
GID ADMISYON UF
Tout sa yon fiti etidyan premye sik bezwen konnen.

Tout sa yon fiti etidyan premye sik bezwen konnen.
Depi 1972, plis pase 200 atlèt UF patisipe nan jwèt olenpik. Gator yo genyen yon total 146 meday olenpik, 70 lò, 39 ajan, ak 37 an kwiv.
NATALIE HINDS
Olympian, Natasyon
Meday bwonz an 2020
Kolèj Jounalis ak Kominikasyon nan UF
Fanatik yo aplodi Gator yo pandan yon match lakay nan The Swamp, estad nou an ki pran plis pase 88,500 moun.
CAELEB DRESSEL
Olympian, Natasyon
De meday lò an 2016
Senk meday lò 2020
Kalifyan 2024
Kolèj Syans Agrikilti ak Lavi nan UF
Aklamasyon avan match “Two Bits” se yon tradisyon UF te lanse (an) 1949 ak George Edmondson ki te mete yon chemiz jòn pal ak yon kravat akawo jon abriko e ble. Jouk jounen jodi a, gen envite espesyal yo seleksyone pou kenbe tradisyon an vivan.
INIVÈSITE PIBLIK Wall Street Journal, 2024
Se pa djòlè.
2,000+
YON KANPIS KI SOU PLIS PASE 2,000 EKTA TÈ
ETABLI AN
1853
38,347
ETIDYAN BAKALOREYA Otòn 2023
PA SÈLMAN CHIF.
REZILTA TOU.
17:1
RASYO ELÈV AK PWOFESÈ
Meyè deba. Plis resous. Pi gwo kòmantè.
PWOFIL ETIDYAN PREMYE ANE AN 2024
ETIDYAN YO
GEN OMWEN
YON ESTAJ 66 %
GRADYE SOU SIZAN 91 %
ELÈV UF GRADYE SAN DÈT 79 %
Gator yo gen eksperyans ak preparasyon pou antre sou mache travay la anvan menm yo gradye.
Soti nan premye jou a jiska gradyasyon e menm pi lwen, nou sipòte w nan chak etap.
Mwens dèt vle di plis lajan pou fiti w.
Century Tower, yon espas ikonik sou kanpis lan, te bati an 1953 pou komemore 100yèm anivèsè inivèsite a. Li gen yon klòch ki jwe plizyè fwa pa jou.
Hamilton Center: yon eksperyans edikasyonèl konsakre nan rechèch sou sivilizasyon Oksidantal ak kou ki dispanse pa pwofesè ki gen renome mondyal. hamilton.center.ufl.edu
RANKONTRE MELVIN
UF AI Scholars: angaje yo nan rechèch ak sipò finansye ki itilize entèlijans atifisyèl (AI).
UF HiPerGator se youn nan sipè òdinatè ki pi rapid nan edikasyon siperyè epi li disponib pou elèv nou yo itilize. ai.ufl.edu/students/ai-scholars
Pwogram rechèch pou Etidyan: konekte epi travay tèt a tèt ak pwofesè UF pou rechèch pratik.
cur.aa.ufl.edu
Yon etidyan Entènasyonal, espesyalize nan Jeni Biomedikal ki te okipe twa pozisyon rechèch atravè peyi an.
Honors: Pil resous ak sipò pèsonalize.
Pwogram Honors UF la sipòte w nan tout etap, li ofri klas ki pi piti ak eksperyans inik. Ou pral etidye ak kamarad klas ki trè pèfòman ki pral fè pati kominote sipò w—kote aspirasyon w yo vin reyalite.
HONORS.UFL.EDU
Lojman nan Honors Village lan!
RANKONTRE JULIANNE
Avèk kat nouvo rezidans, Honors Village konbine lavi, sipò akademik, travay klas, ak lwazi nan Kominote rezidansyèl pou etidyan Honors yo.
ESKANE POU GADE
Yon etidyan Espesyalize nan jeni Ayewospasyal ki patisipe nan rechèch, ki te fè twa estaj ak NASA ak yon bous SpaceX.
Nou vle konnen OU.
Ou plis pase yon chif epi plis pase rezilta tès ou—nap chèche pwochen Gator ki pral anrichi kominote aprantisaj ak lidè nou an. Pakou w, aktivite w andeyò lekòl, ak siksè akademik ou, tout jwe yon wòl nan evalyasyon nou an. Aprann konnen ou se pi bon pati nan travay nou!
Dat limit ak opsyon aplikasyon 2024-25
Pakou pou admisyon
Kòmanse nan UF antanke etidyan premyè ane sou kanpis la nan ete oswa otòn se pa sèl mwayen pou vin yon Gator. Gen plizyè pakou pou admisyon premye sik atravè pwosesis aplikasyon pou etidyan premye ane ak transfè.
Akademi Inovasyon (IA): innovationacademy.ufl.edu
Chemen pou Enskripsyon Nan Kanpis
(Pathway to Campus Enrollment, PaCE): admissions.ufl.edu/pace
Transfè: admissions.ufl.edu/apply/transfer
Florida ak res eta yo pami nenpòt lekòl
ki klase nan 50 meyè inivèsite nasyonal yo
2024 U.S. News and World Report Best National Universities
Aplike pou Èd Finansye
Kwak nou dwe ofriw admisyon avan anvan nou konsidere ou pou èd finansye, ou dwe aplike pou èd osito li posib. Ranpli Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou
Etidyan 2025-2026 lan (FAFSA) nan fafsa.gov apati Oktòb 2024. Pou resevwa pi bon òf èd finansye, etidyan yo dwe ranpli FAFSA a osito li disponib.
Avan Mas 2025, etidyan premyè ane nou aksepte epi ki te ranpli FAFSA 2024-25 lan atan ap resevwa yon òf èd ofisyèl sou entènèt nan one.uf.edu Anjeneral, etidyan ki kalifye yo ap resevwa youn oswa plizyè nan kat tip èd yo (sibvansyon, bousdetid, travay a tan pasyèl, prè).
Asistans Finansye
Pou jwenn plis enfòmasyon sou èd finansye, vizite nou nan sfa.ufl.edu oswa pran yon randevou vityèl atravè OneStop nan onestop.ufl.edu oswa nan 352-392-2244.
Bous sfa.ufl.edu/types-of-aid/scholarships
Sibvansyon baze sou Nesesite sfa.ufl.edu/types-of-aid/grants
2024-25 Estimasion Pri pou Suiv Kou Nan Premye Sik*
Rezidan Florid
Tracy ak Biwo Èd Finansye ak Bous Elèv yo diskite sou sipò UF pou elèv yo.
Ki pa Rezidan nan Florid
Ekolaj ak Frè
Liv ak Founiti
Depans pou Viv
Frè Prè Etidyan Federal
Total
$6,380
$28,658
*Chif sa yo se estimasyon ki prevwa pou elèv premye ane 2024-25 ki baze sou yon total 30 èdtan kredi pou semès otòn ak prentan yo. Depans ou yo ka varye. Pou konnen pri detaye etid bakaloreya nan Inivèsite Florida ak fason yo kalkile depans sa yo, vizite sit entènèt Biwo Èd Finansye ak Bousdetid la nan sfa.ufl.edu/cost.
PREPARE POU
Meyè sant koneksyon estaj, karyè, ak koneksyon ansyen etidyan ke w bezwen.
Klase 2yèm Ozetazini, Sant Koneksyon Karyè (C3) ki sou lakou lekòl la ede etidyan yo prepare rezime yo, yon pwogram konsiltasyon ansyen elèv pou konsèy pèsonalize, ak kowòdinasyon yon fwa travay sou lakou lekòl la kote plis pase 900 anplwayè patisipe. career.ufl.edu Forbes, 2024 UF te nome “Nouvo Ivy” pou kalite eksepsyonèl gradye li yo.
Sant Koneksyon Karyè (C3) travay avèk etidyan premyè ane yo pou ede ranfòse aspirasyon karyè yo. Yo bay yon evalyasyon CHOMP, yon egzamen anliy ki ede etidyan yo idantifye enterè yo ak domèn ki ka adapte ak yo.
Entèlijans Atifisyèl (Ai) se Lavni.
C3 UF fè patenarya ak konpayi pou idantifye kijan y ap itilize AI epi ofri gid pakou karyè AI, ki bay konsèy sou opòtinite karyè AI yo.
Michael, ki gradye dènyeman nan UF, ak lòt elèv esplike kijan UF te ede yo prepare pou estaj, patisipasyon, ak preparasyon pou antrevi.
Salè mwayen inisyal pou gradye UF se apeprè $ 10K pi wo pase Salè mwayèn nasyonal la. 10,000
JWENN YON EKSPERYANS OTANTIK AK PRATIK... ANDAN KLAS LA.
PI BON REZO ANSYEN ETIDYAN Princeton Review, 2023 9 #
Avèk yon laj medyan ki 26 lane, Gainesville se yon vil kolèj pa ekselans lan — ki plen enèji. Anba lavil Gainesville chaje magazen alamòd, restoran delisye ak aktivite sware anime. Pwofite la nati avèk plizyè santye randone ak rezèv natirel ki toupre.
POU VIV NAN FLORID USA Today, 2024 2#
PI BON KOTE
Paynes Prairie
Preserve State Park
DEZINYE KÒM YON
VIL ABÈY OFISYÈL
NAN ETAZINI
Bee City USA, 2023
Gran Sware Sinema pou akeyi Gator
yo nan Amphitheater Reitz Union lan
Plis pase 1,000 òganizasyon etidyan. Plis pase 1,000 kote pou retwouve w.
Toujou gen yon bagay k ap pase nan UF pou ranpli kalandriye sosyal ou. Defoule ou nan sant lwazi Southwest Recreation Center ki sou 147,000 pye kare tè oswa enstale yon Hamak epi detann ou anba gwo pye bwa chenn yo nan Plaza of the Americas.
DETANN OU EPI JWE
NAN LAK LWAZI INIVÈSITE A, UF LAKE WAUBURG
Valiz RecSports & Eksplore Islann
Yon eksperyans ki vo kite lakay ou.
SOU KANPIS
Eske ou ka mache al nan klas? Wi tanpri! Tcheke 27 opsyon rezidans ki disponib pou elèv ki gen preferans ak estil vi diferan. housing.ufl.edu
KOMINOTE APRANTISAJ AK LAVI UF housing.ufl.edu/llc
DEYÒ KANPIS
offcampus.ufl.edu
Touswit apre w fin ranpli aplikasyon w pou admisyon UF, aplike pou lojman sou lakou lekòl la. Se sèlman $25!
Kolèj Syans Agrikilti ak Lavi cals.ufl.edu
Edikasyon ak Kominikasyon Agrikòl*†
Jesyon Operasyon Agrikòl*
Syans Animal*
Byoloji†
Botanik*
Dyetetik*
Antomoloji ak Nematoloji*†
Jesyon Anviwònman nan Agrikilti ak Resous Natirèl* (Etid Entèdisiplinè)
Syans Anviwònmantal*
Syans Lafanmi, Jenès ak Kominote*
Ekonomi Manje ak Resous*
Syans Alimantè*
Resous ak Konsèvasyon Forè*
Jewomatik
Syans Òtikòl*
Syans Marin
Mikwobyoloji ak Syans Selilè*
Konsèvasyon Resous Natirèl*
Syans Nitrisyonèl*
Syans Plant yo*
Syans Sòl ak Dlo*
Ekoloji ak Konsèvasyon Bèt sovaj*
Kolèj La arts.ufl.edu
La*
Istwa La*
*Matyè Prensipal ki elijib pou PaCE
Dans*
La ak Syans Dijital
Konsepsyon Grafik*
Mizik*
Edikasyon Mizik*
Teyat*
Pèfòmans pou Teyat
Pwodiksyon Teyat
Kolèj Biznis Warrington
Lekòl Kontablite Fisher warrington.ufl.edu/about/ fisher
Kontablite†
Lekòl biznis Heavener warrington.ufl.edu/about/ heavener
Administrasyon Biznis, Etid Jeneral*†
Finans†
Sistèm Enfòmasyon† Jesyon†
Maketing†
Kolèj Konsepsyon, Konstriksyon ak Planifikasyon dcp.ufl.edu
Achitekti
Dekorasyon Enteryè
Achitekti Peyizaj
Dirabilite ak Anviwònman Bati*†
†Matyè prensipal ki elijib pou Innovation Academy
M.E. Rinker, Sr. Lekòl Jesyon Konstriksyon dcp.ufl.edu/rinker
Jesyon Konstriksyon
Kolèj Edikasyon education.ufl.edu
Edikasyon Premye Timoun
Syans Edikasyon*† Edikasyon Elemantè
Kolèj Jeni Herbert Wertheim eng.ufl.edu
Jeni Ayewospasyal
Jeni Byolojik
Jeni Byomedikal
Jeni Chimik
Jeni Sivil
Jeni Enfòmatik*
Syans Enfòmatik†
La ak Syans Dijital†
Jeni Elektrik
Jeni (Eksplorasyon Etid Jeni)
Jeni Anviwònmantal
Jeni Endistriyèl ak Sistèm
Syans Materyo ak Jeni
Jeni Mekanik
Jeni Nikleyè
Kolèj Sante ak Pèfòmans Imèn hhp.ufl.edu
Fizyoloji Aplike ak Kinezyoloji
Edikasyon ak Konpòtman Sante*
Matyè prensipal ki elijib pou PaCE and Akademi Inovasyon apati Jiyè 2024. Matyè majè yo kapab chanje. Pou plis enfòmasyon konsilte catalog.ufl.edu.
Jesyon Espò*
Tourism, Ospitalite ak Jesyon Evènman*
Kolèj Jounalis ak Kominikasyon jou.ufl.edu
Piblisite*†
Jounalis*†
Pwodiksyon, Jesyon ak Teknoloji Medya*†
Relasyon Piblik*†
Kolèj La Liberal ak Syans clas.ufl.edu
Etid Afriken-Ameriken*†
Lang Afrikèn
Antwopoloji*†
Arab
Astwonomi ak Byoloji Astwofizik
Byoloji†
Botanik
Chimi†
Chinwa
Etid Klasik
Syans Enfòmatik*
Kriminoloji
Syans Done
Doub Lang
Ekonomi
Anglè*†
Lang ak Literati Etranje
Etid Fransè ak Frankofòn
Jewografi*†
Jewoloji*
Alman
Ebre
Lang, Literati ak Lengwistik Ispanik ak Latino Amerikèn
Istwa*†
Etid Entènasyonal
Italyen Japonè
Etid Jwif
Lengwistik*
Syans Marin Matematik*†
Meteyoroloji
Mikwobyoloji ak Syans Selil
Filozofi* Fizik
Syans Politik† Pòtigè
Sikoloji† Relijyon* Ris
Sosyoloji*†
Espayòl*
Espanyòl ak Pòtigè
Estatistik*
Etid Dirabilite*
Etid Fanm* Zowoloji
Kolèj Swen Enfimye nursing.ufl.edu
Swen Enfimye
Kolèj Famasi pharmacy.ufl.edu
Famasi (Pre-pwofesyonèl)
Kolèj Sante Piblik ak Pwofesyon Lasante phhp.ufl.edu
Syans ak Twoub Kominikasyon
Syans Lasante
Sante Piblik
ADMISSIONS.UFL.EDU/VISIT
Fè yon vizit an pèsòn sou lakou lekòl la, avek yon elev UF kom gid, oswa vizite vityèlman lè w telechaje vizit oto-gide nou an atravè aplikasyon pou telefòn GatorWay.
Eskane pou opsyon vizit yo An pèsòn ak Vityèl
Eskane pou w enskri nan lis moun ki resevwa kourye nou yo Mande enfòmasyon
BIWO ADMISYON
Depatman Jesyon Anwolman
PO Box 114000
Gainesville FL 32611-4000
Inivèsite Florid pran angajman pou pa fè diskriminasyon anrapò ak ras, kwayans, relijyon, laj, andikap, koulè, sèks, oryantasyon seksyèl, eta sivil, orijin nasyonal, opinyon oswa afilyasyon politik, oswa stati veteran.
Fèt pa Ekip Maketing ak Kominikasyon pou Anwolman, Divizyon Jesyon Anwolman.