MagAPA Jiyè 2021 (July 2021)

Page 21

Temwayaj yon aprenan-lidè Daphneed Emmanuella Leon, Aprenan-Lidè Non pa m se Daphneed Emmanuela Leon, kite m pataje avèk nou eksperyans mwen fè ak de (2) anseyan-lidè. Pandan 2 lane sa yo, mwen fè yon eksperyans san parèy. Anseyan yo te ede nou devlope anpil konpetans. Nou vin gen sans responsabilite epi langaj nou devlope gras ak fason yo travay ak nou. Yo ba nou fè travay an gwoup, lè sa a nou kolabore ak lòt aprenan pou nou remèt bon jan travay, ak anpil ekselans. Yo montre nou enpòtans viv ansanm. Sa ki plis fè m plèzi se paske anseyan-lidè yo se zanmi nou. Yo pa kale nou, lè nou fè yon dezòd, yo pale avèk nou yon fason pou n konprann. Yo toujou raple nou, nou se lidè, tout sa n ap fè dwe fèt ak anpil ekselans epi pwouve lidèchip nou. Yo ede nou elabore vizyon nou, gras ak travay sa a nou chak gentan konn ki sa n ap devni epi kòmanse travay pou n reyalize vizyon sa a nou genyen an. M renmen lè anseyan lidè yo rele nou selon vizyon nou : « Bonjou Dòk, bonjou Kòmandan, bonjou Enjenyè, bonjou Agwo, bonjou Dirèk, … ». M santi m fyè pou m reponn anseyan an lè l rele m konsa a, sa ankouraje m travay ak plis detèminasyon pou m reyalize rèv mwen pou m ka itil tèt mwen, fanmi m ak kominote m.

18


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.