FRLSfèsèvislegal poumounmajèak timounkipaseanba abi,atakseksyèl, mounkapswivyo,ak trafikmoun.
Premye priyorite nou, se defann lòd pou sekirite moun.
Esioupate relelapolislè krimlaterive?
FRLS kapab ede tou nan lòt kesyon legal ki an rapò avèk vyolans anndan kay, tankou divòs, okipe timoun, ak lojman. Yo evalye chak ka sou pwòp merit li dapre lalwa nan Florid. Ou toujou kapab chèche asistans legal ak pwoteksyon.
Kisa yo defini tankou vyolans anndan kay dapre lalwa nan Florid?
Lalwa nan Florid defini vyolans anndan kay tankou nenpòt atak, bat moun, atak seksyèl, swiv moun, kidnape, oswa lòt zak kriminèl ki lakòz domaj fizik oswa lanmò, lè se yon moun nan fanmi a oswa nan kay la ki atake yon lòt.
Tribinal Florid yo pa egzije yon rapò lapolis pou yon moun mande yon lòd pwoteksyon (lòd pou rete lwen), epi FRLS toiujou kapab asiste ou nan dwa ou, ak pou lòt etap yo.
Kisaoukafèsiou paseanba vyolansanndan kay?
Si ou anfas yon danje imedyat, rele 911.
Resepsyonnis la ap mande ou kote ou ye, ak kisa ki rive. Si moun ki atake w la te deja fè sa anvan, pa bliye di sa tou. Ou ka mande resepsyonnis la tou, pou li rete nan telefòn lan jouktan lapolis rive. Si ou pa konn pale angle, ou ka mande pou yon moun ki pale lang ou.
Kisa ki pral rive, lè lapolis vini?
Di ajan yo kisa ki pase. Montre yo tout kote ou pran chòk (blese, maleng, elatriye...) Si sa te deja rive anvan, fè yo konnen. Ou gen dwa fè pwòp deklarasyon ou - pa kite pèsonn pale pou ou. Si ou pa pale angle, ekri deklarasyon ou nan pwòp lang ou, epi mande ajan lapolis la mete li nan rapò a. Si gen yon zam nan kay la, fè ajan an konnen sa.
Èske mwen dwe peye, pou depoze yon demann pwoteksyon?
Non. Moun pa peye pou depoze yon Demann pou yon Lòd Pwoteksyon kont Vyolans anndan Kay nan Florid.
Jwenn yonLòd Pwoteksyon kontVyolans anndanKay?
AVOKA NOU YO KA EDE KLIYAN YO:
Ekri ak depoze yon Demann pou yon Lòd Pwoteksyon
Pare pou odisyon an, ki vle di reyini prèv ak idantifye temwen
Reprezante ou nan tribinal, pou fè tande vwa ou ak fè sekirite ou yon priyorite
Mande pwoteksyon siplemantè, tankou fèmen nan kacho, sipò, mete moun ki atake w la deyò nan kay la
Si ou fè aplikasyon pou yon lòd pwoteksyon epi jij la refize, jij la toujou ka pwograme yon odisyon pou ànalize prèv yo. Ou gen chwa tou, pou chanje demann ou fè a si gen enfòmasyon enpòtan ou pa te mete, oubyen si ou bezwen fè demann lan pi klè.
Ki kote pou mwen ale, pou depoze demann lan?
Ale nan Seksyon pou Fanmi (Family Division) nan Tribinal nan Konte ou ye a, epi fè grefye a konnen ou vle depoze yo demann pwoteksyon. Si sa posib, pote yon foto idantite valab, ak nenpòt rapò lapolis sou move tretman an, ak yon adrès postal kote yo mèt voye dokiman tribinal la ba ou san danje, epi non ak adrès moun ki fè zak vyolans lan.
Konbyen tan lòd pwoteksyon an pral dire?
Lè ou fè yon aplikasyon pou yon lòd pwoteksyon, yon jij pral evalye demann lan, epi deside si pou li bay yon lòd pwoteksyon tanporè. Si yo ba ou li, yo pral remèt lòd pwoteksyon an bay moun ki komèt abi a, an menm tan ak yon dat tribinal la deside pou odisyon an. Li pral rete anvigè pandan 15 jou, oswa jiska dat odisyon an - dapre sa ki vini anvan an.
PwogramFRLSpouviktimyon krimla(VOCA)pagenlimitpou salèmounkifèaplikasyonan.