6 minute read

konstitisyon 2021 an | Sorel Valentin, Anseyan/Avoka

Analiz konparatif sou zafè edikasyon nan konstitisyon 1987 la ak avan pwojè konstitisyon 2021 an

Sorel Valentin, Anseyan/Avoka

Advertisement

Konstitisyon se baz fondamantal tout yon nasyon, li konsidere tankou yon zouti endispansab pou estabilite politik, devlopman sosyete a epi asire tout enstitisyon yo ap byen mache. Konstitisyon an defini tou kad jiridik ak fondman legal sistèm politik pou chak pouvwa piblik yo, li defini tou modalite gouvènans peyi a, fonksyonman enstitisyon leta yo ansanm ak politik piblik nan diferan domèn lavi sitwayen yo san patipri.

Pou asire devlopman total sosyete a ak devlopman chak sitwayen yo, konstitisyon an defini gran liy yo nan zafè edikasyon ki kapab sèvi modèl pou bonjan politik piblik edikatif pandan l ap asire modèl edikasyon sa a reponn ak bezwen fondamantal tout nasyon an nan tout domèn ak nan tout nivo ( ansèyman preskolè, fondamantal, segondè, pwofesyonèl, inivèsitè ak rechèch yo).

Pou sa rive posib, li enpòtan pou nou founi je kade kontni konstitisyon ayisyen ane 1987 la, ki amande nan lane 2011 pandan n ap konpare l ak avan pwojè konstitisyon 2021 an epi pwofite gade ki pwovizyon legal ki fèt nan zafè edikasyon pou peyi a, pou elèv yo, anseyan yo ak direktè lekòl yo.

Fòk nou te tann 12 ane aprè endepandans 1804 pou nou te genyen konstitisyon 1816 la, ki se premye konstitisyon ki te anonse prensip ansèyman primè gratis la. Depi lè sa tout konstitisyon ayisyen ki sòti nan ane 1843 nan mwatye 19èm ak 20èm syèk yo te toujou mete aksan sou zafè edikasyon ak ansèyman an jeneral. Sepandan, atik nan diferan konstitisyon sa yo pa tradui nan lwa kad yo ak règleman yo pou te kapab ede MENFP etabli politik piblik pou fonksyonman ministè a epi fè respekte

dwa konstitisyonèl tout moun genyen pou jwenn bonjan edikasyon.

Malgre mankman ki genyen nan konstitisyon pou reglemante edikasyon ak eskolarizasyon ann Ayiti, fòk nou note depi endepans 1804 pou rive jounen jodi a, konstitisyon yo adrese kesyon edikasyon nan yon fason oubyen yon lòt. Menm si majorite refòm konstitisyonèl yo te pran dispozisyon pou asire edikasyon gratis epi obligatwa, men li pa toujou entegre nan manda ak kad jiridik yo.

Depi 1804 pou rive 2011, ane konstitisyon 1987 la te modifye, Pierre Delima idantifye 80 lwa ki gen rapò ak edikasyon epi eskolarizasyon.1

Anvan nou ale pi lwen, analiz sa a pa fèt nan objektif pou fè piblisite pou avan pwojè konstitisyon 2021 an ni pou montre li pa gen okenn feblès. Analiz sa konsantre plis sou dispozisyon ki trete kesyon edikasyon nan tou 2 dokiman sa yo, konstitisyon 1987 ak avan pwojè konstitisyon 2021 an. Pou nou ale pi lwen, ki diferans ki genyen ant 2 dokiman sa yo? Nan kontni ak fòm yo nan zafè edikasyon?

Nan yon kontèks sosyal ak politik, avan pwojè konstitisyon 2021 an gen pou premye merit renouvle angajman leta nan zafè edikasyon, ansèyman, rechèch ak kilti nan lide pou asire byennèt sitwayen yo men avan pwojè a pa premye konstitisyon ki abòde aspè sa a.

Konstitisyon 1987 la, nan seksyon F la ki pale sou edikasyon ak ansèyman genyen 14 atik. Poutan avan pwojè konstitisyon 2021 an nan chapit 1x ki abòde kesyon ansèyman, rechèch ak kilti genyen yon total 11 atik.

Konstitisyon ayisyen 1987 nan seksyon F atik 32 ak lòt alineya yo mete aksan sou:

I- Responsabilite leta ak kolektivite tèritoryal yo nan zafè edikasyon

Konstitisyon 1987 la fè leta obligasyon pou garanti dwa chak sitwayen pou yo jwenn edikasyon epi asire fòmasyon tout popilasyon an, sa vle di fòmasyon ki asire devlopman fizik, entèlektyèl, moral, pwofesyonèl, sosyal ak sivik popilasyon an. Konstitisyon 1987 la tou abòde zafè desantralizasyon edikasyon nan tout nivo sou tèritwa peyi a epi fè konnen edikasyon se pa zafè leta santral sèlman men tou se responsabilite majistra yo ki nan tout kolektivite peyi a. II- Edikasyon gratis sou tout tèritwa nasyonal la. Pou asire tout timoun gen menm chans pou ale lekòl, konstitisyon 1987 la

1 Delima Pierre,constitution,lois et education en Haiti 1801-2011,elements de politiques educatives Ed.le Béréen.

fè leta ak kolektivite tèritoryal yo obligasyon pou mete lekòl gratis nan tout rakwen nan peyi a epi asire fòmasyon anseyan yo nan sektè piblik tankou prive. Konstitisyon 1987 la presize premye responsabilite leta ak kolektivite yo se eskolarizasyon tout timoun. Leta dwe bay timoun yo materyèl gratis pou yo ale lekòl sitou sila yo ki nan klas primè. Se menm jan an tou avan pwojè 2021 an repete menm bagay la tou. Leta ak kolektivite yo dwe asire lekòl gratis pou tout timoun men nan atik 49 ak 50 avan pwojè a di ansèyman an obligatwa rive nan laj 16 lane. Fòk nou note, atik sa yo anonse demisyon leta ki bliye gen anpil timoun nan zòn rekile yo, pou plizyè rezon (sosyal, ekonomik ) pa ale lekòl bonè, sa konn rive gen timoun ki gen 16 lane ki nan twazyèm ane fondamantal.

III- Aksè ak fòmasyon pwofesyonèl ak inivèsitè.

Leta dwe pran mezi pou asire fòmasyon pwofesyonèl nan tout domèn. Fòmasyon anseyan yo nan nivo preskolè epi pèmèt tout jèn ki kalifye jwenn chans pou antre nan inivèsite a. Leta dwe asire chak kolektivite tèritoryal, seksyon kominal, komin, depatman yo genyen etablisman ansèyman ki adapte ak bezwen epi devlopman popilasyon an.

IV- Dwa pou moun ki nan bezwen espesyal yo.

Pou fasilite entegrasyon moun ki gen bezwen espesyal yo ak moun ki gen anpil kapasite yo (Sidwe). Konstitisyon ayisyen ane 1987 la fè leta obligasyon pou garanti dwa moun andikape yo ak sila yo ki gen anpil kapasite yo mwayen pou asire otonomi yo, jwenn edikasyon epi jwi endepandans yo. Leta ak kolektivite tèritoryal yo dwe pran tout dispozisyon nesesè pou fè kanpay alfabetizasyon tout kote epi ankouraje inisyativ ki gen rapò ak sa.

V- Kondisyon sosyal anseyan yo ak entèdiksyon pou vyole espas etablisman ansèyman yo.

Pou amelyore konsiderableman lavi pèsonèl k ap travay nan edikasyon yo, konstitisyon an egzije yon salè ki jis epi ekitab ki reponn ak bezwen anseyan yo, sèl nan ka kote ki gen gravite, espas lekòl yo ak inivèsite yo pa dwe vyole. Moun pa dwe antre ak zam oubyen lòt materyèl ki kapab mete lavi moun an danje.

Kisa avan pwojè konstitisyon an di nan zafè edikasyon?

Avan pwojè nouvèl konstitisyon an renouvle obligasyon leta genyen pou garanti dwa, aksè, kalite edikasyon gratis ak finansman fonksyonman epi devlopman inivèsite leta a ak lòt inivèsite piblik yo, kondisyon travay anseyan

yo, aksè pou tout moun ki nan sitiyasyon andikap yo. Chapit 9 avan pwojè a pote kèk nouvo eleman ki gen rapò ak ledikasyon epi ansèyman siperyè ak nesans yon enstitisyon ki pou kontwole kalite ansèyman siperyè ak rechèch syantifik sou tout tèritwa a. Misyon li ap kouvri tout enstitisyon piblik ak prive ki nan ansèyman siperyè. Chak ane l ap pibliye yon rapò pou bay enstitisyon ki pi pèfòman yo.

Yon lòt kote avan pwojè a fè konnen tout richès akeyolojik, istorik, kiltirèl ak folklorik peyi a dwe jwenn pwoteksyon leta. Avan pwojè a kontinye montre enpòtans travay akademi kreyòl ayisyen an ki pou fikse lang kreyòl la epi pèmèt devlopman syantifik li ak amoni li. La lwa ap detèmine fonksyonman akademi an. An konklizyon, ni konstitisyon 1987 la ni avan pwojè konstitisyon an abòde sou plizyè fòm dwa pou tout moun jwenn edikasyon nan tout nivo. 2 dokiman sa yo mete aksan sou obligasyon leta santral ak kolektivite yo pou kreye bonjan etablisman eskolè pou timoun yo epi asire fòmasyon anseyan yo pandan y ap bay timoun yo materyèl didaktik pou yo aprann pi byen.

Bibliographie Cinstitution 1987 29 mars amandée.

Comité consultatif independant,avant-projet 2021.

Delima Pierre,constitution,loi et éducation en Haiti.1801-2011.Elements politiques éducatives.Ed.le Béréen/edition memoire,Montréal.2002.

Delors Jacques: L'éducation un trésor est cachée dedans: rapport à l'UNESCO de la commission internationale sur l' éducation pour le vingt et unième siècle.

Bernard Marie Martine,prevenir la delinquance juvenile par l' éducation au droit et la justice pénale de proximité.

François Pierre Enocque ( 2020) politique éducative et inégalités des chances scolaires en Haiti.

Ebersold Serge,education inclusive ou droit? Avec la collaboration de Rick Olivia.Presse universitaire de grenoble.2017

This article is from: