M ap kontinye travay pou bon jan solisyon dirab e itil Alexis Jn Thony, Direktè-Lidè Eksperyans mwen fè m konprann, yon lidè transfomasyonèl se yon lidè ki gen anpil imilite. Li devlope lidèchip li nan solidarite ak antouraj li. Li itilize lidèchip li pou l transfòme lavi l ak lavi lòt moun nan kominote l, pandan l ap vize ekselans toujou nan respè youn pou lòt, avèk anpil taktik oubyen estrateji. Kit se nan fanmi m ak lòt aktivite mwen antreprann, sa touche m anpil. Paske m te gen yon sans fèmen, konsantre sou mwen menm. Men Anseye Pou Ayiti mete m nan anbyans. Li elaji m, pou m pa wè tèt pa m sèlman, men lòt moun tou. Li fè m konnen kòman pou m dekouvri fòs ak feblès mwen. Pandan m ap rete konfyan, ouvè nan imilite pou m kapab resevwa fidbak. Konsa m va konsolide pwen fò m yo, pou m ka amelyore feblès mwen. Menm jan ak pitit mwen, mwen vin konnen pou m kreye tan pou moun paske tout moun pa aprann menm jan. Gen anpil etap moun pase pou abouti ak yon chanjman dirab. Mwen vin aprann plis nan jere konfli, nan fè analiz, pran desizyon ki posib ak aplikasyon. Mwen deja eseye metòd APA yo e m jwenn bon rezilta. Anseye Pou Ayiti se yon revolisyon nan zafè chanjman ak transfòmasyon pou sistèm edikasyon nou an. Anseye Pou Ayiti, vin ogmante konpetans mwen, fòs ak abilite m pou m avanse ak anpil konfyans pozitif, pou m konnen nan kolabore ak moun, toujou gen move rezilta. Anplis, nan tout pwoblèm k ap bay pwoblèm, toujou gen solisyon ki posib. Avèk kapasite sa a, m ap travay pou m kontinye enfliyanse pozitivman lòt moun ki nan kominote m ap evolye a, nan poze bon jan aksyon konkrè nan lide pou n abouti ak bon jan chanjman dirab e itil.
4