Boletín #3 del Programa de Cooperación Binacional

Page 1

CUIDEMOS

LA CASA COMÚN Y PREPARÉMONOS

PARA ENFRENTAR LOS IMPACTOS DEL CAMBIO CLIMÁTICO

La República de Haití y la República Dominicana, como todo el Caribe insular, están en la ruta de los huracanes. La temporada ciclónica empieza el 1 de junio y termina el 30 de noviembre. Durante esta época del año, las personas caribeñas estamos atentos a las noticias de depresiones, tormentas y huracanes que con frecuencia provocan inundaciones, dañan viviendas, destruyen sembradíos e infraestructuras y, en el peor de los casos, causan muertes.

Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn, tankou tout zile Karayib la, twouve yo sou wout siklòn yo. Sezon siklòn nan kòmanse premye (1) jen pou rive trant (30) novanm. Pandan epòk sa nan lane a, moun ki nan Karayib yo dwe rete veyatif sou nouvèl glisman tèren, tanpèt ak siklòn ki souvan pwovoke inondasyon, yo kraze kay, gate jaden ak wout yo, epi sa ki pi mal la, yo koz lanmò.

1 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
KI POU NOU TOUT LA EPI ANN PREPARE NOU POU N AFWONTE ENPAK CHANJMAN KLIMATIK
BIENVENIDA | BYENVINI BOLETÍN 3 NOVIEMBRE 2022 BILTEN 3 NOVANM 2022
ANN PWOTEJE KAY
YO
Trabajos de Reforestación en la Cuenca Binacional Travay Rebwazman nan Basen ant de (2) Peyi

Conscientes del gran reto que enfrentan los países de nuestra isla, que según la comunidad científica será cada vez mayor por los efectos del cambio climático, nuestro Programa de Cooperación Binacional cuenta con un Componente de medio ambiente, cambio climático y gestión de riesgo, implementado por nuestros socios de la Agencia Alemana para la Cooperación Internacional, GIZ.

Gracias a este componente, se ha ayudado a mejorar la gestión de riesgo en la provincia dominicana de Pedernales y en las comunidades haitianas de Thiotte y Anse-à-Pitre.

Además, junto a las autoridades nacionales y locales de los dos países, organizaciones comunitarias y propietarios privados, a través del Programa se ha aumentado la cobertura vegetal por medio de la reforestación de 306 hectáreas en territorio dominicano y 219.45 hectáreas en territorio haitiano.

La reforestación y la restauración de ecosistemas son tareas fundamentales para mejorar la resiliencia ante los fenómenos naturales; y sobre todo para contar con bases sólidas que nos permitan construir sociedades cada vez más prósperas, pacíficas y libres. La buena gestión de recursos como el suelo, el agua y las costas nos permitirá disfrutar, como merecemos, de nuestros países y de nuestra isla, esta hermosa casa común rodeada de mar que compartimos.

Nou okouran gro defi Peyi nou yo ki nan zile a ap afwonte, epi daprè komite syantifik la, chak jou defi sa yo ap vin pi grav, se pou tèt sa Pwogram Koperasyon Binasyonal la gen yon eleman pou anviwònman, chanjman klimatik ak jesyon risk patnè nou yo ki nan ajans Almay la aplike pou Koperasyon entènasyonal, GIZ.

Gras a eleman sa nou ede amelyore jesyon risk la nan pwovens dominiken ki se Pedernales ak kominote Ayisyen ki nan Thiotte ak Ansapit.

Anplis, atravè Pwogram nan, òganizasyon kominote ak pwopriyete prive yo ansanm ak otorite nasyonal ak local tou de (2) peyi yo te ogmante Kouvèti vejetal atravè rebwazman 306 ekta nan teritwa dominiken ak 219 ekta nan teritwa Ayisyen.

Rebwazman ak restorasyon ekosistèm yo se travay fondamantal pou amelyore rezistans kont fenomèn natirèl yo ; sitou pou nou genyen fondasyon solid k ap pèmèt nou bati sosyete de pli zan pli pwospè, pasifik ak lib. Bon jesyon resous yo tankou tè a, dlo ak rivaj yo pral pèmèt nou jwi peyi nou ak zile nou jan nou meritel la, epi tou lanmè sa nou pataje a ki antoure bèl kay sa nou gen an komen an.

2 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine INSTITUCIONES Y SOCIOS DEL PROGRAMA ENSTITISYON AK PATNÈ PWOGRAM SA A

Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití

Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine

IMPACTO DEL PROYECTO CUENCA BINACIONAL PEDERNALES

EMPAK PWOJÈ AKWIFÈ1 BINASYONAL PEDERNALES

Personas se han beneficiado del proyecto

Moun te benefisye pwojè sa

en la República de Haití y nan Repiblik Dayiti ak

en la República Dominicana, a través de medidas de agroforestería, reforestación, huertos caseros y prácticas de conservación de suelo.

nan Repiblik Dominikèn, a travè mezi agwoforestye (agrikilti), rebwazman, jaden nan lakou kay ak pratik konsèvasyon tè a.

67% 33%

de estos son hombres y el pousan nan moun sa yo se gason epi rès mujeres. pousan se fanm.

Se trabaja en coordinación y asesoría directa con

Nou travay an kowòdinasyon ak konseye dirèk

31 31

Se han capacitado

Nan tou de peyi yo nou bay

8,811 8,811

personas en ambos países (2319 en la República Dominicana y 6492 en la República de Haití), de las cuales

47.35% 47.35%

moun asistans (2,319 nan Repiblik Dominikèn ak 6,492 nan Repiblik Dayiti), pami yo son mujeres. se fanm.

1 Yon ansanm sistèm larivyè ant RD ak Ayiti

3 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
1851
1377 1377 474 474 67%
organizaciones dominicanas y con òganizasyon dominikèn ak organizaciones haitianas. òganizasyon ayisyèn. 33%
26 26

GESTIÓN DE RIESGOS JESYON RISK

Proyecto Binacional Apoya Acciones de Preparación para la Temporada Ciclónica en Anse-à-Pitre y Pedernales

Anse-à-Pitre, Haití.-

La GIZ apoyó el proceso de preparación para la temporada ciclónica de las autoridades locales haitianas y dominicanas en Anse-à-Pitre y Pedernales respectivamente.

En Haití, el lema de la campaña de prevención de la temporada ciclónica 2022 fue “Ann rete plis vijilan pandan youn ap veye sou lòt” (Seamos más vigilantes mientras nos cuidamos uno/a al otro/a)”. La actividad fue encabezada por el secretario general de la gobernación del Sudeste, Frantz Magellan Pierre-Louis; el alcalde de Anse-à-Pitre, Harry Bruno, y el coordinador técnico del Comité departamental de protección civil, Ronald Délice.

Se realizó un acto simbólico de donación de equipamientos y materiales de Alianza por la Solidaridad/GIZ al centro municipal de protección civil de Anse-à-Pitre

Pwojè Binasyonal Soutni Aksyon Preparasyon yo pou Sezon Siklòn nan Ansapit ak

Pedernales

Ansapit, Ayiti.-

GIZ te soutni pwosesis preparasyon otorite lokal ayisyèn ak dominikèn yo pou sezon siklòn nan, respektivman nan Ansapit ak Pedernales.

Nan Ayiti, deviz kampay prevansyon pou sezon siklòn 2022 a se te “Ann rete pi vijilan pandan youn ap veye sou lòt” (Seamos más vigilantes mientras nos cuidamos uno/a al otro/a). Aktivite a te gen an tèt li sekretè jeneral gouvènè Sidès la, Frantz Magellan Pierre-Louis ; majistra Ansapit la, Harry Bruno, ak kowòdinatè teknik Komite depatmantal pwoteksyon sivil, Ronald Délice.

Yo te reyalize yon aksyon sembolik ki se te donasyon ekipman ak materyèl Alyans pou Solidarite / GIZ te bay nan sant minisipal pwoteksyon sivil Ansapit.

