3 minute read

Ledikasyon se richès ; Boukan Kare paka tann | Suffit Osée, Anbasadè APA

Ledikasyon se richès ; Boukan Kare paka tann

Suffit Osée, Anbasadè APA

Advertisement

Depi kèk tan sityasyon sosyal, ekonomik ak didaktik yo vin yon serye preokipasyon pou anseyan yo nan sistèm edikatif ayisyen an. Kondisyon anseyan yo nan lekòl piblik yo trè lwen pou l vin yon preyokipasyon nasyonal. Reyalite sa a nan sosyete nou an pa t janm fè objè yon etid serye. Responsab Edikasyon Nasyonal yo, anpil fwa pran abitid fèmen zye yo sou pwoblèm anseyan yo k ap travay nan premye ak dezyèm sik fondamantal nan lekòl piblik yo.

Atik 32.1 jiska 32.3 manman lwa peyi a (Konstitisyon 29 Mas 1987 la) fè konnen kòman pou tout bagay mache nan dosye ledikasyon an. Nou pral konsidere yo yonn aprè lòt. Daprè atik 32.1: «Bon fòmasyon pou tout sitwayen sou kont Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a. Se pou yo rive mete lekòl gratis pou tout moun. Se pou yo kontwole si moun k ap fè lekòl yo, alawotè, ni pou lekòl Leta, ni pou lekòl prive ». Daprè atik 32.2 : « Premye travay Leta, ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan pou tout moun rive ale lekòl. Se sèl fason yo ta kapab mete peyi a sou wout pwogrè vre. Tout moun ki vle bay konkou nan travay sa a, fèt pou yo jwen ankourajman ak avantaj nan men leta ». Selon atik 32.3: « Tout timoun dwe fè klas primè yo. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl primè tout liv ak tou sa ki nesesè pou yo aprann, gratis ».

Pi lwen, lè n ap gade anseyan yo ki se aktè ki vrèman enpòtan nan sistèm nan, ap fè fas ak anpil pwoblèm. Yo pa byen trete yo. Anpil fwa, yo kanpe travay oubyen yo pran lari, fè manifestasyon, fè sit-in pou fè pase revandikasyon yo, pou egzije leta peye yo, pou ogmante oubyen pou ajiste salè yo. Fason y ap trete dosye anseyan yo kontribye nan deteryorasyon sistèm edikatif la nan nivo fondamantal nan Boukan Kare.

Nou remake ankò anpil lekòl piblik, depase kapasite akèy yo, sa vle di kantite aprenan ki ta dwe genyen nan yon sal klas vrèman depase. Anpil fwa, yo pa menm ka jwenn espas pou yo chita. Mwayen didaktik yo, enfrastrikti eskolè ak kantite anseyan yo pa kapab asire yon bon kalite ansèyman ki pa sispann

degrade chak jou pi plis. Pou sa ki gen pou wè ak fòmasyon de tanzantan, entèrese yon fèb kantite anseyan ki deja ap viv nan ensekirite sou tout fòm.

Pou fason sitiyasyon an ye aktyèlman, kondisyon anseyan nan premye ak dezyèm sik fondamantal nan komin Boukan kare pa ankourajan ditou. Nou kapab di tou, majorite ladan yo ap viv nan povrete ekstrèm, yo pa rive reyalize anyen serye nan lavi yo anvan yo mouri akoz yo pa byen trete yo. Anseyan yo vin twouve yo malerezman nan yon sitiyasyon kote y ap eksplwate yo san yo pa an mezi pou travay nan yon anbyans kè kontan, motivasyon ak konsantrasyon.

Anfen, nou kapab di enfrastikti eskolè yo prèske pa egziste oubyen pa apwopriye, atant salaryal anseyan yo pa konble e ti solobab yo benefisye a pa regilye. Plis aprenan ap echwe chak jou, genyen ki menm kite lekòl pou al regle lòt bagay, koz yo pa gen mwayen pou reponn ak egzijans lekòl la, medyokrite anpil nan aktè yo nan sistèm nan. Anpil fwa, se sou baz ti zanmi oubyen akwentans politik yo rekrite anseyan yo. Yon pakèt lòt pwoblèm k ap ravaje sistèm edikatif nan peyi Dayiti ki koz anseyan yo vrèman trè lwen pou yo ta jwenn yon ti moso satisfaksyon. Nou ankouraje aktè yo envesti nan anseyan dabò. Si anseyan yo pa okipe aprenan yo p ap kapab resevwa sa yo merite. Komin Boukan Kare se dezyèm komin ki plis vas nan plato santral, sa ta vle di gen anpil timoun k ap grandi ladan l. Kidonk, voye je sou ansèyman ak aprantisaj nan Boukan Kare se voye je sou avni peyi Dayiti.

This article is from: