3 minute read

reyisit enstitisyon eskolè yo | Phabiana Jean

Aplikasyon etik pwofesyonèl se yon garanti pou reyisit enstitisyon eskolè yo

Phabiana Jean, Anbasadè APA

Advertisement

Anvan nou angaje n nan batay pou bon jan transfòmasyon nan sistèm edikatif la, nou dwe konnen prensip ak valè nou pliye anba yo pou enstitisyon yo byen mache, epi ale nan sans misyon yo genyen. Manm kominote a, paran yo, anseyan yo, aprenan yo dwe byen reflechi epi aji nan respè youn pou lòt pandan y ap aplike valè sila yo, pou lekòl la kapab byen devlope epi rive atenn objektif li yo. Se yon enperatif pou tout enstitisyon yo fonksyone selon prensip/nòm e se yon devwa pou tout pesonèl yo respekte prensip sa yo e koube anba valè etik yo pou entitisyon yo byen mache.

Anvan nou ale pi lwen, ann chèche konnen orijin mo sila ki se « etik ». Mo etik la soti nan lang grèk « ethicos » ki vle di moral epi « ethos » ki vle di mès. Nan yon lekòl, chak moun dwe jwe patisyon pa yo epi kolabore pou byennèt chak aprenan, se pou sa nou dwe mete anpil aksan sou valè sila yo epi transmèt yo bay jenerasyon k ap vini yo.

An nou fè yon koudèy sou kèk nan valè sila yo :

Lwayote, solidarite, angajman, kolaborasyon, egalite, diyite, libete ak respè.

Nou gen valè lwayote, se karaktè yon moun ki fidèl nan sa l ap fè, nan desizyon l ap pran, nan sa l ap di, nan fason li respekte bon jan angajman pwofesyonèl li pran.

Nou gen solidarite, se yon valè ki rapwoche moun nan yon kominote oswa responsab nan yon enstitisyon, pou yo kapab travay nan tèt ansanm, youn ede lòt, kote youn kapab konte sou lòt pou travay la fèt avek plis efikasite.

Angajman se atitid yon moun responsab k ap evolye nan kominote a, li bay tout li menm pou reyisi aktivite ki gen rapò ak yon angajman li te

pran. Enstitisyon yo vrèman bezwen modèl resous imèn sa yo pou bon jan avansman e pou pèmèt yo atenn ak objektif yo.

Kolaborasyon se lè manm kominote a, responsab lekòl la, anseyan yo ak paran yo, mete tèt ansanm pou rezoud pwoblèm epi travay pou pote chanjman nan kominote a ak nan lekòl la. Men anpil chay pa lou. Jere yon enstitisyon se yon travay ekip.

Egalite si nou fè referans ak deklarasyon inivèsèl dwa moun nan ki di : tout moun sou tè a fèt tou lib, tout gen menm valè nan je lasosyete, tout moun gen menm dwa devan lalwa. Tout moun fèt ak yon konsyans epi youn fèt pou trete lòt ak respè, paske nou tout egal. Ala bèl sa t ap bèl si prensip UBUNTU a te aplikab nan enstitisyon yo ! Lè sa a, egzistans chak pèsonèl t ap bay egzistans yon lòt sans. « Mwen egziste paske pwochen mwen an egziste ».

Diyite se yon valè nou dwe kiltive lakay nou, k ap pemèt nou konn tèt nou e respèkte sa nou ye. Kòm pwofesyonèl, toujou fè efò pou w kenbe diyite w. Se sa k ap valorize prezans ou e se youn nan pwen fò k ap fè santi ou nan plas ou. Respè se gwo tonton koze a, se yon mo ki soti nan lang laten « repectus » ki vle di konsiderasyon. Lè w respèkte yon moun se lè w gen konsiderasyon pou moun sila, ou aksepte l jan li ye a, menm si w pa renmen moun sa, menm si w pa dakò totalman ak sa l ap di, ak sa l fè. Pou w rive fè sa ou dwe gen konsiderayon pou tèt ou anvan, paske respè a kòmanse depi lakay ou, fò w respèkte tèt ou avan w respèkte lòt yo.

Libète se kapasite yon moun genyen pou di oswa montre sa w santi, pozisyon w, sa w panse nan respè youn pou lòt san yo pa jije w.

Jistis se lè responsab lekòl yo oswa manm kominote a aji nan pran bon jan desizyon k ap bon pou tout moun nan respè mityèl. Epi bon jan desizyon ki reflete respè dwa moun.

Valè sila yo enpòtan anpil pou w konnen epi aplike yon fason pou w devlope bon jan relasyon nan nenpòt anvironnman w ap fonksyone. Li enpòtan pou n konnen ki kote dwa nou kòmanse ak ki kote l rive. Ki atant nou kapab genyen

This article is from: