Revolisyon Ki Akouche Ayiti A

Page 1

Otè: Laurent Dubois Ilistratè: Rocky Cotard Tradiktè: Jacques Pierre


M pran revanj mwen sou Lamerik.

—Jean-Jacques Dessalines, 1804

Ilistratè: Rocky Cotard

Rocky Cotard pran pozisyon kont medya yo sou fason limite yo reprezante Ayiti, epi li ankouraje tout moun viv esperyans ayisyen an ak fyète. Cotard ap fè kou nan Lesley University. Li fè espozisyon nan plizyè galri atistik pou montre travay li. W ap jwenn travay Cotard nan dokiman sa a; Migrating Colors: Haitians Art in New England. Se Haitian Artists Assembly of Massachusetts (HAMM) [Atis Ayisyen nan Asanble Masachousèt] ki kreye li. Instagram li se: @rockycotard. Imel li se: rockycotard.com.

Otè: Laurent Dubois

Laurent Dubois se yon pwofesè Romance Studies ak Istwa nan Duke University. Li se direktè yon sant ki rele Forum for Scholars and Publics. Men de twa liv li ekri sou Ayiti: 1. Avengers of the New World: The Story of the Haitian Revolution and Haiti. 2) The Aftershocks of History. Suiv li sou Twitter @soccerpolitics.

Tradiktè: Jacques Pierre

Jacques Pierre fèt nan vil Okap, Ayiti. Li fè kou kreyòl nan Duke University (Department of Romance Studies) e li se ko-direktè Haiti Lab tou. Li kowòdone DukeEngage nan Miami e li travay ak Carribean Center for Latin American Studies sou diferan pwogram. Suiv li sou Twitter @PJacquespie.

Dwa sou liv la © 2020: Laurent Dubois Dwa sou ilistrasyon an © 2020: Rocky Cotard Dwa sou tradiksyon an © 2020: Jacques Pierre Tout dwa sou dokiman an pou Forum for Scholars and Publics. De twa pati nan liv la te pibliye nan lane 2018 sou tit sa a: “The Slave Revolution That Gave Birth to Haiti” sou sit TheNib.com. Pou edisyon revize a: Laurent Dubois ak Rocky Cotard. Se Forum for Scholars and Publics at Duke University, Durham, North Carolina, ki pwodui dokiman sa a. fsp.duke.edu


“Sou lanmè m ap navige”

Gen yon chante Vodou ann Ayiti ki raple nou Trafik Komès Esklavaj la [peryòd kote blan yo te al derasinen moun ann Afrik, epi anchennen yo sou bato pou al mete yo nan esklavaj].

“Anba lakal bato esklavaj la, nou tout fè yonn.”

Revolisyon ayisyen an te rive fèt gras a fanm ak gason vanyan ki te bouke ak sistèm esklavaj la. Pifò nan yo te fèt nan Lafrik. E yo se restan lanmò Trafik Komès Esklavaj la.

1ye Janvye 1804

Kouman yo te rive libere tèt yo kont tout difikilte ki te devan yo?

Yo rive libere tèt yo antan yo kreye yon nouvo peyi ki chita sou verite san mank sa a: pèsonn moun pa fèt pou esklav.


Nan fen dizuityèm syèk la, Sendomeng te koloni franse ki te pi pwofitab nan mond lan.

Travay sila yo ki te anba chenn lesklavaj la se te pwodui sik ak kafe pou mache ewopeyen an.

Kèk nan sila yo ki te anba chenn esklavaj la sove pou y al fòme kèk kominote mawon. Gen lòt menm ki rive kreye plizyè espas rezistans sou plantasyon an menm.

Gwo pwofi plantè ak machann yo te konn fè te chita sou vyolans ak laterè san kanpe yo te egzèse sou majorite sila yo ki te anba chenn esklavaj la. Taktik laperèz sa a se te pou anpeche sila yo ki nan esklavaj la leve kanpe. Kèk moun lib ki gen orijin afriken te kapab vin posede plantasyon oswa pwopriyete nan vil yo. Men, moun lib sa yo te toujou ap sibi diskriminasyon sosyal ak legal.


Revolisyon 1879 la nan Lafrans chanje anpil bagay. Konfli politik febli pouvwa kolonyal la, epi nouvèl nan Pari konsènan deklarasyon inivèsèl dwa moun rive nan koloni an. Moun ki vin lib yo mande pou yo gen menm dwa sa yo tou, men yo rankontre yon rezistans san pitye bò kote anpil nan plantè blan yo.

Nan yon seremoni nan Bois Caïman (Bwa Kayiman), yo rasanble pou planifye estrateji batay yo ak fason pou yo mete fòs yo ansanm.

Pandan tan sa a, sila yo ki nan esklavaj la ap gade, koute, epi koumanse defini plan batay yo.

San pèdi tan, nan yon atak byen planifye, yo leve kanpe nan nò Sendomeng, yo boule plantasyon ak chan kann yo,

sila yo ki te anba chenn esklavaj la ratibwaze chan kann yo, epi yo touye mèt yo.

Vincent Ogé


Revòlte Sendomeng yo transfòme tèt yo nan yon lame, epi yo fè demand ki egzijan anpil.

Nan lane 1793, yo genyen libète yo gras a yon alyans yo fè ak ofisyèl Repibliken Franse yo, ki ranje yo bò kote revòlte yo pou rive pwoteje koloni an kont envazyon anpi rival yo.

E yonn nan demann yo se abolisyon sistèm esklavaj la nèt ale.

Fevriye 1794 Sonthonax

Pierrot

Jean Baptiste Belley

Yon delegasyon vwayaje nan Pari pou esplike ki jan revòlte yo pwoteje koloni an pou Lafrans, pandan plantè blan yo menm ap foure kò yo anba Angletè pou ka ede yo pwoteje sistèm esklavaj la.

Nan anpil plantasyon, medam yo jwe yon wòl kle nan ensiste pou yo gen plis tan pou yo menm pase pou y ale travay nan plantasyon yo. Men, lidè revolisyon yo, e ladan yo nou jwenn Toussaint Louverture, te kwè Sendomeng toujou bezwen plantasyon, epi ansyen esklav yo dwe travay kounye a pou yon salè.

Men, ki libète? Pou sila yo ki te anba chenn esklavaj la, libète vle di genyen pwòp tè pa yo pou yo travay pou fanmi yo ak kominote yo.


Pou lidè revolisyonè yo, koloni an te bezwen pwodui sik ak kafe pou vann pou yo ka achte lòt zouti yo bezwen. E yonn nan zouti sa yo se te zam pou defann libète yo.

Paske yo konnen gen anpil lennmi ki kont emansipasyon an.

Jounen jodi a, anpil moun pòtre Revolisyon ayisyen an –e menm depi lontan– tankou yon mouvman sovaj, antan yo vle pòtre blan yo tankou inosan ki viktim. Anpil detraktè revolisyon an kwè nwa pa kapab gouvènen pwòp tèt pa yo oswa pa konprann ki sa libète vle di.

Li te voye yon kokennchenn misyon militè nan Sendomeng pou debarase l ak Toussaint Louverture ansanm ak lòt lidè nwa yo.

Lè Napoléon Bonaparte te rive sou pouvwa an Frans, li te koute sila yo ki pòtre emansipasyon an tankou yon dezas.

Malgre lidè nwa yo te pase anpil lane ap sèvi Lafrans, Napoléon pa te fè yo konfyans. Li kwè li ta dwe mete lidè sa yo sou kote si li vle tounen ak zafè esklavaj la ankò.


Men, li

te vreman manke konprann detèminasyon pèp nan koloni an genyen pou viv lib.

Yon nouvo sosyete nan Sendomeng fèt, e sosyete sa a sèmante pou li pa kase tèt tounen dèyè. Rive twoup franse yo pral deklanntche yon lagè san pitye ki pral dire yon lane.

Se sèl gwoup moun yo te mete nan esklavaj ki rive fè yon revolisyon. Men, defansè libète yo te ranpòte laviktwa nan fen lane 1803.

Lafrans pèdi batay la, Ayiti tou fèt.

FINI


Li plis sou revolisyon ayisyen an. Pou aprann plis sou revolisyon ayisyen an, ou kapab li liv sa yo: 1) Avengers of the New World: The Story of the Haitian Revolution (Harvard University Press, 2004). Otè: Laurent Dubois. 2) Slave Revolution in the Caribbean, 17871804: A History in Documents (Bedford Press, 2006). Otè: Laurent Dubois ak John Garrigus. Pou fini, ou kapab gade dokimantè sa a tou: Égalité for All: Human Rights and the Haitian Revolution (li disponib sou YouTube).



Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.