Manual Cultivo Jatropha en kreyol

Page 1

Fason yo kiltive Medsyen ou Jatropha Curcas



Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Dezyèm sòti liv sa a : Frantz Flambert, Mathilde Laval, Martin Florentino, Andrea Peña. Liv sa a prezante pa: Omar Bros, Frantz Flambert, Mathilde Laval, Proje jatrpha IDDI yo Desen Luz Amelia Rodríguez Abreu, Julie Liamin Tradiksyon ak adaptasyon lang panyòl a kreyòl : Moloche Dulorier, Dieu-Seul St. Fleur, Jean Max Milien

Enstiti Dominiken pou Devlopman Integral, Inc. (IDDI) Yon Oganizasyon prive, ki pa la pou fè lajan, Ri Luis F. Tomen # 654, El Million Santo Domingo, República Dominicana Tel: 001 809 534 1077 Fax: 001 809 534 1080 Email: bioiddi@iddi.org – adrès entènèt: www.iddi.org

® selon la lwa, nou anpeche yo fè kopi tout liv sa a ak kèk paj liv sa a san n pa gen dizon : IDDI.

1


Liv sou yo Liv sou Fason Fason yo kiltive kiltive Medyen Medyen ou ou Jatropha Jatropha Curcas Curcas

Rezime IDDI nan kódinasyon ak tout asosiyasyon pwodikté ki chita nan premimye seksyon ki nan komin Seka la Sous ki ganyen 5 kominote ak asosiyasyon yo ki chita nan 2 seksyon ki genyen ladan yo 5 ti kominote te travay ansanm nan mete an plas pou rive plante Jatropha Curcas (Medsiyen) pou nou ka rebwaze 300 ekta té (387 kawo té) ki fi n debwaze e pou nou ka pwodwi pou pi piti 300,000 lit lwil pou fé gaz dizél. Nan sans sa a, 500 fanmy dominiken ak Ayisyen ki nan zón sa a ap benefisye direkteman de pwoje sa a. Nan moman sa a, nou rive sansibilize otorite local yo, benefisyé ki chita nan 15 asosiasyon ki nan zón n yo. Benefisyé sa yo deja resevwa fómasyon sou teknik pou plante Medsiyen an. Nou te reyalize pou yo tou, divés fómasyon nan domén n koperativ, tankou: Fondman de baz sou koperativ, Óganizasyon koperativ ak Gesyon e Kontablite sou koperativ. Fómasyon sa yo, gen objektif mete an plas 2 koperativ ki pou fasilite moun n nan zón yo pran la relév sou gesyon tout aktivite pwojé a, lé finansman pwojé a rive nan bout. Nan moman sa a, anpil travay gentan fét pou mete kanpe 2 gwo pepinyé kap genyen yo kapasite pou pwodwi anviwon 150,000 plantil yo chak. Nou te reyalize tou, ansam ak tout asociasyon yo, yon dokiman ki esplike tout estrategi pwojé a pral mete an plas, yon fason pou nou jwen kolaborasyon benefisye yo nan deroulman pwojé sa a.

Remèsiman Piblikasyon liv sa a rive fèt gras ak patisipasyon pwojè binasyonal jatropha ki finanse pa Tèt ansanm peyi Lewòp yo (Union Europeenne) ak DIGECOOM.

2


Liv Fason Liv sou sou Fason yo yo kiltive kiltive Medyen ou Medyen ou Jatropha Jatropha Curcas Curcas

Kontni Paj Intwodiksyon ak enpotans Medsyen............................

5

Ti detay sou plant lan............................................

8

Klima ak tip sòl.................................................... 11 Kòman li repwodwi...............................................

13

Plantasyon.........................................................

20

Lit kont ewosyon ak asosiyasyon kilti.........................

23

Swen: saklaj, fimye, dlo, lit kont maladi ak ensèk, netwayaj branch.....................................

25

Rekòt ak konsèvasyon semans..................................

30

3



Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Entwodiksyon ak enpòtans Medsyen

Pwodiksyon lwil vejetal dirab ak gren n Medsyen an

ak lòt dechè plant sa a kòm sous enèji, prezante anpil avantaj pou malere andeyò.

1. Li pwodwi yon gaz ki fèt lakay, ki pwòp, ki pa prezante gwo danje pou sante moun n, li redwi enpòtasyon gaz ki soti lòt bò dlo. 2. li redwi degradasyon anviwònman epi li redwi tou koupe bwa pou boule. 3. Yo itilize gaz la pou kwit manje ak pou limen lanp.

Près mekanik ki fonksyone ak lwil Jatropha.

5


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

4. Yo itilize lwil la pou fè motè dizèl yo mache, ponp dlo ak motè ki pwodwi kouran elektrik san moun n andeyò yo pa bezwen gwo enstalasyon. 5. Lwil la kapab itilize nan tout kalite motè dizèl. Sa pèmèt nou redwi enpotasyon gaz ki soti lòt bò dlo. Recho modèl Protos la ki Fonksyone ak gaz Jatropa (bosch-Siemens)

6. Plant sa a ka rebwaze yon tè ki depafini, epi li redwi dega ewosyon kapab fè. 7. Pwojè plante medsyen kapab pote yon devlopman ekonomik ak sosyal nan zòn yo, nan kreye travay nan zòn an epi lap ogmante revni moun yo. • Dechè ki soti nan transfòmasyon gren n medsiyen an kapab pwodwi angrè òganik. • Ou kapab asosye lòt plant ki bay manje Savon ki fèt ak jatropha

6


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

ansanm ak Medsyen an. • Ou kapab fè savon natirèl ak lwil la. • Zannimo pa manje fèy la sa vle di li pa gen pwoblèm pou fè elvaj nan plantasyon medsyen. 8. Fanm yo ka pwofite anpil aktivite sa a paske se yo ak timoun yo ki kon n cheche bwa pou fè manje paske lap pèmèt yo redwi nan tan yo kon n pran pou chèche bwa. Pwojè sa a kapab kontribye pou redwi inegalite ki ganyen ant fanm ak gason.

7


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Ti detay sou plant lan

8

Fanmy

EUPHORBIACEAE (ki menm fanmy ak manyòk). Paske fèy li gen lèt.

Non syantifik

Jatropha curcas L.

Non komen

Piñon de leche pou Sen Domeng, Gwo medsyen pou Haiti, Pinon de Botija pou Kiba, Tua Tua pou Venezyela, Tempate pou Brezil.

Kote l soti

Li soti direkteman nan Amerik Santral ak nan peyi karayib yo. Kounye a, ou jwen n li prèske tou patou nan mond lan. Se yon plan natif natal lil dayiti a e ou ka jwen n pye bwa sa a nan anpil lakou, paske moun n yo kwè li chase move zè.

Fòm

Li kapab grandi jiska 5 mèt nan wotè, li pwodwi anpil branch ak fèy, li pwodwi gren n sou fòm grap.


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Rasin

Li gen yon rasi n prensipal ki desan n byen fon nan tè a epi li gen enviwon 4 rasi n segondè ki pou rale dlo anlè tè a.

Branch

Branch yo grandi tou dwat, yo rapid epi yo gen lèt ki blanch pal.

Fèy

Li gen yon fèy ki fan n ant 4 a 5 pati (lòb) yo laj, yo preske toujou vèt, yo mezire anviwon 15 santimèt kòm gwosè (dyamèt). Li jete fèy nan sezon livè e nan sezon le sèk yon fason pou pwoteje tèt li kont sechrès.

Flè yo

Flè yo piti anpil, yo mezire anviwon 6 a 8 milimèt, yo gen koulè blan vèt, yo kapab gen yon ti koulè jòn nan moman gren n nan pral soti. Plant sa a pote ni flè mal tankou flè femèl.

Grap

Li pote yon grap ki kapab gen anviwon 10 a 15 gren n (fwi).

Fwi (grenn)

Li gen yon ti po vèt ki gen 2 ou 3 gren n ki koulè nwa e ki rich ak lwil. Chak gren n yo mezire 1 a 2 santimèt epi yo peze anviron 0.8 gram. Gren n yo ganyen ant 35 a 45% lwil.

Pwodiksyon

Nan move tè, nan 2 premye lane yo, plant lan pa pwodwi anpil. Se sou twazyèm lane a li kòmanse byen donnen. Se nan katriyèm ak senkyèm lane li rive pwodwi anpil. Li kabap pwodwi pandan 30 a 50 lane konsa a.

9


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

REMAK GREN N YO GEN TI PWAZON. Li ganyen yon pwoteyin ke yo rele CURCIN ki sanble e ki gen men m kantite pwazon ak gren n MASKRISTI (MASKETI). Men, yo sèvi anpil ak gren n nan, fèy yo ak kal la pou fè medikaman natirèl. Yo itilize l tankou medsin n pou bay moun lavman. Li trete maladi po ak blesi. Li touye vye mikwòb.

10


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Klima ak tip sòl Tanperati

Se yon plant klima cho (20 a 30 degre sèlsiyis) ki grandi nan peyi twopikal ak soutropikal yo. Men ou jwen n variyete ki ka adapte nan peyi frèt yo.

Limyè

Yo obseve plant ki nan gwo solyèy pa grandi rapid, men li byen devlope lè li anba anba lòt pye bwa. Lè sa a li pwodwi anpil fèy tout lane a. Poutèt sa yo konseye asosye l ak lòt pye bwa ki ka founi l lonbraj.

Dlo

Yon n nan pi gwo karakteristik plant sa, se kantite lèt li pwodwi ki pèmèt li reziste pi lontan nan sezon le sèk. Pou li ka reziste nan sezon sèk, li jete fèy li yo pou l kapab redwi kantite dlo li kon n jete pandan lap respire. Yon plant ki deja fin tabli kò l, kapab reziste jiska 2 a 3 lane nan sezon sèk. Men, yon plant ki jèn n bezwen anpil èd pou li pwodwi rasi n. 11


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Li devlope pi byen kote ki gen yon rejim lapli ant 500 a 700 mm dlo pa lane. Kote ki gen ant (700-1500 mm) dlo, randman ogmante. Ou kabab mete yon sistèm pou awozel, men fòk li pa twò koute. Lè klima a twò imid li pwovoke anpil maladi nan plant lan, flè ak rasi n yo kon n pouri.

Sòl Sòl ki pi bon an, se yon sòl ki gen ajil ak sab. Men fòk dlo ak lè kapab byen sikile nan sòl sa a. Fòk nou pa kite dlo anvayi l sitou nan sòl ki gen anpil ajil. Plant lan pa pouse rasin, epi li pa grandi nan sòl ki lou, ki pwès. Nou fè konsta sa a kote yo gade zanimo ak kote ki gen ti zèb kòd a gren n. Plant sa a gen posibilite pou devlope nan sòl ki pòv, ki gen wòch, e ki gen sèl. Nan kondisyon sa yo, plant la pouse rasin e li grandi. Men, randman l diminye. Fòk nou evite plante l nan sòl ki gen anpil sèl. PH rekomandab la se ant 5.5 a 6.5.

Altitid (Wotè) Nan zòn Karayib la, se yon plant ki trè kouran, li kabab viv ant 0 a 600 m de wotè. Men, ou kapab jwen varyete ki grandi jiska 1500 mèt.

12


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Kòman li repwodwi Semans, bouti, boujon, touf Repwodiksyon pa semans

R

ekòlte semans yo lè po yo kòmanse jòn, oubyen lè po yo sèch. Chwazi gren n ki pi gwo yo epi ki genyen men m fòm men m koulè. Yon gren n ki rèk, se lè ou peze li ak zong ou li bay lwil. Nou dwe evite pran gren n ki pa mi, ak sa ki genyen koulè gri.

REMAK ENPÒTAN Pa itilize gren n ki kraze ak sa ki fo pou nou plante. Men pa jete yo paske yo ka sèvi ak yo pou fè lwil.

• Daprè sa yo di, nou dwe mouye semans yo anvan yo plante, kite yo fè 2 jou nan dlo. Lòt mwayen, se kite yo fe 24 è nan dlo, 24 è san dlo, epi tounen mete 13


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

tranpe yo. Poutan, tou plantil nou te prepare nan pepinyè kominotè nou yo san nou pat tranpe yo te genyen 80-85 % ki te jèmen. Pousanj jèminasyon semans Jatropha wo anpil. konsa li nesesè pou chache konnen moman pou nou rekòlte Jatropha a pou nou kapab jwenn anpil semans epi chwazi kalite gren n ki bon pou semans. • Plante plantil ki mouye yo nan sachè plastik osinon nan kesèt (root trainer). Sachè sa yo dwe mezire pou piti 10 cm pa 10 cm. Daprè esperians nou fè, nou remake plant ki pwodwi nan sachè yo grandi pi byen e yo adapte yo pi rapad ke sila yo ki pwodwi nan kesèt. • Men fòmil pou melanje tè a: - 2 pati tè - 1 pati matyè òganik (fimye) - 1 pati sab Yo fwa w mete semans lan jèmen daprè melanj sa a, li pa nesesè pou itilize angrè chimik sou pretèks pou fè plant lan jèmen pi rapad osinon pou fè plant lan grandi pi vit. Si materyèl ke ou itilize yo move kalite, ou kapab itilize 10 gram angrè chimik (7: 10: 5 NPK) nan chak sachè. • Mete 2 gren n nan chak sachè nan yo profondè 2 cm. Osinon yon sèl gren n nan chak twou kesèt yo. Aprè sa a elimine plantil ki pi fèb nan twou a. Men fok se yon gren n ki byen seleksyone. 14


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Kantite dlo plant lan bezwen poul jèmen Daprè sa a nou remake, gren n nan pa bezwen mouye pase 2 fwa pa semen n siw itilize parasolèy (ombrière, sheed) 50% solèy. Si w itilize yon arozay chak jou, wap jwen n yon pousantay 50% a 60% selman jèminasyon, paske lè sa a anpil gren n ap pouri. Si se parasolèy ki kite solèy la pase ant 30 a 40% ou te itilize nan pepinyè a, nou rekomandew mouye plant lan chak 5 jou. Kantite tan pou plant lan jèmen Selon remak nou fè nan pepinyè kominitè nou yo, nou obsève semans ki plante e ki pa gen anpil tè sou li koumanse jèmen depi 6 a 7 jou konsa, men semans ki te plante a 5 cm nan tè jèmen sou 8 a 10 jou. Men, li rekòmande pou mete semans lan yon (1) santimèt sèlman anba tè, lè sa a lap jèmen pi rapid paske wap anpeche semans lan pouri. Ensèk ak maladi nan pepinyè Maladi ki pi kouran an rele Antragnoz (tach nan fèy), men li pi fasil pou tretel ak pwodwi chimik (tankou fonjisid ). Ensèk ki bay plis pwoblèm nan plant ki nan pepinyè yo rele acarios (zaryen fil), men li parèt sèlman nan dezyèm etap pwodiksyon plant lan, se poutèt sa a li nesesè pou fè yon aplikasyon acaricid (pwazon ki touye zaryen fil) chak 5 jou.

15


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Soti nan pepinyè Plantil yo dwe soti nan pepinyè a sou 45 jou aprè jèminasyon yo, lè sa a yo ganyen anviwon 25 a 30 cm wotè. Aprè 45 jou, rasi n yo koumanse pete sachè yo pou antre nan tè, sa ki ka pwovoke rasin prensipal la kase. Lè sa a plantil la vin pedi fòs li. Avan yo soti nan pepinyè a, ou dwe ba yo 2 jou solèy yon fason pou yo kèmanse adapte yo ak kondisyon yo pral viv nan tè a. Nan sans sa a, lè plant yo te nan pepinyè a, yo te nan bon kondisyion, men siw retire yo dirèkteman san ou pa ba yo 2 jou solèy sa a, yo pral pase anpil tan pou yo kapab adapte yo kote yo pral viv la.

Ki Kantite semans nou dwe itilize pou yon (1) ekta tè kab pran 2500 plantil ? - Yon semans peze 0,8 gram, ki bay 1250 semans pou yon kilo - Randman jèminasyion an se : 70 a 85 % - Kantite plant ki kapab viv lèw fin plante yo se : 80% - Ou beswen: 2 / (0,7 X 0,8) = 4 kilo pou pi piti - Yo rekòmande pou fé yon kalkil ant 5 a 6 kilo pou chak ekta tè.

16


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Repwodiksiyon pa bouti Pratik sa a pi kouran nan zon yo, le yo plante bouti yo pou fe baraj vivan pou fe kloti po pwoteje jaden yo kont zanimo. Nan Komin ki rele Hato del Padre ki nan zo n San Juan de la Maguana, an Dominicani, se yon pratik ke agrikilte yo ansanm ak elve yo itilize. Gen apepre nan zo n sa a, anviron 438 ekta te ou 339 kawo te. Kòman pou fè bouti yo? • Ou koupe bouti a tou prè ne a avèk yon gwosè pou pi piti ant 1,5 a 2 santimèt epi ak yon lojè 50 a 100 santimèt. • Koupe yo an tali. • Mete yo tranpe nan fonjisid (yo pwodwi chimik ki pwoteje yo kont maladi). • Kite bouti yo pase yon semen n anba lonbray pou fèy yo tonbe. • Mete bouti yo nan sachè ki mezire pou piti 20 santimèt wote ak 15 santimèt lajè. • Ranpli sachè a ak melanj sa a (2 pati konpòs pou yon pati sab. • Nou kapab plante bouti yo dirèkteman nan jaden yo pou fè baraj kont erosyion (baryè vivan).

17


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

REMAK ENPÒTAN Nap fè konnen bouti yo bay rasi n ki pi fèb epi yo mwens rezistan nan sezon sèch ke plantil ki soti dirèkteman nan pepinyè.

Repwodiksyion pa touf (pa kreyòl, pa tisi) Teknik sa a se nan laboratwa li kapab fèt. Yo pran yon selil plant lan nan yon kondisyion espesyal. Selil sa a sanble tèt koupe ak manman plant lan. Se tankou yon fotokopi manman plant lan. Se pi bon teknik ki ganyen jiska prezan pou militipliye yon plant ki ganyen yon kalite esepsyionel : ki bay anpil randman, ki bay anpil lwil, ki rezistan anpil ak maladi, elatriye. Nou poko eseye pratik sa a nan pwojè IDDI ganyen yo, paske li koute anpil lajan pou realize l. Li mande pou ganyen yon labotratwa ki koute anpil kòb epi ki trè delika. Poutèt sa a, nou rekòmande pou itilize teknik sa a, lè nou rive idantifye yon variyete Jatropha ki gen yon karakteristik esepsyionel konsa.

18


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Repwodiksyon pa grefaj Se men n teknik nou kon n itilize pou grèfe lòt plant tankou mango ak zaboka. Gen anpil agrikiltè ki kon n itilize pratik sa a nan zòn El Morro ki se yon kominote nan komin Pedro Santana ki an Dominikani. Men, nou poko trete done sa yo.

Grèf jatropha nan jaden yon agrikiltè El Moro

19


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Plantasyon Preparasyon tè

S

aki enpòtan se prepare ak netwaye tè a. Nan tout tè nou te prepare pou Agrikiltè yo, nou te charite yo, èse yo (klosa tè a). Lè sa a, nou wè plant yo te pi byen devlope. Pou sa a nou rekòmande yo prepare tè yo byen avan nou plante Jatropha a. Nan yon tè ki gen anpil ajil, li ta bon pou charite tè sa a epi èse l, epi fè yon bon drenaj pou dlo pa dòmi laban l. Men m jan, lè nap simen dirèkteman semans lan nan tè a sa mande pou prepare tè a byen se men m jan tou fòk nou sakle tè a pou kontwole move zèb sitou pandan plant la ap devlope. Men, nan ka sa a, preparasyon tè a ap koute anpli lajan e lap difísil si tè a nan pant oswa nan mòn. Jaden demontratif ki nan Manzanillo (CNE)

20


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Distans pou plante Distans nou te plante jatropha se 2500 plantil pou yon hekta tè oswa 3225 plantil pou yon karo tè. Distans ant plantil yo se te 2 mèt pa 2 mèt e distans ant kloti a ak plantil yo se te 2 mèt. Asosiyasyon kilti ak Jatropha nan yon Jaden ki nan Barahona.

Plizyè plantè deklare, lè ou itilize distans 3 mèt pa 3 mèt, ou jwen n 1650 plantil pou yon ekta tè oswa 2012 plantil pou yon kawo. Avèk teknik sa a, plantè yo pwofite plante lòt kilti nan mitan pye Jatropha yo.

Plantasyon - Plantil ki soti nan pepinyè ak plante semans la direkteman tè Fouye twou yo Twou yo dwe fouye a 25 sentimèt pou pi piti, siw fouye twou yo pi piti ke 25 santimet sa a, fèy ki nan tèt plantil yo ka vin sèch, poutan fèy anba yo ap rete tou vèt. Men daprè esperians nou fè, plant ki plante trè fon nan tè yo grandi pi 21


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

vit, men li difisil pou plantè yo fouye tou yo fon, paske sa a pran anpil tan epi sa a koute plis kòb tou.

REMAK ENPÒTAN Lè plantil ki soti nan pepinyè a twò gwo, li ta bon pou fouye twou yo 30 santmèt de pwofondè ak 30 santimèt nan lajè.

Transplatasyon plantil Yon fwa twou yo fouye, nou kapab plante tout plantil nou wè rasin yon okipe tout sachè a, sa vle rasi n yo fin tabli. Yo konseye se bonè nan maten ak an laprè midi byen ta pou nou pote plantil yo soti nan pepinyè a pou ale nan jaden a. Pou plante plantil yo, wap retire sachè a epi wap mete plantil la byen dwat nan twou a ak tout matyè li te soti ak yo nan pepinyè a.

22


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Lit kont ewosyon ak asosiyasyon kilti Nou te konseye plantè yo sou teknik pou plante Jatropha pou ka pwoteje tè yo kont ewosyon. Pou sa a, men sa a nou konseye : • Plante Jatropha sou koub nivo • Plante jatropha kont pant tè a • Plante plantil yo youn pi prè lòt lè wap itilize l pou fè konsevasyon sòl.

Plantasyon ak Bouti • Prepare bouti yo jan nou te konseyew la. • Fè yon liy ki gen 25 santimèt pwofondè selon koub nivo tè a. • Entre bouti yo 15 santimèt anba tè epi mete yo nan yon distans 20 santimèt antre yo. • Byen foule tè ki arebò bouti a. Mouye l si sa a posib. osinon, plante li nan sezon lapli. • Yon mwa aprè plantasyon an, replante bouti ki mouri yo. 23


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Plante semans dirèkteman nan tè (Semi dirèk) • Prepare semans yo jan nou te konseyew la. • Prepare sèl la nan yon pwofondè 20 a 30 santimèt. • Mete 2 semans a chak 20 santimèt nan yon pwofondè 3 a 4 santimèt. • Mouye tè a si posib oswa plante yo nan sezon lapli. • Replante semans ki pa leve yo.

Remak Lèw plante semans lan dirèkteman nan tè a, yo devlope yon rasi n ki pi fò pase plant ki plante ak bouti yo. Paske yo reziste plis nan sezon le sèk e yo pwodwi pi plis green n. Poutan, Plant ki plante ak bouti yo devlope pi vit e yo kontribiye anpil nan lit kont ewosyon.

24


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Swen: saklaj, fimye, dlo, lit kont maladi ak ensèk, netwayaj Branch. Dezèbaj

L

i enpòtan anpil pou retire kèk branch pandan 2 a 3 fwa nan premye ak dezyèm lane plant la. Teknik sa a pèmèt ti plant lan pi byen devlope. Move zèb yo souse anpil eleman tè a genyen, epi move zèb sa yo goumen anpil ak plantil yo pou limyè solèy la, epi se nan men m epòk sa a anpil vye ensèk ak maladi pwofite pou antre sou plant lan.

Angrè (Fimye) Nou rekòmande yon aplikasyon angrè ant 1,5 a 2 ons pou chak plant. (1 bouchon kola egal a yon ons konsa a). Kantite sa a se pou ede plant la tabli kòl. • Sou 45 jou aplike : Azòt. • Sou 120 jou aplike : Azòt ankò. • Sou 180 jou aplike yon angrè konplè : 20-5-20 NPK oswa yon angrè ki gen yon fòmil ki pre l. 25


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Remak Si w byen swiv plant lan, lap endike w tout eleman ki nesesè li gen bezwen.

Dlo Men m si Jatropha a se yon plant ki reziste anpil nan sezon le sèk, men randman li ogmante anpil lè li jwen n dlo. Depi sa a posib oswa depi sa a pap koute twò chè, yo konseye wouze plant yo nan yon rejim 1500 milimèt chak lane, selon fason ou aplike angrè a. Sa vle di bay plant lan dlo chak 12 a 15 jou. Gen kote nou remake lè ou itilize sistèm gout a gout la nan plantasyon yo li arive bay 3 rekòt lane. Men fòk nou fè remake plant sa a, trè sansib a dlo pandan lap fleri. (stres hydrique). Pou sa a, li nesesè pou pa bay plant lan dlo nan period sa a pou pèmet plant la bay fwi (gren n).

Kontwol ensèk • Jatropha a se yon plant ki rezistan anpil a ensèk, men gen kèk ensèk ki kon n atake l, sitou lè yo nan sezon ki trè imid. • Las flores se pudren por desarrollo de hongos. • Flè yo pouri lè chanpiyon leve sou yo. 26


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

• Ou kapab obsève ti tach blanch ak ensèk kap souse ji plant lan tankou « Thrips» ki ka fè fèy yo anroule jis li rive nan boujon prensipal la. Men non kèk lòt ensèk ki kon n atake plant lan : Cirituchas, afides, elatriye. • Rasi n yo kon rive pouri lè yo atake pa: Phytoptore, Pithium, Fusarium. • Fèy yo kon genyen tach nwa oswa mawon ki tou won (bagay ki lakoz sa a, rele: Cercospora oswa leaf spot) Pou kontwole ensèk yo, men yon ti resèt ki trè senp: • Dicofol 18,5 EC a 1,5 cc pou chak lit dlo. • Ak 1 cc pou chak lit Daconyl 50 cc • Ak _ cc Tersan pou yon lit dlo. Fè melanj lan konsa a : • Mete 5 lit dlo nan yon pomp aspèsyon ki gen kapasite 10 lit dlo. • Mete 5 cc Tersan nan dlo a epi byen brase pou fè melanj lan. • Mete aprè sa a 15 cc Dicifol ak 10 cc Daconyl. • Byen brase yo. • Mete sou dlo a pou ka fè ponp lan rive gen 10 galon dlo. Sa vle di mete 5 galon dlo sou 5 galon ou te deja ganyen nan ponp lan. • Ak 10 lit konpoze sa a, ou ka flite ant 80 a 100 jèn plant. 27


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Remak enpòtan Pwodwi ki pote non nou sot site la yo tankou (Dicofol, Daconyl ak Tersan) pote lòt non lè se yon lòt laboratwa ki fè yo.

Netwayaj Branch Jatropha gen yon tandans pou li pouse flè li nan pwent chak branch plant lan, kote li anpeche plant lan pouse lòt branch. Nan sans sa a, li nesesè pou pou koupe kèk branch pou ka pwovoke plant lan pouse anpil branch, sa kap pèmèt li ogmante pwodiksyon flè ak gren n. • Depi lè ti pye Jatropha gen yon wotè 80 santimèt konsa, ou dwe koupe ladan l pou rive nan wotè 50 santimèt. • Aprè 4 mwa ankò, ou kapab netwaye branch yo. • Pye bwa pa dwe depase 3 mèt pou li ka fasilite rekòt yo. • Ou dwe netwaye branch yo nan sezon le sèk pou anpeche plant lan malad. • Netwaye plant lan an bizo (an tali) epi mete fonjisid nan pwent yo. 28


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Lòt teknik ou kapab itilize se koupe boujon prensipal la nan moman nap plante plantil la, lè sa a pye bwa ap pouse plis branch.

Avantaj ki ganyen Lèw netoye plant lan 1. Li pèmèt plant lan fè plis branch epi li pwodwi plis gren n. 2. Li fasilite rekòt la paske pye bwa pa twò wo. 3. Li fasilite bon antretyen plant lan.

29


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Rekòt ak konsèvasyon semans Rekòt

N

ou te wè deja kote semans yo te dwe rekòlte nan monan po yo kòmanse jòn oubyen yo kòmanse nwa oswa le gren n yo swa e kòmanse fasil pou louvri, lè sa a ou anpeche semans la tonbe atè. Nou pa dwe rekolte semans yo lè po yo vèt paske lè sa a yo pap jèmen, epi yo gen mwens lwil epi yo kapab pouri. Lè gren n yo pa mi men m moman, li mande pou chwazi gren n ki mi yo epi kite gren n ki vet yo nan plant lan.

30


Liv sou Fason yo kiltive Medyen ou Jatropha Curcas

Konsèvayon semans • Gren n yo dwe sèk avan nou ouvè yo pou ka retire nannan an. • Fòk ou sèche gren n yo nan lonbraj si ou pral itilize yo pou fè semans. Men ou ka seche yo nan solèy si se lwil ou pral fè ak yo. • Pou gen yon bon konsèvasyon, gren n yo pa dwe depase ant 10 a 12 % imidite. • Ou dwe mete gren n yo nan yon bwat oswa yon sak mannisèl (tankou sak fari n yo). • Fòk nou pa mete sak yo dirèkteman a tè. • Depo w konsève gren n yo pa dwe gen imidite.

31



Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.