MagAPA Jiyè 2021 (July 2021)

Page 12

Aplikasyon etik pwofesyonèl se yon garanti pou reyisit enstitisyon eskolè yo Phabiana Jean, Anbasadè APA Anvan nou angaje n nan batay pou bon jan transfòmasyon nan sistèm edikatif la, nou dwe konnen prensip ak valè nou pliye anba yo pou enstitisyon yo byen mache, epi ale nan sans misyon yo genyen. Manm kominote a, paran yo, anseyan yo, aprenan yo dwe byen reflechi epi aji nan respè youn pou lòt pandan y ap aplike valè sila yo, pou lekòl la kapab byen devlope epi rive atenn objektif li yo. Se yon enperatif pou tout enstitisyon yo fonksyone selon prensip/nòm e se yon devwa pou tout pesonèl yo respekte prensip sa yo e koube anba valè etik yo pou entitisyon yo byen mache. Anvan nou ale pi lwen, ann chèche konnen orijin mo sila ki se « etik ». Mo etik la soti nan lang grèk « ethicos » ki vle di moral epi « ethos » ki vle di mès. Nan yon lekòl, chak moun dwe jwe patisyon pa yo epi kolabore pou byennèt chak aprenan, se pou sa nou dwe mete anpil aksan sou valè sila yo epi transmèt yo bay jenerasyon k ap vini yo. An nou fè yon koudèy sou kèk nan valè sila yo : Lwayote, solidarite, angajman, kolaborasyon, egalite, diyite, libete ak respè. Nou gen valè lwayote, se karaktè yon moun ki fidèl nan sa l ap fè, nan desizyon l ap pran, nan sa l ap di, nan fason li respekte bon jan angajman pwofesyonèl li pran. Nou gen solidarite, se yon valè ki rapwoche moun nan yon kominote oswa responsab nan yon enstitisyon, pou yo kapab travay nan tèt ansanm, youn ede lòt, kote youn kapab konte sou lòt pou travay la fèt avek plis efikasite. Angajman se atitid yon moun responsab k ap evolye nan kominote a, li bay tout li menm pou reyisi aktivite ki gen rapò ak yon angajman li te

9


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.
MagAPA Jiyè 2021 (July 2021) by Anseye Pou Ayiti - Issuu