovèb la di:"Aprann kite tab la lè diyite w menase menm si manje a ta sanble gou”. Yon moun ki pa ka kontwole li, gen tandans pou li sovaj, soufri depresyon, konsome nenpòt bagay ki pral gen konsekans ki grav sou sante li. Konsa, yon timoun ki metrize vale sa a, yon fwa li vin granmoun, gen mwens risk pou li gen pwoblèm sante, lajan, pwoblèm ak lajistis.  Imilite Imilite se lè yon moun devlope lakay li respè pou tèt li ak pou lòt moun ki nan antouraj li. Se yon moun ki pa nan monte kòlèt li epi ki pa janm tann lòt moun aji byen avèk li kòmsi li se yon moun eksepsyonèl. Okontrè, li enterese l ak 13


lòt moun epi toujou vle aprann nan sa y ap pataje tou. Anpil moun konsidere imilite tankou yon feblès, men nan reyalite a, se yon fòs ki pèmèt ou rekonèt lè ou fè erè pou korije l epi konnen limit ou. Nan sans sa a, li enpòtan anpil paske li ede ou jere relasyon moun ak moun. Se yon kalite k ap sèvi yon avantaj pou lavni timoun yo lè y ap gen pou chèche yon travay, fè chwa serye de yon moun yo pa twò fin gen konesans sou abitid ak atitid li.  Sans responsabilite Se yon kalite ki pèmèt moun fè ou konfyans epi ede ou bay pèfòmans ki ka fasilite ou reyalize yon travay ki byen fèt, ki bay satisfaksyon. Li enpòtan anpil pou yon moun kiltive vale sa a nan lè l ap gen pou li pran yon desizyon ki enpòtan nan lavi li, kote l ap gen pou li pran responsabilite tèt li. Se poutèt sa, li se yon devwa pou paran/anseyan yo konfye timoun yo tach k ap pèmèt yo devlope kalite sa lakay yo.  Moral Se yon kalite ki pèmèt ou distenge sa ki byen ak sa ki mal. Byen ak mal pa defini sa yon moun santi nan moman an, men li kite yon pakèt prensip k ap sèvi l kòm gid menmsi pyès moun pa wè l (entegrite). Kalite sa enpòtan jodi a paske timoun yo gen yon pakèt lide ki pa vrè pou diferansye byen ak mal. Lide sa yo soti nan lòt timoun ki nan menm lekòl ak yo, ki pa gen menm levasyon fanmi ak yo, mizik y ap koute, fim ak emisyon televizyon y ap gade. Se poutèt sa, anseyan/paran yo dwe mete anpil aksan sou sa ki gen pou wè ak moral nan fason y ap fè levasyon timoun yo. Pou anseyan/paran devlope valè sa yo lakay timoun yo; - Dwe yon egzanp nan tout sa y ap anseye timoun yo. "Sa manman poul la gaye se li ti poul yo beke". - Aprann yo kenbe pawòl yo: "wi se wi, non se non". - Ede timoun yo panse ak konsekans k ap vini aprè yo fin poze yon bon oubyen yon move zak. “Mezi yaya w, mezi bouyon w”. - Montre timoun yo bay priyorite ak sa ki nesesè epi ki enpòtan nan lavi. - Aprann yo fè eskiz epi gen rekonesans anvè kreyatè a ak lòt moun tou. - Montre yo ke li enpòtan pou ede lòt moun ki nan difikilte. - Konfye yo tach epi pou yo konsyan lè yo fè erè. - Defini pou yo sa ki byen ak sa ki mal. - Ranfòse timoun yo pou yo fè sa ki byen. Timoun yo fèt ak yon pakèt defo ke paran yo dwe kòmanse korije depi lè 14


yo tou piti oubyen depi lè yo nan vant manman yo. Vrè valè yo se yon pakèt prensip ke timoun yo ap bezwen lè yo ap vin granmoun pou sèvi lakay yo. Kominote y ap viv, peyi yo. Se poutèt sa li enpòtan pou paran/anseyan yo devlope kalite sa yo nan lavi timoun yo. Vrè valè pèmèt ou gen respè tout kote ou pase. Se yon lawont pou wè yon pakèt gwo zotobre k ap enplike nan yon seri vye zak epi ki santi yo fyè. Tout sa, se paske yo mete akote vrè valè yo. Menm jan pwovèb la di: "timoun jodi, granmoun demen." Paran/anseyan, fè atansyon nan jan n ap fè levasyon timoun yo pou nou pa parèt lèd devan je lasosyete.

15


JE WÈ BOUCH PALE!

Luckson Fleurency, Anbasadè APA Gade non frè m, li pa fasil pou konprann mwen paske ou petèt pa nan plas mwen. Men, si w ta pran tan w pou byen tande m, w ap banm rezon. Ki te m rakonte w: Aprè tè a te fin tranble nan dat 12 janvye 2010 kote plis pase 300, 000 sitwayen Ayisyen, tout laj, tout klas te fè vwèl pou peyi san chapo, bagay sa a te limen pwojektè lemonn sou AYITI. Anpil moun te di fwa sa AYITI t ap demare pou tout bon. Plis pase 11, 000,000,000 dola vèt te ranmase pou te bay Ayiti yon lot vizaj, pou te fè devlopman dirab, pou tout AYISYEN te ka viv tankou Moun. Kèk etranje ak konplisite Ayisyen parèy nou, fè kòb sa disparèt kon kout zeklè, ayisyen wè tout kalite koukouy. Si w tap swiv, wap kòmanse konprann konpatriyòt ki pran wout nan bwa, k ap monte epi desann mòn, k ap fè fas kare ak lanmò, k ap chache jwenn wout pou fè lespwa boujounen yo, se ti moso lespwa y ap bouske kay tonton SAM ki pa inosan nan sa nou ye la. Ayiti, lespwa bay tout moun bwa long yo kenbe, dezespwa ap paweze ak 2 men l nan pòch, wa pa bòpè l, prezidan pa kouzen l . Lavi ap mache kontre ak lanmò tèt bese. Mouche lanmò frape epi rantre tout kote san di lonè ni respè. AYITI Peyan m, mouri sanble pi enteresan ke viv. Ensekirite, kwaze 2 bagèt legede l nan chak kafou, kote gen granmoun, derespektan konsa ta fèt lwen men podyab!! Devan miyèt nan konntenè, tout grangojèt chanje diskou. Lapenn moun Sid fè bonè zòt, vivan vrèman nan tray! 4 kawotchou w tou nèf, bèf pou wa, savann pou wa, ou mèt kouri tout boulin, men pa bliye gen bouke! Nèg pa bò isit se agranman, se yo se pa yo. Yo gason lajounen, yo fanm lannwit pou negosye konntenè ak BMW, tout pou yo, mizè nou pou kò nou. 2 je w kale men w ka pa wè, se mwen k pou diw kiyès ki kiyès. Nèg isit se kaka bèf, kreyòl pale kreyòl konprann. 16


Ayiti, gang tounen sèl kòk chante, kidnapin se refren tout mizik k ap woule nan tout salon ak anba tout todi. Se pa fòt mwen si m pa pran gou lavi, dezespwa fin fè m abitye ak gou lanmò, nan bouch mwen la lwa ak siwo myèl gen menm gou. Se pa fòt mwen si m di w mwen pa gen rèv, jounen mwen long, somèy mwen kout, m pa gen tan pou m dòmi reve. Se pa fòt ou, si w pa ka konprann Mwen, paske wòch nan dlo pa konn mizè wòch nan solèy! Se pa fòt ou, si w pa ka konprann mwen, paske pwason pa fè zanmi ak zandolit. Ayiti pou kont li se yon lòt planèt ke lasyans poko dekouvri. Chak Ayisyen ki pati son boul mèvèy k ap pare lapli anba paresòl zòt. Mwen fin tounen grenn pwonmen nan kouri kite sendomeng pou m rantre Chili ak Brezil. Mwen se sèl bwa pi wo, mwen chita chili ak Brézil, mwen domine plis pase 10 lòt peyi nan amerik latin nan jou k mwen rive anba pon Texas. Mwen pa bezwen rakonte w sa m pase, paske pwovèb la di:” Plenyen se van, rakonte se mande”. Sèlman sa m ka di w, tout sa w wè ak sa w tande yo se vre, gen koze nanpwen bouch. Chak peyi m pase kite dèyè m, mizè m pentire yon lòt koulè, m ap fè jwèt lago kache ak lanmò. La loma de muerte fose anpil moun dòmi (mouri) ki t ap reve je kale ak yon lòt kalite lavi. Konprann si w vle, se pa wè m pa wè si w ap bwè dlo anba je m nan, men kisa m ka fè ? Mwen menm tou m pa konn naje! Konprann si w vle, se pa wè m pa wè si wap degrengole nan mòn nan, pou w al sispann reve nan falèz la, men kisa m ka fè? Somèy nou tout pa gen menm longè (rezistans). Antouka, si zòrye m pa trayi m ou p ap janm konn rèv mwen. Kalbas tèt pa sifi pou kenbe rèv mwen, kadav kò m bat ba devan anbisyon m! Bay kou bliye Pote mak sonje! 17


