31 minute read

ENTEGRASYON ETIDYAN AYISYEN YO NAN UFPR

Next Article
REFERÊNCIAS

REFERÊNCIAS

Rezime

Nan atik sa, mwen prezante rezilta yon etid ki fèt sou prosesis entegrasyon yon gwoup imigran ayisyen nan UFPR, nan vil Curitiba, fwi yon rechèch inisyasyon syantifik avèk abòdaj ki baze nan diskisyon sou ospitalite e rasis, prejije, segregasyon epi lòt diskriminasyon. Mwen analize eleman abòdaj sa a pati kèk kontribisyon dekolonyal de Anibal Quijano, Jacques Derrida, antre lòt referans. Entèpretasyon ak teknik pou jwenn done ki itilize yo se te kominikasyon enfòmèl, kestyonè, revizyon bibliyografik, rechèch dokimantal, sistematizasyon ak analiz done ki koltekte yo. Nou pwoblematize nan rechèch sa ke kondisyon ospitalite yo fini pa anpeche entegrasyon ak sosyalizasyon imigran ayisyen yo, ki mennen yo, nan anpil ka, nan yon santiman de enferyorite. Avèk rechèch sa tou, nou rapwoche de pèspektiv fiti ke imigran sa yo imiajine epi chòk sa pwovoke, ke anpil moun ki entèvyouve yo remak, kòm yonn nan prensipal pwoblèm ki enplike entegrasyon imigran sa yo nan espas sosyal Inivèsitè Curitiba a.

Advertisement

Mo kle : Imigran Ayisyen, Ospitalite, UFPR

Entwodiksyon

Nan tèks sa, mwen pwoblematize kèk aspè nan entegrasyon ak sosyalizasyon gwoup etidyan imigran ayisyen nan Inivèsite Federal Parana (UFPR), ki nan vil Curitiba, pa mwayen entèvyou, rechèch dokimantè ak revizyon bibliyografik, ki abòde sitiyasyon akèy, ospitalite ak prejije.

Kontèks sosyokiltirèl vil Curitiba, kote etidyan imigran ayisyen sa yo ap etidye a, genyen yon konplèksite fenomèn ki enplike prejije, segregasyon, diskriminasyon ak frajilite pwosesis entegrasyon ak sosyalizasyon, an jeneral, an rezon ki lye ak orijin etnik etidyan yo.

Kòm sa rive prèske tout imigran, entegrasyon yo nan nouvo espas enplike difikilte, tankou rankontre yon lojman ak travay, avèk agravasyon an, an jeneral, gen pou fè fas ak diskriminasyon etnik ak rasyal (BERNÈCHE,1983). Nan ka Curitiba, kesyon abitasyon an se, an reyalite, se yon eleman enpòtan, paske fòmasyon espas iben sa make istorikman pa inegalite (CARVALHO; SUGAI, 2014). Vil la prezante de (2) fasèt diferan epi opoze : yonn, se teritwa kote yon moso popilasyon ke leta byen sèvi ap viv, lòt la, espasyalman epi sosyalman mwens estriktire, kote pati nan popilasyon an nan yon kondisyon prekè, nan sa ki gen

Dieugo Pierre (UFPR)

Tradução: Rony Remy

rapò ak sèvis epi travay. Daprè Carvalho (2014), kòm pwodwi sosyal, espas sa se rezilta yon ansanm mouvman epi aksyon moun otou de konsomasyon epi eksklizyon.

Se nan Curitiba divize sa a, nan mitan yon prèske absans politik akèy make ak sèn prejije, eksklizyon, rasis epi zenofobi, selon Bomtempo ak barbosa (2019), ke pwosesis entegrasyon popilasyon ayisyen an fèt. Nou pral wè avèk Vieira (2016) ke genyen kèk dòz ideyoloji branchiman epi selektivite imigran yo, ki fè ke prejije ak diskriminasyon rasyal bay difikilte pou entegrasyon imigran ayisyen yo, prensipalman nan sa ki gen rapò ak jwenn yon kote pou abite. Nan konpreyansyon nou, sa kontribye pou konsantre imigran sa yo (ki gen ladan etidyan imigran ayisyen ki enskri nan UFPR) nan katye lwen epi periferik de vil Curitiba, menm si se nan sant lan, nan kondisyon ki plis prekè. Ou byen, yon reyalite ki mete an evidans non sèlman prejije ak diskriminasyon rasyal, men tou sosyal epi ekonomik nan vil la, yon bagay ki rann entegrasyon imigran sa yo nan espas sosyal Inivèsite a ankò plis difisil epi ki jenere diferan chòk. Mwen konprann prejije a, diskriminasyon an epi segregasyon espasyal la kòm kesyon santral ki kondwi nan pwoblèm entegrasyon an.

Nou pral diskite kòman prejije fèt non sèlman nan atak vèbal, men tou nan zak tankou kenbe imigran sa yo deyò nan kèk espas sosyal akòz orijin jeyografik yo, men sitou istorik; kòm segregasyon espsyal la, se yon fòm kote kèk gwoup ekskli nan kèk espas, sa mache men nan men avèk diskriminasyon, kote kèk gwoup rasyalize prive de kèk dwa oubyen privilèj sosyal. An plis de sa, nou pral prezante kèk rezon ki fè yon endividi oswa yon gwoup endividi kapab se sib de yon zak rasis, pami yo, prejije sou kèk « devyasyon politik » (ki baze sou afimasyon pèp ayisyen an ta ka sèvi kòm yon move egzanp poutèt yo se te revolisyonè ak moun k ap poze kesyon); kontèks ekonomik peyi yo (povrete jeneralize, anpliye avèk ensèsyon chak fwa plis nan mond globalize a) ; inyore koutim ak kilti yo, mete yo kòm yon ras enferyè (BOUCHARD, 2002). Sa yo se kèk nan pwoblèm ki enfliyanse entegrasyon etidyan ayisyen sa yo nan UFPR, ke nou pral abòde depi kounye a.

Etdyan ayisyen yo fas inivèsite pou tout moun

Derrida (2001), nan tèks « L’Université sans condition »1 , envite nou panse sou inivèsite enkondisyonèl la, yon inivèsite ki ale pi lwen ke libète akademik. Yon refleksyon ki panse inivèsite a tankou yon espas piblik de transfòmasyon, de rezistans kritik, ki opoze a nenpòt fòm de pouvwa ak apwopryasyon dogmatik epi enjis. Nan dyalòg avèk pèspektiv sa, nan ane 2014, UFPR te reyalize yon patenarya avèk Cátedra Sérgio Vieira de Melo, ajans Nasyon Ini pou Refijye (ACNUR), ki te etabli Pwogram Politik Migratwa epi Inivèsite Brezilyèn (Programa Política Migratório e a Universidade Brasileira (PMUB). Daprè rezolisyon 13/14-CEPE epi rezolisyon/lejislasyon konplemantè yo, li te vin posib pou imigran ak refijye yo antre nan UFPR, nan plas ki vid ki rete nan plizyè kou (GEDIEL; GODOY, 2016). Pwogram sa a, ki te ajoute ak lòt efò, tankou aplikasyon Pwogram Akò Etidyan (PEC-G)² Ministè Afè Etranjè a ak Ministè Edikasyon an, ansanm ak egzamen espesyal pou refijye/ migran yo, te fasilite antre etidyan etranje yo. Tout sa te garanti aksè imigran yo nan Inivèsite a, konpoze yon aspè enpòtan nan ospitalite, kote Leta a dwe bay atansyon epi fè prevalwa. Toujou, jan nou pral wè, gen lòt pwoblèm konsènan ospitalite yo ofri imigran an ki bezwen pi byen trete, jan mwen prezante nan pwochen seksyon an.

