MagAPA Jiyè 2022 (July 2022)

Page 13

Sipòte agrikilti se bay edikasyon an jarèt. Mésilien Sinéus, Anbasadè APA Depi mwen tou piti mwen toujou tande yo di Ayiti se yon peyi ki chita sou agrikilti, sa vle di agrikilti a jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a. Mwen vle pataje ak nou byenfè agrilti nan moun mwen ye jodi a. Se kapab menm bagay la pou anpil nan nou k ap li atik sa a.

Mwen fèt nan yon lokalite ki nan komin Fonvèrèt ki rele Gwo cheval, zòn sa a se kote ki bay divès kalite pwodwi moun bezwen pou yo manje. Nou ka site legim yo; chou, kawòt, bètrav, leti pwavon… pòmdetè, mayi, ble, patat ak divès kalite pwa yo (pwa nwa, pwa bè, pwa wouj ak pwa frans). Depi mwen fèt mwen jwenn paran mwen yo ap fè jaden, se ak jaden sa yo paran mwen fè ki pèmèt yo jwenn tout sa yo gen bezwen; tankou peye lekòl nou, achte bèt mete nan patiraj ak anpil lòt bagay ankò. Mwen te kòmanse klas primè mwen jis rive nan 4èm ane fondamantal nan zòn lakay mwen. Lè pou mwen ale fè 5èm ane fondamantal, mwen te oblije akonpanye gran sè mwen ki t ap pral fè 7èm ane fondamantal nan Pòtoprens, paske zòn nan pat gen lekòl segondè. Depi soti nan peryòd sa, jis mwen rive fini ak klas segondè mwen epi antre nan inivèsite, tout depans nèt te chita sou jaden yo. M ap soulinye pou m di nou tou, zòn kote mwen fèt la (Gwo Cheval) pa gen rivyè, pa gen tè wouze, tout jaden sa yo se lapli ki toujou wouze yo. Anpil fwa, lapli a tonbe nan lè yo bezwen an, konsa tou gen lè jaden yo pa remèt anyen paske lapli a pa tonbe ditou osinon li tonbe twòp. Tout sa yo se pou mwen rakonte nou ki kantite sakrifis paran mwen yo fè gras ak zafè jaden pou yo rive fè nou konn ekri non nou ak li byen. Mwen paka bliye tou gen anpil paran ki konn kòmanse voye timoun yo lekòl epi rekòt yo pa rapòte yo anyen. Sa konn lakoz yo nan gwo difikilte pou yo peye dèt yo, sitiyasyon sa a tou konn oblije paran yo pran desizyon kite timoun sa yo chita lakay pou anpil ane. Mwen sonje chak lè gen yon ti vakans, mwen toujou ale an pwovens pou mwen ale ede paran mwen yo travay nan jaden yo, paske mwen konnen san jaden, yo p ap gen lajan pou ede mwen reyalize anyen. Se poutèt sa, mwen te toujou itilize peryòd vakans yo pou mwen al travay ak papa mwen ki se yon gwo kiltivatè ki kwè nan travay latè pou l okipe fanmi li. Si mwen ka kote mwen ye konnyea se gras ak jaden yo. Sa montre vrèman kòman agrikilti a ka kontribye nan ekonomi peyi a. Men, ki aktè ki dwe ankadre richès sa a ? 10


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.
MagAPA Jiyè 2022 (July 2022) by Anseye Pou Ayiti - Issuu