Temwayaj aprenan-lidè Rosalineda Ténelien Rosalineda Ténélien, Aprenan-Lidè Non pa m se Rosalineda Ténélien, mwen se yon aprenan-lidè nan klas katriyèm ane fondamantal. Mwen se aprenan yon anseyan-lidè ki rele Guerdy Jean Baptiste. M ap pataje ak nou eksperyans mwen fè ak anseyan-lidè a pandan tan mwen te pase ak li. Se yon eksperyans k ap difisil pou m bliye, paske anseyan-lidè a pa travay menm jan ak tout lòt anseyan. Mwen te vrèman santi m an konfyans nan klas la. Pwofesè a renmen nou, li bay tout elèv yo menm enpòtans, li travay yon fason pou tout timoun konprann epi li toujou motive nou pou n enterese ak etid nou. Depi lè m nan klas anseyan-lidè yo, mwen konpòte m tankou lidè. Mwen bliye sak rele rigwaz, jouman ak dòmi nan klas. Nan klas la, se kè kontan tout lajounen. Timoun yo pa anvi ale tèlman mèt la mete anbyans nan klas la. Mwen renmen lè mèt la fè travay an gwoup, nou yonn ap ede lòt, lè konsa nou tankou frè ak sè. Gras ak anseyan-lidè yo, nou chak etabli vizyon nou. Tankou mwen menm, m gen pou m yon gwo doktè, m ap karese vizyon sa a pou jiskaske m reyisi fè l tounen yon reyalite. Sa m ta renmen, se pou tout timoun nan peyi a ta gen yon anseyan lidè nan klas yo. Konsa, nou t ap aprann menm jan. Nou t ap gen lanmou, respè ak solidarite nan mitan nou. Se te yon plèzi pou m te temwaye satisfaksyon m pa rapò ak travay anseyanlidè yo. M ap mande Anseye Pou Ayiti kontinye fòme anseyan pou elèv yo, pou peyi nou. Mèsi!
17