Ospitalite fas a kondidyon raysal e

Sosyal

Ospitalite a se yon valè kote akseptasyon lòt la egzèse de manyè enkondisyonèl epi gratis, pou tout popilasyon migran yo, menm sa yo ki pi vilnerab epi ki nan nesesite. Daprè lwa kosmopolit Emmanuel Kant, dwa a ospitalite inivèsèl se yon dwa de vizit ant moun, ki soti nan libète ale vini ke chak moun genyen kòm yon abitan sou latè; se pouvwa pou deplase nan nenpòt espas san yo pa kouri dèyè yo kòm yon etranje oswa trete yo kòm yon lènmi jiskaske yo ta fè zak ostil oswa reprezante yon menas. Objektif lwa kosmopolit kantyana se etabli yon viv ansanm pasifik ant moun ki deplase atravè espas. Nou dakò ak lojik viv ansanm kantyana, Emmanuel Levinas adopte yon abòdaj ki lye a kesyon « mwen » ki pwopoze ale rankontre lòt la san adrès epi anrasine sa yo ye. Selon otè a, lè sa kase, li kreye yon chòk, transfòme ospitalite a an ostilite (UCS, 2015).

Pou Jacques Derrida, ospitalite a se menm jan ak yon seri fwontyè ki, menm si yo sanble yo se espas fwontyè, endike posiblite yo nan rekonesans ak simonte li. Menm kondisyon yo, règ, dwa ak devwa enpoze moun kap resevwa moun epi tou sou moun ki ap resevwa resepsyon an, kreye yon difikilte, oswa menm yon enposibilite, konfòme yo ak lwa a nan Ospitalite enkondisyonèl la. Nan fwontyè a, oswa, nan limit ant lwa ospitalite epi lwa enkondisyonèl ospitalite a, gen kesyon konplèks ki parèt, ki fè refleksyon sou ospitalite a yon prensip etik, enkondisyonèl epi enfini; ospitalite a reyalize kòm responsabilite ki tradwi an pawòl ak jès; lang lan konstwi yon paradòks nan ospitalite a, paske, li sèvi tankou fòm akèy, an menm tan tou li pwovoke ostilite, deja li enpoze a envite a (COMANDULLI, 2015).

Nan sans sa, ankò daprè Derrida (2001) ospitalite enkondisyonèl la pa defini pa okenn lwa, , wi a moun ki fenk vini an, etranje oswa imigran, ak yon envite oswa vizitè inespere, kenpót moun ki fèk vini an, li mèt se te sitwayen yon lòt peyi oubyen non, se enkondisyonèl. Poutan, lòske ospitalite a ofri avèk baz nan estati rasyal, pami lòt yo, sa kapab enplike, pafwa, yon santiman de siperyorite yon gwoup sou lòt, epi konsa, mete lòt la nan yon pozisyon de enferyorite, ki jenere pwoblèm. Nan limyè konsèps hospitalite otè sa yo, mwen chèche konprann, an konsekans, sitiyasyon ke imigran ayisyen yo rankontre nan espas sosyal UFPR. Mwen mete aksan, nan rechèch mwen an sou fòm ospitalite ke yo ofri pandan nap konsidere kondisyon rasyal, sosyal, pami lòt yo, epi konsekans ke yo genyen sou gwou imigran sa yo.

Dapre rapò entèvyou yo, mwen remake ke majorite etidan ayisyen yo, malgre yo resevwa apwi materyèl epi biwokratik aksè a inivèsite a, nou santi nou limite epi pa entegre nan plizyè aspè nan espas sosyal inivèsite a. Kòm egzanp, yo remake relasyon epi viv ansanm andedan kèk espas, tankou sal de klas, patisipasyon nan laboratwa yo ak inisyasyon syantifik, nan anviwònman respektif kou yo ap fè yo,. Nan yon temwanyaj ke mwen kolekte nan peryòd entèvyou yo, yon etidyan imigran ayisyen ki rele Pradel Joseph3 rakonte : [...] mwen pa santim konfòtab [...] mwen santim kòm yon moun diferan de lòt yo. [...] prezans mwen pa trè enpòtan pou kolèg mwen yo. [...] limit ki egziste ant mwen ak kolèg mwen yo, yo chak gen gwoup zanmi yo, pa gen dyalòg ant mwen menm ak kòlèg brezilyen mwen yo.

Rapò sa sanble gen relasyon avèk konklizyon ke Derrida (1997) fè, daprè li se ta yon bagay egzajere mande yon etranje konprann epi pale yon lang, nan tout sans tèm nan, nan tout ekstansyon posib li yo, avan ou resevwa li.

Selon moun ki bay entèvyou yo, se trè komen, nan espas sosyal brezilyen an, ke yo se sib tout tip mechanste, epi ki kabap rive poutèt yo pa nan tèritwa sosyal orijin yo.

Pradel Joseph deklare:

Plizyè fwa nan travay mwen, lè brezilyen yo vle fè yon bagay oswa pa vle fé yon bagay, yo di jeran ke mwen di mwen pa vle fè tèl bagay, pandan ke mwen pa di anyen. Yo toujou di sa ke mwen pa di, paske mwen se etranje. .

Malgre yo pa nan tèritwa sosyal orijin yo, imigran sa yo gen dwa menm jan ak tout brezilyen, men jan ke yo dwe ranpli devwa yo. Pati de pwoblèm ki lye a kesyon sa a, ke imigran ayisyen yo mansyone a, yo kapab jwenn yon esplikasyon a pati de yon entèpretasyon kèk fè istorik, politik epi ekonomik, ke, depi peryòd esklavaj jiska peryòd tibilans politik epi ekonomik ki pi resan nan peyi dayiti, ki itilize souvan nan trètman imigran ayisyen yo nan diferan tèritwa ke yo migre.

Deja kesyon estigmatizasyon sosyal make pa prejije rasyal fè nou panse anpil sou konsèp kolonyalite pouvwa de Aníbal Quijano, a pati de sa otè a eksplike enpozisyon kilti dominan an ak rès mond lan. Daprè Quijano, kolonyalite a se etablisman yon ansanm nòm sosyal epi etnik, ki pèmèt Ewopeyen yo afime siperyorite kòm pèp dominan sou pèp ke yo mete nan esklavaj la a pati de ide ki lye ak ras, ki baze nan yon estrikti biyolojik. Li reyini tout fòm istorik kontwòl travay yo, resous yo epi pwodwi yo, nan kapital ak mache mondyal.

Kilti dominan an inyore lòt gwoup moun yo : ki se ka ayisyen yo

Fè istorik, politik ak ekonomik, depi peryòd esklavaj rive nan peryòd tibilans politik ak ekonomik ki pi resan yo an ayiti, yo itilize pou karakterize imigran ayisyen an kote li ye, inyore kilti li ak idantite li. Marie Meudec (2017), panse sou pwosesis deplasman ak estigmatizasyon ki afekte kominote ayisyen yo nan divès sosyete, konprann pèpetyasyon esteryotip tankou yon pwosesis istorikman konstitiye epi soyalman ankre nan nosyon alterite, imajinè kolonyal ak ejemoni blan. Téritwa ayisyen an gen yon istorik revolisyonè ak kestyonè, ki pafwa kapab sèvi egzanp pou lòt tèritwa yo. Poutan, karakteristik sa te devalorize, tankou, pa egzanp, nan yon deklarasyon ex-prezidan Etazini, Franklin D. Roosevelt, ke daprè Désinor (1997), li ta afime ke yo bezwen leve kontinyèlman pye ki gen sapat kont moun ki san sapat, paske, se sèlman konsa, yo kapab etabli yon predominans sou peyi nèg sa yo ki te pran endepandans li ak zam epi ki se yon move egzanp pou 28 milyon nèg nan Amerik la.

Reprezantasyon ayiti sa ak ayisyen yo kapab konprann a pati relasyon ki egziste antre reprezantasyon epi pouvwa kolonyal la. Reprezantasyon sa lye ak yon imajinè kolonyal ki ankre nan pratik neokolonyal yo. Selon Misoczky ak Böhm (2013), pratik neokolonyal la se relasyon neokolonyal ejemoni jeoekonomik, jewopolitik ak jewokiltirél, ki fonksyone efektivman pa mwayen konstriksyon aktiv moun yo ak òginizasyon ki lokalize nan nasyon yo ak kominote yo. Yo fè pati mond reyèl la ; se pratik sosyal reyèl, ki souvan estigmatize, dezimanize epi diskrimine sitwayen ayisyen yo. Relasyon sosyal yerachik sa yo kapab pèsevwa pa sèlman nan diskou kotidyen oswa nan medya yo, men tou nan diskou syantifik.

Deja nan peyi Brezil, aktyèlman, yonn nan diskou ki plis gaye toupatou sou tèritwa ayisyen an se sa ki fè kwè ke ayiti se yonn nan peyi ki plis pòv nan planèt la (nan kontèks devlopman kapitalis la)(HERREA et al., 2014), avèk yon reyalite sosyoekonomik trè kritik epi kawotik. Yon diskou ki kontribye nan konstwiksyon diferan tip diskriminasyon ak prejije ke ayisyen yo soufri nan tout pati mond lan.

Prejije, segregasyon epi diskriminasyon se mwayen ke rasis lan itilize pou li manifeste sosyalman, touche imigran ayisyen nan diferan fòm sou teritwa brezilyen an. Daprè Meudec (2017) ak Wieviorka (2007), rasis sistemik lan se fay enstitisyon yo nan bay sèvis adekwa ak moun sou baz kondisyon rasyal, ki pa karakterize, pa zak diskrriminasyon eksplisit epi ouvè, men difize nan distribisyon sèvis, benefis epi opòtinite ak diferan segman popilasyon an. Anpil eleman konstityan idantite ayisyèn nan te deja objè rasis sistemik sa, tèlke : vodou ayisyen an, kreyòl la epi menm espas tèritwa ayisyen an.

Aspè kiltirèl yon tèritwa, oswa, jewografi kiltirèl yon espas, anbwase diferan fòm manifestasyon kiltirèl, tèlke relijyon, lang, mizik, pou nou site sa yo sèlman. Sa siyifi ke se abitan nan espas la epi nan relasyon yo ki konstitiye tèritwa pa yo (CORRÊA, 2012).

Aspè sosyokiltirèl tèritwa ayisyen an ak eleman istorik ki enkòpore nan li yo pèmèt konstriksyon yon idantite ayisyèn, kompoze de yon doub eritaj kiltirèl : yonn nan kote wès afriken epi lòt la nan frans, men avèk pwopòsyon varyab, ki depann de milye sosyal ak aspè kiltirèl yo (MÉTRAUX, 1979).

Kote Afro-Ayisyen nan espas sosyal ayisyen an pa gen sèlman dominasyon istorik, men tou koutim oubyen gastwonomi, ki mennen oté tankou Montserrat Palau Marti (1965) di ke Ayiti se Lafrik nan Amerik la, epi lòt, tankou Édouard Glissant, afime ke ayiisyen yo konpoze yon popilasyon transbòdan, ki tounen yon pèp. Kote fransè pèp ayisyen an make pa lang fransè epi edikasyon fransè, yon edikasyon kolonyal ki retade kapasite entèlektyèl etidyan ayisyen yo, paske li fèt nan yon lang ki pa lang matènèl kotidyen yo (MFABOUM, 2004). Nan kontèks sa, konprann idantite kiltirèl ayisyen an mande anpil atansyon, k´ap diskite epi analize konpleksite konstitisyon an. Sa se paske melanj kiltirèl sa te fèt nan yon long pwosesis vyolans istorik sou tèritwa ayisyen an ki kite mak tris nan popilasyon ayisyèn nan (ki gen ladan imigran yo), pami yo nou mete aksan sou : prejije ak diskriminasyon baze nan rasis epi segregasyon sosyoespasyal4 .

Teritwa ak abitan yo nan relasyon yo revele ke espas lavi a enkilke valè ki pa sèlman materyèl, men etik, espirityèl, senbolik epi afektif. Li kapab menm yon lye pou reve, olye de yon lye pou viv epi abite. Se pa yon prensip materyèl nan afektasyon, men yon prensip kiltirèl nan idantifikasyon epi apatenans, sa ki tradwi pa entansite relasyon li avèk abitan li. Se pou sa, espas lavi a pa dwe parèt kòm yon resous oubyen sipò ekonomik, men kòm yon bagay ki fè pati idantite kolektif sila yo ki abite ladann, ki kenbe yon relasyon esensyèlman afektif, sa ki eksplike enpòtans li kòm konstriktè idantite a (BONNEMAISON; AMBREZY 1996).

Aspè sosyokiltirèl tèritwa ayisyen an ak eleman istorik ki enkòpore nan li yo pèmèt konstriksyon yon idantite ayisyèn, kompoze de yon doub eritaj kiltirèl : yonn nan kote wès afriken epi lòt la nan frans, men avèk pwopòsyon varyab, ki depann de milye sosyal ak aspè kiltirèl yo (MÉTRAUX, 1979).

Kote Afro-Ayisyen nan espas sosyal ayisyen an pa gen sèlman dominasyon istorik, men tou koutim oubyen gastwonomi, ki mennen oté tankou Montserrat Palau Marti (1965) di ke Ayiti se Lafrik nan Amerik la, epi lòt, tankou Édouard Glissant, afime ke ayiisyen yo konpoze yon popilasyon transbòdan, ki tounen yon pèp. Kote fransè pèp ayisyen an make pa lang fransè epi edikasyon fransè, yon edikasyon kolonyal ki retade kapasite entèlektyèl etidyan ayisyen yo, paske li fèt nan yon lang ki pa lang matènèl kotidyen yo (MFABOUM, 2004). Nan kontèks sa, konprann idantite kiltirèl ayisyen an mande anpil atansyon, k´ap diskite epi analize konpleksite konstitisyon an. Sa se paske melanj kiltirèl sa te fèt nan yon long pwosesis vyolans istorik sou tèritwa ayisyen an ki kite mak tris nan popilasyon ayisyèn nan (ki gen ladan imigran yo), pami yo nou mete aksan sou : prejije ak diskriminasyon baze nan rasis epi segregasyon sosyoespasyal .

Teritwa ak abitan yo nan relasyon yo revele ke espas lavi a enkilke valè ki pa sèlman materyèl, men etik, espirityèl, senbolik epi afektif. Li kapab menm yon lye pou reve, olye de yon lye pou viv epi abite. Se pa yon prensip materyèl nan afektasyon, men yon prensip kiltirèl nan idantifikasyon epi apatenans, sa ki tradwi pa entansite relasyon li avèk abitan li. Se pou sa, espas lavi a pa dwe parèt kòm yon resous oubyen sipò ekonomik, men kòm yon bagay ki fè pati idantite kolektif sila yo ki abite ladann, ki kenbe yon relasyon esensyèlman afektif, sa ki eksplike enpòtans li kòm konstriktè idantite a (BONNEMAISON; AMBREZY 1996).

Relijyon, mizik, lang : eleman kiltirèl detèminan nan fòmasyon idantite

Selon jewograf Mark Edwin Sopher (1967), relijyon an ki se yon fenomèn kiltirèl asosye a yon espas byen detèmine klasisye an de (2) tip : relijyon etnik epi relijyon inivèsèl. Relijyon etnik yo lye ak pratik kiltirèl lokal asosye a yon espas byen detèmine, pandan ke relijyon inivèsèl yo gen pratik kiltirèl de siyifikasyon komen epi ki pratike rityèl ak dògm ki rekonèt nan diferan lye. Pami pratik inivèsèl sa yo katolik se yonn (CORRÊA, 2012).

Gil Filho (2009) afime ke peyizaj relijye a jenere yon konplèks siyifikasyon de yon ansanm eleman, senbòl epi pratik atikile avèk yon kominote adèp, yon sistèm kiltirèl ki melanje mond lan diferan fason, afime espesifisite ki refere prensipalman a yon anviwònman kominotè. Li, ankò, asosye a repwodiksyon modèl kondisyone pa sikonstans dinamik pratik moun yo ak gwoup yo daprè kontèks sosyokiltirèl yo epi ekonomik. Konsa, vodou ayisyen an, kòm relijyon etnik ak rityèl epi kwayans, te fòme a pati de nesesite èd diven, kote, selon kwayans esklav yo, ta kapab retire yo nan esklavaj epi sèvi kòm oksilyè pou afwonte dye kretyen blan yo nan epòk la. Relijyon sa a se pyè angilè nan konstriksyon tèritwa sosyal ayisyen an epi senbòl rezistans afrikèn nan depi epòk kolonyal la jiska etablisman sistèm kapitalis la (FICK, 1997; PROSPERE; GENTINI, 2013; MÉTRAUX, 1979).

Vodou a, konsa, vin tounen yon vektè enpòtan nan konstriksyon teritwa ak idantite ayisyèn nan, konsidere anpil nan aspè li yo depann dirèkteman de teritwa sosyal aysiyen an (SOUZA, 2010). Li se pati entegran eksperyans sosyoespasyal la prensipalman abitan andeyò yo. Li pa sèlman yon relijyon, men tou yon sistèm atansyon sou sante, ki enkli sante mantal -, ki kouvri pratik gerizon swen sante, prevansyon maladi epi pwomosyon byennèt kolektif epi pèsonèl. Remèd li yo fèt avèk plant epi yo trè popilè nan peyi dayiti tankou lòt bò dlo (BLANC, 2010). Relijyon sa jwenn orijin li nan kilti ayisyèn nan, nan patikilarite espasyal teritwa ayisyen an epi nan volonte pou respekte lye kote evenman ak siyifikasyon bagay yo genyen yon eksplikasyon, ki dwe rete nan pwòp inivè senbolik li (HURBON, 1987). Relasyon ki egziste ant vodou ayisyen an ak teritwa sosyal ayisyen an trè fò, sa ki mennen Aubert Rabenoro ak Alfred Metraux (1979) di ke ayisyen an te fèt yon patizan vodou, otantik reprezantasyon espirityèl nasyonal teritoryal li ak lespri kreyatif li anvlope ak penetre li an menm tan (RABENORO ; MÉTRAUX, 1979).

Malgre relasyon etwat li avèk tèritwa sosyal ayisyen an, vodou ayisyen an kapab entegre li an depi de limitasyon yo, nan nouvo teritwa sosyal ak nouvèl reyalite tanporèl epi anviwònmantal, nan ka migrasyon. Paske, an reyalite, relasyon sosyal ak kwayans ki enplike li deplase ak transpòtè li yo. Poutan, adaptasyon an nan yon teritwa eksteryè egzije ajisteman nan materyèl, nan rityèl, sitou lè li refere a anviwònman iben. Pa egzanp, nan Miami, nan Etazini, genyen anpil ayisyen ki pratike vodou ayisyen, jwe yon wòl santral nan rezo imigran yo. Sa elon Béchacq (2012), genyen relasyon tou avèk klima « twopikal la » epi avèk kantite imigran ayisyen k´ap viv nan rejyon an. Nan Curitiba, klima move tan lapli se yon antrav, paske kèk rityèl vodou pa kapab reyalize lè gen lapli souvan. Ajisteman materyèl pou rityèl yo tou chak fwa plis difisil akòz konsekans mank entegrasyon, kòm sa egzije yon entèraksyon ki fò antre pratikan yo ak abitan yo, prensipalman nan zòn riral yo. Paske li nesesè pou konnen ki eleman lokal ki ekivalan a materyèl nesesè yo epi tou genyen yon konesans non syantifik plant ki nan brezil yo, pwiske anpil imigran konnen sèlman non yo genyen nan peyi dayiti, sa anpeche yo adapte yo. Malgre genyen yon gwo kantite ayisyen nan Brezil/Curitiba, imigran sa yo pa tounen souvan nan tè natal yo, jan sa fèt avèk imigran ayisyen Etazini ki abite nan USA sa ki bay difikilte pou moun ki pratike vodou a jwenn materyèl nesesè pou pratik sa.

Lòt aspè enpòtan nan konstitisyon idantite ayisyèn nan refere ak mizik. Daprè jewograf fransè Dominique Crozat (2016), Muzik la se yon mond konplèks ki karakterize pa kèk ide inisyal, pami yo, se yon vektè pou eksperyans lye yo; se yon chan referans pou konstriksyon idantite espasyal endividyèl ak kolektif yo; se yon aktè de transfòmasyon espas an tèritwa; se kreyatè idantite tèritoryal la, etc. Divèsite ki egziste nan abòdaj mizik la pou jewografi a eksplike konpleksite ki enplike tantatif pou konprann inivè sa a. Pou Crozat, « […] mizik la tou chèche idantite li yo nan relasyon espas-tan » (2016, p.30), se poutèt sa, li se yon manifestasyon kiltirèl ke devlope nan espas epi nan tan. Se atravé de li menm, ritm yo, chante yo ak tradisyon dans yo, ke se posib pou retrase mobilite espasyal popilasyon yo ak orijin yo nan peryòd istorik epi pre-iistorik (AROSTEGUY, 2020).

