Aksyon Kominotè Laurie Sabrina Dieudonné, Anbasadè APA Chanjman yon peyi kòmanse nan òganize kominote yo. Si nou t ap gade tèt nou nan miwa pandan nou t ap ede kominote nou, moun ki bò lakay nou, kijan nou t ap wè tèt nou ? Chanjman nan kominote se yon melanj volonte, kolaborasyon, entèlijans, resous ak òganizasyon estratejik, marye avèk aksyon tèt ansanm ki baze sou valè ak solidarite. Aksyon kominotè se yon metòd entèvansyon sosyal ki vize mobilizasyon ak patisipasyon sitwayen kominote a, nan lòd pou ankouraje otonomi ak devlopman kominotè. Se youn nan faktè ki pa ta dwe neglije, paske se manm kominote a ki pou kontribye nan devlopman kominote li. Bon jan aksyon yo pèmèt nou enfliyanse pwosesis devlopman an epi kontribye aktivman, apre n ap jwi benefis yo ansanm. Se pou sa tout sitwayen dwe patisipe nan poze bon jan aksyon pou ede kominote l avanse pi vit sou wout chanjman lè sa n ap ka di men anpil chay pa lou, jan pwovèb la di. Patisipasyon nan kominote a ede nou jwenn pi bon sipò ak otorize nou nan yon pwosesis pou chanjman.
13