3 minute read

Je wè bouch pale! | Luckson Fleurency, Anbasadè APA

JE WÈ BOUCH PALE!

Luckson Fleurency, Anbasadè APA

Advertisement

Gade non frè m, li pa fasil pou konprann mwen paske ou petèt pa nan plas mwen. Men, si w ta pran tan w pou byen tande m, w ap banm rezon.

Ki te m rakonte w:

Aprè tè a te fin tranble nan dat 12 janvye 2010 kote plis pase 300, 000 sitwayen Ayisyen, tout laj, tout klas te fè vwèl pou peyi san chapo, bagay sa a te limen pwojektè lemonn sou AYITI. Anpil moun te di fwa sa AYITI t ap demare pou tout bon. Plis pase 11, 000,000,000 dola vèt te ranmase pou te bay Ayiti yon lot vizaj, pou te fè devlopman dirab, pou tout AYISYEN te ka viv tankou Moun. Kèk etranje ak konplisite Ayisyen parèy nou, fè kòb sa disparèt kon kout zeklè, ayisyen wè tout kalite koukouy. Si w tap swiv, wap kòmanse konprann konpatriyòt ki pran wout nan bwa, k ap monte epi desann mòn, k ap fè fas kare ak lanmò, k ap chache jwenn wout pou fè lespwa boujounen yo, se ti moso lespwa y ap bouske kay tonton SAM ki pa inosan nan sa nou ye la. Ayiti, lespwa bay tout moun bwa long yo kenbe, dezespwa ap paweze ak 2 men l nan pòch, wa pa bòpè l, prezidan pa kouzen l . Lavi ap mache kontre ak lanmò tèt bese. Mouche lanmò frape epi rantre tout kote san di lonè ni respè. AYITI Peyan m, mouri sanble pi enteresan ke viv. Ensekirite, kwaze 2 bagèt legede l nan chak kafou, kote gen granmoun, derespektan konsa ta fèt lwen men podyab!! Devan miyèt nan konntenè, tout grangojèt chanje diskou. Lapenn moun Sid fè bonè zòt, vivan vrèman nan tray!

4 kawotchou w tou nèf, bèf pou wa, savann pou wa, ou mèt kouri tout boulin, men pa bliye gen bouke! Nèg pa bò isit se agranman, se yo se pa yo. Yo gason lajounen, yo fanm lannwit pou negosye konntenè ak BMW, tout pou yo, mizè nou pou kò nou. 2 je w kale men w ka pa wè, se mwen k pou diw kiyès ki kiyès. Nèg isit se kaka bèf, kreyòl pale kreyòl konprann.

Ayiti, gang tounen sèl kòk chante, kidnapin se refren tout mizik k ap woule nan tout salon ak anba tout todi.

Se pa fòt mwen si m pa pran gou lavi, dezespwa fin fè m abitye ak gou lanmò, nan bouch mwen la lwa ak siwo myèl gen menm gou. Se pa fòt mwen si m di w mwen pa gen rèv, jounen mwen long, somèy mwen kout, m pa gen tan pou m dòmi reve. Se pa fòt ou, si w pa ka konprann Mwen, paske wòch nan dlo pa konn mizè wòch nan solèy! Se pa fòt ou, si w pa ka konprann mwen, paske pwason pa fè zanmi ak zandolit.

Ayiti pou kont li se yon lòt planèt ke lasyans poko dekouvri. Chak Ayisyen ki pati son boul mèvèy k ap pare lapli anba paresòl zòt. Mwen fin tounen grenn pwonmen nan kouri kite sendomeng pou m rantre Chili ak Brezil.

Mwen se sèl bwa pi wo, mwen chita chili ak Brézil, mwen domine plis pase 10 lòt peyi nan amerik latin nan jou k mwen rive anba pon Texas. Mwen pa bezwen rakonte w sa m pase, paske pwovèb la di:” Plenyen se van, rakonte se mande”.

Sèlman sa m ka di w, tout sa w wè ak sa w tande yo se vre, gen koze nanpwen bouch.

Chak peyi m pase kite dèyè m, mizè m pentire yon lòt koulè, m ap fè jwèt lago kache ak lanmò.

La loma de muerte fose anpil moun dòmi (mouri) ki t ap reve je kale ak yon lòt kalite lavi.

Konprann si w vle, se pa wè m pa wè si w ap bwè dlo anba je m nan, men kisa m ka fè ? Mwen menm tou m pa konn naje! Konprann si w vle, se pa wè m pa wè si wap degrengole nan mòn nan, pou w al sispann reve nan falèz la, men kisa m ka fè? Somèy nou tout pa gen menm longè (rezistans). Antouka, si zòrye m pa trayi m ou p ap janm konn rèv mwen.

Kalbas tèt pa sifi pou kenbe rèv mwen, kadav kò m bat ba devan anbisyon m!

Bay kou bliye Pote mak sonje!

This article is from: