MagAPA Jiyè 2021 (July 2021)

Page 4

Editoryal Depatman Anbasadè ak Patenarya Anseye Pou Ayiti (APA) kontan ofri ak tout patnè li yo, tout antite k ap evolye nan sektè edikatif la, tout manm fanmi APA ak tout lektè an jeneral yon katryèm edisyon MagAPA. Travay sa a enkli yon seri atik, temwayaj enteresan ki vini apre enspirasyon ak eksperyans aprenan-lidè, anseyan-lidè, gradye, anbasadè ak paran epi direktè lidè ki fè pati mouvman APA. Apre tout bèl travay ekip solid sa a ap reyalize nan kominote yo, nou twouve l nesesè pou n pataje ak tout kominote edikatif la bon jan temwayaj, konsèy sou ledikasyon, metòd ansèyman, lidèchip, elatriye. Youn nan valè APA se solidarite. Nou kwè nan pataje, se pou sa nou fè echanj ak tout lòt antite k ap mennen menm batay sa a. Nou kwè se nan solidarite, tèt ansanm n ap rive abouti ak bon jan ledikasyon kalite e se konsa n ap rive chanje peyi nou. Nou kwè solidarite, ekselans, respè ak angajman kapab pèmèt nou abouti ak yon chanjman mantalite nan lide pou n poze bon jan aksyon pou yon chanjman dirab e itil. Aprenan, anseyan, paran, anbasadè ak direktè-lidè nou yo kwè se vre pwoblèm yo anpil, men solisyon yo posib si chak moun pran responsabilite yo. Nou swete w bon lekti e nou espere kontni magazin sa a pral pèmèt ou asimile kèk estrateji ajoute sou sa w genyen deja kòm potansyèl pou transfòme kominote pa w. Pou elèv yo, pou peyi nou !

Nou apresye sipò ekip revizyon an ki fè yon travay kolosal. Chapo ba! Hoates Inson Lyra • Darline Axil • Rolf-Phanel Soulouque 1


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.
MagAPA Jiyè 2021 (July 2021) by Anseye Pou Ayiti - Issuu