4 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine NOTICIAS | NOUVÈL
Temporada Ciclónica del Caribe Sezon Siklòn Karayib la

Pedernales

Mientras que en Pedernales, Joselín Rodríguez, asesora en Gestión de Riesgo de GIZ, y Abdias Berrouet, coordinador de Prepárate Pedernales presentaron el alcance del proyecto que se implementa en la provincia para mejorar la protección frente a las amenazas de la población que vive en la cuenca de Pedernales, y fortalecer la coordinación a nivel local en asuntos relativos a la reducción y gestión de riesgo.

“Prepárate Pedernales” es ejecutado por Plan International, que impartió un curso básico de “Sistema de Comando de Incidentes” para fortalecer y desarrollar capacidades locales y adoptar medidas preventivas para afrontar de forma efectiva riesgos de desastres.

Pedernales

An menm tan, konseye nan jesyon risk GIZ yo, Joselín Rodríguez ak Abdias Berrouet, kowòdinatè Prepare w Pedernales (Prepárate Pedernales), te prezante dimansyon pwojè ki te aplike nan pwovens lan pou amelyore pwoteksyon fas a menas popilasyon k ap viv nan Basen Pedernales (Cuenca Pedernales), epi ranfòse kowòdinasyon nan zafè ki gen pou wè ak rediksyon epi jesyon risk nan nivo lokal.

Se Plan Entènasyonal ki egzekite “Prepare w Pedernales (Prepárate Pedernales)” epi tou ki te bay yon kou bazik sou “Sistèm kontwòl ensidan” pou ranfòse epi devlope kapasite lokal yo epi pran mezi prevantif pou afwonte risk ak katastwòf nan yon fason ki efektif.

5 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití
Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
Programa
Programme de Coopération
Presentación "Prepárate Pedernales" Prezantasyon "Prepare w Pedernales"

GESTIÓN DE RIESGOS JESYON RISK

GIZ Coordina Encuentros entre Autoridades Dominicanas y Autoridades Haitianas Encargadas de la Protección de Civiles

Pedernales, República Dominicana.-

Para enfrentar amenazas, reducir la posibilidad de que se produzcan lesiones personales, pérdidas de vidas y otros daños irreparables, la República Dominicana y la República de Haití han avanzado en el fortalecimiento del Sistema de alerta temprana binacional.

De acuerdo con Naciones Unidas “un sistema de alerta temprana es una medida de adaptación al cambio climático que utiliza sistemas de comunicación integrados con el fin de ayudar a las comunidades a prepararse para los peligros relacionados con el clima”.

Con el fin de mejorar el sistema binacional, la GIZ ha organizado tres encuentros con autoridades del más alto nivel en la toma de decisiones, tanto de la Defensa Civil, en República Dominicana como de Protección Civil, en Haití. También se han impartido capacitaciones, intercambio de conocimientos y acciones de fortalecimiento mutuo.

Giz Kowòdone Reyinyon ant Otorite Dominiken ak Otorite Ayisyen yo ki Responsab Pwoteksyon Sivil yo

Pedernales, Repiblik Dominikèn.-

Pou afwonte menas yo, diminye posiblite ki kapab koz moun blese, moun mouri epi ak kèk lòt domaj ki pa ka repare, Repiblik Dominikèn ak Repiblik Dayiti te fè pwogrè nan ranfòsman Sistèm avètisman bonè ant de (2) peyi yo.

Daprè Nasyonzini yo yon “sistèm avètisman bonè” se yon mezi adaptasyon fas a chanjman klimatik ki itilize sistèm kominikasyon entegre pou kapab ede kominote yo prepare yo pou danje ki gen pou wè ak klima a.

Pou amelyore sistèm binasyonal la, GIZ te òganize twa (3) reyinyon ak otorite ki gen pi wo nivo pou pran desizyon, tank nan Defans Sivil an Repiblik Dominikèn tankou nan Pwoteksyon Sivil an Ayiti. Yo te bay fòmasyon tou, echanj konesans ak aksyon pou ranfòsman ant de (2) peyi yo.

6 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
Reuniones en Pedernales y Anse-a-Pitre Reyinion nan Pedernales ak Ansapit

Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití

Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine

AGRICULTURA Y AMBIENTE AGRIKILTI AK ANVIWÒNMAN

Realizan Taller sobre

Producción de Cítricos

Pedernales, República Dominicana.-

Personal del Ministerio de Agricultura de la República Dominicana impartió un taller binacional sobre producción de cítricos en el marco del Proyecto Cuenca Binacional Pedernales.

En este encuentro participaron agricultores dominicanos y haitianos de la zona de intervención del proyecto en Pedernales y Anse à Pitre, así como equipos técnicos de GIZ Pedernales y Thiotte.

La formación se dividió en dos jornadas teóricoprácticas en parcelas productivas de limón.

Reyalizasyon Atelye sou

Pwodiksyon Sitrik 2

Pedernales, Repiblik Dominikèn.-

Amplwaye Ministè Agrikilti nan Repiblik Dominikèn te bay tou de (2) peyi yo yon atelye sou pwodiksyon sitrik nan kad Pwojè Akwifè Binasyonal Pedernales (Cuenca Binasyonal Pedernales).

Agrikiltè dominiken ak ayisyen ki nan zòn entèvansyon pwojè nan pedernales ak ansapit yo te patisipe nan rankont sa, menm jan ak ekip teknik GIZ Perdernales ak Thiotte.

Fòmasyon an te divize an de (2) pati teyorik-pwatik nan tèren ki pwodwi sitwon.

¿QUIERES SABER MÁS SOBRE NUESTRO COMPONENTE DE MEDIO AMBIENTE, CAMBIO CLIMÁTICO Y GESTIÓN DE RIESGOS?

Descarga su boletín #5 aquí: https://programabinacional.org/download/boletin-5-componente-de-medio-ambiente-cambio-climatico-y-reduccion-de-riesgo-de-desastres/

CHANJMAN KLIMATIK

OU VLE KONNEN PLIS SOU ELEMAN ANVIWÒNMAN NOU,

AK JESYON RISK ?

Telechaje bilten #5 lan sou lyen sa a: https://programmebinational.org/download/bilten-5-konpozant-anviwonman-chanjman-klimatik-ak-jesyon-risk-dezas/

2 Ou asid sitron, zoranj, eksetera

7 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
Agricultores Dominicanos y Haitianos Participantes del Taller sobre Producción de Cítricos Fèmye Dominiken ak Ayisyen Patisipan nan Atelye sou Pwodiksyon Sitrik

COMERCIO KOMÈS

Diálogo Chocolate: Un Idioma Binacional Dyalòg Chokola: Yon Lang Binasyonal

Santo Domingo.-

Dos maestros chocolateros, Jens Kamin, de Definite Chocolate, República Dominicana; y Ralph Leroy, de Makaya Chocolat , República de Haití, se reunieron y crearon juntos una colección de tres chocolates, que se presentó por primera vez en el 2º Festival del Chocolate Dominicano, en Ágora Mall, del 8 al 10 de julio de 2022.

En el marco del Diálogo Cultural Binacional se ha creado un sabroso “Diálogo Chocolate” entre Definite Chocolate y Makaya Chocola. Combina la historia del cacao y la de los dos países, con recetas que resaltan ingredientes orgánicos y tradiciones comunes a toda la isla: café, cajuiles y maní. Leer más en https://programabinacional. org/2022/07/dialogo-chocolate-un-idioma-binacional/

Sen Domeng.-

De (2) mèt nan zafè fè chokola, Jens Kamin, manm Definite Chokolate, Repiblik Dominikèn ; ak Ralph Leroy, manm Makaya Chokola, Repiblik Dayiti, te reyini epi yo kreye ansanm yon koleksyon ki gen twa (3) chokola yo te prezante pou la premyè fwa nan dezyèm Festival Chokola Dominiken, nan Ágora Mall, soti 8 pou rive 10 jiyè 2022.

