1 minute read

Editoryal | Depatman Anbasadè ak Patenarya

Editoryal

Depatman Anbasadè ak Patenarya (AP)

Advertisement

Se toujou yon plezi, kòm mouvman ayisyen k ap pwone lidèchip transfòmasyonèl, pou n dedye yon nouvo magazin chak ane ak tout sitwayen angaje, lidè kominotè, tout aktè nan sitèm edikatif la an jeneral. Enpak nou pa sèlman fèt sou anseyan ak aprenan, men li fèt sou tout yon popilasyon. Magazin sila a se yon senkyèm edisyon ki enkli yon seri atik ak temwayaj enteresan pou anrichi sektè edikatif la.

Nan kontni atik sa yo, lektè yo ap jwenn bon jan konsèy sou ledikasyon, ansèyman-aprantisaj, lidèchip ak temwayaj aprenan-lidè ki enpakte a travè pwogram devlopman pwofesyonèl la. Solidarite se youn nan valè APA pataje. Nou kwè nan pataje. Se pou sa nou kreye magazin sila a, pataje ak tout aktè nan sistèm nan, ak tout lidè kominotè, ak tout sitwayen angaje pou n solidarize nan lide pou n abouti ak chanjman yo nan tèt kole. Lidèchip ou, se yon limyè ki pa dwe janm etenn.

Anseye Pou Ayiti swete tout moun ki pral li Magazin sila a bon lekti. Pwoblèm yo anpil, men solisyon yo posib. Nou kwè ak solidarite, ekselans, respè ak angajman n ap rive devlope kominote nou yo. N ap abouti ak yon chanjman mantalite pou n pran bon jan desizyon k ap garanti chanjman dirab pou peyi nou. Anseyan-lidè, direktè-lidè, paran-lidè ak aprenan-lidè se senbòl chanjman Ayiti reve a. N ap fòme, n ap enflyanse, n ap fè enpak pou chanje peyi nou.

Wout la long, men nou lwen.

This article is from: