BWOCHI DWA VIKTIM YO

Asistans pou Viktim/Temwen
Depatman Lapolis Miramar pran angajman pou li bay yon asistans konplè pou viktim ak temwen krim yo pa lentèmedyè Inite Sèvis pou Viktim Depatman an (Department’s Victim Services Unit). Inite Sèvis pou Viktim yo bay divès kalite sèvis pou viktim tout krim vyolan. Defansè Viktim lan (Victim Advocate) disponib pou bay entèvansyon lè gen kriz, notifikasyon lanmò, asistans pou planifikasyon sekirite ak abri, konsèy sikolojik, jesyon ka, referans pou resous kominotè, defans ak sipò nan kesyon jistis penal (criminal justice), kowòdinasyon sèvis tradiksyon ak asistans pou ranpli fòmilè reklamasyon pou Konpansasyon Viktim yo. Anplis de sa, Defansè Viktim lan kapab ede tou ak enfòmasyon konsènan transpò, pakin ak/ oswa zòn atant pou pwosedi penal yo (criminal proceedings).
DWA W YO KÒM VIKTIM OSWA TEMWEN:
Nou konsyan pou anpil moun, lè yo viktim oswa temwen yon krim se premye eksperyans yo avèk sistèm jistis penal la ak sistèm jistis pou minè yo (juvenile justice system). Kòm viktim oswa temwen, ou gen sèten dwa nan sistèm lan. Yo bay bwochi sa a pou ede w avèk kesyon ou kapab genyen konsènan dwa sa a yo. Pou plis enfòmasyon konsènan dwa sa a yo, tanpri kontakte Biwo Pwokirè Leta a (SAO) ak/ oswa ajans aplikasyon lalwa (LEA) apwopriye ki ap jere ka w la.
KI MOUN KI SE YON VIKTIM?
“Yon viktim se yon moun ki sibi yon domaj dirèkteman oswa ki sibi yon menas domaj fizik, sikolojik, oswa finansye kòm rezilta komisyon yon krim (lè gen yon krim ki fèt) oswa esèy komisyon yon krim (lè yo eseye fè yon krim) oswa yon zak delenkans oswa se yon moun yo fè krim lan oswa zak delankans lan kont li. Tèm “viktim” lan enkli reprezantan legal viktim lan, paran oswa gadyen yon minè, oswa fanmi ki pi pwòch yon viktim asasinay, sof si yo demontre enterè moun sa a ta va nan konfli reyèl oswa potansyèl avèk enterè viktim lan. Tèm “viktim” lan pa enkli akize a.” Atik I, Seksyon 16(b)(11), Konstitisyon Florid.
Bwochi sa a bay yon apèsi sou pwosesis jistis penal la ak dwa w yo nan pwosesis sa a. Moun ki ba ou bwochi sa a kapab trete yon pati sèlman nan pwosesis la. Bwochi sa a bay enfòmasyon pou kontakte ajans ki kapab ede w yo.
KÒM YON VIKTIM KRIM, KONSTITISYON FLORID LA GARANTI OU DWA SA A YO:
Atik 1, Seksyon 16{b), Konstitisyon Florid
• Dwa pou yon pwosedi regilye epi pou yo trete ou avèk ekite (jistis) ak respè pou diyite ou.
• Dwa pou w alabri entimidasyon, asèlman, ak abi.
• Dwa , nan pwosesis jidisyè a, pou yo pwoteje w yon fason rezonab kont akize a ak nenpòt moun ki ap aji nan non akize a. Sepandan, sa pa fèt pou kreye yon relasyon espesyal ant viktim krim lan ak nenpòt ajans oswa biwo aplikasyon lalwa si pa gen yon relasyon oswa yon devwa espesyal jan lalwa Florid defini sa.
• Dwa pou yo pran an kont sekirite ou ak byennèt ou demèm ke sekirite ak byennèt fanmi ou lè y ap mete an libète sou kosyon, enkli mete an plas kondisyon liberasyon pwovizwa ki ta kapab afekte sekirite ak byennèt ou menm oswa fanmi ou.
• Dwa pou anpeche divilgasyon enfòmasyon oswa dosye ki ta kapab itilize pou jwenn ki kote ou ye oswa fè asèlman (tizonnay) sou ou oswa fanmi ou, oswa ki ta kapab divilge (devwale) enfòmasyon konfidansyèl oswa privilejye ou yo.
• Dwa pou w jwenn restitisyon rapid byen ou (bagay ou posede) lè yo pa bezwen li ankò kòm prèv nan afè a.
• Dwa pou w jwenn restitisyon konplè epi rapid nan chak afè epi nan men chak kontrevenan (moun ki vyole lalwa) ki kondane pou tout pèd ou te sibi, dirèkteman ak endirèkteman, akoz konpòtman kriminèl la.
• Dwa pou pwosedi ki fèt san reta derezonab, epi pou yon konklizyon rapid epi definitive afè a ak tout pwosedi konèks (lòt pwosedi ki anrapò ak pwosedi a) ki vini apre jijman an. (Nan ka ki apwopriye yo, pwokirè a kapab depoze yon demann debònfwa (avèk bòn volonte) pou yon jijman rapid. Nan afè ki pa kapital yo (ki pa gen posibilite pèn kapital ki se kondanasyon a mò oswa prizon a vi), tout apèl nan nivo eta a ak pwosedi apre kondanasyon yo dwe fini nan lespas de (2) lane ak senk (5) lane pou afè ki pa kapital yo, sof si tribinal la antre nan yon òdonans ki gen konklizyon espesifik konsènan pou ki rezon tribinal la pa t kapab fè sa epi sikonstans yo ki lakòz reta a.)
• Dwa pou yo enfòme w sou dwa konstitisyonèl ou yo parapò a eta a, epi pou yo enfòme w ou kapab mande avi yon avoka konsènan dwa ou yo.
KÒM VIKTIM YON KRIM, YO AKÒDE W DWA
KONSTITISYONÈL SA A YO SOU DEMANN:
Dwa pou yon avi rezonab, ki gen presizyon epi ki fèt nan bon moman an, epi pou w prezan nan tout pwosedi piblik ki enplike konpòtman kriminèl la, enkli, men se pa sa sèlman, pwosè a (jijman an), pledwaye a, detèminasyon pèn yo oswa desizyon an, menm si ou pral yon temwen nan pwosedi a, malgre tout règ kontrè. (Pou objektif sa a, konsidere bay pwokirè a yon adrès, yon adrès imel, oswa yon nimewo telefòn yo kapab rive kontakte ou ladan yo byen vit, epi mete ajou enfòmasyon sa a yo pandan tout tan afè w la ap dire a.) Yo dwe ba ou tou notifikasyon rezonab, ki gen presizyon, epi ki fèt nan bon moman an konsènan nenpòt liberasyon oswa evazyon (chape) akize a oswa delenkan an, epi konsènan nenpòt pwosedi kote y ap mete an kesyon youn nan dwa w yo.
• Dwa pou yo tande ou nan nenpòt pwosedi piblik ki enplike liberasyon pwovizwa oswa lòt kalite liberasyon anba nenpòt fòm kontrent legal, pledwaye, detèminasyon pèn yo, desizyon, oswa liberasyon pwovizwa, epi nenpòt pwosedi kote youn nan dwa w yo enplike.
• Dwa pou pale ak pwokirè a konsènan nenpòt akò pledwaye, patisipasyon nan pwogram dejidisyarizasyon anvan pwosè an, liberasyon, restitisyon, detèminasyon pèn yo, oswa nenpòt lòt dispozisyon afè a.
• Dwa pou w founi enfòmasyon konsènan enpak (konsekans) konduit kontrevenan an sou ou ak fanmi ou bay moun ki responsab pou li mennen nenpòt ankèt anvan santans oswa konpile nenpòt rapò ankèt anvan santans, epi pou fè yo pran an kont enfòmasyon sila a yo nan nenpòt rekòmandasyon detèminasyon pèn yo soumèt tribinal la.
• Dwa pou resevwa yon kopi tout rapò anvan santans, ak tout lòt rapò oswa dosye ki anrapò ak egzèsis dwa yon viktim, eksepte pou pòsyon sila a yo lalwa te rann konfidansyèl oswa egzante.
• Dwa pou yo enfòme w konsènan kondanasyon, santans, desizyon, ki kote ak ki lè y ap fèmen kontrevenan an nan prizon, oswa lòt dispozisyon kontrevenan ki kondane a, konsènan nenpòt dat yo pwograme pou liberasyon kontrevenan an, ak liberasyon oswa evazyon (sove) kontrevenan an ki te fèmen nan prizon an.
• Dwa pou yo enfòme w konsènan tout pwosesis ak pwosedi ki fèt apre kondanasyon an, pou w patisipe nan pwosesis ak pwosedi sila a yo, pou bay otorite liberasyon yo enfòmasyon pou yo pran an konsiderasyon anvan yo pran kèlkeswa desizyon liberasyon, epi pou yo notifye w osijè nenpòt desizyon liberasyon konsènan kontrevenan an. Otorite liberasyon kondisyonèl oswa liberasyon antisipe a dwe fè ekstansyon dwa pou yo tande moun sou nenpòt moun kontrevenan an te leze (fè yon tò).
• Dwa pou yo enfòme w konsènan pwosedi klemans (fè pa li) ak efasman (eliminasyon) yo, pou founi enfòmasyon, bay gouvènè a, bay tribinal la, bay nenpòt komite klemans, ak lòt otorite nan pwosedi sa a yo, epi pou w fè yo pran enfòmasyon sa a yo an konsiderasyon anvan yo pran yon desizyon klemans oswa efasman; epi pou yo notifye w konsènan desizyon sila a anvan nan nenpòt liberasyon kontrevenan an.
TOUT DWA KONSTITISYON AN AKÒDE APLIKAB
Atik 1, seksyon 16(c), Konstitisyon Florid
Viktim lan, avoka viktim lan kenbe a, yon reprezantan legal viktim lan, oswa biwo pwokirè eta a sou demann viktim lan, kapab fè valwa (revandike) epi mande aplikasyon dwa sa a yo ak tout lòt dwa lalwa akòde yon viktim devan nenpòt tribinal premye enstans oswa tribinal apèl, oswa devan nenpòt lòt otorite ki konpetan nan matyè a, de plen dwa. Tribinal la oswa lòt otorite ki konpetan dwe aji rapiman sou yon demann konsa, pandan yo akòde yon rekou ki konfòm avèk lalwa nan ka vyolasyon nenpòt ki dwa. Motif (rezon ki fè yo pran) nenpòt ki desizyon konsènan dispozisyon dwa w la dwe endike yon fason klè nan dosye a.
PWOSESIS JISTIS PENAL POU GRANMOUN
Etap sistèm jistis penal la, yo jan nou pral di la a:
Apre yon moun komèt yon krim:
•Yon ajan ki responsab aplikasyon lalwa kapab arete yon kontrevenan.
• Yon tribinal kapab delivre yon manda arè.
• Yon Biwo Pwokirè Eta a (State Attorney’s Office) kapab depoze yon denonsyasyon; oswa
• Yon gran jiri kapab rekòmande akizasyon lè li ranvwaye yon Ak AKizasyon oswa yon Prezantasyon.
PREMYE KONPARISYON (PREMYE PREZANTASYON DEVAN TRIBINAL LA) - (Apre arestasyon an) Si akize a pa kapab depoze kosyon nan lespas kèk èdtan ki vini apre arestasyon an oswa yo te arete li pou yon enfraksyon san kosyon, oswa li komèt yon krim ki egzije yon premye konparisyon, tribinal la fè yon odyans “premye konparisyon.” Jij la deside si yo kapab libere akize a epi si se konsa, ki kondisyon ki nesesè pou pwoteje ou menm ak temwen yo epi piblik la.
ADMISYON - Si yo jwenn yon kòz pwobab, Biwo Pwokirè Eta a kapab chwazi depoze akizasyon epi konvoke sispèk la devan tribinal la. Ou kapab oblije rankontre biwo Pwokirè Eta w la. Ajan aplikasyon lalwa yo, pwokirè yo oswa nenpòt lòt fonksyonè gouvènman an pa kapab mande oswa egzije yon viktim enfraksyon seksyèl pou li pase yon egzamen poligrafik (detektè manti) oswa yon aparèy ki revele laverite kòm yon kondisyon ankèt la.
DEPO AKIZASYON FÒMÈL - Biwo Pwokirè Eta a kapab depoze akizasyon fòmèl apre li egzamine rapò arestasyon ajan aplikasyon lalwa yo, epitou nan lespas 21 jou nan kèk sikonstans. Biwo Pwokirè Eta a gen pouvwa pou li deside si l ap pouswiv yon moun pou yon krim. Biwo Pwokirè Eta a dwe enfòme tout moun ki viktim konsènan desizyon li an.
LEKTI AK AKIZASYON AN – Yo enkilpe akize a yon fason fòmèl epi li deside plede koupab, pa koupab, oswa li pa konteste. Biwo Pwokirè Eta a ap fè w konnen dat lekti ak akizasyon an. Ou gen dwa pou w prezan nan lekti ak akizasyon an. Nan kèk ka, pa p gen yon odyans fòmèl pou lekti ak akizasyon an devan tribinal.
ODYANS LIBERASYON (FIKSE KOSYON) - Si akize a pa t kapab depoze yon kosyon apre arestasyon inisyal la, oswa si yo pa t fikse kosyon an, akize a gen dwa pou yon odyans osijè kosyon an. Biwo Pwokirè Eta a ap notifye w konsènan odyans ki pwograme a epi w ap gen opòtinite pou w pale konsènan liberasyon ak kondisyon akize a oswa fè Pwokirè Eta a fè konnen kisa ou swete.
REYINYON ANVAN PWOSÈ – Kapab gen anpil reyinyon anvan pwosè (enkli reyinyon sou eta afè a) ki pèmèt tribinal la asire afè a a ap pwogrese yon fason apwopriye. Ou menm, kòm yon viktim, ou pral resevwa notifikasyon konsènan dat odyans yo. Ou pa oblije asiste (suiv) odyans sa a yo, sof si yo ba ou yon sitasyon pou w konparèt (pou w prezante), men ou gen dwa pou w prezan epi yon defansè viktim oswa avoka ou kapab akonpaye ou oswa asiste (suiv) pwosedi sa a yo nan non ou si se sa ou chwazi fè.
PREYALAB (PREPARASYON POU PWOSÈ A) -
Sitasyon pou konparèt yo. Ou kapab resevwa yon sitasyon pou konparèt pou pwosè a, pou yon depozisyon ak/oswa pou lòt odyans. Yon sitasyon pou konparèt konvoke yon moun pou li konparèt (prezante tèt li) nan lè, dat ak kote ki endike yo.
Depozisyon yo. Avoka akize a kapab emèt pou you yon sitasyon pou konparèt pou yon depozisyon. Ou gen dwa pou w mande yon avoka viktim nan men gouvènman an oswa sektè ki pa la pou fè pwofi pou li ale nan depozisyon an avèk ou. Ou gen dwa, kòm yon viktim ki pa nan prizon, pou yo pa oblije w asiste depozisyon preyalab nan yon etablisman koreksyonèl.
NEGOSYASYON PLEDWAYE – Gen anpil ka yo rezoud atravè yon negosyasyon pledwaye kote akize a plede koupab oswa pa li pa konteste san pa gen pwosè (jijman). Biwo Pwokirè Eta a dwe konsilte viktim lan anvan li finalize akò pledwaye a avèk akize a.
PWOGRAM ENTÈVANSYON/DEJIDISYARIZASYON ANVAN PWOSÈ – Selon pouvwa diskresyonè yo (pouvwa pou yo pran desizyon an) ak politik biwo a, Biwo Pwokirè Eta a kapab dakò pou li itilize pwogram entèvansyon ak dejidisyarizasyon anvan pwosè yo.
Pwogram Entèvansyon Anvan Pwosè. Akize ki pa komèt plis pase yon deli san vyolans (nonviolent misdemeanor) ki gen akizasyon nenpòt deli, oswa nenpòt krim twazyèm degree, yo admisib pou liberasyon nan pwogram entèvansyon anvan pwosè a avèk apwobasyon administratè pwogram lan ak konsantman viktim lan, Pwokirè Eta a, ak jij la. Si pwogram lan reyisi, sa ap fè ke yo rejte akizasyon yo.
Pwogram Dejidisyarizasyon. Dejidisyarizasyon an se menm jan ak pwobasyon kote akize a aksepte responsabilite enfraksyon an epi yo libere li anba sipèvizyon pou sis mwa a yon lane. Pandan pwogram lan, biwo pwobasyon an sipèvize akize a. Ou gen dwa pou w bay Pwokirè Eta a opinyon ou sou patisipasyon akize a nan pwogram dejidisyarizasyon anvan pwosè a.
PWOSÈ
Anjeneral, pwokirè a prezante prèv bay swa jij la oswa yon jiri konsènan afè a. Yo kapab deklare akize a koupab oubyen li pa koupab. Pwosesis la fini si yo deklare akize a pa koupab. Ou menm, kòm yon viktim, yo kapab rele w pou w temwaye.
Biwo Pwokirè Eta a ap ede ou nan pwosesis sa a. Yo pa kapab eskli ou (mete w deyò) nan okenn odyans, pwosè oswa pwosedi ki anrapò ak enfraksyon an. Dwa w yo ki anrapò ak etap pwosè a, yo site yo nan nan bwochi sa a.
DETÈMINASYON PÈN YO
ANKÈT ANVAN SANTANS (PSI) - Ou gen dwa pou w bay enfòmasyon konsènan enpak (konsekans) konpòtman kontrevenan an sou ou menm ak fanmi ou bay moun ki responsab pou li mennen ak/oswa konpile ankèt anvan santans lan. Ou gen dwa pou w egzamine pati ankèt anvan suntans lan ki pa konfidansyèl yo anvan odyans detèminasyon pèn nan.
ODYANS DETÈMINASYON PÈN YO - Si yo deklare akize a koupab oswa li plede koupab, jij la egzamine direktiv detèminasyon pèn yo, akò pledwaye yo, ak lòt faktè epi li detèmine ki kalite santans akize a ta dwe resevwa. Ou gen dwa pou w bay yon deklarasyon enpak sou viktim (VIS) aloral ak/oswa alekri nan Biwo Pwokirè Eta a nenpòt ki lè anvan tribinal la enpoze santans lan.
REMAK: Si viktim lan ak kontrevenan an ale nan menm lekòl la, paran viktim lan gen dwa pou yo asiste detèminasyon pèn nan oswa dispozisyon kontrevenan an epi mande pou yo egzije kontrevenan an ale nan yon lòt lekòl. (seksyon 960.00l(s), Lwa Florid yo)
PWOSESIS LAJISTIS POU MINÈ YO
ADMISYON - Pwosesis pou detèmine ki kote yo pral mete yon timoun ki poko gen 18 an jiskaske yo rezoud ka a. Gen twa fòm estati detansyon: lakay, ki pa an sekirize oswa ki sekirize.
PWOGRAM DEJIDISYARIZASYON YO - Sa a se yon altènativ a pwosè kote yo mete minè a nan yon pwogram kominotè tankou abitraj pou minè, pwogram sèvis altènatif pou mine JASP), oswa yon plan tretman (plan Walker). Si yon timoun fini pwogram dejidisyarizasyon an avèk siksè, anjeneral akizasyon yo rejte.
AKIZASYON FÒMÈL - Biwo Pwokirè Eta a depoze yon demand nan tribinal. Akizasyon an kapab depoze swa devan yon tribinal pou timoun oswa devan yon tribinal pou granmoun, sa depan krim lan ak laj kontrevenan an.
LEKTI AK AKIZASYON AN – Yo enkilpe akize a (yo prezante li akizasyon yo) yon fason fòmèl epi li deside plede koupab, pa koupab, oswa li pa konteste.
ODYANS JIDISYÈ – Yo mennen pwosè minè a devan yon jij. Jij la ap deside si minè a komèt enfraksyon (yo) yo di li fè a/yo.
ODYANS DESIZYONÈL (DETÈMINASYON PÈN YO) - Lè yo konstate yon minè te komèt yon zak delenkan, tribinal la ap fè yon odyans desizyonèl pou detèmine ki sanksyon y ap enpoze sou minè a. Sanksyon yo ka varye soti nan sanksyon kominotè tankou pwobasyon ak sèvis kominotè pou rive nan angajman rezidansyèl.
MINÈ YO JIJE TANKOU GRANMOUN – Minè ki komèt krim ki grav anpil yo, yo kapab jije yo tankou granmoun. Minè yo pousuiv tankou granmoun yo, yo kapab kondane yo pou yo sibi pèn pou granmoun oswa pèn pou minè. Sa a se pa yon apèsi konplè
sistèm jistis penal la men nou vle pou li se yon apèsi kijan pwosesis la fonksyone Chak tribinal ak chak afè kapab gen eleman inik. Ou kapab kontakte Pwokirè Eta w la oswa ajans aplikasyon lalwa w la pou w jwenn plis enfòmasyon sou etap pwosesis lajistis penal la ak pwosesis lajistis minè a.
• Ou gen dwa pou w anplwaye yon avoka prive.
• Nan kèk ka, ou menm (oswa fanmi yo lè viktim lan mouri) nou kapab admisib pou yon konpansasyon finansye nan men Eta Florid. Ou ka jwenn enfòmasyon konsènan admisibilite a nan Biwo Pwokirè Eta a, Biwo lokal Kowòdinasyon Temwen (kote sa disponib), ajans aplikasyon lalwa oswa nan Biwo Konpansasyon Krim yo, Biwo Pwokirè Jeneral la - 1-800226-6667, sit entènèt: ww.myfloridalegal.com/pages.nsf. Dwa pou resevwa enfòmasyon sou sèvis entèvansyon kriz ki disponib yo ak sèvis kominotè lokal yo pou enkli konsèy sikolojik, abri, asistans legal, oswa lòt kalite èd, selon sikonstans patikilye yo. Nou bay nimewo telefòn sèvis sa a yo nan fen bwochi sa a. (seksyon 960.001(1)(a)1, Lwa Florid yo)
• Dwa pou resevwa enfòmasyon konsènan etap jistis penal la oswa pwosesis jistis pou minè a ak fason ou kapab rive jwenn enfòmasyon sou etap sa a yo. (seksyon 960.001(1)(a)4, Lwa Florid yo)
• Yon viktim ki nan prizon gen dwa, sou demann, pou yo enfòme li epi pou li soumèt deklarasyon alekri nan tout etap pwosedi jistis penal yo ak pwosedi jistis pou minè yo. (seksyon 960.001(1)(0)6, Lwa Florid yo)
• Dwa pou resevwa enfòmasyon sou mezi pou fè aplike lalwa ki disponib pou Biwo Pwokirè Eta a pou pwoteje ou kont entimidasyon ak/oswa asèlman (tizonnay). Se yon krim twazyèm degre pou w fè espre ou itilize entimidasyon oswa fòs fizik; menase yon lòt moun oswa eseye fè sa; adopte yon konpòtman pou twonpe yon lòt moun; oswa ofri yon lòt moun yon avantaj lajan oswa yon gany lajan. Si y ap menase w oswa entimide w, tanpri kontakte ajans ki apwopriye a oswa nenpòt ajan ki responsab pou li fè aplike lalwa. (seksyon 960.00l{l){c), Lwa Florid yo)
• Dwa viktim vyolans domestik la pou yo enfòme konsènan pwogram konfidansyalite adrès yo Biwo Pwokirè Jeneral la ap administre. Ou kapab kontakte Biwo Pwokirè Jeneral la nan 1-800-226-6667. Biwo Pwokirè Eta a kapab ede w avèk dokiman sa a yo si sa nesesè. (seksyon 960.00l{l)(c), Lwa Florid yo)
• Dwa chak viktim, oswa temwen, ki dwe asiste (suiv) yon pwosedi lajistis penal oswa lajistis pou minè pou li notifye pi vit posib pa ajans lan oswa moun ki pwograme konparisyon li an konsènan nenpòt ki chanjman nan pwogram lan ki pral afekte konparisyon viktim lan oswa temwen an. (seksyon 960.001{1)(d), Lwa Florid yo)
• Dwa pou resevwa notifikasyon alavans konsènan pwosedi jidisyè yo ak pwosedi ki fèt apre pwosedi jidisyè yo ki anrapò ak afè a, enkli tout pwosedi oswa odyans ki anrapò ak:
Arestasyon akize a.
Liberasyon akize a annatandan pwosedi jidisyè yo, ak nenpòt chanjman nan kondisyon liberasyon pou enkli liberasyon an sou kontwòl kominotè oswa liberasyon travay.
Pwosedi nan kesyon pousuit oswa demand pou delenkans akize a, enkli depo ak akizasyon an; lekti ak akizasyon an; dispozisyon enstriman akizatwa a; pwosè oswa odyans jidisyè, odyans detèminasyon pèn oswa odyans desizyonèl; egzamen ann apèl; modifikasyon ki fèt apre nan yon pèn; atak kolateral yon jijman; epi lè yo enpoze yon pèn anprizònman, detansyon, oswa angajman envolon
• Ajans ki la pou fè aplike lalwa yo ak Pwokirè Eta a dwe enfòme w sou dwa ou pou mande ak resevwa restitisyon epi sou dwa egzekisyon ou nan ka yon kontrevenan (yon moun ki vyole lalwa) pa ta peye. Pwokirè Eta a dwe chèche asistans ou nan dokimantasyon pèd ou yo nan objektif pou mande ak resevwa restitisyon. Si yon òdonans pou restitisyon konvèti an yon òdonans sivil oswa jijman sivil kont akize a, Grefye biwo Tribinal la dwe rann disponib nan biwo yo, epitou sou sit entènèt yo, enfòmasyon ke Sekretè Deta a, tribinal la, oswa Bawo Florid (The Florida Bar) bay sou egzekisyon òdonans sivil la oswa jijman an. Pwokirè Eta a dwen enfòme w si restitisyon an òdone epi kilè li òdone (seksyon 960.00l{l)(j), Lwa Florid yo) tè, liberasyon akize a oswa kontrevenan minè a, sa ki fè li soti nan anprizònman sila a, detansyon oswa kontrevenan minè soti nan anprizònman sila a; detansyon oswa enkaserasyon (fèmen nan prizon) apre ekspirasyon pèn nan oswa liberasyon kondisyonèl epi nenpòt reyinyon ki te fèt pou konsidere liberasyon sila a. (seksyon 960.00l(l){e), Lwa Florid yo)
• Anplis dispozisyon ki nan seksyon 921.143, Lwa Florid yo, dwa viktim yon krim ki enplike yon blesi oswa yon twomatism (chòk) fizik oswa emosyonèl, oswa nan yon afè kote viktim lan se yon timoun minè oswa nan yon afè ki enplike yon omisid (asasinay), Pwokirè Eta a dwe konsilte gadyen oswa fanmi viktim lan pou yo ka jwenn opinyon viktim lan oswa fanmi li konsènan dispozisyon nenpòt afè kriminèl oswa jistis pou minè ki vini kòm yon rezilta krim sila a, enkli opinyon yo osijè:
Liberasyon akize a annatandan pwosedi jidisyè yo. Akò pledwaye yo.
Patisipasyon nan pwogram dejidisyarizasyon anvan pwosè a.
Detèminasyon pèn akize a.
• Dwa pou mande pou Pwokirè Eta a oswa ajans ki responsab pou li fè aplike lalwa a ede w eksplike enstitisyon w ap travay ladan an ak kreyansye w yo ou kapab fè fas avèk chay adisyonèl lè ou pran tan off nan travay ou pou ede ajans aplikasyon lalwa yo epi ou kapab sibi gwo difikilte finansye swa akoz krim lan oswa poutèt w ap kolabore avèk otorite yo. (seksyon 960.001(1)(i), Lwa Florid yo)
• Dwa pou resevwa konsiderasyon rezonab ak asistans nan men anplwaye Biwo Pwokirè Eta a, Biwo Cherif la, oswa Depatman Lapolis la. Lè ou mande sa, yo pral ede w jwenn ki kote ki kote transpò ak pakin aksesib yo ye epi yo pral mennen w nan zòn atant separe lè gen enstalasyon konsa ki disponib. Lè ou mande sa, ou pral resevwa asistans nan eseye jwenn ki kote tradiktè yo ye lè sa posib. (seksyon 960.00l(l)(n), Lwa Florid yo)
• Dwa viktim yon enfraksyon seksyèl pou fè evakye sal odyans tribinal la, ak sèten eksepsyon pandan temwayaj li, kèlkeswa laj viktim lan oswa kapasite mantal li. (seksyon 960.00l(q), Lwa Florid yo)
• Dwa pou mande, nan sèten sikonstans, pou yo egzije kontrevenan an (moun ki vyole lalwa a) pou li ale nan yon lekòl ki diferan de lekòl moun ki viktim lan oswa frè ak sè viktim lan. Si viktim yon enfraksyon ke yon minè komèt se yon minè, viktim lan oswa nenpòt frè oubyen sè viktim lan ap suiv kou nan menm lekòl ak kontrevenan an oswa yo admisib pou ale suiv kou nan menm lekòl ak kontrevenan an, Depatman Lajistis pou Minè a oswa Depatman Koreksyon yo dwe notifye paran oswa gadyen legal viktim lan konsènan dwa li pou li asiste detèminasyon pèn (pinisyon) oswa desizyon kontrevenan an epi mande pou yo oblije kontrevenan an pou li ale nan yon lòt lekòl. (seksyon 960.00l(l)(s), Lwa Florid yo)
• Dwa viktim nan ki pa nan prizon an pou yo pa oblije li al asiste dekouvèt depozisyon nan nenpòt ki etablisman koreksyonèl. 960.001(6), Lwa Florid yo)
•Obligasyon legal viktim lan, paran/gadyen yon viktim minè, oswa fanmi ki pi pwòch yon viktim omisid, pou tout enfòmasyon yo rive jwenn dapre Chapit 960, Lwa Florid yo, konsènan tout afè ki trete nan tribinal pou minè yo pa dwe divilge (devwale) bay okenn pati tyès (pati ki pa anndan pwosesis la), sof si sa nesesè yon fason rezonab nan pouswit rekou legal yo. (seksyon 960.001(8), Lwa Florid yo)
• Dwa pou konnen nan sèten ka epi nan meyè delè yo (pi bonè posib), si moun ki akize de enfraksyon an te teste pozitif pou epatit ak enfeksyon pa viris iminodefisyans imen (VIH). Nan ka sa a yo, sou demann viktim lan oswa gadyen legal viktim lan, oswa paran oswa gadyen legal viktim lan si viktim lan se yon minè, tribinal la dwe bay lòd pou moun sa a sibi tès epatit ak tès VIH nan 48 èdtan apre yo depoze dokiman enkilpasyon an (akizasyon an) oswa 48 èdtan apati dat demann lan. (Seksyon 960.003, Lwa Florid yo)
•Dwa pou yon viktim enfraksyon seksyèl mande prezans yon defansè viktim pandan egzamen medico-legal la. Yo dwe pèmèt yon defansè ki soti nan yon sant sètifye èd pou viktim vyòl pou li asiste (suiv) nenpòt egzamen medico-legal. (seksyon 960.00l(l)(u}, Lwa Florid yo)
• Si yo te dyagnostike yon viktim gen otism oswa yon twoub espèk otistik, li-menm oswa paran an oswa gadyen an, li gen dwa pou li mande pou yon ofisyèl sante piblik fè yon efò avèk bòn volonte pou asire ke yon pwofesyonèl ki anrapò ak domèn nan, egzanp yon konseye sante mantal, yon fòmatè edikasyon espesyal oswa yon travayè sosyal klinisyen prezan pou tout entèvyou moun nan. Tout depans ki anrapò ak prezans pwofesyonèl la nan entèvyou yo, yo sou responsabilite viktim lan, paran an oswa gadyen an ki fè demand lan, sepandan akize a ta dwe ranbouse viktim lan pou tout depans ki anrapò avèk prezans pwofesyonèl la nan entèvyou yo, anplis restitisyon ak penalite lalwa bay. (sek. 943.0439, Lalwa Florid)
• Dwa yon viktim, si yo kontakte li pou li rive jwenn enfòmasyon ki anrapò ak yon pwosedi penal pa yon avoka, yon anketè, oswa nenpòt lòt ajan ki ap aji nan non moun yo akize pou krim lan, pou yo enfòme li konsènan (1) non moun nan ak moun ki anplwaye li a epi (2) lefèt ke moun sila a ap aji nan non akize a. (sek. 960.001(1)(v), Lalwa Florid)
RESOUS LOKAL YO
Kòm yon viktim krim, resous sa a yo kapab itil ou: Ijans Lapolis 911
Lè Li Nesesè pou Lapolis Vini San Pa Gen Ijans (954) 764-4357
Depatman Lapolis Miramar (Miramar Police Department) (954) 602-4000 www.MirmarPD.org
Depatman Lapolis Miramar (Miramar Police Department) Inite Sèvis pou Viktim yo (Victim Services Unit) (954) 602-4130
Depatman Sèvis Kominotè Miramar (Miramar Community Services Department) (954) 889-2700
www.miramarfl.gov/442CommunityServices
211 Broward /Liy r 211 pou Premye Apèl pou Enfòmasyon sou Èd ak Referans oswa (954) 537-0211
www.211-broward.org
Biwo Pwokirè Eta a (State Attorney’s Office) (954) 831-6955 www.sao17.state.fl.us
Biwo Pwokirè Eta a (State Attorney’s Office) Sant Resous pou Viktim yo (Victim Resource Center) (954) 765-4133
Biwo Cherif Broward (Broward Sheriff’s Office) Divizyon Sèvis Anvan Pwosè yo (Pre- Trial Services Division) (954) 765-4251
Biwo Cherif Broward (Broward Sheriff’s Office) Divizyon Pwobasyon (Deli) Probation Division (Misdemeanor) (954) 357-5900
Biwo Cherif Broward (Broward Sheriff’s Office) Inite Notifikasyon pou Viktim (Victim Notification Unit) (954) 321-4135
Estati Detansyon Biwo Cherif Broward la (Broward Sheriff’s Office Confinement Status) (954) 831-5987
Depatman Koreksyon yo nan Florid (Florida Department of Corrections)
Divizyon Pwobasyon (Krim) (Probation Division) (Felony) (954) 677-5913
Asosyasyon Bawo Konte Broward (Broward County Bar Assoc.)
Sèvis Referans pou Jwenn Avoka ak Enfòmasyon sou Avoka (Lawyer Referral and Information Service) (954) 764-8310
www.browardbar.org/lawyer-referral-andInformation-service
Sant Nancy J. Cotterman (Nancy J. Cotterman Center)
(Sant Sètifye Èd pou Viktim Vyòl ak Defans Dwa Timoun yo nan Konte Broward) (Broward County’s Certified Rape Crisis and Children’s Advocacy Center)
(954) 761-7273 oswa (954) 357-5775
www.broward.org/NancyJCottermanCenter
Fanm an Detrès Konte Broward, SA (Women in Distress of Broward County, Inc.) (Sant/Abri Sètifye kont Vyolans Domestik) (Certified Domestic Violence Center/Shelter)
(954) 761-1133
www.womenindistress.org
Sèvis Tribinal Fanmi (Family Court Services) (Enjonksyon ki vle di Òdonans Restriktif) (Injunctions aka Restraining Orders) (954) 831-5570 oswa (954) 831-5579
www.browardclerk.org
Sèvis Èd Legal Konte Broward ak Èd Legal Kòt a Kòt nan Sid Florid (Legal Aid Service of Broward County & Coast to Coast Legal Aid of South FL) (954) 765-8950 oswa (954) 736-2400
www.legalaid.org
Ekip Repons pou Kriz Henderson Behavioral Health (Sante Konpòtman Henderson) (954) 463-0911
www.hendersonbh.org
Pou lòt ajans ak sèvis ki kapab itil ou, tanpri kontakte Inite Sèvis pou Viktim yo (Victim Services Unit) nan Depatman Lapolis Miramar la.