
4 minute read
8 mas: Selebrasyon jounen diskriminasyon an ! | Geneviève Chery
8 mas: Selebrasyon jounen diskriminasyon an !
Geneviève Chery, Kotch Pedagojik
Advertisement
Aprè plizyè jounen protestasyon feminis ewopeyen yo reyalize nan premye mwatye 21è syèk la, pou revandike meyè kondisyon sosyal pou fanm ki ofisyèlman pa t gen aksè pou jwi dwa sosyal yo, La Russie Sovyetik se premye peyi ki chwazi ofisyalize yon jou pou sansibilize moun sou respè dwa fanm nan lide pou kapab genyen yon priz konsyans kolektif sou nesesite amelyorasyon nan kondisyon lavi fanm yo. Nan lane 1977, nasyonzini te deside ofisyalize dat 8 mas la kòm jounen entènasyonal pou moun panse sou kondisyon lavi ak respè dwa fanm yo nan lemonn antye. Toutfwa, kwasans rapid rasis sistemik lan ak pouvwa dominan nan sosyete pòs-modèn yo fè dat sa a tounen yon jounen kote yo nòmalize epi selebre diskriminasyon ak inegalite seksyèl nan plizyè peyi.
Nan peyi Dayiti, lè 8 mas rive, anpil sektè òganize gwo fèt pou fanm yo, yo menm rele jounen sa, jounen fèt fanm. Souri ki sou vizaj fanm k ap resevwa kado ak bèl souwè, pa manke eksprime lajwa ki nan kè yo, paske gason chwazi yon jou pou onore yo. Souwè y ap resevwa nan men gason yo pa manke eksprime frajilite ak anòmali ke fanm reprezante an jeneral. Medam yo bliye kesyone : Poukisa nou selebre fèt fanm, men nou pa selebre fèt gason? Poukisa mak patikilarite sa a, si m se yon moun nòmal ? Anplis konsiderasyon sa yo, depi 2011 leta ayisyen ofisyalize prensip kota, selon prensip sa a, fanm yo dwe benefisye privilèj pou yo reprezante pou pipiti 30% nan fonksyon piblik yo, endepandamman de prensip meritokratik yo. Lè nou konsidere aksè a fonksyon piblik yo ki ta dwe ouvè a tout moun an fonksyon konpetans ak kalifikasyon yo, li enpòtan pou nou ta kesyone : Poukisa nan lekòl ak inivèsite yo tifi yo reyisi san prensip kota, e souvan yo pi briye pase anpil gason nan etid yo, alòske, pou yo aksede a fonksyon piblik yo, yo oblije jwenn yon favè ? Poukisa konpetans ki pèmèt mwen reyisi nan lekòl la paka pèmèt mwen entegre mache travay la ?
Depi 1804 nou endepandan, peyi nou deja pase anviwon 43 prezidan. Inik fanm ki te resi prezidan Dayiti pa enterim se Ertha Pascal Trouillot. Li reyalize yon lane gouvènans nan yon kontèks difisil, avèk tout diyite l. Nasyon an pa t kapab akize l de fwod ni de vòl paske li te byen jere fonksyon li. Malgre sa, jounen jodi a, anpil fanm ayisyen deklare yo p ap mete fanm dirije yo. Se sa k fè yo p ap janm vote fanm nan vi yo. Nòmalman, pouvwa dominan fè nou kwè fanm paka fè gwo bagay. Se sa ki fè, lè yon fanm fè yon gwo eksplwa, tout moun wè se yon bagay ekstraòdinè paske, nòmalman fanm paka fè sa a. Konsepsyon sa vin kreye yon konplèks lakay fanm yo, ki fè yo santi yo nan konpetisyon youn ak lòt, pou yo kapab toujou siperyè pou sosyete a ka rekonèt yo kòm ewo. Aprè nou fin viktim konplèks sa a nan kèk enstitisyon sosyal ann Ayiti, nou reyalize yon antretyen avèk 10 fanm ayisyen, pami yo 4 enfimyè ak 2 edikatris, epi 4 lòt ki pa gen pwofesyon. Antretyen an te baze sou kòman yo konstate koperasyon ant fanm nan sosyete ayisyen an. Dwòlman, repons lan te prèske inivèsèl pou tout moun : Fanm pa renmen fanm parèy yo, fanm pa vle fanm parèy yo pwogrese, fanm nan konpetisyon ak fanm parèy yo, fanm toujou prè pou trayi fanm.
Refleksyon
Poukisa nou pa gen yon sosyete kote fanm rantre nan ran moun òdinè/ nòmal ? Poukisa yo pa selebre jounen entènasyonal dwa imen (Fanm + gason) olye jounen fanm? Nou reve yon mond kote eksplwa fanm pa yon mirak, yon mond kote lè yon nwa prezidan USA sa pa yon pwodij, men pou se bagay òdinè. Menm jan Michel Foucault t ap montre nan filozofi pa l, pou nou jwenn yon sosyete ki baze sou jistis sosyal, fòk nou fini ak kesyon nòmal/ anòmal, pou tout moun kèlkeswa sèks yo, koulè ak relijyon yo genyen menm aksè sosyal.
Ann Ayiti gen anpil gason ki viktim paske dwa yo pa respekte. Gen anpil fanm ki benefisye plis dwa ke gason paske yo nan yon klas ki siperyè. Sa montre pwoblèm Ayiti a ale pi lwen ke yon pwoblèm seksyèl. Se yon pwoblèm sosyal ki merite kontribisyon fanm kou gason. Li lè pou nou plede pou yon sosyete kote sèks pa yon faktè ki detèmine privilèj sosyal, men pou tout moun gen menm aksè sosyal, menm respè, anfen, yon mond ki baze sou ekite ak jistis sosyal. Li enpòtan pou nou reflechi epi kesyone poukisa jis nan 21è syèk yo konsidere m kòm yon moun espesyal (anòmal)? Poukisa chak 8 mas gason ap swete m bòn fèt? Poukisa fanm paka dirije peyi m ?