2014 grantsbrochurecreole

Page 17

16

Pwogram Sibvansyon Kan Ete Lèza ak Syans pou Timoun (SAS-C) Pwogram sibvansyon Kan Dete Atizay ak Syans pou Timoun (SAS-C) lan te kreye kòm yon inisyativ konjwen ant Depatman Afè Kiltirèl Konte Miami-Dade ak The Children’s Trust. Pwogram Sibvansyon SAS-C la te fonde pa The Children’s Trust. Trust la se yon sous dedye revni ke votè yo te etabli nan yon referandòm pou amelyore lavi timoun yo ak fanmi yo nan Konte Miami-Dade. Objektif Pwogram SAS-C la se pou bay finansman a òganizasyon ki pa pou pwofi yo pou bay timoun dezavantaje nan Konte Miami-Dade yo opòtinite pou patisipe nan dè pwogram kan dete kiltirèl ak syans wot kalite ki pa koute chè oswa ki gratis. Objektif finansman atravè Pwogram Sibvansyon SAS-C yo se pou ogmante pwogram wot kalite ki la deja yo pou ofri plis timoun opòtinite pou patisipe nan kan dete kiltirèl ak syans. Y’ap bay atansyon priyoritè a pwojè ki adrese timoun ki ka gen kontrent nan kapasite yo pou patisispe nan pwogram sila yo pou rezon jewografik, ekonomik, oswa enfimite; ak pwojè kote timoun, san doubkont, ki sibvansyone pa SAS-C yo va patisipe nan pwogram kan an pou omwen kat semèn. Tout moun k’ap aplike pou pwogram sa-a fèt pou gen yon minimòm yon ane pèfòmans oswa akonplisman dokimante nan kreye ak ofri pwogram kan dete kiltirèl ak syans espesyalize, konplè e wot kalite pou timoun oswa jèn moun nan Konte Miami-Dade. Tout moun k’ap aplike pou pwogram sa-a fèt pou se antite ki responsab dirèkteman pou jere, sipèvize ak aplike TOUT aspè administratif pwogram kan dete a pwopoze yo, ki gen ladan men pa limite a: enskripsyon timoun yo k’ap patisipe nan kan an, konsepsyon pwogram nan, mizannèv, kontra pou atis/sèvis eksteryè, pwogramasyon, repòtaj, kolèkte done enfòmasyon, elt.; Dat aplikasyon yo disponib: septanm 2014 Atelye fòmasyon: 19 septanm 2014, 2PM; 26 septanm 2014, 10AM Dènye dat ak lè limit la: 3 oktòb 2014, 4PM Pi gwo demann finansman ki kapab fèt: Gade nan direktiv yo. Ane pwogram lan: 1 jen 2015 – 30 out 2015 Reyinyon Komite evalyasyon an: 12 desanm 2014, 12PM Administratè pwogram lan: Dana Pezoldt, 305-375-2161, danap@miamidade.gov

Pwogram Atisktik Lajenès


Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.