The King / Creole

Page 1


WA-A N’ap rakonte Levanjil Mak-la ankò Copyright © 2010 FL Media Tout dwa yo rezève Yo te pibliye edisyon sa-a pou premye fwa, an 2010 Se Rosemary Endacott ki ekri liv sa-a epi se Terry Lim ki fè desen yo Se Atlas Associates ki ajanse Direksyon Atistik-la Se MediaServe ki Pibliye-li www.mediaserve.org Se nan peyi Lachin yo enprime-li ISBN 978 1 906389 12 3 Haitian Creole


ÈSKE SE YON LÒT LIV OSWA YON LÒT MOND?

WA-A WA-A WA-A WA-A WA-A WA-A WA-AWA-A WA-A WA-A WA-AWA-AWA-A WA-A WA-AWA-AWA-A WA-A WA-A WA-A WA-A

WA-A


WOY! Èske-w ta renmen rekonèt yon Wa? Yon vre Wa? Yon Wa ki pa menm ak okenn lòt Wa ou ta ka imajine? Ebyen ranje kò-w pou anbake nan yon avanti ki pral fè-w viv pi bèl esperyans nan vi-w.… Istwa-a se yon istwa ki kòmanse nan yon ti peyi ki nan Pwòch Oryan-an kote moun yo t’ap viv anba youn nan rejim kraze zo militè ki pi brital ki genyen — Lame Womèn. Women-yo te anvayi ti peyi yo rele Izrayèlla. Yo te gen plan pou yo te anvayi lemond antye — sepandan sa yo pat konnen-an sèke te gen yon lòt moun ki te gen yon lòt plan ki te pigwo pase plan pa yo-a.

KI MOUN SA-A? SE BONDYE.

Se nan liv ansyen yo te ekri plan Bondye-a. Bondye te chwazi yon moman byen presi ak yon kote pou Wa-a vini sou Latè-a. Epi se te lè saa, nan ti peyi Izrayèl sa te fèt. Lavi-a te difisil anpil anba okipasyon Women-yo. Se anba maspinay kraze zo sòlda Women ki te kouvri ak akseswa militè ki te dwòl ke yo te konn kaba tout opozan. Bon, si w panse Women-yo te kouvri ak rad ki mabyal, gad pou wè kalite rad Jan Batis te konn mete sou li. Misye se te on nèg ki te viv nan dezè. Bwi kouri, nouvèl gaye sou Jan Batis kifè anpil moun t’al chèche konnen kilès misye te ye. Misye se te on nèg bwa tout bon ki te abiye tankou moun fou poutèt li te mete rad ki fèt ak pwal chamo. Si ou panse sa-a mabyal, se poutèt ou poko tande kisa li te konn manje.

KISA?


e

KrIKÈt AK MYÈL.

WOUch! Sepandan Jan Batis te byen konnen plan Bondye genyen an — misye te byen konnen Wa-a ta pral vini. Donk misye rete nan dezèa defason pou li te ka prepare moun yo.

prEpArE MOUN pOUKISA?

Se vre, te gen anpil esklav nan Lanpi Womenan — yon seride moun ki te pratikman prizonye ki te sètoblije sèvi moun ki te kenbe-yo kaptif san yo pat touche senkòb. Sa moun pat reyalize-a sèke menm moun ki te swadizan panse yo te lib, anreyalite yo te esklav yon bagay. Jouk jounen jodiya nou esklav pwòp tèt nou si nou pa konnen kisa Bondye vle pou nou. Lè nou pa konnen ki plan Bondye genyen pou lavi nou, yo rele sa peche. Bondye vle sa ki pibon pou nou poutèt li renmen-nou anpil. Jan Batis te byen konnen Bondye te gen on plan espesyal pou Li ede pèp Li-a ki t’ap viv nan epòk sa-a — e pou li ede noumenm tou — pou nou tout ka viv e pou nou ka viv nan bon chimen. Li te voye pwòp pitit gason Li, Jezi, Sovè nou — ki se Wa-a!


J

an Batis te di yo te gen on moun espesyal ki pral vini e ke yo te sètoblije prepare-yo. Epi misye te plonje-yo nan Rivyè Jouden-an. Li rele sa batèm. Yo te rantre nan rivyè-a tou sal, chaje ak tout move bagay nan lavi-yo epi yo te soti byen pwòp — se pat poutèt dlo-a non, men poutèt senbòl dlo-a te reprezante — ki se: travay Bondye fè nan fon kè-yo. Moun soti toupatou pou yo vin wè Jan Batis epi pou yo tande kisa li t’ap di sou Wa-a ak Wayòm-li. Jan Batis di konsa: «Koute! Koute! Sa nou wè-a se poko anyen! Wa-a ap vini! Piga fè erè pou nou konprann se mwen ki se misye. Misyon mwen se pou-m transmèt mesaj li-an sèlman. Mwen pa menm diy ase pou m ta netwaye sapat ki nan pye li!» Epi apre — Wa-a vin parèt! Sepandan nanpwen pèsòn ki te rekonèt-li — eksepte Jan Batis.

K

pOUKISA? Pase li pat sanble ak yon Wa. Li te sanble ak yon moun nòmal. Tankou tout moun. Epi misye ale jwenn Jan Batis epi li mande misye pou li batize-l. Jan Batis te sezi! Jan Batis di li konsa: «Se oumenm ki ta dwe batize-m — Se pa mwen ki ta dwe batize-w.» Sepandan Wa-a te ensiste.

EpI KISA AprE?

Kou Wa-a te antre nan dlo-a, yon bagay dwòl vin rive. Lespri Sen Bondye-a desann sou li epi Bondye di: «Sa-a se pitit gason mwen. Mwen renmen-l e li fè kè-m kontan anpil.» Bondye gen anpil bonte. Nanpwen tankou li. Li gran — enfini, se vre! An kèlkesòt se yon mistè, Bondye se twa pèsòn nan youn: Gen Bondye Papa-a, gen Jezi Kri, Pitit Gason Bondye (ki se Wa-a nan istwa sa-a); epi gen Lespri Sen-an ki enpresyonan. Yo tout yo te la lè Jezi t’ap batize. Anreyalite, Bondye se toujou twa pèsòn alafwa.

BÈL BAGAY!


Apre sa, Wa-a te konnen li te lè, li te tan pou-l te kòmanse pale pou-l rakonte kijan Wayòm-li ye. Men anvan li te ka fè sa, bagay-yo vin on jan mele. Byenke Misye se te Wa li te ye, li te sètoblije pase kèk tray kòm tès.

KI KALItE tÉS?

Yon seri tray mwenmenm avèk ou nou pa ta janm ka pase. Misye te ale yon kote kote pa gen moun ki rete la, bèt sovaj sèlman ki te viv la. Li pat menm pote anyen pou-l manje. Li te rete la-a pandan plizyè jou. Ou wè sa, Bondye te konnen Wa-a te rive, Jan Batis te konnen Wa-a te rive… men te gen yon lòt moun ki te konn sa tou.

KI MOUN SA-A?

Li rele Satan; Satan — se lennmi Bondye. Te gen yon epòk, Satan se te zanj ki te pi entelijan Bondye te genyen — li te sèvitè ak mesaje espesyal Bondye. Sepandan Satan pat satisfè ak wòl li te genyen-an. Li te vle vin gen menm fòs pouvwa ak Bondye. Kidonk li vin antre an konfli ak Bondye. Li vin tounen kont Bondye epi yo vin fè-l soti nan Paradi pou yo ekzile-li, ansanm ak tout sa ki t’ap suiv li yo.

Bondye vle pou tout moun lib. Mwen p’ap pale de libète anba Women sèlman, men m’ap pale de yon bagay ki pi pwofon pase sa, e ke se sèl Wa-a ki ka ranje l — esklavaj poutèt peche nou. Se poutèt sa Bondye te voye pitit Gason li, Jezi. Li te gen plan pou li libere nou tout.

S

epandan Satan rayi Bondye e li vle pou tout moun esklav de move panse-yo, move zak-yo, ak lòt bagay toujou. Satan te menm eseye fè Wa-a vin esklav de move panse. Nan fon bwa sovaj-la, li te mete tantasyon nan tèt Wa-a pou Wa-a te vin soumèt-li a pwòp dezi pa-li olye pou-l ta suiv plan Bondye-a. Wa-a te byen konnen sèl espwa pou moun jwenn vre libète se lè nou mete Bondye anvan, lòt moun an dezyèm epi pwòp tèt nou an dènye. Li pat fasil ditou, ditou! Men li te genyen defi-a epi li pat pran nan pyèj Satan kidonk li te pase tès-yo.

EpI KISA AprE?


S

atan te move anpil, anpil! Li te kite Wa-a trankil epi li vire rayisab-li sou Jan Batis, nèg ki te nan dezè-a.

KIJAN? J

an Batis te fè youn nan dirijan-yo move, yon nonm ki te rele Ewòd Antipas. Nonm sa-a te marye ak madanm frè-l, e yo pat pèmèt sa. Jan Batis t’al mande-l esplikasyon sou sa epi madan Ewòd te vin mande anraje. Li voye pitit fi-li, Salome, al fè yon dans ki pou eksite Ewòd pase manmzèl te konnen misye t’ap renmen sa anpil. Manmzèl te konnen misye te gen panchan pou bèl tifi. Lè li fin danse byen danse nan fèt-la, Ewòd di konsa li dispoze pou-l bay Salome nenpòt kisa li vle — menm lè-a, manman Salome di Salome pou-l mande yon bagay ki terib, terib: Pou yo pote tèt Jan Batis pou li sou yon plato.

EpI KISA KI pASE?

MANtI! ÈSKE EWòD tE fÈ SA vrE?

Ewòd te santi-l mal anpil. Misye te byen apresye Jan Batis ki pat pè kritike misye. Sa Jan Batis te konn di yo se te laverite e Ewòd te byen konn sa. Sepandan pèp-la te tou deja pa vle wè-l epi misye pat vle parèt tankou yon moun ki pa gen otorite, donk Ewòd pase lòd pou yo touye Jan Batis.

SA rÈD!


Men bon nouvèl-la sèke Wa-a te toujou la epi bagay yo te kòmanse ap chofe. Yon Wa fèt pou-l gen patizan dèyè-l, yon seride moun k’ap suiv sa l’ap fè. Kidonk poutèt sa, Jezi fè atansyon lè li t’ap chwazi disip. Etan l’ap mache bò Lanmè Galile, Li wè de (2) frè, Simon ak Andre, se pechè pwason yo te ye. Li di: «Vin jwenn mwen, m’a fè nou tounen pechè moun pito!»

E YO tE fÈ SA vrE?

Vreman vre, lamenm yo kite filè-yo pou ale avèk Wa-a. Lè li rive pi lwen bò lanmè-a, Wa-a jwenn de (2) lòt frè, Jak ak Jan. Jezi rele-yo menm jan-an epi yo kite biznis lapèch papa-yo pou y’ale jwenn Wa-a.

EpI KISA KI pASE?


Yon Wa kòmande nan yon Wayòm. Pwoblèm ki vin rive-a sèke twaka nan moun-yo t’ap aji kòmsi se yo menm ki te wa pwòp tèt-yo. An reyalite yo pat konprann se esklav yo te ye. Se rezon sa-a menm ki fè Bondye te voye Jezi — pou-l te ka montre moun ki kalite Wayòm li t’ap rezève pou yo. E ke sèl jan yo ta ka vin lib se pou yo sèvi li.

KISA SA vLE DI?

T

Kou Wayòm Bondye-a vini, bagay-yo chanje. Wa-a kòmanse

t p k J k

transfòme dènye bagay ki toutotou li. Moun malad vin jwenn gerizon. Moun chanje lavi yo avèk pawòl Jezi t’ap pale-yo. Anpil moun pat menm konnen Wa-a te vini. Yo p’at rekonèt li. Men sèl bagay yo te rekonèt se enpak li te gen sou moun. Jezi te nan yon vil ki rele Kapènawòm, e kòm li te Jwif, li te konsève tradisyon Jwif li-yo. Yon fwa pa semèn, nan jou repo yo rele saba-a, Jwif-yo ale nan yon sinagòg pou aprann kijan pou yo suiv chimen Bondye. Jezi te konn ale tou epi li te konn moutre moun yo anpil bagay. Misye te yon gwo pwofesè ki pat kanmarad lòt pwofesè! Pat gen moun ki te janm tande bagay Jezi te di yo anvan. Misye te pale ak bon jan otorite — paske se li ki te Wa-a. Tout kote li te fè, li te mache ak Wayòm li! Poutèt sa, move lespri ki t’ap toumante moun tonbe ajite. Donk ou wè, kretyen vivan pat reyalize ki moun Jezi te ye — tandiske lespri demon-yo te konnen. Te gen yon lespri ki pete yon rèl epi li di Jezi: «Èske-w vini la-a pou detui-nou? Mwen rekonèt ou, mwen konnen byenpwòp kimoun ou ye! Ou se Pitit Beni Bondye ki nan syèl-la voye!»

WOY! KISA KI tE rIvE AprE?

t


Te gen yon bagay ekstrawòdinè ki te rive. Lespri-a te fè nonm-lan mande anraje lèfini li soti nan misye poutèt Wa-a te vin vini! Wayòm Bondye-a te rive kifè tout demon sètoblije kraze rak. Nonsèlman Jezi te yon gwo pwofesè men lespri demon-yo pat ka kanpe devan-l.

KISA JEZI tE fÈ ANKò? Li te geri anpil moun. Lè li fin soti nan sinagòg-la, li t’ale kay disip li yo, Simon ak Andre. Lè Jezi rive, li jwenn bèlmè Simon malad ak yon lafyèv. Madanmlan te kouche nan kabann san li pat ka fè aryen. Lè Jezi al jwenn li epi kenbe li, li refè lamenm. Li te sitèlman santi-l refè li kuit manje pou yo tout.

Pawòl-la vin tonbe nan zòrèy moun, epi distans solèy kouche, yon foul moun vin parèt. Te gen yon dividal moun malad, epi pami yo, te gen moun ki te gen lespri demon ki t’ap pèsekite-yo.

ENKWAYAB!

KISA JEZI tE fÈ?


Li te geri yo tout! Apre nan lelandemen, li te leve anvan solèy leve epi li t’al yon kote ki pat gen moun pou-l te ka priye.

KISA W vLE DI? Jezi se pitit gason Bondye li te ye. Li te renmen Papa-l epi li te pase anpil tan poukont li, ap pale ak Bondye. Se sa nou rele lapriyè.

Non. Li te gen yon misyon pou-l te

ÈSKE JEZI tE rEtE KApÈNAWòM?

ranpli, donk li te di disip li yo: «Nou fèt pou nou deplase ale lòt kote. Mwen bezwen pote Wayòm-la nan kote sa yo tou. Se poutèt sa mwen vin sou Latè beni.» Misye te deplase ale lòt kote, li te montre moun nan sinagòg yon seri bagay epi li te geri moun malad. Te gen yon fwa yon nonm ki te gen maladi lalèp ki ajenouye devan Jezi pou sipliye li pou-l jwenn gerizon. Nan epòk sa-a, moun ki te gen maladi lalèp pat gen dwa viv menm kote ak moun ki ansante poutèt yo te ka pwopaje maladi-a. Jezi geri nonm-lan epi Jezi di li pou-l ale jwenn pè-a pou yo egzamine-li konsa l’ap kapab retounen viv nan kominote kote li te konn viv-la. Sepandan etan li sou wout, li pat sipoze di pyès moun anyen sou gerizon li te jwenn lan. Men etandone nonm-lan te sitèlman kontan, li tonbe rakonte dènye moun sa li te wè! Apresa, te vin gen plis moun toujou ki pat ka tann pou yo jwenn ak Jezi, epi dèke li parèt nan yon vil, te gen yon foul moun ki te kouvri-l. Donk li te eseye rete lwen vil-yo — malgresa foul-la jwenn li. Yon jou, li retounen Kapènawòm epi kou nouvèl-la gaye, kay kote li te ye a te vin sitèlman plen, pat menm gen plas pou foure yon zepeng. Men te gen nèg ki te soti pou yo antre andedan-an.…

10

G

b k

J


G

en kat nèg ki vin rive, yo t’ap pote yon zanmi-yo ki te paralize. Yo te bezwen èd e yo te tèlman ap pèdi espwa, yo deside pete yon twou sou tèt kay-la ki te fèt ann ajil epi yo glise nèg paralize-a desann devan Jezi!

SA SE BAGAY KI DWòL pOU YON MOUN DI.

Jezi di li konsa: «Tout peche-w yo padone.»

Te gen lòt moun ki te panse sa tou. Te gen de-twa direktè ki te konn anseye lalwa relijyon ki te la epi yo t’ap pale ansanm epi yo di: «Sa-a se yon blasfèm! Se sèl Bondye ki nan syèl-la ki ka padone peche.» Blasfèm se te pratikman peche ki pi grav yon Jwif te ka komèt. Sa vle di dezonore non Bondye ki nan syèl-la. Direktè sa-yo te vekse poutèt yo vin wè Jezi te dekrete li swadizan gen pouvwa Bondye ki nan syèl-la.

J

ezi sou bò pa-l te tande sa yo te di epi-l mande-yo: «Poukisa nou di se blasfèm? Èske li pi fasil pou di, ‘Peche-w yo padone,’ oubyen ‘Leve epi mache’? Mwen pral pwouve nou mwen gen pouvwa sou Latè beni pou-m padone peche.» Li fè sa li vire gade nèg ki malad-la epi li di-l: «Kanpe. Al lakay ou. Ou geri.» Nèg-la vole kanpe, epi li travèse foul-la pou-l ale.

WOY! M’Ap pArYE YO pAt JANM WÈ BAGAY KONSA! 11


Egzakteman. Sepandan Jezi ta pral gen plis pwoblèm ak nèg swadizan relijye sa-yo pi devan. Yon jou, misye rankontre yon kolektè enpo ki te rele Matye. Jezi di-l konsa: «Vin avèk nou.» Matye ale vre, epi nan menm aswè-a, misye te òganize yon fèt kote li te fè kuit manje pou Jezi ak lòt zanmi-l yo.

NAN KI SANS SA tE vEKSE MOUN KI rELIJYE-YO?

Bon, te gen lòt moun ki te la tou. Te genyen nan yo ki te kolektè enpo. Te genyen ki te gen move repitasyon. Ou wè, se tout kalite moun ki te vle rete bò kote Jezi. Wayòm Bondye ki nan syèl-la se pou tout moun li ye, se pa pou moun espesyal sèlman ni se pa pou moun ki bay enpresyon tout bagay ap mache pou yo. Farizyen-yo te fin mande anraje. Yo di: «Pouki Jezi ap manje ak vye moun sa-a?» Lè Jezi tande sa, li reponn: «Moun ki gen lasante pa bezwen doktè, se moun ki malad ki bezwen doktè. Se poutèt sa mwen vin sou Latè beni. Se pou-m ede pechè — mwen pap pale de moun ki konprann yo deja ase bon.»

KISA YON fArIZYEN YE?

Yon Farizyen se te yon moun ki te suiv yon pakèt règleman relijye. Moun ki relijye renmen règleman anpil. Men Jezi te konnen li pi fasil pou yon moun respekte règleman pase pou-l renmen Bondye e pou onore-l ak tout kè-w. Sa-a se te yon defi pou Farizyen-yo. Yo pran pòz yo pwòp ak sen, sepandan yo refize viv selon volonte ak prensip Bondye.

KISA W vLE DI? 1

L

j s v p b n


N

m e

èg sa yo te gen yon seri koutim ki te kontwole sa yo te konn manje ak sa yo te konn bwè. Yo pat apresye ditou lefèt ke disip Jeziyo pat suiv koutim sa yo. Depi sou pawòl ki t’ap sot nan bouch yo ak fason yo t’ap kritike, Jezi te ka wè sa ki t’ap pase nan kè-yo.

an

Li di yo: «Bann ipokrit! Sèvis nou fè pou mwen yo se jwèt. Nou mete kòmandman Bondye yo sou kote pou nou suiv koutim moun etabli. Nou byen konnen kijan pou nou voye kòmandman Bondye yo jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo. Nou meprize manman ak papa nou ki nan bezwen epi nou di nou pa ka ede yo poutèt se yon ofrann nou mete apa pou Bondye. Sa se vye koze!»

BÈL pAWòL! ÈSKE fOUL-LA tE KONtAN tANDE pAWòL SA-YO?

N OM K AL

I

YE TOUMOUN

Yo t’ap tande-l ak anpil atansyon epi Jezi di konsa: «Nan Wayòm Bondye-a, se pa sa nou manje ni sa nou bwè ki vreman konte, se sa nou di ak sa nou fè.» Li esplike zanmi-l yo: «Se lavi di n’ap mennen-an k’ap kowonp kè nou. Paske se kè nou ki fè nou tonbe nan tout kalite move bagay, se li ki fè nou fè adiltè, li fè nou vòlè, li fè nou touye moun, li rann nou mechan, li fè nou renmen lajan, li fè nou gen gwo je, li fè nou fentè, li fè nou pale moun mal, li fè nou gen lògèy epi li fè nou fou. Tout move bagay sa yo, se nan kè nou yo soti, yo pa soti deyò.»

LÒGÈY

1


J

ezi se Wa li te ye epi li t’ap moutre moun kijan pou yo viv nan Wayòm-li. Sèl jan-w ka gen yon kè ki dwat ak yon lavi ki dwat se atravè Jezi. Li te vini pou li te ka vin fè w akseptab devan Bondye. Ou pa ka fè sa poukont ou, menm si-w suiv yon seride koutim — Se atravè Jezi sèlman ou ka fè-l. Farizyen ak lòt lidè relijye-yo pat vle tande pawòl sa-a menm epi yo tonbe pale Jezi mal, tonbe kritike sa li te fè.

KISA-W vLE DI?

Lalwa yo te genyen an di ou fèt pou repoze-w nan jou Saba. Sa vle di ou pa travay jou sa-a. Farizyen-yo pat konnen egzakteman kisa travay ye. Yon jou Saba, Jezi te nan Sinagòg-la epi li wè yon nèg ak yon men pòk. Jezi te byen konnen bann Farizyen-yo t’ap gade pou yo wè kisa li te pral fè, donk misye vire sou yo. Li rele yo epi li di yo: «Èske jou Saba se yon jou pou fè bon bagay oswa move bagay?» Nanpwen moun ki pran chans reponn. Alèkile li di nonm lan lonje men li epi nan menm moman-an nonmlan te geri.

1

W

L b

BÈL BAGAY!

Y P c t G li t P k p b


W

i men Farizyen-yo pat kontan donk yo ale mete tèt-yo ansanm ak zòt pou yo wè kijan pou yo touye Jezi. Anreyalite Jezi te agase yo. Yon foul moun t’ap suiv-li tout kote; moun sot dènye kote nan peyi-a pou yo vin wè-l. Wa-a te pote Wayòm-li avèk li, epi li tonbe geri moun epi li tonbe fè mirak. Libète. Se pa yon ekip koutim relijye. Menm pwòp fanmi Jezi pat vreman konprann kisa ki t’ap pase. Antretan, byenke te gen anpil moun ki t’ap suiv-li, Jezi te chwazi douz nèg ki te pou mache avèk-li tout tan. Li te moutre yo anpil bagay, tankou kijan pou viv nan Wayòm-lan ak kijan pou yo travay pou Wayòm-lan. Li transmèt-yo otorite li genyen. Byen souvan yo te konn rele yo «Disip» ki vle «elèv.»

KIJAN YO tE YE?

Men lis disip-la: SIMON (Jezi te ba-l yon nouvo non, Pyè) EMI F IL I JAN BAT EL E P R D MAT YE N JAK A E SIMON, PATRIY TOMA JAK TAD ÒT-LA

DONK KISA DISIpYO AprANN?

ak JIDA ISKARYÒT, nonm ki te trayi Jezi-a, tankou nou pral wè sa pi devan.

Wa-a te moutre anpil bagay epi li te geri moun. Li te rakonte istwa pou-l te ka fè moun konprann pi byen sa li t’ap moutre-yo. Men youn nan istwa-yo: Yon nonm sòti pou l’al simen grenn nan jaden-li. Pandan li t’ap simen grenn-yo, kèk grenn tonbe bò chimen-an epi zwazo vini, yo manje yo. Yon pati tonbe nan mitan wòch, kote ki pat gen anpil tè. Grenn sa-yo kòmanse leve men lè solèy-la chofe, li cheche tiplant-yo poutèt rasin-yo pat ka jwenn tè ki fon. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan-yo grandi epi yo toufe tiplant-yo, donk yo pat ka donnen. Men yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè, plant yo leve, yo grandi epi yo donnen. Rekòlt-la vin bay san fwa plis grenn pase grenn yo te plante-yo!

KISA SA vLE DI? 1


L

è Jezi te poukont-li ak douz disip-yo, li pale sou istwa-a. Li di konsa:

«Kiltivatè-a se li k’ap pote mesaj Bondye-a bay lèzòt. Grenn ki sot tonbe nan chimen an reprezante moun ki tande pawòl-la, men kou Satan vini, li rache pawòl ki te simen nan kè yo-a. Lòt moun ki resevwa grenn-yo tankou tè ki gen anpil wòch, lè yo tande pawòl-la yo resevwa-l ak kè kontan, men yo pa kite-l pouse rasin nan kè-yo. Kou pwoblèm mete pye, yo cheche paske yo pa vreman kwè. Moun ki resevwa grenn-yo nan mitan pye pikan, yo tande pawòl-la men traka lavi ak anvi gen lajan ak byen materyèl vin toufe pawòlla. Kifè yo pa bay anyen menm. Sepandan moun ki tankou bon tè-a se moun ki tande pawòl Bondye-a epi yo asepte li epi donnen anpil.»

Yon ti grenn moutad

Jezi bay deskripsyon Wayòm-lan, li fè konnen li tankou yon ti grenn moutad.

SA-A pItI! W

i, men li pran grandi, li vin tounen yon gwo plant! Li tèlman gwo zwazo vin fè nich sou branch-li. Se menm bagay pou lafwa. Epi disip Wa yo te vin gen chans pou yo te vin wè sa ak pwòp je-yo.

KISA-K pASE?

Solèy te fin kouche, Jezi di yo ann monte nan yon bato pou-n janbe lak-la. Te gen yon foul moun ki te la toujou; petèt Jezi te bezwen rete poukont-li pou yon ti moman. Genlè misye te fatige pase dòmi volè-l etan-l sou bato-a.

1


Apèn yo deplase pou rive a yon ti distans, yon gwo tanpèt leve. Yon pakèt gwo vag kòmanse frape arebò bato-a epi yo kòmanse plen li ak dlo. Pandan tan sa-a Jezi t’ap dòmi! Yon sèl laperèz anvayi disip li yo, yo souke-l pou reveye-l: «Mèt, Mèt, ou pa wè kisa k’ap pase? N’ap koule!» Jezi leve, li vire nan direksyon dlo-a ak van-an epi li di byen fò: «Rete trankil!» Briskeman, van-an sispann epi tout bagay vin kalme.

KOUMANMAN!

Li mande yo: «Men, poukisa nou pè konsa-a? Nou pa gen konfyans nan mwen?» Youn t’ap mande lòt: «Ki moun li ye menm, pou jouk van ak vag obeyi-l!» Jezi te moutre yo kijan pou yo pa kite kè sote anpare yo, kèlkeswa sityasyon-an yo fèt pou yo gen lafwa nan Bondye. Nou pa ka rive gen lafwa poukont nou. Sepandan pawòl Bondye se tankou yon grenn li ye — li gen pouvwa pou-l bay lafwa! Lè ou mete lafwa-w ann aksyon, gen mirak ki fèt. Jayiris se te yon moun ki te aprann sa byen.

1


KI MOUN?

J

ayiris-la. Se te yon nonm enpòtan, misye se te chèf yon sinagòg. Pitit fi li t’ap mouri, men li te konnen Jezi te ka geri-l. Li di Jezi: «Li prèt pou-l mouri. Tanpri souple, vin mete men ou sou li pou li ka geri.»

ÈSKE SE SA LI tE fÈ? W

i. Jezi pati avèk li. Yon gwo foul moun t’ap suiv li. Men te gen yon fanm ki te malad anpil ak pèdisyon depi douzan. Li pat konn kisa pou-l te fè ankò pou-l te ka geri, li te fin depanse tout lajan kay doktè, men li pat jwenn okenn soulajman. Li pat gen okenn espwa esepte nan Jezi, donk li fofile kò-l nan mitan foul-la jouk li rive pre Jezi epi li manyen ke rad li. Fanmlan te di nan kè-l: «Si-m ka manyen ke rad li sèlman, m’a geri.»

W

i! Kou li manyen rad Jezi-a, menm lè-a san-an rete, epi li te konnen li te geri! Latou Jezi reyalize te gen yon fòs gerizon ki soti nan li. Li vire epi li mande: «Ki moun ki manyen rad mwen-an?» Disip-yo reponn: «Si tèlman gen yon gwo foul moun, kouman pou n fè konnen kimoun ki manyen-w?» Jezi te kanpe anplas, epi malerèz-la te tèlman pè li lage kò-l nan pye Jezi epi li t’ap tranble tankou yon fèy bwa. Li di-l kisa li te fè. Li di-l: «Mafi, se lafwa-w nan Bondye ki geri-w. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.»

1

SA SE LAfWA!


te

Pandan bagay sa-a t’ap pase, gen kèk mesaje ki soti kay Jayiris pou yo vin di-l piti fi-l la mouri. Jezi di Jayiris pou-l mete konfyans-li nan Jezi malgre sa yo di-a. Li pat pèmèt foulla suiv li, esepte pou Pyè, Jak ak Jan.

»

A L

è yo rive kay Jayiris, tout moun nan kay-la t’ap kriye, sak t’ap fè gwo eskandal. Jezi pa okipe yo epi li antre andedan-an. Li mande: «Poukisa tout rèl sa-yo? Ti fi-a pa mouri, se dòmi l’ap dòmi sèlman.» Moun tonbe pase-l nan rizib, lè sa-a li fè yo tout soti. Li pran papa ak manman-an ak twa disip li yo epi li antre nan chanm tifi-a. Li kenbe men-l epi li di-l: «Leve tifi!» Lamenm li kanpe epi li tonbe mache! Manman ak papa-a te sezi anpil. Jezi te pase yo lòd pou yo pa di pyès moun anyen sou sa ki te pase-a epi pou yo bay tifi-a kichòy pou-l manje.

OU vLE DI-M LI tE MOUrI EpI JEZI rEBA-L LAvI? SE SA KOUMANMAN! MENM.

GADE YON MIrAK!

1


W

i. Tout sa fè patide Wayòm-lan. Laperèz se kontrè lafwa, e laperèz ka anpeche mirak fèt nan lavi-w. Depi-w kòmanse gen laperèz, mete konfyans ou nan Wa-a.

ALòS pOU vIv NAN WAYòM SA-A OU DWE GEN LAfWA? Wi. Menm Jezi te konn fè mirak lè li te nan yon anbyans kote moun pat kwè.

KISA-W vLE DI? Apre mirak kay Jayiris-la, Jezi te retounen Nazarèt, kote-l te grandi-a. Lè pwochen Saba-a rive, li kòmanse moutre moun anpil bagay nan sinagòg-la, men twaka nan moun ki t’ap koute sa li t’ap di pat ka konprann. Yo mande: «Ki kote li bare ak tout sajès e ak tout pouvwa pou-l fè mirak sa yo? Misye se yon ti bòs chapant, pitit Jozèf ak Mari. Se la-a frè-l ak sè-l yo rete, toupre nou.» Yo pat vle kwè bagay li t’ap di-yo.

Li di: «Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan pwòp peyi-l e esepte nan fanmi-l.» E kòm yo pat kwè, li pat ka fè okenn mirak la, sèl sa-l te ka fè se te kèk gerizon.

KISA JEZI tE fÈ? KISA KI tE rIvE AprE?

Jezi bay disip-li yo pouvwa-l epi li voye-yo toupatou. Li pase yo lòd pou yo pa pran anyen pou vwayaj-la, pa menm pote lòt rad. Jezi di-yo: «Si nou rive nan yon vil epi yo pa resevwa nou, pa ensiste. Annik souke pousyè ki nan pye nou lè n’ap soti epi kontinye chimen nou.Kite sa-k pou rive-a, rive.»

BAGAY SErYE.


W

i. Wayòm-lan se yon bagay serye.

KISA DISIpYO tE fÈ?

Yo te bay mesaj Wayòm-lan, yo di moun pou yo sispann viv nan peche, epi yo geri moun malad lèfini yo geri moun ki te gen move lespri sou yo. Annapre, Jezi te di tout kwayanyo pou yo fè sa.

tOUt BON! Men se pou nou tann paske te gen anpil lòt bagay ki te rive — epi istwa-a gen yon sipriz alafen. Ann kontinye.… Lè disip-yo retounen soti nan vwayaj-yo, Jezi te monte sou yon bato avèk yo pou yo te ka repoze. Malgre sa foul moun-lan kontinye vini. Te gen anpil moun ki te tande Jezi ak disip li yo te nan zòn-lan, donk yo kouri vini sou rivaj-la pou rankontre-yo etan y’ap debake. Moun yo te gaye, tankou mouton ki pa gen bèje. Lè Jezi wè sa, li pran pitye pou yo. Li kontinye moutre yo bagay sou Wayòm Bondye-a.

1


Nan apremidi, disip-yo di: «Solèy pral kouche. Pouki-w pa voye foul-la nan vilaj-yo pou yo sa ale manje kichòy?» Jezi reponn yo: «Pouki nou pa ba-yo manje pito.»

KIJAN?

Men sa disip-yo di egzakteman: «Se yon pakèt lajan nou bezwen pou-n bay foul moun sa-a manje!»

J

ezi mande: «Ki kantite manje nou genyen? Ale chèche konnen.» Lè yo tounen, yo di-l: «Nou gen senk pen ak de (2) pwason.»

KISA KI pASE?

Jezi mande tout moun pou yo chita an gwoup bò isit, ti gwoup bò la, gwoup senkant moun oswa gwoup san. Li pran tikal manje li te genyen-an, li remèsye Bondye pou manje-a. Lèfini li kase pen-yo an moso epi li remèt yo bay disip-yo pou yo distribye bay moun-yo.

MEN pAt GEN ASE.

Wi te genyen tout bon! Tout moun manje vant plen epi yo ranmase douz panye ak rès manje ki te rete! Yo te gen plis pase sa yo te ka manje. Sa-a se yon lòt aspè ki gen nan lavi ki gen nan Wayòm-lan. Lè-w met konfyans ou nan Bondye ak kèlkeswa sa-w genyen, L’ap beni-w epi L’ap ba-w tout sa ou bezwen. Nanpwen anyen ki enposib pou Bondye. Se Li ki kreye syèl-la ak tè-a. Lanati paka anpeche-L fè sa Li vle fè.

BÈL BAGAY!

Kite-m ba-w yon lòt egzanp. Touswit apre bagay sa-a, Jezi di disip li yo pou yo janbe lak-la pandan li menm l’ap voye moun-yo lakay-yo. Apresa li monte nan mòn-yo pou li lapriyè.


Solèy potko leve, disip-yo vin gen yon pakèt pwoblèm. Yo te andanje, yo t’ap rame kont van-an e kont vag-yo. Jezi wè-yo epi li ale kote yo te ye-a.

KISA-W vLE DI?

Se sa menm, li mache sou dlo-a.

SE pA pOSIB! D

isip-yo wè-l k’ap mache bò bato-a epi yo tonbe rele pase yo te panse se yon move lespri. Li di yo: «Pran kè! Mwen la! Nou pa bezwen gen kè sote.»

ÈSKE YO tE KWÈ LI?


P

yè sou bò pa li te vle gen prèv. Li di Jezi si se limenm toutbon, ebyen li vle pou l mache sou dlo-a tou. Jezi di: «Ou mèt vini.» Sa nou tande-a, Pyè mache al jwenn Jezi sou vag-yo! te panse, men kou misye fè sa li gade kote WOY! SE SelisayePyè epi li vin wè wotè vag-yo! Osito misye sispann BAGAY KI KA fè Jezi konfyans, li kòmanse koule. Jezi al jwenn li fÈ MOUN pÈ. epi Jezi kenbe-l epi li fè-l repwòch poutèt li pat gen lafwa. Depi lè sa-a, moun toupatou ap mande tèt-yo kimoun Jezi ye vreman. Kèlkeswa kote li pase, moun jwenn gerizon. Moun soud ak moun ki bèbè, avèg, sa ki kokobe. Pat gen maladi ni andikap li pat ka geri. Yon jou konsa, Jezi mande disip li yo: «Kimoun yo di mwen-ye?» Yo reponn: «Gen moun ki di ou se Jan Batis, ki retounen viv ankò; gen sa ki di se Elize ou ye oswa gen lòt ki di ou se youn nan pwofèt-yo.» Jezi mande-yo: «E nou menm, ki moun nou di mwen ye?» Pyè reponn-li: «Ou se Mesi-a.»

KISA SA vLE DI? S

a vle di «Nonm ki Sakre-a.» Nan premye pati Labib-la, gen yon koleksyon liv ki rele Ansyen Testaman kote Bondye pwomèt pou-l voye yon sovè, yon moun ki t’ap vin mete lòd ant Bondye ak lèzòm.

WA-A?

M f


?

Wi, men gen moun ki rele-li Mesi-a, se menm moun nan. Pyè te reyalize ki moun Jezi ye, epi Jezi di-li pou li pa di okenn moun.

pOUKISA? J

ezi te konnen te gen bagay terib ki te pral rive, li te konnen chèf relijye-yo, prèt-yo, anpil moun te pral lage-l.

MEN LI tÈLMAN fÈ ANpIL BON BAGAY.

Se vre, men èske nou sonje plan Bondye-a? Plan-an se te yon plan pou-l bay libète, e pou sa fèt fòk gen konsekans. Jezi te okouran de tout bagay sa-yo. Men apre tou, se li ki te Waa. Li te fè disip li yo konnen yo te pral touye-li, men apre twa jou, li t’ap leve pou-l viv ankò!

KISA? BAGAY SA-A pA NòMAL!

P

NON!

yè te panse sa tou. Li rele Jezi sou kote epi li di Jezi li pa dwe pale konsa.


Men Jezi te konnen pouki li te vini sou tè-a, li vire gade pyè epi li di-l: «Jan w’ap gade bagay-yo, ou gade-yo nan sans moun ka wè-yo, ou pa gadeyo nan san Bondye.» Lèfini li rele lòt disip-yo epi li di-yo: «Si nou vle suiv mwen, nou fèt pou nou bliye tout anbisyon nou gen pou tèt nou epi nou fèt pou nou suiv mwen pre. Lèfini, si-w eseye kenbe lavi-w, w’ap pèdi. Men si-w renonse a lavi-w pou mwen e pou Wayòm Bondye-a, w’ap jwenn lavi-w.» Apresa li mande-yo: «Akwabon si nou gen lemond antye epi nou pèdi valènou? Èske gen yon bagay ki pi enpòtan pase pwòp nanm-nou? Si gen moun ki wont mwen, ebyen lè m’a tounen ak laglwa Papa-m ansanm ak zanj-yo, m’ap wont pou li tout.»

SA-A DI, MEN MWEN pANSE SE vrE. W

i se vre, si pou suiv Jezi, sa vle di ou fèt pou bay tousa-w genyen, sepandan se sèl fason w’ap jwenn lavi reyèl. Anviwon yon semèn apre, Jezi mennen Pyè, Jak ak Jan sou tèt yon mòn byen wo. Yo te poukont yo epi gen yon bagay ekstrawòdinè ki rive. Etan li kanpe, aparans Jezi chanje. Rad li yo vin klere an blan, pi blan pase sa-w ta ka imajine. Menm lè-a, gen de (2) nonm ki parèt, Elize ak Moyiz.

KI MOUN?


Yo pale de nonm sa-yo nan Ansyen Testaman-an, epi se te de nonm ki te vreman konnen chimen Bondye-a. Ebyen, Pyè pat konn kisa pou-l te di, men li te santi-l oblije di yon bagay kanmenm. Donk misye di: «Sa se bèl bagay! Nou pral fè twa tant pou nou la-a.» Men misye pat konn sa li t’ap di-a.

BAGAY rELIJYON?

S

a se verite. Lè-w kontre ak Wa-a nan Wayòm-li, ou pagen bouch pou pale.

KISA KI tE pASE AprE? Èske ou sonje lè Jezi te batize?

WI. Se te menm bagay-la. Te gen yon vwa ki te di: «Sa-a se pitit mwen renmen anpil-la. Koute-li.»

BÈL BAGAY! Menm lè-a, yo vire gade tout kote, yo pa wè de (2) lòt nonm-yo pase yo te gen tan ale, se sèl Jezi ki te rete. Lè yo kòmanse desann mòn-lan, Jezi mande yo pou yo pa di pèsonn sa yo te wè jiskaske li retounen leve vivan pami mò-yo.

KISA LI tE vLE DI?


Yo menm tou yo pat konprann anyen nan katon-an. Men yo pat gen tan panse sou sa, pase kou yo rive anba mòn-lan, yo te gen yon lòt bagay pou yo te regle.

Te gen yon foul moun, kòm dabitid, men fwa

KISA?

sa-a lòt disip-yo te mare yon diskisyon avèk direktè ki konn anseye lalwa relijyon-an. Jezi di byen fò: «Kisa ki gen la-a?» Gen yon moun ki di byen fò: «Mwen vle pou piti mwen jwenn gerizon. Li anba yon move lespri ki rann-li bèbè. Depi lespri-a monte-l, li fese-l atè-a epi lè konsa tigason-an kimen, li manje dan-l epi li vin tou rèd. Mwen te mande disip ou yo pou yo chase lespri-a sot sou-li, men yo pat kapab.» Jezi di yo: «Nou se yon bann moun ki pagen lafwa! Kisa ki pou fèt pou nou ka kwè? Mennen tigason-an ban-mwen.» Vreman vre yo mennen-l. Kou move lespri-a wè Jezi, li souke tigason-an byen souke. Jezi mande: «Depi konbyen tan li konsa?» Papa-a reponn: «Depi-l tou piti. Tanpri fè kichòy si-w kapab.» Jezi mande-l: «Si-m kapab? Tout bagay posib pou moun ki kwè nan Bondye.» Papa-a reponn: «Mwen kwè nan Bondye.. Men tanpri ede m pou-m ka kwè pi plis!» Jezi pale sevèman ak move lespri-a epi-li bay yon gwo rèl, li souke tigason-an byen souke ankò epi li soti. Tigason-an rete san-l pa bouje. Gen moun ki te konprann li te mouri. Jezi fè sa li pran men-l epi tigason-an leve — li te geri!

p


D

isip-yo mande Jezi: «Pouki noumenm nou pat kapab chase lespri sa-a?» Jezi reponn: «Se lapriyè sèlman ki pou fè kalite lespri sa-a soti.» Yo kontinye vwayaje nan tout rejyon-an, epi pandan tout tan sa-a, Jezi pat vle kwaze ak foul-la defason pou-l te ka pase plis tan ak disip li-yo.

pOUKISA?

Pase li te deja konnen kisa ki t’ap tann-li.

MEN SE WA LI tE YE. LI tE DEJA pASE tOUt tÈS-YO.

N

on, te gen yon dènye tès final ki te tèlman difisil pou reyisi pat gen moun ki te ka reyisi-l si se pat Bondye limenm ki te voye-l. Jezi te eseye esplike disip li yo bagay sa-a. Li di yo: «Yo pral trayi-m. Yo pral touye-m, men twa jou apre, m’ap leve soti vivan nan lanmò.»

MWEN pA KONprANN.

O

kenn nan disip-yo pat konprann pawòl sa-a. Epi yo pat alèz pou poze-l kesyon sou sa. Mèzalò yo kòmanse ap pale sou koze-a ant yo menm. Etan yo t’ap mache pou yo te ale nan kay kote yo te rete-a, yo t’ap mande kilès nan yo k’ap pi grannèg nan Wayòm Bondye-a. Jezi vin mande-yo kisa y’ap pale la-a, men yo te on tijan jennen pou yo di-l. Kifè li chita epi li rele yo. Li di: «Koute, kèlkeswa moun ki vle pou se li ki nan premye plas-la, li fèt pou-l pran dènye plas-la. Li fèt pou sèvi tout moun.»


Apresa, li mennen yon ti moun epi li fè-l kanpe bò kote-l. Li pran timoun-lan nan bra-l epi li esplike: «Kèlkeswa moun ki akeyi yon timoun nan non mwen, se mwen li akeyi epi li akeyi Papa-m ki voye-m. Si pou antre nan Wayòm Bondye-a, ou fèt pou asepte otorite Li tankou yon timoun.» Jezi kontinye pale epi-l di: «Si yon moun fè youn nan timoun sayo tonbe nan peche, li ta pi bon pou li si yo te mare yon gwo wòch nan kou li, voye li jete nan lanmè!»

KISA LI tE vLE DI? J

ezi te esplike gwo danje ki gen nan peche. Ou fèt pou atake epi dechouke pwoblèm ou gen nan lavi-w ki anpeche-w antre nan Wayòm Bondye-a. Li fè disip li-yo konnen yo fèt pou yo tankou sèl.

pOUKISA SÈL-LA? E

pòk sa-a, yo te sèvi ak sèl pou konsève manje epi pou bay manje-a gou. Si sèl pèdi gou-l, kijan ou ka fè-l vin sale ankò?

OKE. DONK SI W’Ap vIv NAN WAYòM BONDYE-A, OU MENM JAN AK SÈL, OU pA KItE LEMOND fIN pOUrI NÈt. 0


W

i se vre. Jezi te di disip-li-yo kijan pou yo viv — pou yo ede zòt epi moutre yo chimen Wayòm Bondye-a. Puiske li te Wa, Jezi te konnen kisa ki ta pral rive. Li te pale sou Tanp-lan ki ta pral detwi, pi bèl batiman ki te gen nan Izrayèl, kote Jwif-yo te konn fè seremoni relijye ki te pi enpòtan yo. Jezi te di yo ta pral gen lagè ak koze lagè ki pral pale. Li di ta pral gen fo Mesi — fo Wa — ki pral mennen moun nan move chimen. Pral gen tranblemanntè ak grangou epi apre se pral lè pou suiv sa k’ap pase ak anpil atansyon. Li te di: «Sa-a se kòmansman-an sèlman. Fè atansyon! Yo pral arete nou epi y’ap akize nou dèske nou t’ap suiv mwen. Men nou dwe pwofite pou nou tou pale yo de mwen. Lè n’ap gen pou nou prezante nan tribinal pou yo jije nou, nou pap bezwen enkyete sou sa nou gen pou nou di. Annik pwononse pawòl Bondye pral mete nan bouch nou. Tan yo pral grav anpil. Menm manm fanmi va trayi manm fanmi parèy yo. Moun ap rayi nou poutèt mwen, sepandan moun ki kapab kenbe fèm jiska lafen va sove.» Jezi te bay plis avètisman toujou. Ou ta dwe ale chèche yo.

KI KOtE pOU-M ALE GADE? B

ib-la. Liv sa-a se yon liv ki montre-w kijan pou viv pou antre nan Wayòm Bondye-a. Kouri ale pran youn!

KISA JEZI tE DI SOU LAvNI ANKò? 1


J

ezi te pale yo wi. Li te di yo kou jou terib yo rive fini, solèy-la ap vin tounwa epi tout bagay pral souke. Alèkile Wa-a pral parèt ak tout pouvwa-l, ak tout laglwa-l epi l’ap rasanble tout moun li chwazi yo nan tout kwen nan lemond.

KILÈ BAGAY SA-A prAL rIvE?

J

ezi di yo nanpwen moun ki konnen nan ki jou bagay sa-a pral fèt ni a kilè sa pral fèt, esepte Papa Bondye ki nan syèl-la. Se pousa nou fèt pou nou toujou ap veye epi nou toujou rete pre-l. Pandan tan sa-a, Jezi te konnen kisa ki te pral rivel, depi anvan. Epòk fèt Pak Jwif-la te prèske rive.

KISA pAK JWIf-LA YE?

Se lè sa-a pèp Jwif-la sonje kijan, nan tan lontan, Bondye te sove yo anba grap Ejipsyen ak plè terib ki te afekte pèp Ejipsyen-an. Jwif-yo te ann esklavaj nan peyi Lejip epi Bondye te libere-yo. Lè konsa yo sakrifye yon timouton e se yon bagay ki fè patide fèt-la. Pandan epòk sa-a, chèf relijyeyo mete ansanm ak prèt-yo pou yo te ka chèche yon opòtinite pou yo fè dappiyanp sou Jezi epi elimine misye.


OU vLE DI-M YO tE tOUJOU DÈYÈ-L? KI KOtE JEZI tE YE LÈ tOUt BAGAY SA-YO t’Ap pASE?

GADE YON GASpIYAY!

W

i, men yo te byen konnen yo pat ka fè anyen pandan Pak Jwif-la pase moun t’ap rele chalbarik dèyè yo.

Li te desann nan yon kay ki nan yon vil ki te toupre Jerizalèm ki rele Betani. Etan y’ap soupe yon swa, te gen yon fanm ki te rantre nan kay-la ak yon boutèy pafen ki te koute tèt nèg. Li rive devan Jezi epi li vide tout pafen-an sou tèt li.

Se sa kèk lòt moun te di. Pafen-an te koute chè anpil. Yo te menm di ke fanm-lan te ka vann pafen-an pou-l bay pòv lajan-an. Sepandan Jezi te wè bagay-yo yon lòt jan. Li di: «Kite fanm-lan anrepo. Pouki n’ap fè-l lapenn poutèt sa-l fè-a? N’ap toujou gen moun pòv pami nou, men mwenmenm mwen pap ka avèk nou pou tout tan.»

KISA LI tE vLE DI? Misye te menm di: «Li te anbome kòm pou antèman-m. Zak sa-a fanmlan poze-a, moun pral pale sou sa pandan plizyè ane alavni.»

ÈSKE MISYE tE KONNEN MALGrEtOU LI tA prAL MOUrI?


Wi e li te deja gen yon seri bagay ki t’ap pase. Jida, youn nan disip Jezi-yo te gentan rankontre ak chèf prèt-yo. Yo te ofri misye yon rekonpans pou-l te ka trayi Jezi.

YOUN NAN DISIp-YO MENM? SE pA vrE!

W

i. Jezi ak disip li yo t’ap prepare pou manje manje Pak Jwif-la. Li te fè de (2) nan yo pran devan pou al Jerizalèm. Li te di yo: «Etan n’ap mache nan vil-la, n’ap rankontre yon nonm k’ap pote yon krich dlo. L’ap rankontre nou. Suiv misye, epi kou li antre nan yon kay annik mande-l: ‘Kote pyès kay kote Mètla ka manje manje Pak Jwif-la ak disip li yo?’ L’a mennen nou nan yon gwo chanm anwo kote tout bagay ap pare. Nou te mèt pare manje-a la-a.» Se konsa sa pase egzakteman.

SE YON BAGAY NOU pA KA KWÈ!

J

ezi ak disip li yo te selebre Pak Jwif, epi etan y’ap manje, Jezi di yo youn nan yo pral trayi li.

OU vLE DI-M LI tE KONNEN KI SA KI tA prAL pASE?

WI!

MEN pOUKI LI pAt ANpEchE SA fÈt?

Tout sa te fè patide plan libète

Bondye, nou sonje? Jezi te vini pou-l te ka akonpli misyon Bondye.

