MagAPA Jiyè 2021 (July 2021)

Page 18

Koz ak konsekans chatiman kòpowèl la. Joachim Jackson, Anbasadè APA Depi nan tan lontan, chatiman kòpowèl la te toujou yon fòm vyolans kap fèt sou sanblab nou yo, e jiskaprezan li rete yon fenomèn ki pran divès fòm nan sosyete 21èm syèk sa a. Li soti nan tan konkèt yo avèk ‘’ la raison du plus fort est toujours la meilleure.’’ Pase nan rejim esklavajis yo avèk yon fòm represyon sovaj pou abouti nan lekòl nou yo, fanmi nou yo sou fòm domestisite, sa nou rele restavèk yo. Se kòmsi nou kapab di chèn nan soti nan pye ak men nou, pou abouti nan lespri nou. Si nou ta fè yon koudèy sou systèm edikatif nou ann Ayiti, n ap wè sa byen klè se toujou menm pratik yo, pou timoun yo aprann se ak baton lekòl nou yo sèvi, e menm nan mitan fanmi yo se menm bagay la, se baton ki pou fè timoun yo mache, jan anpil nan nou konprann li e viv li tou. Sa pouse nou tou dwat nan esklavaj ak travay fòse ki te genyen nan ispanyola anvan kolon yo te rive nan lil la. Kote endyen yo tap mouri pa milye paske yo pat abitye ak jan de bagay sa yo pita ki ta pwal akouche sa nou rele trèt negriye. Pou repete “timoun pa janm aprann nan men moun li pa renmen”, tròp vyolans mezanmi, sa dwe sispann. Li merite pou nou panse bagay yo yon lòt jan. Lekòl, lafanmi ki ta dwe enstitisyon sosyal pou refije aprenan yo tounen yon jeng, kote mepri, move trètman ak vyolans sou tout fòm ap taye banda. Gen kèk eleman lekòl la dwe konsidere pa rapò ak misyon sivilizatris e sosyal li genyen, vizyon li pou ankadre, akonpanye timoun yo pou demen yo kapab asire, sitwayen konsekan, valere, konpetan e ki prè pou envesti pou demen miyò. Si depi soti nan trèt negriye , pase pran 1789 pou abouti 1804 ki se libète, jouk jounen jodia nou konstate anyen pa janm chanje, se vre, malgre sikatris vyolans lan kite andedan nou, nou pa ka ap repwodwi menm zak malonèt saa. Ann pa bliye deklarasyon inivèsèl la ki di nou tout egalego kèlkeswa ras ou, koulè po ou, lang ou pale, nou tout se moun. Se pou nou gade sa byen nan panse nou chatiman kòporèl la fè anpil mal sou timoun yo, ki konn koz pafwa timoun yo menm rive abandone lekòl, yo tromatize, yo vinn konplekse, yo vinn refèmen sou yo menm, yo vinn egoyis, yo vinn sovaj, yo tounen delenkan ……. E se nòmal pou yo konsa, pwiske se nan mitan vyolans lan yo grandi, tout kote yo pase se vyolans sou yon fòm oubyen lòt. Yo pa leve nan yon klima 15


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.