Nan kad Dyalòg Kiltirèl Binasyonal yo te kreye yon bon “dyalòg chokola” ant Denite Chocolate ak Makaya Chocola. Li konbine istwa kakawo ak istwa de (2) peyi yo, ak resèt ki mete aksan sou engredyan òganik ak tradisyon komen nan tout zile a : Kafe, Nwa ak pistach.

Ou ka al li plis sou lyen: https://programmebinational.org/2022/07/le-dialogue-chocolat-une-langue-binationale/

8 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
“Diálogo Chocolate” entre Definite Chocolate y Makaya Chocola “Dyalòg Chokola” ant Denite Chocolate ak Makaya Chocola.

DEPORTES ESPÒ

Más de Mil Jóvenes han Participado en Torneos Deportivos Binacionales

Frontera Sur, mediante el proyecto “Cohesión social y cultura de paz en la frontera a través del fomento del deporte”, financiado por la Unión Europea, ha organizado 25 eventos deportivos entre jóvenes haitianos y dominicanos y ha impartido ocho talleres sobre comunicación

Las amistades que se forjan en los eventos deportivos nacionales e internacionale pueden durar toda la vida, gracias a la solidaridad y al trabajo de equipo necesarios tanto para ganar medallas como para organizar los torneos.

En las comunidades fronterizas del sur de la República de Haití y de la República Dominicana, Frontera Sur trabaja en la construcción de una cultura de paz mediante el fomento del deporte, como parte del componente de Diálogo del Programa Binacional Convivencia/Annvivansanm, financiado por la Unión Europea.

Desde septiembre de 2021 hasta agosto 2022, 1,079 atletas de ambos países participaron en estos torneos, más concretamente en competiciones de voleibol, fútbol, fútbol sala, balonmano, minivolley y baloncesto.

Leer más en https://programabinacional. org/2022/08/mas-de-mil-jovenes-han-participado-en-torneos-deportivos-binacionales/

Plis Pase Mil Jèn te Patisipe nan

Tounwa Espò Binasyonal Yo

Fwontyè Sid te òganize 25 evènman espòtif ant jèn ayisyen ak dominiken atravè pwojè “Jwenti sosyal ak kilti pou lapè nan fwontyè a atravè pwomosyon espò”, epi yo te bay uit (8) atelye sou kominikasyon. Se Inyon Ewopeyèn ki finanse pwojè sa.

Zanmitay ki fòje nan aktivite espòtif nasyonal ak entènasyonal ka dire tout lavi, gras ak solidarite ak travay an ekip ki nesesè tank pou genyen meday tankou pou òganize tounwa yo.

Nan kominote fwontalye sid Repiblik Dayiti ak Repiblik Dominikèn, Fwontyè Sid travay nan konstriksyon yon kilti pou lapè atravè pwomosyon espò tankou pati nan eleman dyalòg Pwogram Binasyonal Convivencia/ Vivansanm, ki finansye pa Inyon Ewopeyèn.

Depi septanm 2021 jiska dawout 2022, 1,079 atlèt tou de peyi yo te patisipe nan tounwa sa yo, espesyalman nan konpetisyon volebòl, foutbòl, foutsal, foutbòl ak men, ti volebòl ak baskètbòl.

Ou kapab al li plis sou lyen: https://programmebinational.org/2022/08/plus-dun-millier-de-jeunes-ontparticipe-a-des-tournois-sportifs-binationaux/

9 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine CONSTRUYENDO DESARROLLO | NAP KONSTWI DEVLÒPMAN
Eventos Deportivos Binacionales Evènman Espòtif Binasyonal

World Vision Realizó un Simposio Binacional sobre Historia Cultural, Medio Ambiente y Desarrollo Fronterizo

Dajabón, República Dominicana.-

World Vision República Dominicana realizó un simposio académico sobre historia, cultura, medio ambiente y desarrollo fronterizo. La actividad se desarrolló como parte del proyecto “Dominicana y Haití en buena vecindad”, que la organización ejecuta en las provincias fronterizas dominicanas de Jimaní y Dajabón; y la comuna de Ouanaminthe y el Departamento Nordeste en Haití.

El proyecto “Dominicana y Haití en Buena Vecindad” busca “contribuir a la construcción de relaciones dominico-haitianas pacíficas, fundamento para el desarrollo sostenible, mediante la profundización del conocimiento mutuo desde del área educativa”.

Leer más en: https://programabinacional. org/2022/06/world-vision-realizo-un-simposio-binacional-sobre-historia-cultural-medio-ambiente-y-desarrollo-fronterizo/

World Vision te Reya-

yon Senpozyòm Binasyonal sou Istwa Kiltirèl, Enviwònman ak Devlòpman Fwontalye

Dajabón, Repiblik Dominikèn.-

World Vision Repiblik Dominikèn te realize yon senpozyòm akademik sou istwa, kilti, anviwònman ak devlòpman fwontyè yo. Aktivite sa te dewoule tankou pati pwojè “Bon vwazinay ant Dominiken ak Ayiti”, se òganizasyon an ki te egzekite aktivite sa nan pwovens fwontalye dominiken, Jimaní ak Dajabón epi nan komin Wanament ak Depatman Nòdès nan Ayiti.

Pwojè “Bon vwazinay ant Dominiken ak Ayiti” ap chache “kontribye nan konstriksyon relasyon pasifik dominiko-ayisyen, baz pou devlòpman dirab, atravè profondisman konesans ant de (2) peyi yo kòmanse depi nan zòn edikatif”.

Ou kapab al li plis sou lyen https://programmebinational.org/2022/06/world-vision-a-organise-un-symposium-binational-sur-lhistoire-culturelle-lenvironnement-et-le-developpement-frontalier/

10 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití
Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
Simposio Académico Binacional Senpozyòm Akademik Binasyonal
EDUCACIÓN
DIÁLOGO | DYALÒG
lize
SENPOZYÒM

Estudiantes de Haití y RD Participan en Taller sobre Interculturalidad y Cobertura de Relaciones Binacionales

Santo Domingo.-

¿Cómo desde el periodismo y la comunicación social se pueden enfrentar los estereotipos y los mensajes de odio que con frecuencia se encuentran en los discursos sobre las relaciones binacionales entre la República Dominicana y la República de Haití?

Con esta pregunta como referencia, estudiantes de toda la isla que participaron en el taller “Interculturalidad y cobertura de relaciones internacionales y binacionales” reflexionaron sobre la realidad binacional y la forma de comunicarla en los medios haitianos y dominicanos, después de escuchar las exposiciones de los periodistas María Isabel Soldevila, Adalberto Grullón (RD) y Milo Milfort (Haití).

La formación fue organizada en el marco de la Asistencia Técnica al Programa de Cooperación Binacional, cuya implementación lidera OCA Global. Leer más en: https://programabinacional. org/2022/07/estudiantes-participan-en-taller-sobre-interculturalidad-y-cobertura-de-relaciones-internacionales-y-binacionales/

Etidyan Ayiti ak RD

Patisipe nan Atelye

Entèkiltirèl ak

Kouvèti Relasyon

Binasyonal yo

Sen Domeng.-

Ki jan nou kapab fè fas ak prejije ak mesaj rayisman nou souvan trouve nan diskou sou relasyon binasyonal ant Repiblik Dominikèn ak Repiblik Dayiti nan metye jounalis ak kominikasyon sosyal ?

Ak kesyon sa kòm referans, etidyan tout zile a ki te patisipe nan atelye “entèkiltirèl ak kouvèti relasyon entènasyonal e binasyonal” te reflechi sou reyalite de (2) peyi yo epi fason pou kominike sa nan medya ayisyen ak dominiken yo apre yo te fin tande ekspozisyon jounalis María Isabel Soldevila, Adalberto Grullón (RD) ak Milo Milfort (Ayiti).

Fòmasyon an te òganize nan kad Asistans Teknik ki nan Pwogram Koperasyon Binasyonal la, se OCA Global k ap dirije l.

Ou kapab al li plis sou lyen : https://programmebinational.org/2022/07/des-etudiants-participent-a-un-atelier-sur-linterculturalite-et-la-couverture-des-relations-internationales-et-binationales/

11 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine

World Vision Conforma Comité de Mediadores de Conflictos

Binacionales en Jimaní

Jimaní, Independencia.-

La organización internacional World Vision República Dominicana coordinó la conformación del Comité de mediadores de conflictos binacionales en el municipio dominicano de Jimaní, provincia Independencia. La acción se enmarca en el proyecto “Dominicana y Haití en Buena Vecindad”, que se implementa en las provincias dominicanas de Independencia y Dajabón y en la comuna fronteriza haitiana de Ouanaminthe, como parte del Programa de Cooperación Binacional “Convivencia”, financiado por la Unión Europea.

Con la implementación de esta iniciativa se busca que el municipio de Jimaní cuente con un mecanismo comunitario definido y establecido para solucionar problemas o conflictos, que pudieran generarse entre esta provincia fronteriza de República Dominicana y el departamento oeste Haití, mediante la mediación y negociación pacífica.

World Vision Fòme yon Komite Medyatè Konfli Binasyonal

Jimaní, Endepandans.-

Òganizasyon entènasyonal World Vision nan Repiblik Dominikèn te kowòdone fòmasyon Komite medyatè konfli binasyonal yo ki nan minisipalite dominiken nan Jimaní, pwovens Endepandans. Aksyon sa a fè pati pwojè “Bon Vwazinay ant Domiken ak Ayisyen”, ki aplike nan pwovens dominiken ki twouve l nan Endepandans ak Dajabón epi komin fwontalye ayisyèn nan Wanament, ki fè pati pwogram Koperasyon Binasyonal “Viv Ansanm” ki finansye pa Inyon Ewopeyèn.

Ak inisyativ sa n ap chache mwayen pou minisipal Jimaní genyen yon mekanis kominotè ki defini epi ki tabli pou kapab solisyone pwoblèm oubyen konfli yo atravè medyasyon ak negosyasyon lapè ki ta kapab pwodwi ant pwovens fwontalye ki nan Repiblik Dominikèn ak depatman lwès Ayiti.

12 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití
COMUNIDADES | KOMINOTE
Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
Jimaní
nan

GIZ Apoya Huertos Comunitarios Gestionados por Mujeres

Pedernales.-

En el marco del Proyecto Cuenca Binacional Pedernales, se han instalado 25 huertos gestionados por mujeres. Hasta el momento están plantando hortalizas, como lechuga, perejil, brócoli, entre otros. Las mujeres utilizan las hortalizas tanto para su consumo como para la venta a sus vecinos y vecinas.

Estos huertos caseros contribuyen a dinamizar la economía de la zona y el empoderamiento femenino.

La agricultura familiar campesina, en la que intervienen activamente las mujeres, es una de las principales fuentes de producción de alimentos en las comunidades rurales haitianas y dominicanas. Esta pequeña agricultura es clave para evitar o disminuir el riesgo de hambrunas.

Pedernales.-

Nan kad Pwojè Akwifè Binasyonal Pedernales (Cuenca Binasyonal Pedernales), yo te enstale 25 jaden (vèje) pou fanm yo jere. Jiska prezan yo plante legim, tankou leti, pèsi, bwokoli, ak lòt bagay. Fanm yo itilize legim tank pou manje tankou pou van vwazen ak vwazin yo.

Vèje sa yo kontribye pou dinamize ekonomi zòn nan ak otonomi fanm yo.

Agrikilti fanmiy peyizan, kote fanm yo patisipe aktivman, se youn nan sous prensipal manje nan kominote riral ayisyen ak dominiken yo. Ti agrikilti sa se kle pou evite oubyen diminye risk grangou.

13 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
25
25 Jaden (Vèje)
Huertos Gestionados por Mujeres GIZ Sipòte Jaden Kominote Fanm yo Ap Jere yo
Pou Fanm Yo Jere
MUJERES Y DESARROLLO | FANM AK DEVLOPMAN

Arte y Cultura para Promover la Paz y la Hermandad entre Haitianos y Dominicanos

«Kiskey’Art: ¡Kilti bay lanmen! Cultura solidaria» es un proyecto coordinado por las organizaciones haitianas FOKAL y el movimiento cultural Azueï, en el marco del Programa de Cooperación Binacional Convivencia, financiado por la Unión Europea.

Atizay ak Kilti pou fè Kanpay Lapè ak

Fratènite ant Ayisyen ak Dominiken

«Kiskey’Art: ¡Kilti bay lanmen! Cultura solidaria» se yo Pwojè òganizasyon ayisyen FOKAL ak mouvman kiltirèl Azueï kowòdine nan kad Pwogram Koperasyon Binasyonal Viv Ansanm/ Convivencia, epi se Inyon Ewopeyèn ki finansye.

14 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022 Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine
CULTURAS | KILTI YO
GIRA VWAYAJ

Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití

Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine

A través de este proyecto se organizaron una serie de eventos culturales a nivel nacional y binacional, en el marco de la gira Kiskey’Art, una verdadera caravana artística lanzada el 9 de junio de 2022, en Santo Domingo, República Dominicana.

Esta gira binacional reunió a una docena de artistas de distintos orígenes que actuaron en ocho ciudades de la isla: Pedernales, Cabarete, Santiago, Santo Domingo y Batey 4 en la República Dominicana; y Limonade, Cabo Haitiano y Anse-à-Pitre en la República de Haití.

Leer más https://programabinacional.org/2022/09/ arte-y-cultura-para-promover-la-paz-y-la-hermandad-entre-haitianos-y-dominicanos/

A travè projè sa nou te òganize yon seri evènman kiltirèl a nivo nasyonal ak binasyonal, nan kad toune Kiskey’art, yon veritab karavann atistik ki te lanse a pati 9 jen 2022, nan Sen Domeng, Repiblik Dominikèn.

Toune binasyonal sa te rasanble yon douzèn atis plizyè orijin ki te jwe nan uit (8) vil sou zile a: Pedernales, Cabarete, Santiago, Sen Domeng ak Batey 4 nan Repiblik Diominikèn ; epi Limonad, Okap ak Ansapit nan Repiblik Dayiti.

Ou kapab al li plis sou lyen https://programmebinational.org/2022/09/lart-et-la-culture-comme-vecteurs-de-paix-de-solidarite-et-de-fraternite-entrehaitiens-et-dominicains/

15 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022

Programa de Cooperación Binacional República Dominicana | República de Haití

Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine

Programa de Cooperación Binacional

República Dominicana | República de Haití

www.programabinacional.org

@rdhtconvivencia

@rdhtconvivencia

info@programabinacional.org

CRÉDITOS

Boletín creado con información recopilada por: GIZ, Caribbean Export, Haití Jazz, Frontera Sur, World Vision y FOKAL.

DESCARGO DE RESPONSABILIDAD

El Programa de Cooperación Binacional es financiado por la Unión Europea. Su contenido es creado por Oca Global con informaciones facilitadas por las organizaciones socias e implementadoras. Los artículos publicados en esta página no necesariamente reflejan los puntos de vista de la Unión Europea ni del gobierno de la República Dominicana ni del gobierno de la República de Haití.

Programme de Coopération Binationale République d'Haïti | République Dominicaine

www.programmebinational.org

@htrdannnvivansanm

@htrdanvivansanm

info@programmebinational.org

KREDI

Bilten sa kreye ak enfòmasyon GIZ, Caribbean Export, Ayiti Jazz, Fwontyè Sid, World Vision ak FOKAL te rive kolekte :

AVI SOU NON-RESPONSABILITE

Se Inyon Ewopeyèn ki finansye Pwogram Koperasyon Binasyonal la. Epi se Oca Global ki kreye kontni yo ak enfòmasyon òganizasyon patnè nou yo bay nou. Atik yo ki pibliye nan paj sila a pa reflete nesesèman opinyon Inyon Ewopeyèn ni opinyon gouvènman Repiblik Dominikèn ni gouvènman Repiblik Dayiti.

16 BOLETÍN NO 3 - NOVIEMBRE 2022 | BILTEN NO 3 - NOVANM 2022
Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.