ÈSKE SA-A SE tE tÈS fINAL-LA?

W

a v s


W

i. Epi tout bagay pase jan yo te sipoze pase. Pandan y’ap manje, Jezi pran penan, epi lè li fin remèsye Bondye, li kase pen-an epi li di: «Sa-a se kò mwen.» Lèfini li vide diven-an epi li di: «Sa-a se san mwen, san ki koule pou anpil moun, e se san sa-a se li ki siyen kontra Bondye fè ak nou an.»

SE YON BAGAY KI DWòL! M

wen kwè disip-yo te panse sa tou. Sepandan nanpwen moun ki di anyen. Se jis annapre yo vin byen konprann kisa ki te rive. Jezi kòmanse pale pou-l rakonte kisa ki ta pral rive jou swa sa-a. Li di yo konsa: «Nou tout n’ap kouri kite-m poukont mwen.» Pyè reponn li epi li di-l: «Menm si tout moun ta kouri kite-w, mwenmenm mwen pap janm kite-w.»

J

ezid di: «W’ap kite-m, w’ap kite-m. Anverite, aswè-a, avan kòkla chante de (2) fwa, w’ap gentan di an twa fwa ou pat janm konnen mwen.»

P

yè reponn byen fò: «Mwen pap janm fè sa!» epi lòt disip-yo te dakò. Yo te ale nan yon jaden ki te gen pye oliv ki te rele Jetsemane. Jezi di disip li yo pou yo chita la pandan li pral lapriyè pi devan. Li pran Pyè, Jak ak Jan avèk li.

ÈSKE SE pAt YOMENM LI tE MENNEN AvÈK LI LÈ LI tE fÈ tIfI-A LEvE SOtI NAN LANMò?


W

i, epi fòk li te dwe fè yo konfyans anpil pase li te di yo kijan kè li pat kontan ditou. Li te mande yo pou rete la epi pou yo veye avèk li. Epi apre li lage kò-l fas atè epi li kòmanse priye, li mande Bondye si gen posibilite pou pa kite-l tonbe nan soufrans k’ap tann li aswè-a. Mèzalò li te konnen li te gen pou li konfòme ak volonte Bondye. Misye di konsa: «Mwen vle pou fè sa oumenm ou vle. Pa fè sa mwen-menm mwen vle a.»

OU vLE DI LI tE KONNEN KIJAN tÈS fINAL-LA tA prAL tErIB? LI tE KONNEN LI tA prAL MOUrI?

WI!

SE YON BAGAY tErIB! KISA ZANMI-L YO tE fÈ? Anyen menm. Yo t’ap dòmi pandan Jezi t’ap priye ak sipliye Papa-li.

KISA? L

è li leve kanpe, li jwenn disip-yo ki t’ap dòmi gwo dòmi. Jezi di yo: «Nou pat menm ka kenbe je nou klè pou nou rete avèk mwen pandan inèdtan?» Apresa li retounen pou-l ale priye ankò. Yo retounen dòmi ankò. Finalman, twazyèm fwa-a Jezi jwenn yo ap dòmi toujou. Li di-yo: «N’ap poze kò nou toujou? Sa ase kounye-a. Lè-a rive! Talè konsa yo pral trayi-m.»

EpI KISA KI pASE AprE?


Apenn li fin di sa, Jida soti nan fè nwa kote-l soti-a epi li parèt ak yon bann moun ki te gen baton ak epe nan men yo. Jida te deja di bann nèg-la yo ke li t’ap bo Jezi pou-l salye-l e ke se konsa yo t’ap konnen kilès pou yo arete. Jida mache sou Jezi epi li bo-li, pase epòk sa-a se konsa yo te salye moun. Menm lè-a sòlda-yo mete men sou Jezi! Pyè reyaji tousuit. Li rale yon epe epi-l koupe zòrèy yon domestik granprèt-la!

L

?

le , u.

J

ezi di byenfò: «Otan! Genlè mwen se kèk kriminèl dechennen pou nou vin konsa ak zàm sa-yo pou-n arete-m? Toulejou mwen nan tanp-lan avèk nou m’ap pale. Pouki nou pat arete-m lè sa-a? Men tou sa pase konsa pou sa ki ekri-a ka rive vre.»

KISA KI EKrI-A? Se ansyen liv nou gen nan Bib-la. Tout sa ki te rive Jezi, yo te deja predi y’ap rive ladann.

SE YON BAGAY KI EtONAN!


B

agay-yo pase egzakteman jan Jezi te predi-yo, tout disip-yo kouri sove epi yo kite-l poukont-li. Yo mennen-l kay Gran Prèt-la epi tout lennmi-yo te rasanble pou yo te ka temwaye kont-li kòmkwa pou yo kondane-l pou-l mouri. Pandan tan sa-a, Pyè t’ap suiv pa dèyè. Li t’ap gade a distans. Yo pote tout kalite akizasyon kont Jezi men pat gen youn ki te valab. Anreyalite, youn te an kontradiksyon ak lòt. Gran Prèt-la te yon jan agase. Li rele sou Jezi epi li di-l konsa: «Ebyen, ou pap di anyen?» Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn. Alèkile Gran Prèt-la mande-l: «Èske se ou ki se Mesi-a, Pitit Bondye-a?» Jezi di: «Wi, se mwen menm. E nou gen pou-n wè-m chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa-a epi mwen gen pou-m tounen ankò sou yon nyaj ki nan syèl-la!»

WOY!

G

ran Prèt-la pat kwè sa. Li te tèlman move, li chire rad ki te sou li-a epi-l di byen fò: «Kisa n’ap tann ankò? Li sot pale Bondye mal.» Epi li deklare Jezi koupab, li di li merite lanmò. Yo tonbe krache sou Jezi epi yo ba-l koutpwen, men malgre tout sa li pat reyaji.Yo bouche je-l epi yo tonbe maspinen-l, epi to tonbe griyen dan-yo pandan yo t’ap fè sa.


Pandan sa t’ap pase, Pyè te anba nan lakou-a. Li tande tou sa yo t’ap di. Youn nan sèvant Gran Prèt-la remake misye te la epi fanm-lan mande-l ki moun li ye. Manmzèl pwoche pou-l gade misye. Li di konsa: «Ou se youn nan moun ki te konn suiv nonm yo bay pou Jezi-a.»

P

yè reponn: «Mwen pa konn kisa w’ap pale la-a.» Etan misye ap prese pou-l ale, gen yon kòk ki chante. Fanm-lan suiv li epi Pyè di ankò li pa jan-m konn Jezi. Apresa gen kèk moun ki vini epi yo di: «Ou se youn nan moun Galile-yo.» Pyè di: «Mwen sèmante mwen pa konn sa n’ap pale-a.» Menm lè-a, kòk-la chante yon dezyèm fwa epi li vin sonje pawòl Jezi te di-a. Misye pete kriye.

SE SA JEZI tE DI KI tA prAL rIvE.

isa

he

pAt GEN ANYEN KI tE KA fÈt? JEZI tA prAL MOUrI pOU GrANMESI!


Èske nou sonje plan Bondye-a? Plan pou-l bay tout moun libète epi pou-l pote Wayòm-li sou tè? Jezi te oblije sibi tout bagay sa-yo. Se sèl fason pou peche nou yo te padone. Ou pral wè sak pase. Nan landemen yo mennen Jezi bay gouvènè Women-an, yon nonm yo rele Pilat. Li mande Jezi: «Èske se oumenm ki se Wa Jwif-yo?» Jezi reponn: «Wi.» Alèkile chèf relijye-yo fin debòde, yo te pote anpil akizasyon kont Jezi.

KISA JEZI tE DI? Anyen menm.

KISA?

0


Li pat di anyen, epi Pilat te sezi anpil. Li te menm mande Jezi pou-l defann tètli, men Jezi pa di anyen menm. Kounye-an puiske se te Pak Jwif, Pilat te konn lage yon prizonye — moun pèp-la te vle-l lage.

BÈL BAGAY! MWEN pANSE fOUL-LA MANDE pOU YO LAGE JEZI.

N

on! Chèf Relijye-yo chofe foul-la pou-l mande lage Barabas ki li menm te nan prizon poutèt li te touye yon moun!

Pilat te tou deja konn sa. Li ba yo yon lòt chans ankò epi li mande foul-la kisa yo vle pou-l fè ak Jezi.

KISA! SE BAGAY MOUN fOU!

EpI…? Yo rele byen fò: «Kloure-l sou yon kwa!»

KISA SA vLE DI? BAGAY SA-A tErIB!

Se Women-yo ki te envante afè kloure moun sou lakwa pou yo te ka ekzekite yo. Se yon bagay ki terib anpil. Lè konsa yo kloure ni men ni pye mounnan sou yon kwa an bwa. Kounye-an moun-nan vin paka pran souf-li pandan-l pandye sou kwa-a, donk moun-nan oblije pouse kò-l monte pou-l ka pran souf-li. Alafen moun-nan vin paka fè sa ankò poutèt li febli epi lè sa-a li tou toufe jouk li mouri. Se yon fason terib pou moun mouri. Pilat mande ki krim Jezi te komèt konsa-a, men etandone foul-la te move epi li t’ap pede rele, yo pa janm reponn kesyon-an. Donk li pat gen lechwa. Li te oblije fè moun-yo plezi. Yo lage Barabas epi yo bat Jezi ak yon fwèt ki te gen plon nan pwent epi yo remèt-li pou y’al kloure-l sou yon kwa.

B

agay-yo ap vin grav. Jezi te soufri anpil anpil anvan yo te menm kloure-l sou lakwa. Sòlda yo pase-l nan betiz. Yo mete yon gwo rad koulè wouj wa konn met sou yo. Lèfini yo foure yon kouwòn gwo pikan sou tèt li epi yo pran salye-l tankou yon wa. Yo fè sa pandan yon bon ti tan. Yo bat-li, krache sou li, epi apre yo mennen-li pou yo kloure-l sou yon kwa.


LI pASE tOUt MIZÈ SA-A? MWEN pA KA KWÈ SA SE tE GWO pLAN LIBÈtE-A!

S

a se vre — e se toujou menm bagay-la! Yo mennen Jezi sou yon mòn ki rele Gòlgota, ki vle di «Plas Zo Bwa Tèt-la,» epi yo ofri-l diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l te ka kalme doulè li, men Jezi pat pran li. Apresa yo kloure-l sou kwa-a a nevè nan maten. Yo te kloure yon ti pankat sou tèt kwa-a ki te make: «Wa Jwif-yo.» Moun ki t’ap pase tonbe ri epi yo pase-l nan betiz, yo di: «Pwouve ou se Wa vre — desann sou kwa-a!» Sou chak bò Jezi te gen de (2) kriminèl yo te kloure sou kwa tou jou sa-a, epi menm yo menm yo te pase Jezi nan betiz.

SE pA BAGAY KI pOSIB! ÈSKE SE KONSA LI fINI?


N

on! Kou li fè midi, bripsoukou vin gen yon fè nwa nan tout peyi-a. Lè sa-a Jezi rele byen fò: «Bondye, Bondye, pouki ou lage-m konsa?» Apresa li pran souf-li yon dènye fwa epi-l mouri. Menm lè-a gen yon bagay dwòl ki rive.

KISA?


Nan tanp-lan te gen yon rido epè ki te separe Sen dè Sen-yo ak rès tanp-lan. Gran Prèt-la te gen dwa antre nan kote Sen sa-a yon sèl fwa nan ane-a. Etan Jezi mouri, rido-a chire depi anwo jouk rive anba!

WOY! NENpòt KIMOUN tE KA ALE Lòt Bò A!

W

i. Avèk lanmò Jezi, nenpòt kimoun ka ale jwenn Bondye dirèkteman, san-l pa bezwen pase pa yon prèt. Solèy te fin kouche, yon nonm ki rele Jozèf ki soti nan yon vil ki rele Arimate al mande Pilat kò Jezi pou-l te ka antere-l kòmsadwa. Sòlda-yo te tcheke pou wè si Jezi te mouri vre. Jozèf vlope kò Jezi nan yon dra epi li mete-l nan yon kavo yo te fouye nan wòch-la. Pilat te pase sòlda-yo lòd pou yo te mete yon gwo wòch devan bouch kavo-a pase te gen kèk chèf relijye ki te kwè moun ki t’ap suiv Jezi yo ka vin eseye volè kò-l.

DONK SE tOU. IStWA-A fINI, pA vrE?


Se poko fen-an sa! Te gen de fanm ki te wè kote kavo-a te ye. Sepandan jou Sabaa t’ap kòmanse, donk yo te oblije tann jouk nan lòt swa-a anvan yo te ka achte epis pou yo mete sou kò Jezi. Solèy potko fin leve nan dimanch maten ki se premye jou semèn-lan, yo derape pou yo ale nan kavoa ak youn nan zanmi-yo.

MEN E GWO Wòch-LA?

Se kesyon sa-a menm yo t’ap mande

KISA?!

tèt-yo. Men lè yo rive nan kavo-a, yo te deja woule gwo wòch-la pou ouvri-l!


Pit Fanm-yo kouri antre nan kavo-a

pou mo

epi yo wè kò-a pat la! Nan plas kò-a te gen yon zanj ki te gen yon wòb tou blan ki te chita nan kavo-a, epi zanj-lan di yo: «Nou pa bezwen pè! Jezi pa la! Li leve soti vivan nan lanmò! Gade! Men kote yo te mete kò-l. Ale di disip-yo Jezi al tann yo Galile. Se la y’a wè-l, jan-l te di yo.»

Medam-yo kouri soti, yo te pè. Pita nan maten-an, youn nan yo rankontre Jezi epi li te pale avèk-li! Manmzèl kouri al pote nouvèl-la bay disip-yo, men pat gen moun ki te kwè-l.

W SE YON BAGAY KI KLÈ. KI MOUN KI tA rEKONÈt LI? Jezi leve soti vivan nan lanmò, jan zanj-lan te di-l. Li te fè disip-yo wè-l an plizyè fwa.

Bon m’a mw

Se tou vi n

KIJAN? Te gen de (2) nan disip li yo ki te sou chimen pou ale andeyò Jerizalèm epi Jezi parèt devan yo epi li rete avèk yo. Yo pat rekonèt-li tousit — men lè yo vin wè ki moun li te ye, yo kouri al pote nouvèl bay lòt yo.

mo ak kon Ou

M’a Wa ank epi voy

M’a tan


Pita, Jezi parèt devan tout onz disip-yo pandan yo t’ap manje ansanm. Li mande yo poukisa yo pat kwè kisa ki te rive epi li di yo: «Ale toupatou anonse bòn nouvèl-la bay tout moun! Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre, men moun ki pa kwè va kondane.»

WOY! JEZI vrEMAN LEvE SOtI vIvAN NAN LANMò!

W

i — se te plan Bondye! Jezi te vini pou-l te ka libere moun pou yo pa tonbe nan peche ni nan lanmò. Avèk lanmò-l ak lè li leve vivan nan lanmò, li trase wout pou tout moun vin konn Bondye. Depi-w kwè nan li w’ap wè vi-w vin transfòme. Ou ka resite tipriyè sa-a: Bondye, m’ap di-w mèsi poutèt ou fè-m wè ki moun ou ye e m’ap di-w mèsi poutèt ou moutre-m verite ki gen nan lavi mwen. Tanpri padone peche-m. Mwen regrèt anpil! Se oumenm ki kreye syèl-la ak tè-a. Se oumenm ki kreye tout bagay. Kounye-an m’ap mande-w pou kreye yon nouvo vi nan mwenmenm. M’ap di-w mèsi poutèt ou te voye Jezi, pitit gason-w lan — Wa-a- ki mouri pou mwen e ki ban-m chans pou-m rekòmanse ankò. Jodiya, m’ap akeyi-w nan vi-m. Mwen viv nan Wayòm ou an epi mwen vle ranpli misyon ou gen pou vi mwen. M’ap di-w mèsi poutèt ou te voye Sentespri-a pou-l ede-m. M’ap mande-w pou louvri je-m nan tout sa w’ap fè. Louvri zòrèy mwen pou-m tande tout sa w’ap di. Fè kè-m ak sèvo-m rete konsantre sou ou.


Kounye-an ou fin priye epi-w fin antre nan Wayòm Jezi Kri, ou fèt pou aprann kijan pou viv nan Wayòm-lan toulejou nan semèn lan! Sa ki pi enpòtan-an se pou devlope yon relasyon ak Bondye, ki se Wa Inivè-a. Men kijan ou ka fè sa: Ou ka pale avèk li nan lapriyè. Ou ka pale sou nenpòt kisa ou vle avèk li — nenpòt kilè, nenpòt ki kote. Ou toujou ka antre an kontak avèk li. Li Bib-la — men ou fèt pou mande Sentespri-a pou-l ede ou e pou-l gide ou. Bib-la se pa sèlman yon koleksyon ansyen liv li gen ladann. Si ou li-l ak Sentespri-a, ou va jwenn konsèy pou fè fas a tout sitiyasyon nan lavi. Chèche moun ki renmen Jezi anpil e k’ap viv nan Wayòm-li isit sou latè. Ou ka jwenn moun sa-yo nan yon legliz bò lakay ou — tankou tou yo ka nenpòt ki kote. Toujou remèsye li kèlkeswa sa ki pase-a. Toulejou ou fèt pou remèsye Bondye pou jounen li fè-w pase-a epi sonje li avèk ou tout tan.




Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.