Education Legal Aid Brochure Haitian Creole - October 22, 2025
KoumanAsistansLegalGratis pouEdikasyonKapabEde?
FRLS bay sipò legal avèk:
✔ Difikilte nan enskripsyon nan lekòl
✔ Sispann, mete deyò, ak plasman altènatif
✔ Diskriminasyon oswa pèsekisyon nan lekòl
✔ Plan IEPs ak 504
✔ Bezwen evalyasyon ak edikasyon espesyal
✔ Dezakò sou kalifikasyon ak sèvis
✔ Pa aksepte refi pou evalyasyon oswa sèvis
✔ Asistans pou timoun ki san kay, dapre Lwa McKinney-Vento
✔Asistans pou Elèv k ap Aprann Angle (elèv ELL/ESOL) ki p ap resevwa plasman oswa sèvis yo bezwen
Yo evalye chak ka soupwòp merit li dapre lalwa, pou deside si pou aksepte moun lan.
Ki moun FRLS ka ede avèk kesyon legal ki an rapò avèk edikasyon?
FRLS bay konsèy ak fè reprezantasyon legal nan kesyon edikasyon pou paran ki pa gen gwo salè, ak moun k ap okipe moun, ak elèv.
KiSaKiFlorida RuralLegal Services(FRLS)?
Florida Rural Legal Services, Inc. (FRLS)
se yon kabinè avoka san bi likratif ki bay èd legal sivil gratis pou moun, fanmi yo ak kominote vilnerab ki elijib yo atravè
13 konte Florid yo, ansanm ak travayè agrikòl nan tout eta a.
Kote biwo yo:
-Lakeland - Immokalee
-RivieraBeach - BelleGlade
-FortPierce - FortMyers
Biwo nou yo sèvi konte sa yo: Lee, Polk, Palm Beach, St. Lucie, Martin, Okeechobee, Indian River, Highlands, Hardee, Hendry, Charlotte, Desoto, ak Glades.
FRLS pa fè e i pa dwe fè
FLORIDA RURALLEGAL SERVICES
Iben Ak Riral Yo
Avoka Gratis
Difikilt
Kabinè Avoka ki Travay san Bennefis K Ap Sèvi Kominote
Kisakidwaelèvki pagenkaynan lekòlyo?
Elèv ki pa gen kay, tankou sa ki pa gen yon kote fiks pou dòmi, gen dwa espesyal dapre Lwa Asistans McKinney-Vento pou mou san kay la; dwa sa yo garanti pou yo kapab ale nan yon lekòl ak aprann byen.
Men kisa dwa sa yo ye:
Dwa pou enskri lekòl san pèdi tan.
Dwa pou rete nan menm lekòl kote yo te kòmanse a (dapre sa ki nan enterè yo).
Dwa pou yo ba yo transpò pou ale nan lekòl sa a. Yon lòt dwa yo genyen, se resevwa sèvis konparab, tankou manje gratis nan lekòl.
Dwa pou konfidansyalite yo respekte, sou kesyon kote yo rete.
Kisa lalwa nan Florid di sou kesyon anbete oswa pèsekite elèv nan lekòl?
Lalwa nan Florid defann anbete oubyen pèsekite nenpòt elèv oswa anplwaye nan yon enstitisyon pou edikasyon K-12.
Nan pami sa yo rele anbete, genyen anbete anliy, epi li vle di mete presyon fizik oswa sikolojik sistematikman ak tout tan sou youn oswa plizyè elèv, epi sa ka vle di:
Ni plan 504, ni IEP (Pwogram Edikasyon Pèsonnèl) fèt pou sipòte elèv ki andikape, men yo sèvi pou diferan rezon.
Yon IEP pèmèt elèv ki kalifye yo jwenn sèvis edikasyon espesyal, ak enstriksyon ki koersponn avèk bezwen yo, aranjman, ak objektif edikasyon patikilye. Yon IEP dwe ekri, ak revize chak ane, epi genyen ladan li objektif mezirab ki koresponn avèk bezwen patikilye elèv la.
Yon Plan 504 tonbe sou lobedyans yon lwa federal sou dwa sivik, ki pwoteje eleè ki andikape kont diskriminasyon. Pou garanti aksè nan edikasyon jenneral, li retire baryè ak ofri aranjman espesyaltankou plis tan pou fini yon tès, oswa pèmisyon pou chita lòt kote - men li pa genyen ladan enstriksyon pèsonnèl ni objektif pou enstriksyon. Plan 504 yo pa bezwen ekri, ni revize chak ane.
Kouman Asistans Legal La Kapab
Ede Avèk Sispansyon, Mete Elèv Deyò, Ak Plasman Altènatif Pou Elèv?
Asistans legal kapab jwe yon wòl enpòtan nan pwoteksyon dwa elèv, lè gen aksyon disiplinè kont elèv la. Men kouman:
VeyePouYoSwivPwosediNòmal: Avoka nan asistans legal yo kapab veye pou lekòl la swiv pwosedi nòmal anvan li sispann oswa mete yon elèv deyò, tankou bay notifikasyon ak opòtinite pou yo tande sa li gen pou di.
RezizteKontAksyonDisiplinèKiPaEkitab: Si yon desizyon pou mete yon elèv deyò pa ekitab oubyen li eksesif, asistans legal la kapab ede fè apèl kont desizyo an, oswa mande yon odisyon pou prezante vèsyon elèv la.
PrevansyonKontDesizyonDiskriminatwa: Asistans legal la kapab antre ann aksyon si yon aksyon disiplinè sanble li pran poutèt ras, andikap, oswa lòt faktè ki pwoteje, pou garanti yo pa trete elèv la avèk enjistis.
Rele FRLS pou konnen si ou kalifye pou sèvis legal. Nou pral poze plizyè kesyon sou pwoblèm legal ou genyen, kantite moun ki rete lakay ou, ak konbyen nou touche.