Temwayaj aprenan

Slaybie Noel, Aprenan-Lidè Mesyedam lasosyete bonjou! Mwen rele Slaybie Noël, mwen se yon aprenan-lidè nan klas 5èm AF nan enstitisyon miks John Locke nan gonayiv. Mwen gen 11 lane. Enstitisyon miks John Locke nan gonayiv, se youn nan lekòl ki toujou gen anseyan-lidè ki travay ladann. Moman an rive kounye a pou m pataje ak nou eksperyans ke m gen chans fè ak anseyan-lidè sa yo. Mwen di anseyan-lidè sa yo, paske m fè konesans ak plizyè. Se yon eksperyans ke m p ap janm bliye, paske anseyan-lidè yo pa travay menm jan ak tout lòt anseyan. Mwen te vrèman santi m an konfyans nan klas la, tout timoun toujou konprann, yo toujou motive nou pou n ankouraje ak etid nou. Motivasyon yo pèmèt nou devlope lidèchip nesesè pou n gen sans responsabilite ak angajman. Depi lè m nan klas anseyan-lidè yo, mwen konpòte m tankou lidè. Mwen bliye sa ki rele baton, zongle, jouman ak dòmi nan klas. Nan klas yo se kè kontan tout lajounen, timoun yo konn pa anvi ale tèlman anseyan-lidè yo met anbyans nan klas yo. Sa mwen pi renmen se lè y ap travay an gwoup pou youn ede lòt epi sa pèmèt nou devlope sans kolabore nan klas yo. Nou vinn tankou frè ak sè. Gras ak anseyan-lidè yo, tout timoun jwenn chans etabli vizyon kontektyalize yo. Mwen menm, vizyon pa m se devni yon gwo koutiryè. M ap karese vizyon sa a jiskaske mwen fè l tounen yon reyalite. Anseyan-lidè yo toujou di, vizyon an difisil se tout tan w poko reyalize l. Nou aprann kòman pou n renmen peyi nou, valorize pwochen nou. Nou pa sèlman aprann gramè ak matematik nan lekòl la. Anseyan-lidè yo anseye nou kòman pou n reyisi lavi nou. Yo di rekonesans se lachte. Mwen menm m ap di se pa vre. Se pou sa m ap mete chapo ba devan Anseye Pou Ayiti pou bon travay l ap fè nan sosyete a. M pwomèt APA envestisman li fè nan mwen ap sèvi angren pou anriche richès peyi Dayiti. Pou elèv yo, pou peyi nou. Mèsi!

18



Yon mouvman pou ekipe yon rezo lidè Ayisyen pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. ANSEYE POU AYITI rekrite & ekipe yon rezo sitwayen-lidè ann Ayiti – anseyan, paran, direktè lekòl, aprenan – pou transfòme sistèm edikatif la e kominote nou yo. N ap devlope yon mouvman lidè sivik k ap fè pledwari pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. Atravè chanjman nan sal klas anseyan-lidè nou yo, nan lekòl direktè-lidè nou yo, nan fanmi paran-lidè nou yo – n ap transfòme kominote nou yo. Sa nou vle pou sosyete nou an, n ap kòmanse transfòmasyon sa nan lekòl yo. Nou valorize kilti, koutim & kominote, epi n ap travay pou n ofri yon lòt modèl lidèchip k ap travay nan tèt ansanm pou nou reyisi ansanm. N ap envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen.

509-4895-4508 | info@anseyepouayiti.org | www.anseyepouayiti.org


Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.