Fas a sitiyasyon sa a, Marcos Alberto Torres (2011) agimante ke peyizaj sonò a, ke muzik la entegre, konstitiye inivè senbolik yon pèp, fason li fè/oswa valorize mizik li ak aspè kiltirè li yo. « [...] mizik fè referans a yon bagay ki ale pi lwen ke sa li ye, li kòm yon sipò de idantifikasyon (CROZAT, 2016, p. 17). Se petèt nan menm pwennvi sa a ke ayisyen yo wè mizik ayisyen an kòm yon zouti revòl, rekonfò ak lamantasyon pou sosyete a. Yon kanal kote sosyete eksprime idantite li, pwojekte tradisyon li yo, fristrasyon li yo, lanmou ak santiman patriyotik li, menm jan sa te ye lè Ameriken yo te premye anvayi teritwa ayisyen an nan lane 1915 -1934, menm jan se te atravè li ke pèp ayisyen an te di non ak enfliyans amerikèn ak fransè (SANTOS, 2018). Espas kiltirèl idantitè ayisyen an konstwi dyalektikman ant ayisyen epi teritwa li; teritwa sa a reveye nan ayisyen yo diferan tip relasyon, ki genyen patikilarite ki eksprime pa mwayen son, ton, akoustik, nòt. Mizik ayisyèn nan pa sèlman yon sipò pou kilti ayisyèn nan, men li enplike nan pwosesis pwodiksyon kilti sa a (CROZAT, 2016).

Adaptasyon li ak espas sosyokiltirèl li, ke ayisyen yo abòde epi entèprete, vin tounen yon travay atistik ki pa definisyon sibjektif epi an menm tan kolektif. Ki fè li yon son ki konekte ayisyen yo avèk teritwa yo epi memwa li yo, etc. (AROSTEGUY, 2020). Se ka mizik Dr. Louis Achille Othello Bayard, diran premyè okipasyon nò-amerikèn nan ane 1915 -1934, ki tounen yon espès im non ofisyèl peyi a, poutèt li evoke fòtman santiman nasyonalis, osi byen ke nosyon diaspora/egzil epi egzaltasyon vèti tè a ak pèp la. Se yon egzanp notab nan nasyonalis romantik epi nostalji ke Connel ak Gibson idantifye nan chanson fòlklorik ayisyen yo ki asosye ak imigrasyon, kote yo envoke vizyon popilis estil de vi ideyal ak kominote an pafèt amoni (CONNELL; GIBSON, 2003 apud SANTOS, 2018, p. 71). Mizik ayisyèn nan se yon miwa ki reflete reyalite ayisyèn nan.

Karaktè akeyan popilasyon brezilyen an, ki sanble toujou eksite sou lide pou yo fè konesans ak nouvo kilti, pa revele, nan Curitiba, prensipalman an relasyon ak ritm mizik ayisyen an. Sa a enplike anpil pwoblèm, paske mizik se pati enpòtan nan idantite ayisyèn nan, men ki neglije anpil fwa. Pa egzanp, malgre fòt prezans imigran ayisyen yo nan sosyete Curitiba a nan, pa gen evenman ki esponsorize oubyen espas evenman pou ke sosyete a aprann sou ritm mizikal ayisyen yo. Nan konvèsasyon pa nou avèk moun nou entèvyouve yo ki gen abitid frekante bwat de nwi, di nou ke pa janm gen mizik ayisyèn nan klèb sa yo. Pou DEUXANT (2019), mizik nan lavi yon imigran se yon pa enpòtan nan prezèvasyon idantite li, se eleman ki lye li ak orijin li epi, pou ankouraje pwogresyon pou kilti akèy la.

Anpil fwa, kèk natif montre yon konpòtman entoleran avèk imigran yo lè yo itilize lang yo pou kominike avèk konpatriyòt yo epi entolerans sa pafwa rive nan agresyon vèbal. Eritaj popilè immaterial , chaje ak emosyon e afeksyon, ki bati nan lavi chak jou, jeneralman viktim de envizibilite ki enpoze sou moun ki soti nan peyi sa yo rele “soudevlope”, kote eritaj emosyonèl yo toujou envizib nan benefis eritaj peyi “devlope”. Lafrans fè tout sa yo kapab pou garanti vizibilite patrimwàn lengistik li nan peyi dayiti, li entwodwi li nan milye akademik ayisyen an, nan enstitisyon leta epi lòt kote. Malgre sa a, abitan yo pa santi yo totalman idantifye avèk lang sa a; okontrè, se kreyòl ki konsolide li kòm patrimwàn rezistans epi afwonte fransè a.

Se poutèt sa, lang kreyòl ayisyen an, tankou patrimwàn emosyonèl nasyonal pèp ayisyen an, reprezante memwa pase ak esperans pou fiti, menm si enpòtans li te pilonen anba pye pandan plizyè lane. Paske, sèlman nan mitan ane 1970, ki te gen yon deba sou fiti li nan espas eskolè ak inivèsite ayisyèn nan, epi, sèlman nan lane 1987, konstitisyon ayisyèn nan te ajoute yon atik ki egzije kreyasyon yon espas akademik pou kreyòl ayisyen an. Malgre li te toufe pandan anpil ane sa yo, kreyòl ayisyen an se inik lang ki etabli lyen emosyonèl epi sosyal pami ayisyen epi teritwa ayisyen an, paske se lang matènèl ke tout moun pale, sa ki pa anpeche ke moun ki pale li yo viktim diskriminasyon nan favè lang fransè a (GOVAIN, 2013).

Mank konesans jeneral sou rich idantite kiltirèl ayisyèn nan an anpeche yon konpreyansyon pwofon sou imigran ayisyen an jodi a, paske yo meglije tout yon seri eleman ki konstitye ayisyen kòm yon moun, ki gen yon idantite lye ak yon istwa, yon espas jeyografik ak yon kilti. Ideyalizasyon ak devlopman lide sa yo anrapò ak imigran ayisyen yo pa sèlman akòz izolasyon eleman sa yo, men tou, mank dezi pou konnen yo. Sa ki, elwanye imigran yo kòm si yo se yon fantom, e ki konstwi yon imaj tris, ki kontribye anpil pou anpliyasyon prejije a. Konsa, gen konesans sou sa, ap louvri chemen pou yon nouvèl konsepsyon, kontrè a sila ki pwone destriksyon lòt lakote sistèm sosyoekonomik mondyal la itilize ras ak kilti nan fason depresyativ, enpoze yon transfòmasyon ki garanti ejemoni kiltirèl, politik, ekonomik epi sosyal.

Nou konnen ke gen yon anpil literati sou pwoblèm sosyal nan inivèsite a, sepandan, nou reyalize ke gen yon mank de etid sou apwòch sosyo-espasyal sou pwoblèm ki prezan nan inivésite a . Anpil nan travay yo konsène domèn akademik ak demokratizasyon edikasyon an, yo neglije apwòch sosyo-espasyal ki prezan nan pwoblèm inivèsite a (FROUILLOU, 2014). Espas se rezilta relasyon sosyoekonomik ki gen nan leta, kòm pwodiktè ak distribitè byen ak sèvis, yonn nan prensipal aktè nan pwodiksyon esapasyal. Entansyon li yo kapab ekilibre oubyen dezekilibre relasyon antre espas yo, ki pwodwi yon dezekilib nan aksè ak sèvis, enfrastrikti, transpò epi kominikasyon, etc. Sa a kapab mennen, anpil fwa, nan yon sitiyasyon segregasyon epi eksklizyon mòso popilasyon nan aksè ak katye oswa rejyon ki benefisye sèvis sa yo (CARVALHO, 2014).

Se te sa ki te rive avèk entèvansyon dezekilibre oubyen inegal nan Curitiba, kote genyen zòn ke administrasyon piblik la byen sèvi- tankou Batèl, Àgua Verde, Bigorrilho, Cabral, Juvevê, Vila Izabel, Cristo Rei, Portão – epi zòn ki trete tankou paran pòv – tankou Cajuru, Cidade industrial, Sítio Cercado, Tatuquara epi Uberaba – ki konsidere kòm plis vyolan nan Curitiba, sa ke Rogério Haesbaert (2009) rele « dominasyon politik » epi Marcelo Lopes de Souza (2009) « relasyon pouvwa ». kèk nan espas sa yo ki devalorize epi meprize se espas de vi plizyè etidyan imigran ki te patisipe nan entèvyou a. Menm si genyen kèk nan yo k´ap viv nan sant vil la, sa pa anpeche ke yo sibi pwoblèm tankou prejije ak diskriminasyon tankou lòt moun ki sòti nan zòn periferik epi vyolan nan Curitiba.

Elèv ayisyen yo káp afwonte

Dezekilib Sosyoespasyal

Pou jewograf brezilyen Rogério Haesbaert (2009), espas la konsidere kòm yon espas okipe nan yon pwosesis pwodiksyon idantite, sibjektivite epi senbolik, ki se an menm tan yon pwosesis dominasyon politik epi jiridik. Pou Marcelo Lopes de Souza (2009), Teritwa a se yon espas defini epi delimite pa mwayen relasyon pouvwa. Pran an konsiderasyon aspè sa yo, sa ki pwodwi yon espas ak sa ke yon espas pwodwi an teme de relasyon nan yon espas, enpòtan pou konpreyansyon pwodiksyon espasyal la, ki gen ladan pa mwayen relasyon pouvwa, osi byen kòm lyen emosyonèl ak idantitè, konsa tankou konfli ak kontradiksyon sosyal epi ekonomik ki devlope antre gwoup sosyal yo nan espas la. Malgre nou pa rantre pwofon nan tout kesyon sa yo, nou pral diskite aspè ki pwòch deba sa a ki enplike ospitalite ak akèy nan inivèsite epi karaktè segregasyon sosyoespasyal ki gen lyen avèk li.

Majorite etidyan imigran ayisyen ki te patisipe nan entèvyou a, jan nou te wè li, pa devlope (oswa devlope yon ti kras) relasyon avèk kòlèg yo nan espas inivèsitè a. Joseph Nikson, ki pale sou sitiyasyon relasyonèl li nan espas inivèsitè a, di : « mwen pa gen zanmi nan sal klas la [...]. Mwen pa janm patisipe nan yon fèt avèk kòlèg fakilte a. [...], relasyon ke mwen genyen avèk yo pa bon. Mwen pale yon ti kras avèk yo »(Joseph Nikson).

Manke relasyon sa a soulve anpil kesyon sosyal ki lye ak egzistans yon segregasyon nan mitan etidyan sa yo. Pa manke konvivyalite sa a, se trè frekan pou rankontre etidyan ayisyen sa yo nan ti gwoup oubyen pou kont yo, nan restoran oswa nan lakou inivèsite a. Sitiyasyon ki mennen nan segregasyon etidyan sa yo sòti, an pati, nan distans sosyal epi fizik nan espas inivèsite a, ki, nan yon sètèm manyè lye avèk distans relasyonèl la. Mak distans relasyonèl sa a se absans ospitalite ak akèy.

Malerezman, kontras ki prezan nan espas sosyal vil Curitiba tou sanble prezan nan espas inivèsitè UFPR, nan fòm distans relasyonèl, sa ki kontribye pou segregasyon an (FROUILLOU, 2014). Konsa, kesyon distans relasyonèl la se yon faktè enpòtan pou konprann segregasyon sosyoespasyal elèv imigran ayisyen yo nan espas inivèsitè UFPR a, paske, toutotan yo plis izole relasyonèlman, se plis yo separe. Epi, chak fwa pi plis, yo pral evite patisipe nan aktivite akademik ki bon pou karyè pwofesyonèl yo, pou yo pa oblije fè fas ak pwoblèm sa a. Konprann kesyon distans relasyonèl sa a pral ede pou fòme yon estreteji pou regwoupe elèv sa yo nan espas inivèsitè UFPR a (FROUILLOU, 2017).

Nou remake ke diskriminasyon an, segregasyon an ak divès vyolans vèbal ke imigran ayisyen yo soufri pa sèlman akoz koulè po, men tou akoz pase istorik yo, fason yo viv ak kilti diferan, ki, lè yo mete yonn nan relasyon ak lòt, nan moman imigrasyon an, fè moun ki enplike yo dwe fè fas ak tansyon ak kreye nouvo enstriman sosyal ki kapab entèveni ak konprann diferans ki genyen nan lavi chak jou. Malerezman sa a pa diferan nan Inivèsite a.

Kò sosyal kominote etidyan ayisyen an nan Univèsite Federal Paraná, sòti nan lane 2012 pou rive 2020, prezante yon konfigirasyon kote gen yon dominasyon nan elèv ki rantre nan Univèsite a byen aksantye.

Tablo 1: Etidyan imigran ayisyen yo nan UFPR 2012-2020

An tèm pwopòsyon sèks sòti nan 2012 pou rive 2020, te genyen 74,3% gason ki enskri nan Univèsite a konpare avèk 25,7% fanm. Nan sa ki gen rapò ak kou yo, rantre etidyan imigran ayisyen trè divèsifye, tankou nou kapab wè pi devan: 76% gason konsantre yo nan domèn syans sosyal aplike kont 24% fanm; nan jeni, 100% se gason; nan syans sante 25% se gason epi 75% se fanm; nan syans imèn, 57,1% se gason epi 42,9% se fanm; nan syans biyolojik, genyen 71,4% gason epi 28,6% se fanm; nan syans tè ak egzat, 100% se gason, nan syans agrikòl, 80% se gason epi 20% se fanm; epi finalman, nan lengwistik, lèt ak kou atistik, 100% se gason (UFPR, 2020). Kominote etidyan sa a konpoze avèk majorite gason, sa ki ta eksplike pa fòmasyon sosyal ekiltirèl sosyete ayisyèn an, ke yo pa valorize fòmasyon fanm, paske yo pa ofri menm opòtinite pou fanm yo nan syans si nou konpare ak ankourajman ke yo bay gason yo. Depi nan timoun, yo ankouraje fanm yo pou rete lakay, ede manman nan sèvis domestik, jiskaske

Etidyan Imigran Ayisyen nan UFPR 2012-2020

Fason yo rantre Ane Kantite yo vin gran, konsa yo pa jan gen yon ti tan pou tèt yo, prensipalman nan domèn edikasyon. Yon lòt aspè enpòtan pou konprann dispropòsyonalite twouve nan dinamik sosyete ayisyèn nan pa mwayen relasyon kiltirèl ki plis ankouraje fanm an ayiti a enplike yo plis nan komès angwo epi andetay. Nou kapa di, genyen yon divizon travay natiralize ant gason ak fanm nan kilti a. Depi tou piti, yo oblije akonpaye manman yo ki se komèsan pou ale nan mache. Tout faktè sa yo elwaye ankò fwa plis de lasyans (TONDREAU, 2008).

Nan ka etid sa a, malgre miltip ak divès difikilte ke imigran ayisyen yo rankontre, egziste yon santiman jeneral gratitid poutèt yo fè pati istwa inivèsite a. Poutan, sa pa rive san soufrans. Soufrans lan lye ak presyon akademik yo (jan nou dekri li avan, pami yo, difikilte avèk lang lan, fòme gwoup etid ak lòt relasyon nan milye inivèsitè a); soufrans lan gen relasyon ak diferans etnik oswa orijin etnik. Pou soufrans ki gen rapò ak orijin etnik lan, Fillion et al. (2008) pral di ke se yon fòm vyolans sosyal ki manifeste de plizyè manyè epi ki gen enpak sou endividi a ki jenere chòk la. Kilès ki viktim epi kisa yo vle ? Ki jan nou ka bay atansyon sou danje chòk sa reprezante nan sosyete imèn yo? Selon otè yo, viktim chòk sa yo soufri yon vyolans sosyal ke pwòp sosyete a kreye, oswa, chòk sa se konsekans soufrans vyolans sosyal ke sosyete a pwovoke.

Nan rechèch sa a, nou montre ke prejije a se yonn nan fòm vyolans ki plis relate, epi sa rive sou plizyè fòm: difikilte pou entegre gwoup travay ak absans kominikasyon antre entegran nan sal klas yo se jis kèk nan yo. Prejije a se yonn nan modèl ke rasis lan itilize pou li manifeste. Sitiyasyon sa a pote konsekans chokan, tankou solitid ak izolman, ke 57,1% moun ki te fè entèvyou yo te santi. Pou rès yo, anviwon 14% deklare yo endiferan, enkyete oubyen dezanime epi 38% te afime yo pa devlope avèk frekans yon bon relasyon nan sal klas la, moman konvèsasyon yo trè ra. Tout sitiyasyon sa yo montre mank kominikasyon kòm yon anpèchman nan entegrasyon ak sosyalizasyon kominote sa andedan milye Inivèsitè a (PIERRE, 2020).

Selon Fillion et al. (2008), “chòk la, fè viktim nan tounen yon semp moun kap lite avèk yon evenman ekstraòdinè” (FILLION et al., 2008, p. 114). Menm si sa, etidyan ayisyen afime ke se pou pwòp volonte yo ak motivasyon ki fè yo pa abandone, nan ka kontrè, yo ta abandone kou yo deja. Rezistans sa ki karakterize yo genyen plizyè rezon, pami yo nou souliye santiman privilejye paske yo se etidyannan UFPR, lè yo konpare, pa egzanp, sitiyasyon yon gran kantite brezilyen ki ta renmen nan plas yo epi ki pa ladann. Lòt faktè ki estimile yo se chans pou kraze vizyon ke ayisyen vin nan peyi a jis pou yo rantre nan mache travay la epi ki pa ta gen kapasite pou fè pati kominote entèlektyèl brezilyen an.

Nan sa ki gen rapò ak pèspektiv pou fiti, se diferan opinyon kominote etidyan te prezante. Anviwon 19% nan yo gen dezi retounen nan peyi yo aprè yo fin gradye, 52,4% dezire rete nan brezil epi 28,6% dezire ale nan lòt peyi. Pami sa yo ki dezire rete nan brezil, 6,9% dezire fè metriz epi 14,3% anvi fè doktora. Endepandamman difikilte nan sosyabilizasyon ak diferans kiltirèl, sa sanble montre ke ayisyen yo, jan yo abitye di, “ se gèrye epi yo trè rezistan”. Yon imigran ayisyen nan Curitiba, a pati de done sa yo, se reyèlman yon gèrye rezistan ak enfliyans depresif. Paske se yon lit kontini ki mande anpil moral, volonte epi pèseverans (PIERRE, 2020).

Konsiderasyon final

Imigran ayisyen nan Curitiba afwonte diferan obstak ki lye ak ospitalite, akèy, ak entèraksyon kotidyèn nan sosyete a, ak lang, ak koulè po, ak chòk, ak prejije, ak lòt pwoblèm. Se enpòtan epi nesesè yon politik piblik konsistan ospitalite ak akèy, ki redwi pwoblèm ke imigran sa yo afwonte epi amelyore relasyon antre imigran yo epi sosyete a nan tout entegralite li. Li vin nesesè pou amplifye etid sou popilasyon imigran sa, ki vize chèche konprann poukisa li tèlman difisil pou kominote ayisyèn nan sosyalize li e relasyone li nan sosyete Curitiba a, mete an konsiderasyon tout patikilarite relasyon sa a, ki gen ladan sosyoespasyal la.

Referans Bibliyografik

AROSTEGUY, Agustín. Territorio y música - un diálogo, múltiples ecos: entre tonalidades, sonoridades, acústicas y bullicios de los espacios. In: GEOgraphia, vol. 22, n. 49, 2020, p. 1-12.

BÉCHACQ, Dimitri. Histoire(s) et actualité du vodou en Ile-de-France - Hiérarchies sociales et relations de pouvoir dans un culte haïtien transnational. In: Collectif Haïti de France, Studies in Religion/Sciences Religieuses, vol. 41, n° 2. Paris: 2012, 257 p. Disponível em: http://www.collectif-haiti.fr/vaudou.php. Acesso em: 03/07/2019.

BLANC, Anthony. Rekonstriksyon: la pratique clinique médiée en situation de post-urgence. Port-au-Prince, 2010.

BONNEMAISON, Joël; AMBREZY, Luc. Le lien territorial entre frontières et identités. In: Géographie et cultures. Nº 20, 1996. p. 7-18.

BOUCHARD, Russel-A. Du racisme et de l’inégalité des chances au Québec et au Canada. Chicoutimi, Saguenay. La Société du 14 juillet 2002. 178 p.

BRITO, R. H.; MARTINS, M. de L. Considerações em torno da relação entre língua e pertença identitária em contexto lusófono. In: Anuário Internacional de Comunicação Lusófona, n. 2, 2004, Federação Lusófona de Ciências da Comunicação, São Paulo, p. 69-77.

CARVALHO, Souza André de. O urbano como espaço do conflito. In: Vivendo às margens: habitação de interesse social e o processo da segregação socioespacial em Curitiba. Dissertação (Mestrado em Urbanismo, História e Arquitetura) - Faculdade de Urbanismo, História e Arquitetura, Universidade Federal de Santa Catarina. Florianópolis, 2014, p. 39-57.

CASIMIR, Jean. Théorie et définition de la Culture Opprimée. Port-au-prince: Imprimerie/Média-texte, 1981.

CHIVALLON, Christine. Repenser le territoire, à propos de l’expérience antillaise. In: Le territoire, lien ou frontière? Paris, 2-4 octobre 1995.

CLAVAL, Paul. “A volta do cultural” na geografia. In: Mercator, Fortaleza, v. 1, n. 1, 2009, p. 19-28.

COMANDULLI, Sandra Patricia Eder; et al. Roda Conversações sobre Hospitalidade. Caxias do Sul: Universidade de Caxias do Sul, 2015, 124 p.

CORRÊA, Mello de Aureanice. O Sagrado é divino, a religião é dos homens: territórios culturais e fronteiras simbólicas, a intolerância religiosa na contemporaneidade. In: Espaço e Cultura, UERJ, RJ, N. 31, 2012. p. 125-138.

CROZAT, Dominique. Jogos e ambiguidades da construção musical das identidades espaciais. In: DOZENA, A. (Org.). Geografia e música: diálogos. Natal: EDUFRN, 2016, p. 13-48.

