Pedagoji aktiv, yon estimilan pou reyisit lekòl. Joselie Jn Francois, Anbasadè APA Depi plizyè syèk, chatiman kòporèl ap taye banda nan peyi Dayiti. Baton, ajenou ak lòt pinisyon ki gen anpil efè negatif sou moun, se sèl mwayen lekòl te toujou konn itilize pou fè aprenan aprann. Jounen jodi a, prèske tout kote ou pase, y ap pale sou pedagoji aktiv. Kisa pedagoji aktiv la ye? Ki avantaj li pote? Nan ki nivo nou ka itilize pedagoji aktiv? Eske gen yon materyèl espesyal pou itilize nan pedagoji aktiv? Anpil lòt moun pale sou pedagoji aktiv. Tankou : Maria Montessori, Philippe Meirieu, Ovide Decroly, Marguerite Altet, Célestin Freinet, elatriye. Gen ladan yo ki kwè aprantisaj la se devlòpman ak fòmasyon aprenan an kòm yon moun (Ovide Decroly). Genyen ki kwè nan fòme aprenan an kòm yon moun sosyal, yon manm nan kominote l. Satiyèt enterè pou kominote kay aprenan an ki pou pouse l aji (pedagoji sosyalis ak pwodiktiv / Célestin Freinet). John Dewey di ou pa dwe fòse timoun nan aprann men fè li pran yon angajman pou aprantisaj li. Aktivite aprantisaj yo dwe enteresan epi gen sans pou aprenan an. Roger Cousinet di si anseyan vle aprenan aprann , li dwe sispann anseye. Paske aprann se chèche enfòmasyon. Nan otè sa yo, kiyès ki gen tò oubyen rezon? Nou pa konnen. Men nan Anseye Pou Ayiti, pwiske adaj la di : « Monte sou zepòl sa yo ki pi gran pou wè pi lwen » nou pran sa nou jije bon nan chak apwòch yo epi nou ajoute lanmou. Timoun pa aprann nan men moun li pa renmen ni ki pa renmen l tou. Pou m repete Rita Person. Nan kontèks pa nou, pedagoji aktiv se bon jan relasyon bati sou lanmou ak respè nan mitan aprenan ak anseyan andedan ak deyò sal klas la pandan 2