MagAPA Jiyè 2022 (July 2022)

Page 19

JE WÈ BOUCH PALE!

Luckson Fleurency, Anbasadè APA Gade non frè m, li pa fasil pou konprann mwen paske ou petèt pa nan plas mwen. Men, si w ta pran tan w pou byen tande m, w ap banm rezon. Ki te m rakonte w: Aprè tè a te fin tranble nan dat 12 janvye 2010 kote plis pase 300, 000 sitwayen Ayisyen, tout laj, tout klas te fè vwèl pou peyi san chapo, bagay sa a te limen pwojektè lemonn sou AYITI. Anpil moun te di fwa sa AYITI t ap demare pou tout bon. Plis pase 11, 000,000,000 dola vèt te ranmase pou te bay Ayiti yon lot vizaj, pou te fè devlopman dirab, pou tout AYISYEN te ka viv tankou Moun. Kèk etranje ak konplisite Ayisyen parèy nou, fè kòb sa disparèt kon kout zeklè, ayisyen wè tout kalite koukouy. Si w tap swiv, wap kòmanse konprann konpatriyòt ki pran wout nan bwa, k ap monte epi desann mòn, k ap fè fas kare ak lanmò, k ap chache jwenn wout pou fè lespwa boujounen yo, se ti moso lespwa y ap bouske kay tonton SAM ki pa inosan nan sa nou ye la. Ayiti, lespwa bay tout moun bwa long yo kenbe, dezespwa ap paweze ak 2 men l nan pòch, wa pa bòpè l, prezidan pa kouzen l . Lavi ap mache kontre ak lanmò tèt bese. Mouche lanmò frape epi rantre tout kote san di lonè ni respè. AYITI Peyan m, mouri sanble pi enteresan ke viv. Ensekirite, kwaze 2 bagèt legede l nan chak kafou, kote gen granmoun, derespektan konsa ta fèt lwen men podyab!! Devan miyèt nan konntenè, tout grangojèt chanje diskou. Lapenn moun Sid fè bonè zòt, vivan vrèman nan tray! 4 kawotchou w tou nèf, bèf pou wa, savann pou wa, ou mèt kouri tout boulin, men pa bliye gen bouke! Nèg pa bò isit se agranman, se yo se pa yo. Yo gason lajounen, yo fanm lannwit pou negosye konntenè ak BMW, tout pou yo, mizè nou pou kò nou. 2 je w kale men w ka pa wè, se mwen k pou diw kiyès ki kiyès. Nèg isit se kaka bèf, kreyòl pale kreyòl konprann. 16


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.
MagAPA Jiyè 2022 (July 2022) by Anseye Pou Ayiti - Issuu