DERRIDA, Jacques. L’Université sans condition. Paris: Éditions Galilée, 2001.

DÉSINOR, A. Carlo. La tragédie des libertés. vol.1. Port-au-Prince: Edition du Centenaire (le Nouvelliste), 1997. 283 p.

DEUXANT, Benoit. Migration et musiques (2): entretien avec Marco Martiniello. Disponivel em: https://www.pointculture.be/magazine/articles/focus/musique-et-migration-entretien-avec-marco-martiniello/. Acesso em : 23/10/2021.

DUFOURMANTELLE, Anne; DERRIDA, Jacques. Anne Dufourmantelle invite Jacques Derrida à répondre de l’Hospitalité. Paris: Calmann-Lévy, 1997.

FICK, E. Carolyn. La révolution de Saint-Domingue - de l’insurrection du 22 août 1791 à la formation de l’État haïtien. In: HURBON, Laënnec. L’insurrection des esclaves de Saint-Domingue - 22-23 août 1791. Paris: Éditions Karthala, 2000, p. 55-68.

FILLION, Emmanuelle; FASSIN, Didier; RECHTMAN, Richard. L’Empire du traumatisme. Enquête sur la condition de victime. In: Sciences Sociales et Santé. Volume 26, n°2, 2008, p. 113-117.

FROUILLOU, Leïla. Les écarts sociaux de recrutement des universités d’Île de France: un processus de ségrégation. In: ERES | Espaces et sociétés, n° 159. 2014, p. 111-126 .

_____. Ségrégations universitaires en Île-de-France. Inégalités d’accès et trajectoires étudiantes. Paris, La Documentation française, coll. Études & recherches de l’Observatoire national de la vie étudiante. 2017. 207 p.

FROUILLOU, Leïla; MOULIN Léonard. Les trajectoires socialement et spatialement différenciées des étudiants franciliens. Formation emploi, n°145, 2019, p. 1-22.

GEDIEL, José Antônio Peres; CASAGRANDE, Melissa Martins. A migração haitiana recente para o Brasil: bases teóricas e instrumentos político-jurídicos. In: Monções: Revista de Relações Internacionais da UFGD, v.4. n. 8. 2015, p.97-110.

GIL FILHO, S. F. Paisagem religiosa. In: JUNQUEIRA, S. (Org.). O sagrado. Curitiba: IBPEX, 2009, p. 93 – 117.

GOVAIN, Renauld. Entwodiksyon Akademi Kreyòl Ayisyen an: Pou kreyòl la jwenn plas li nan peyi a. Disponível em: <http://tanbou.com/2013/EntwodiksyonAkademiKreyolAyisyen.htm>. Acesso em: 16/07/2019.

HAESBAERT, Rogério. Dilema de conceitos: espaço-território e contenção territorial. In: SAQUET, Marco Aurélio; SPOSITO, Eliseu Savério (Org.). Territórios e territorialidades: teorias, processos e conflitos. 1 ed. São Paulo: Expressão Popular, 2009, p. 95-120.

_____. Paul Vidal de la Blache (1845-1918) - «Estados e Nações»: Vidal no cruzamento entre as dimensões política e cultural da geografia. In: GEOgraphia, 11(22), p. 128-153.

HERREA, Javier; et al. L’évolution des conditions de vie en Haïti entre 2007 et 2012: la réplique sociale du séisme. Paris; Port-au-Prince: 2014, p. 28-29.

HURBON, Laënnec. O Deus da resistência negra: o vodu haitiano. São Paulo: Paulinas, 1987.

JOLIVET, Marie-José; LÉNA, Philippe. Des territoires aux identités. In: Autrepart (14), 2000, p. 5-16.

MÉTRAUX, Alfred. L’Afrique Vivante en Haïti. In: Présence Africaine, nº. 12, 1951, p. 1321. Disponível em: <www.jstor.org/stable/24346529>. Acesso em 25/02/2021.

MEUDEC, Marie. Penser la perpétuation des préjugés à propos d’Haïti et des haïtiennes: altérisation, racisme, imaginaire colonial et hégémonie blanche. In: Revue-rita, 2017, p. 1-23.

MFABOUM, Edmond Mbiafu. Haïti et l’Afrique: douleurs des destinées, spécularité des douleurs. In: Africultures , n° 58, 2004, p.150-160.

MISOCZKY, Ceci Maria; BÖHM, Steffen. Resistindo ao desenvolvimento neocolonial: a luta do povo de Andalgalá contra projetos megamineiros. In: Cad. EBAPE.BR, v. 11, nº 2, artigo 6, Rio de Janeiro, 2013, p. 311-339.

PROSPERE, Renel; GENTINI, Alfredo Martin. O Vodu no universo simbólico haitiano. In: Universitas Relações Internacionais, Brasília, v. 11, n. 1, 2013, p. 73-81.

QUIJANO, Aníbal. Colonialidade do poder, eurocentrismo e América Latina. In: A colonialidade do saber: eurocentrismo e ciências sociais. Perspectivas latino-americanas. CLACSO, Consejo Latino-americano de Ciencias Sociales. Buenos Aires, 2005, p. 117-142. Disponível em: http://bibliotecavirtual.clacso.org.ar/clacso/sursur/20100624103322/12_Quijano.pdf. Acesso em: 26/08/2020.

RABENORO, Aubert; METRAUX, Alfred. Le Vaudou haïtien. In: Archives de sciences sociales des religions, n°47/2, 1979, p. 279-281.

SANTOS, Caetano Maschio. Ayisyen Kit Lakai (Haitianos deixam suas casas): Um estudo etnomusicológico do musical de artistas imigrantes haitianos no estado do Rio Grande do Sul . Dissertação (Mestrado em Música) – Faculdade de Música, Universidade Federal do Rio Grande do Sul. Porto Alegre, 2018, 173 p.

SOUZA, Marcelo Lopes de. “Território” da divergência (e da confusão): em torno das imprecisas fronteiras de um conceito fundamental. In: SAQUET, Marco Aurélio; SPOSITO, Eliseu Savério (Org.). Territórios e territorialidades: teorias, processos e conflitos. 1 ed. São Paulo: Expressão Popular, 2009, p. 57-73.

SOUZA, José Arilson Xavier de. Estudo geográfico-cultural da religião: a ressignificação do espaço por meio do santuário. In: Espaço e Cultura, n. 28, 2010, p.54-70.

TONDREAU, Jean Luc (Coord.). Tendances récentes et situation actuelle de l’éducation et de la formation des adultes (EdFoA) - Rapport national de la République d’Haïti. UNESCO, 2008.

TORRES, Alberto Marcos. Tambores, rádios e videoclipes: Sobre paisagens sonoras, territórios e multiterritorialidades. In: GeoTextos, vol. 7, n. 2. 2011, p. 69-83.

VALDUGA, Manoela Carrillo. O Território como lugar de hospitalidade. In: CENÁRIO, Brasília, V.5, n.8, 2017, p. 1-31.

WIEVIORKA, M. O Racismo, uma introdução. São Paulo: Perspectiva, 2007.

Outros:

Geografia para que(m)?. Episódio 22 (Patrimônio Afetivo). Spotify. Dec. 2020. 91 minutos. Disponível em: https://open.spotify.com/episode/6qahY0TXhZbgjrQUF3YQUi. Acesso em: 17/06/2021.

This article is from: