Page 1

en ci Lu k ric at -P an Je

Mwen Renmen Zile Ilavach Yon ti liv pou tout moun zile a Otè: Jean-Patrick Lucien


2

Chak peyi gen istwa d’Ayiti pa yo (chaque pays a son histoire d’Haiti), se yon ti dizon ke anpil elèv lekòl te konn ap repete lè nou te piti. Pou sa nou li de ti zile sa a e lè nou te pale ak plizyè moun, nou te di ke fòk zile sa gen pwòp ti liv pa li pou ke ti moun kap vini pita yo konn richès ke yo gen lakay yo.

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Sa nou vle fè nan ti liv sa, se bay moun nan zile a yon fason pou pale de istwa yo, kilti yo, fason yo viv e sèvi kòm yon ekzamp a lòt kote nan peyi d’Ayiti. Nou kwè ke zile a dwe antre istwa pa li nan edikasyon ti moun yo pou yo ka apresye ki moun yo ye, kote yap viv la e pa kite ke se lòt moun ka vinn montre yo richès yo.

Je

an

Nou remèsye gwoup pwofesè nan zile a ki te chita ansanm avèk nou pou revize liv la e ban nou otorizasyon pou metel a la dispozisyon yo. Nou espere ke de tan zan tan nou ka ajoute plis istwa sou liv a e kontinye rakonte mèvèy zile sa. Jean-Patrick Lucien, Otè Dwa dotè: Jean-Patrick Lucien, pèson pa gen Dwa fè chanjman nan liv la san otorizasyon otè a. Copyright: Jean-Patrick Lucien Droit d’Auteur: Jean-Patrick Lucien


ci

en

3

ric

k

Lu

Otè liv la: Jean-Patrick Lucien (patlucien@yahoo.com)

Je

an

-P

at

Moun ki revize liv la: Pwofesè Rosemond Lucien Charlot Lucien Jean St. Vil, Jafrikayiti Gwoup Pwofesè lekòl Ilavach Moun avèk òganizasyon ki sipòte Pwojè a La Meri Ilavach Gwoup Pwofesè lekòl Ilavach Bernadette Henry-Lucien Charlot Lucien (www.charlotlucien.com) Max Theodore (www.usasterling.com) Agwonom Isaac Cherestal (CAPAS) Jean Sauny Pierre Enprime pa: EDUCAVISION Inc (www.educavision.com) Gwoup Devlopman Ile-a-Vache S.A. Yo mo espesyal an memwa de Jean-Willy Alexandre e William St Cyr, de moun zile a ki kite nou twò vit.


5 10 14 17 20 24 27 30 34 37 41 44 48 52 56

at

ric

k

Lu

ci

en

1. Zout a Pale nou de Zile Ilavach 2. Bonswa se Lonè 3. Jou Mache 4. Aneliz Pral Lekòl 5. Istwa Bèna Kòk 6. Match Foutbòl 7. Kapitèn Mògan 8. Pè Magwon (Robert Margron) 9. Sentilòm, Mèt Dlo 10.Siklòn, Move Tan 11. Sè Flora 12.Eleksyon 13.Grann 14.Agwonòm Izarak 15.Yon Pesonaj ap Pale: Mysye Lelio Justin ap pale

Je

an

-P

Ti Jwèt: 1. Chache Mo 2. Krik Krak, Mo Kwaze 3. Chache Vil nan kè depatman peyi 4. Mysye Patrick pèdi nan 5. Vil nan peyi nou

58 59 60 61 62

Tanpri voye sa nou panse de liv la bay JeanPatrick Lucien nan patlucien@yahoo.com. Nou espere ke yon jou chak vil nan peyi a ka gen pwòp liv li, e ke listwa vil yo va pase de jenerasyon an jenerasyon. Mesi pou sipò tout moun ki te ede nou. Jean-Patrick Lucien


5

ric

k

Lu

ci

en

Zout ap pale nou de zile Ilavach

an

-P

at

Zout se yon ti jennjan disetan ki renmen zile a anpil. Nan lekòl li, li fò nan jewografi, listwa, matematik, sitou lè ou kòmanse pale li de zile Ilavach (ile-a-Vache).

Je

Yon jou, pandan Zout te ale Okay, li rankontre yon gwoup etranje ki t ap pale e li tande y ap mande yon moun kòman pou yo ale nan zile a. Zout pat pran yon minit pou li te ale kote yo. Lè li mande yo kòman yo te fò tande pale de zile a, vizitè yo te di li « Se tout moun k ap di ou pa kapab vini Ayiti san ou pa vizite zile Ilavach ». Vizitè yo te kòmanse mande Zout kesyon. Zout li menm te deja pare pou li ba yo tout enfòmasyon yo te bezwen. Gen yon premye vizitè ki rele Pitè (Peter) ki mande Zout: « Ki distans zile a ye ak Okay ? » Zout di yo : « A, se tou pre a wi, Ilavach gen selman 10 kilomet ak


6

en

Okay, men kòm se meriken nou ye, nou ka pa konn kilomèt byen, se 6 mil ak Okay. Etranje yo te ri paske Zout te gen rezon.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

Gen yon lòt vizitè ki rele Richa (Richard) ki mande Zout: « Sa k gen pou fè nan zile a ? » Zout reponn : « O, pa gen pi bèl kote pase zile a non ! Ou wè y ap di Ayiti se te Pèldèzanti, se lò ou rive nan zile a, pou ou wè sa yo vle di. Pye kokoye kanpe tankou gad palè sou tout zile a. Mango ap woule desann sou tout mòn. Zout te kontinye: “Gen yon fwi ke yo rele « ponm peyi », w a dous pa w! Lanmè a menm, ble pase syèl la. Sab la menm, li tèlman fen, menm nan moulen ou pa kapab pase l. E moun yo fre, tèlman yo manje bon manje. Pami vizitè yo, gen yon timoun ki pa t maton nan kreyòl ; li mande ann angle: « Poukisa yo rele zile a Ilavach ». Yo ale pou y al tradui pou Zout, men Zout di: « I understand». Blan yo sezi. Zout reponn: “A mezanmi, ti anglè sa a pa fè m pè” Zout esplike timoun nan nan yon bout angle kouman lè panyòl yo te debake sou zile a, yo te jwenn yon bann


7

gwo vach, sètadi bèf. Yo pa t konn kote yo te sòti. Kidonk, yo te rele zile a “ile-a-Vache”, nou tradui an anglè « Cow Island ». Men fok mwen di nou ke moun ki konnen di ke koze sa, se mantò. Vizitè yo wè Zout pa t nenpòtki. Zout te konn sa l ap pale a.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Gen yon ti granmoun ki ganlè pa t sou mache anpil, li mande Zout: Ki gwosè zile a? Gen machin sou zile a? Kòman moun yo fè pou yo ale kote yo bezwen?. Zout montre yo jan zile a mezire 16 kilomèt nan longè e 8 kilomèt nan lajè. Machin ki pou ap fè bri nan tèt moun, zile a pa gen sa!. Ou ka pran bato pou ou fè tout laviwonn zile a, anpil moun rete sou lakòt la. Men, gen anpil bèl kote ou ka vizite andedan zile a tou. Gen moun ki sèvi avèk bourik, milèt, cheval pou yo deplase. Bon, Zout, konbyen moun ki abite sou zile a? Kisa yo manje? Zout reponn: « Nan zile a, gen plis pase ven mil (20000) moun. Yon bon pati abite Kakòk, Soulèt, Madan Bèna avèk Pwent Wès. Madan Bèna se prensipal katye nan zile a. Se la majistra gen biwo li e se la gwo mache a ye ». Nan zile a, moun manje anpil legim, mayi ak pwa. Pwason menm, se sa ki pa manke. Ou ap jwenn kèk Kanadyen, Franse nan zile a tou. Gen moun ki sou zile a depi peyi a te fonde, genyen ladan yo se desandan ansyen moun ki te la depi anvan Kristòf Kolon te vin chwe nan lakòt Ayiti. Pami vizitè yo, gen yon gwo blan, vant li byen byen won. Li mande Zout: « Ki moun selèb ou ka site nan listwa zile a? » Alòs, Zout, ki te yon bon fawouchè,


8

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

gade misye, epi li di: « Anvan mwen reponn ou, èske oumenm ou ka di m kòman vant lan fè won konsa? Se yon balon foutbòl ou pote pou nou » Tout moun te tonbe ri. Zout kontinye. « Bon, nan listwa nou, mesye ki pase yo pa t vini pou yo te fè bon bagay pase sa. Gen listwa Kapitèn Mògan ki te vin kache nan zile a pou li atake bato ki t ap sòti Jamayik. Yo di gen youn nan bato li yo ki te koule tou pre zile a. Daprè sa yo di, bato sa a te chaje avèk lò, nou pa menm ka di ki kantite lajan ki anba dlo sa a. Gen yon lòt Angle ki te rele Bèna Kok (Bernard Cock) ki te vle kolónize zile a pou li te plante koton. Sa pa t byen pase pou li paske patnè li yo te sòti pou yo fè dappiyanp sou biznis la. Gen yon vizitè ki se pwofesè ; li mande: « E zafè lekòl, kòman sa ye? Ki sa nou aprann lekòl? » Zout reponn: « Gen plizyè lekòl sou zile a. Lekòl primè, lekòl segondè, lekòl kay frè ak lekòl kay mè. Genyen Sè Flora k ap dirije yon gwo lekòl ki gen òfelina avèk dispansè. Zout kontinye: « Jèn nan zile a oblije al fè reto ak filo lavil Okay, men nou espere sa pral chanje ». Sr. Flora


9

Epi Zout rale yon ti liv nan sak li e li bay pwofesè a. Li di li liv sa a rele « I love Ile-a-Vache », J’aime l’ile-aVache. Se sèl zile a, nan tout Ayiti, ki gen pwòp liv li ki pale de tout koze listwa, kilti, jewografi zile a. Pwofesè a te sezi, li te wè sa se yon bèl bagay.

Ti Kesyon

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Lè mesye yo te rale papye yo pou yo t al pran nòt. Zout di mesye yo : « A mesye, nan gwo tan sa a, nou pa gen pou nou pran nòt pote tounen nan peyi nou. Nou gen entènèt ? Zile a gen pwòp sit entènèt li tou. Ale nan www.ile-a-vache.com , nou ap wè tout sa mwen t ap di nou an. Alò, sa nou te konprann ? Nou panse se nou sèlman ki konn fè ?. (Zout se yon ti jenonm ki te djougan vre !). Nou gen anpil frè nou ki lòt bò dlo k ap travay pou fè peyi a vanse tou. Se yo menm ki te vin pa bò isit pou yo pran enfòmasyon ki sèvi pou mete sit entènèt la sou pye. Yon lè, n ap tounen, se mwen ki va montre nou kòman pou nou fè rechèch sou gougòl (google). Vizitè yo te souri e yo te wete chapo devan djougans Zout.

Ki laj Zout te gen ankò? Ki distans zile a Okay ? Pouki yo rele zile a Ilavach ? Kòman yo rele pesonaj ki te vin plante coton sou zile a? Kòman yo rele kapitèn ki te gen gwo bato a ? Nomen kèk lokalite nan Ilavach?

www.ile-a-vache.com


ci

en

BONSWA SE LONE

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

Se te yon jou samdi, plizyè nan nou jenn yo te deside ale Nanbouchi pou nou pase jounen an. Lanbouchi, se kote lanmè a rankontre avèk rivyè a. Jou sa, se te yon bèl jounen plen solèy, anpil moun te nan lari. Nou te pase pran kèk kokoye, bèl bout kann annana epi nou te fè sak nou pou nou pati. Nou te kite lakay nou depi 8 tè di maten. Sou wout la nou te rankontre anpil machann ki te prale lavil, anpil moun ki te pral nan jaden. Nan pwovens nan peyi nou, tout moun gen respè pou lòt. Se poutèt sa, sou wout la, kèlkeswa moun nou te rankontre, fòk nou te toujou ba yo salitasyon. Donk se te tankou yon chan ki t ap chante sou tout wout la. « Bonjou. Kòman nou ye la ? E jounen an? E kò a? Kòman fanmi yo ye? » Se te tankou foumi fou k ap fè nich. Chak fwa youn rankontre lòt, yo bay tèt kole. Se te konsa tout moun te pran tan yo pou salye lòt. Pandan nou te sou wout la, nou te toujou ap bay « fraz », sa vle di ti blag nou. Gen anpil moun ki te rekónèt


11

nou paske nou te jwe nan ekip foutbòl la. Sou chimen nou, nou te rankontre yon granmoun ki te rele Ton Pèpè sou yon bèl cheval blan. Nou tout te salye li e li te reponn nou « Kòman nou ye pitit mwen yo ? ». Lè nou te fin pase, kòm te gen yon ti van ki t ap vante, chapo Ton Pèpè te vole e nou tout te prese ranmase li pote pou li. Ton Pèpè te remesye nou avèk yon bèl souri e li te di « Mèsi pitit mwen yo »

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Lè nou rive Lanbouchi, lanmè a te bèl, dlo a te byen klè. Ou te ka wè ti pwason yo kap jwe anba dlo a. Tout moun t ap prepare yo pou plonje. Kèk nan nou te ale nan lanmè a.

Lanbouchi rivyè Tobèk, kote rivyè a al tonbe nan la mè Lòt yo te ale benyen nan rivyè a. Sete yon plezi pou nou t ap naje sòti nan rivyè pou nou rive nan lanmè a. Nou te toujou ap goute dlo a pou nou wè ki kote li te kòmanse sale. Bo dlo rivyè, anpil pechè te konn kite ti kannòt yo chita. Pechè yo te konn jwenn anpil pwason paske Nanbouchi pwason yo te renmen ti dlo sale yo.


12

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Ti Chal ki te wè bato yo chita la deside pran youn nan bato yo pou nou al flannen anwo rivyè a. Ti Chal te di nou li te konn fè sa deja, nou pa bezwen pè. Apèn nou te kòmanse ap rame monte larivyè a, nou te wè de twa mesye, men gwosè ponyèt yo. Yo te kòmanse ap rele bare volè. Yo te konprann se pati nou t ap pati avèk bato yo. Nou tande youn nan yo ki di yon lòt, « Al kouri rele papa m ». Lè nou wè sa, nou te kòmanse pè. De(2) nan mesye yo plonje nan dlo a e yo te ap naje vin jwenn nou. Ti Chal se premye moun ki te kouri plonje kite bato a. Lè nou wè sa, nou tout nou lage kò nou nan dlo a. Nou te naje tankou pwason kouri sòti nan dlo a pou de gwo mesye yo pa te nwaye nou. Lè nou te soti nan dlo a, nou te wè yon pèsónaj ap rive. Se te papa ti mesye yo. Lè nou gade, nou wè sete Ton Pèpè. Lè misye te wè nou, li te rekónèt nou epi li mande pitit li yo : « Se ti mesye sa yo ki t ap pati ak bato m lan? Nou reponn li : « Wi ». Ton Pèpè te souri epi li di : « Mwen fèk rankontre ti mesye sa yo sou wout la, yo te ban mwen yon bèl bonjou e yo te prese ranmase chapo


13

m pou mwen. Sa deja fè mwen wè se timoun debyen yo ye. Nou mèt kite yo prete bato a. Gwo mesye yo te vin rekónèt nou tou paske yo te konn ekip foutbòl la. Yo te pran bato a epi yo fè laviwonn rivyè a avèk nou. Ton Pèpè te aprann nou de(2) sekrè. Premye a se te pou nou toujou respekte moun, pa bliye di bonjou, ónè, mèsi, eskize m. Lòt la sete pou nou pa pran bagay moun san nou pa mande anvan.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Ti kesyon : Ki sa yon lanboushi ye ? Ki sa sa vle di lè ou ap bay fraz ? Eske ti mesye yo te gen respè pou Ton Pèpè ? Ki sa ki ta pase si yo pat salwe ton Pèpè ? Ki lès ki te pi kapon nan ti mesye yo ? Ki espò ke ti mesye yo te kon jwe ? Kouman ou montre respè pou manman ak papa w?


k

Lu

ci

en

14

at

ric

JOU MACHE

Je

an

-P

Jodi a se jedi. Se jou mache nan Ilavach, nan lokalite Madan Bèna. Se jou tout moun pote bèl legim, fwi ak pwason pou vann. Depi jou sa a rive, zile a chaje avèk bato ki soti Sen Jan, Tòbèk, Okay pou yo vin achte bèl pwodui zile a bay. Machann ap defile agoch, adwat avèk bèl Bonjou kote yo pase. Jewòm leve depi katrè nan maten pou li al keyi bèl kokoye, labapen, lam veritab pote pou madanm li Asefi al vann. Asefi li menm al keyi pwa kongo li te plante avèk timoun yo dèyè kay la. A sizè, timoun yo te leve pou y al lekòl, Tidyo ede manman li sele cheval la e mete machandiz yo nan sak.Tififi ki te gen katran t ap kriye paske manman li t ap pati. Apre fanmi lan te fin desan yon bon bannann ak ze, tout moun te fè chemen


15

yo. Jewòm te pran bato li pou l al peche. Tidyo te pran men Tififi pou l al lekol. Asefi te monte cheval la pou al nan mache.

k

Lu

ci

en

Lè Asefi rive, mache te deja ranpli. Machann t ap debake machandiz yo. Asefi rale telefon selilè li pou l di Jewòm pa bliye pote pwason yo. Asefi te kontan paske zafè telefòn selilè sa a se te yon bon zouti pou fè zafè li mache e pou li te konnen kote Jewòm te ye toutan.

Je

an

-P

at

ric

Anpil bèl lam veritab te gaye nan mache a. Sant pwason woz fin anvayi mache ya. Majistra ap fè lakòlèk. Tout ti machann ap plenyen paske yo pat renmen zafè lakòlèk la, men yo te konnen se avèk li majistra te kenbe mache a pwòp e bèl. Moun t ap debake soti Okay, Tòbèk, Sen Jan pou ranmase bèl fwi, legim ak bon pwason santi bon zile a. Ti machann yo te kontan : sa ki t ap chante, sa ki t ap fè zen. Jodi a se te yon bon jou. Solèy la te byen klere e pa t manke gen kliyan nan mache a. Machandiz Asefi yo t ap vann byen vit. Lè li te fè bò katrè nan aprèmidi, tout moun te kòmanse ap ranje bak yo pou yo rantre lakay yo. Asefi te fè bèl zafè.


16

Lè Asefi rive lakay li, li jwenn yon bon mayi ak pwa Jewòm te kite pou li. Tififi te kontan wè manman li pandan Ti Dyo t ap etidye yon istwa d ayiti. Yo te chita manje ansanm. Asefi te chita ak Jewòm pou fè kontwòl. Tout fanmi t al dòmi ak kè kontan.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Tikesyon Ki jou ki gen mache nan Ilavach ? Ki kote mache a ye nan zile a ? Ki sa ou jwen pou vann nan mache zile a ? Ki sa Asefi te konn plante dèyè lakay li ? Ki kalite aktivite Jerom fè ? Moun ki lot lokalite ki konn vini nan mache zile a ? Poukisa majistra fè lakolèk ? Si manman w konn al nan mache, di nou konman sa konn ye ?


17

ric

k

Lu

ci

en

Aneliz pral lekòl

Je

an

-P

at

Aneliz se timoun Kánobè, li renmen lekòl e li renmen li. Manman ak papa Aneliz toujou ap chante avèk li e montre l kòman pou li fè ti desen. Aneliz al lekòl nan « Ecole du Village » ki nan Kánobè. Jodi a Aneliz pral pale nou de lekòl li. Mwen rele Aneliz, mwen gen nevan. Mwen ale lekòl « Ecole du Village « ki nan Kánobè. Matmwazèl lekòl mwen an rele Jolin. Li se yon bon pwofesè. Lekòl mwen kòmanse a uitè nan maten. Mwen kite lakay mwen bónè pou mwen rive lekòl alè. Se manman mwen ki mennen mwen lekòl. Mwen te konn alè lekòl byen


18

lwen. Pou mwen rive lekòl manman m di mwen se prèske inè d tan mwen te konn mache pou mwen rive.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Depi lekòl « Ecole du Village » louvri, manman mwen te chanje m lekòl e mwen byen kontan. Anpil timoun ki te nan lòt lekòl vini nan lekòl mwen an e mwen fè anpil ti zanmi,. Nan lekòl la, mwen aprann anpil. Madmwazèl Jolin montre mwen li, li montre mwen ekri e li aprann mwen bèl ti chante. Nan rekreyasyon, nou jwe avèk anpil ti jwèt. Nou sote kòd, nou tire kont.

Ti gason yo jwe foutbòl. Nou fè yon balansin avèk kòd nou mare nan yon pyebwa. Kounye a, lekòl la vin gen anpil timoun. Tout moun nan kominote Kánobè mete ansanm pou konstwi yon lòt lekòl. Majistra fè n kado yon bèl teren pou lekòl la konstwi. Mesye Réne, li menm tou, li bay yon teren sou mòn nan. Direktè lekòl la, mèt Sóni rasanble kominote a pou ede nan konstriksyon an. Mèt Sóni di nou se yon mesye ki rele Patrick Lucien ak madanm li Bernadette ki abite lòtbò k ap sipòte lekòl la ansanm avek yon lot gwoup ayisien ki gen yon oganizasyon ki rele HOPE.


19

en

Nou kontan tande nou gen zanmi nan peyi lòtbòdlo k ap ede kominote nou an. Mèt Sóni di lekòl la gen yon bagay yo rele sit wèb ou ka wè sou entènèt. Sit la se www.ecoleduvillage.org

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

Depi lekòl la kòmanse konstwi, tout moun gen kè kontan. Se premye fwa y ap konstwi pwòp lekòl pa yo. Chak moun pote patisipasyon pa yo. Bòs Jera bay wòch, Bòs Pyè bay senk sak siman, tout moun ap bay kout men. Timoun yo kontan yo pral gen yon bèl ti lakou avèk balansin e yo pral gen ti kote anba pyebwa pou yo li. Depi kounye a, anpil lòt moun ap vini kote Mèt Sóni pou yo ta mete timoun yo nan lekòl la. Mwen kontan ale nan lekòl « Ecole du Village ». Mwen renmen pwofesè mwen an e lekòl la fre anba bèl pyebwa. Lè nou fini konstwi lòt lekòl la, nou pral anba plis frechè. Nou kontan wè kouman tout paran ap travay ansanm tankou se timoun ki t ap jwe. Manman m ak papa m di yo pap janm bliye moman sa a nan lavi yo kote yo te ede mete blòk pou konstwi lekòl la. Yo kontan paske se pa t moun ki te vini fè li pou yo. Lè mwen gran, mwen vle tounen yon pwofesè tankou madmwazèl Jolin pou mwen ede kominote a tou.


20

ric

k

Lu

ci

en

Istwa Bèna Kòk “Bernard Kock”

Je

an

-P

at

Bèna Kòk se te yon sitwayen Anglè ki te gen lide pou li te pran zile a pou li pou li te fè yon gwo plantasyon koton. Koze sa a se te yon lide li te mete sou pye avèk prezidan Lèzetazini Abraram Linkòl « Abraham Lincoln » e prezidan Ayiti nan epòk la Fab Nikola Jefra «Fabre Nicolas Geffrard » nan láne 1882 apre li te fin wè bèl koton ki te soti nan zile a. Bèna Kòk te rantre ann Ayiti pou li te siyen yon kontra avèk gouvènman Ayisyen pou li te anfèmen zile a senk goud pou chak kawo tè. Men fòk li te koupe anpil pyebwa. Mesye Kòk t al mande prezidan ameriken an senk mil (5000) ansyen esklav nwa pou te vin travay sou zile a pou li. Prezidan ayisyen, Mesye Fab Jefra te di fòk ansyen esklav sa yo te natiralize depi yo rantre, sètadi fòk yo ta vin Ayisyen legal.


21

Pou Bèna Kòk te fè plan li an mache, li te bezwen anpil lajan. Se konsa li te rantre nan yon antant avèk kèk ameriken, men mesye sa yo te gen plan pa yo dèyè tèt yo pou yo te pran tout bagay nan men Mesye Kòk. Mesye ameriken yo te fè konplo avèk gouvènman ameriken an pou yo te mete Mesye Kòk atè.

Lu

ci

en

Fabres Geffrard Prezidan Ayiti ane 1880

Je

an

-P

at

ric

k

Yo voye kontra an sekrè bay prezidan Ayisyen an e yo te refize voye manje pou te ba ameriken nwa yo. Lè Mesye Kòk te finalman fè senk san (500) ameriken nwa rantre, li te mete yo travay pou kenz (15) santim pa jou, men li te pwomèt yo dis (10) pousan pwofi. Zile a te gen pwòp lajan li mesye Kòk te itilize pou peye travayè yo.Men bagay pa t mache twò byen paske ansyen esklav yo pa t ap viv nan bon kondisyon.

2 Goud Ilavach


22

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Anpil nan ansyen esklav yo pa t ka konprann kouman Ayisyen yo te fè ap mache sou zile san mèt, e, chak swa, yo t ap fè gwo fèt, yo t ap bat tanbou, e yo t ap chante ansyen chante zansèt yo. Ayisyen yo te eksplike ansyen esklav ameriken yo jan yo te met tèt yo ansanm pou yo te mete blan franse deyò e fini avèk zafè lesklavaj la depi lontan. Mesye ameriken nwa yo te rantre nan koze dans chak swa a tou e yo te kòmanse ap fete tankou Ayisyen yo. Yo te vin refize travay. Abraham Lincoln Presizan Ameriken Ane 1880

Je

an

Apre konplo sou konplo, gouvènman Ayisyen an te arive kraze kontra a, e ameriken ki te ann afè avèk Mesye Kòk yo te arive mete li atè nan zafè a. Kòk te eseye al fè yon lòt kontra avèk gouvènman, men prezidan Ayisyen an te derefize. Se konsa Mesye Bèna Kòk te vizite zile a yon dènye fwa jou ven (20) desanm 1863. Travayè yo te move paske yo pa t touche e yo t ap viv nan move kondisyon. Jou vennde (22) desanm 1863, prezidan ameriken voye yon bato pou vini chache rès katsansenkanntwa (453) nwa ameriken yo.


23

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Kèk ti Kesyon Ki kote Bèna Kòk te soti ? Ki sa li te vle fè ak zile a ? Kòman yo te rele prezidan Lèzetazini a lepok ? Kòman yon te rele prezidan Ayisyen a lepòk ? Konbyen kòb Bena Kòk te vle peye pou chak kawo tè ? Konbyen esklav Misye Kòk te mande prezidan ameriken an ? Ki kondisyon presizan Ayisyen an te poze ? Kisa mesye Ameriken te fè pou yo te pran biznis lan nan men mesye Bèna Kòk ? Poukisa Ayisyen sou zile a te ka ap fete jan yo vle? Ki denye fwa mesye Bèna Kòk te vizite zile a? Konbyen nan ameriken nwa yo ki te tounen lakay yo ?

5 Goud Zile a


24

ci

en

MATCH FOUTBOL

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

Demen dimanch lan, gen yon gwo match foubòl nan zile Ilavach. De pi gwo ekip yo pral rankontre. Zile a chofe. Tout moun ap pale, tikè ap vann, ekip yo ap antréne depi de(2) semèn. Anons gentan bay nan radio "RDC". Depi gen foutbòl, tout moun nan zile a kite sa y ap fè pou yo vini gade jenn ti mesye yo k ap frape balon Ekip Sannta Mariya ki gen kòm kapitèn Chalo di li pral fè yon malè paske li pral bay ekip Bewolino a 3 gòl a zewo.Bewolino deklare di li menm se woule li pral woule Sannta Mariya anba gòl. Pè Jo di li mete 2 gòl nan pye pitit gason li an Mako ki jwe nan Bewolino. Li te bay pitit li ya ti non Wónaldo. Konpè Boulout parye desan(200) goud sou Sannta Mariya ki pral fè jwè ekip Bewolino kriye tankou timoun piti. Nan dimanch maten, tout moun leve pou al legliz, men yo pa t ka rete tann nan apre midi pou match la. Frè


25

Enòk, madanm li ak de(2) pitit li yo ale nan legliz kay pastè Sovè. Ti mesye yo se de match la sèlman y ap pale. Bòs Fòkseli ak fanmi li ale pran mès dizè di maten nan legliz pawasyal. Konpè Bòyòt li menm di l ap rete lakay li pou pale ak zansèt li yo pou ranje match la. Li fè kwè pou senkant (50) goud, li ka mete yon gòl nan pye chak jwè.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Li fè katrè nan apre midi. Tout moun ap debake nan Kakòk pou match la. Bak machann yo bèl ak bon fritay. Bon kokoye ole ap kale. Ti medam yo fre pase ze zwa. Mesye yo ap pale anpil, y ap bay bèl franse mawon pou fè kè ti medam yo kontan. Klodèl nan pòt la, l ap fè lakòlèk. Ou pa ka pase devan l lan si ou pa peye ven(20) goud la pou rantre. Dòvilyen ap veye mesye kap eseye pase anba fèy kòk. Ti Dimanch li menm, l ap okipe zafè bòlèt li. Match la pral kòmanse, abit la fè ekip yo rantre,

kapitèn yo bay lamen. Boul la santre… Ekip yo ap pase balon a dwat, a goch. Fánatik ap chante nan chak bò teren an. Pè Jo finn fou pou yo pase balon an bay Mako pou li bay gòl yo li te mete nan pye pitit


26

gason li yan. Men Tipyè ki pase balon an bay Tiblan ki drible gadyen an, li bay premye gòl la pou Sannta Mariya. Piblik la tonbe fè fèt. Konpè Boulout ki te parye desan(200) goud avèk Bòs Jozafa kòmanse reklame lajan li. Li te kòmanse fè nwa e fánatik Sannta Mariya yo kòmanse chante: « Men pa gen limyè sou estad la, woy woy woy. Men Sannta deja devan, woy, woy woy »

Lu

ci

en

Match la te fini 2 gòl a zewo pou Sannta Mariya. Fánatik Sannta yo kite Kakòk pou rive jis Soulèt ap kouri pandan y ap chante « woy woy, woy woy, nou kale, nou kale woy woy, woy, woy, nou kale de a zero »

Je

an

-P

at

ric

k

Se konsa fánatik yo te konn pase bay nouvèl la bay tout moun sou wout la. Moun Soulèt te konn vin resevwa ekip la depi sou wout. Nan aswè, tout jwè Sannta yo te reyini devan yon bèl boukan dife pou yo boukannen lam veritab, bèl patat pou yo manje avèk bon pwason sale pandan y ap pale de match la toujou. Ti medam yo tap prepare bon ji sitron. Tout granmoun te kontan, Konpè Boulout bay ekip la 100 goud nan 200 goud li te genyen nan pari a. Sannta Mariya te fè moun Soulèt fyè yon lòt fwa ankò.


27

ric

k

Lu

ci

en

Kapitèn Mògann

Je

an

-P

at

Nan mitan láne 1600 yo, lanmè nan Karayib la te chaje avèk bato ki t ap bwote machandiz tankou lò, ajan, pyès metal enpòtan. Tout trezò sa yo t al chwe ann Ewòp. Ewopeyen yo te rantre nan tout zòn lan, yo te fin dechèpiye tout trezò ki te genyen pou yo te pote lakay yo. Se konsa anpil kapitèn bato t ap veye lòt pou yo atake yo epi vòlè trezò yo anvan yo rive kote yo te dwe ale a. Nan moman sa a, te genyen yon kapitèn yo te rele Mògann(Morgan), yon gwo reken, sa vle di, li pa t jwe e li te pare pou l atake tout bato sou wout li sou lòd gouvènman anglè.


28

Lu

ci

en

Kapitèn Mogann te soti nan peyi Langletè. Gouvènman li te ba li otorizasyon pou l atake bato panyòl yo ki t ap soti Jamayik avèk lòt kote nan Karayib la. Moun ki te gen otorizasyon sa yo te rele Kòsè, an franse « corsaire ». Kapitèn Mògann te fè anpil bato nan zòn nan pè. Kapitèn Mògann te rive nan Karayib la nan láne 1655 nan zile Babad kote li te ofisye lame Angletè. Wòl li se te pou li te atake bato panyòl yo epi sezi tout lò ki te nan bato a. Anglè yo te fè sa paske yo konnen peyi Espay te vin rich nan lò avèk kwiv yo te vin pran nan tout zòn nan. Kapitèn Mògann pa t manke atake bato e li te fè richès pa li tou nan travay la.

Je

an

-P

at

ric

k

Gen yon epòk, misye te vin fe zile Ilavach tounen refij li kote li te vin kache pou l prepare atak kont bato ki t ap pase pou ale ann Ewòp. En 1668, li t ap prepare yon atak kont panyòl yo, li rantre nan zile a avèk dis(10) bato. Youn nan pi gwo bato li yo ki te rele « Oxfort » te eksploze.

Jis jounen jodi a, gen moun ki di gen anpil trezò ki chita anba lanmè Ilavach nan bato kapitèn Mògann ki te koule a. ansanm avèk lòt bato ki peri nan zòn nan. Kidonk, depi lontan zile Ilavach te toujou yon kote moun te konn vini pran bon jan van.


29

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Ti Kesyon Kisa Ewopeyen yo te vin chache nan Karayb la ? Kilès ki te bay kapiten nan lòd pou li atake bato yo ? Kouman yo rele moun ke peyi yo bay otorizasyon pou atake lot bato? Nan ki lane kapitèn nan te rive nan Karayb la? A konbyen bato kapitèn nan te rantre nan zile a ?

www.ile-a-vache.com


30

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

PE MAGWON (Robert Margron) Pè Magwon te fèt nan vil Tigwav nan jounen 17 jen, lane 1913. Papa l se te moun jeremi e manman l te moun Okay. Li te pase tout jenès li nan Jeremi kote manman l a papa l te tabli yo. Donk li te toujou konsidere tèt li kom moun Jeremi. Manman l a papa l se te bon kretyen yo te ye ki te toujou al legliz. Pè Magwon te toujou ap di ke se yon Pè ki te rele Pè Foukè, nan kire pawas legliz Jeremi, ki te make la vi li. Pè Magwon te kite vil jeremi pou te rantre nan seminè nan lekòl Ti Seminè Sen Masyal nan Pòtoprens. Lè Pè Magwon te fini seminè, li te al pase kèk jou avèk fanmi li e li te rantre Okay kòm Vikè pawas katedral Okay e te koumanse kolabore avek Pè Lenèt. Pa twò lontan aprè, sou lòd Evèk la li te fè pakèt li, li rantre nan vil Sen Jan, kòm Kire pawas la. Pawas Sen Jan te responsab zile Ilavach tou. Yon jou konsa, Pè Magwon pwoche Evèk Kolinyon e li te mande pou li te transfere Ilavach. Evèk la te sezi e li mande Pè Magwon sa li pral fè poukont li nan zile izole sa a. Evèk la te mande Pè Magwon pou l al reflechi e pou prye sou sa. Pè Magwon te reponn li ke li te déjà reflechi e prye sou sa. Evèk la te bay Pè Magwon otorizasyon pou li te fonde Misyon Ilavach e nonmen li kire zile a, men, se pat tit la ki te enterese Pè, se te travay li te vle fè nan zile a.


31

ci

en

Pè Magwon rive nan zile a nan jou 5 Me 1959, e te ouvri yon ti chapèl nan zòn Madan Bèna. Rantre nan zile la pat fasil pou li, yon zile ki te gen 6000 moun la danl, Pè ya te fè jou e nwit ap prye pou twoupo sa a ke le Senyè te mete sou do li. Lè Pè a te koumanse ap mache nan zile a, anpil moun te konn kouri pou li paske yo pat konn kote mesye sa te soti ap

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

Katedral Okay mache nan zile a ak yon gwo ròb long, yon soutan, sou li. Pè a te realize olye ki li te mache al preche, li te pi bon pou li te chita ak moun yo, tande yo, aprann kouman yo viv. Apre Pè a te pase kèk tan ap koute yo, li te vin deside ki li te lè e li te tan pou li te koumanse aprann moun zile la ke antan ke pitit Bondye, yo te gen dwa pou moun respekte yo, pou yo gen libete yo, pou yo travay pout tèt yo paske yo tap soufri, pat gen anyen ki ta dwe anpeche yo jwi de travay yo. Li te mete yo an gad kont moun ki tap rantre nan zile a vinn eksplwate yo. Pè a te koumanse mete men a la pat, pou li travay nan devlopman zile a. Pè a te menm rantre nan bay swen a moun malad kou li te kapap. Li te toujou konnen ke travay sa, se te fason pou li montre moun yo kouman ke Bondye te renmen yo. Kèk lane aprè, zile a te koumanse ap chanje, sant pawasyal te toujou plen moun lè dimanch, mache a te plen a machann, bèl chan ki tap soti nan pawas la se te tankou zwazo ki tap chante.


Pawas Ilavache

en

32

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

Nan lokalite Ti Mòn, yon ti lekòl te monte e se te anpil la jwa pou nou te wè ti moun yo kap sot lekòl. 7 chapèl te gendan louvri nan zile a e te gen yon ti lekòl a kote chak. Pè a te konnen ke lekòl yo pa ta pral bay filozòf, men li te kwè ke li te enpòtan pou ti moun kon li, ekri e konn konte. Pè a pat pase yon mwa pou li pat vizite tout lokalite nan zile a, menm lòt ti zile ki kote Ilavach yo tankou kayalo ak pèlantin. Nan nwit 5 a 6 mwa dawout 1980, siklòn Alèn te frape zile a. Nan kèlke zè, pawas la te kraze. Pè a te realize ke fòk li te rekoumanse tout bagay, li te rele otorite yo pou vinn edel. Elikoptè te debake pou pote manje, rad, dlo. Pè a te kite zile a pase tout kote nan Kanada, Etazini pou mande tankou yon pòv pou vinn o sekou zile a. Men sante Pè a te koumanse ap desann, li pat ka monte desann ankò e li te vinn rantre nan solitid li. Nan jou 26 desanm 1982, Pè Magwon te ale jwen Bondye a laj 69 van. Pè Magwon se premye moun yo te antere nan zile a. Zile ap kontinye di Pè Magwon mesi


33

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Rantre djip Pè Magwon nan zile Ilavach. Se sèl machin ki janm rantre nan zile a ki fè wout zile a.

Yon ansyen legliz nan lokalite Kakòk. Jèn yo prè pou rebati legliz la


en

34

Lu

ci

Sentilòm, Mèt dlo

an

-P

at

ric

k

Mwen rele Sentilòm. Mwen abite zòn Kakòk nan zile Ilavach. Mwen gen plizyè frè ak sè, e mwen gen wuit (8) timoun ak madanm mwen. Moun nan zile a rele mwen Mèt dlo. Mwen pral rakonte nou pou ki sa.

Je

Mwen se yon pechè. Sètadi, mwen pase tout jounen an nan lanmè ap peche bèl pwason. Nan zile Ilavach se sa ki pa manke. Ou jwenn woma, lanbi, pwason woz e tout lòt bèl pwason. Depi mwen depoze nas mwen nan lanmè zile Ilavach, mwen konnen m ap jwenn bèl pwason kanmenm. Se konmsi yo te renmen m. Mwen konn dlo anpil. Sa vle di mwen konn naje e mwen pa pè lanmè. Lè m ap peche poukont mwen, mwen konn mare bato nan ren mwen epi mwen plonje anba dlo a pou mwen kenbe pwason. Lè gwo bato touris yo ap pase, yo konn sezi pou gade kòman m ap peche pwason e kòman mwen fè lontan anba dlo a.


35

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Gen de lè, mwen konn kite Ilavach pou mwen al peche byen lwen. Mwen konn kite lakay mwen pou plis pase yon semenn avèk lòt pechè parèy mwen pou nou al peche jis nan Gónayiv ki se nan yon lòt bout nan peyi d Ayiti. Lè nou al peche lwen konsa, nou mache avèk tant e nat nou pou nou tou dòmi nan zòn nan. Pwason nou pran yo, nou vann yo nan mache ki pi pre kote nou peche yo. Pou n al peche lwen konsa, leta peyi d Ayiti ba nou you kat ki se yon lisans pou pechè. Gen yon lè, mwen t ap peche jis Gónayiv, nou te rankontre yon lòt pechè. Lè li mande mwen kote mwen soti, mwen di li byen lwen, men mwen pa t di li se nan

zile a mwen te soti. Lè mwen mande li kote li soti, li di m se Ilavach li soti. Mwen te kontan rankontre yon kanmarad mwen ki te soti nan zile a. Nou te peche


36

ansanm e nou te fè fèt pou wè jan nou rankontre alòske nou youn pat konn lòt anvan sa nan zile a. Jodi a gen plizyè nan pitit mwen yo ki se pechè tou. Yo konn dlo a byen e yo konn peche pwason tou. Se avèk anpil plezi mwen konn al peche avèk yo e gade kòman y ap plonje anba dlo tankou m. Mesye m yo ap grandi pou yo ka vini mèt dlo tankou m. Mwen kontan mwen ka bay fanmi mwen yon metye pou yo sipòte fanmi pa yo demen.

Lu

ci

en

Si ou ta pase Ilavach, ou bezwen bon pwason, ou mèt mande pou mwen. Mwen rele Sentilòm, mèt dlo Ilavach.

Je

an

-P

at

ric

k

Ti Kesyon: Sa sa vle di le yon moun se yon mèt dlo ? Ki kalite pwason ou jwenn nan zile a ? Lè mesye al peche lwen konsa, sa yo fe ak pwason yo ? Eske nenpòt moun gen dwa al peche lwen nan peyi ya ? Si papa w se pechè, pale nou de li ?


37

Siklòn, move tan

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Depi kèk jou, gen yon move van k ap soufle nan zile a. Nan radyo, nou tande yo ánonse move tan. Moun nan radyo yo di se yon siklòn ki pral pase, gwo van pral vante avèk gwo lapli ki pral tonbe. Nan zile a, tout moun ap pran prekosyon yo. Majistra pase yon papye pou li di nou ki kalite prekosyon pou nou pran.

Je

an

Men mesaj majistra fè pase: « - Koute radyo pou tande dènye nouvèl - Si kay nou pa dyanm, ale kay yon vwazen, ale nan lekòl la oubyen nan legliz la. Majistra mete nat pou resevwa moun. - Asire nou gen bouji ak alimèt pare. - Asire nou gen manje pou kèk jou pou nou pa bezwen al nan jaden. - Rete lakay nou, pa soti, paske van ap bwote anpil bagay ki ka frape nou. - Si nou gen telefòn selilè, chaje li jan nou kapab e mete li pre pou rele yon moun si nou ta gen pwoblèm. »


38

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Jodi a yo ánonse demen siklòn nan pral frape zile a. Depi jodi a, nou wè lanmè a ajite, van ap vante. Tout pechè rantre lakay yo sou lòd madanm yo. Yo monte bato yo sou tè epi yo mare yo byen mare. Tout fanmi fè pwovizyon, achte alimèt, bouji nan boutik kay madan Andre. Jou sa a, tout pwovizyon madan Andre fin vann. Tout moun mare kabrit yo, bèf yo byen mare e yo fè tout ti poul rantre yon kote. Zile a pare pou siklòòn nan, men gen anpil timoun ki pè paske yo pa renmen tande bri loray.

Demen maten nou leve, nou wè lanmè monte byen wo, van ap vante san rete. Anpil kokoye ap tonbe, lam veritab gaye. Pesonn moun pa soti paske y ap suiv konsey majistra a. Timoun yo kòmanse ap kriye. Tout manman tonbe chante bèl ti chante pou kalme yo. Pi gran yo menm ap tire kont. Sa te fè timoun yo vin konsole. Papa m menm ap veye kote pyebwa ap tonbe. Tanzantan, li fè yon vire nan lakou a pou l asire l bèt yo byen mare. Tout jounen an, lapli tonbe san rete, solèy


39

pa leve. Nou te prepare bon pwason bouyi pou nou manje jiskaske nou dòmi.

en

Vè senkè nan maten, nou tande kòk ap chante, tout moun leve pou ranmase kokoye, mango, labapen avèk lam veritab. Papa m fè yon virewon, li wè kòd bèf la mare, li demare li. Kabrit yo te deja kòmanse manje, men, van te kontinye ap vante. Gen de(2) fèy tòl nan kay vwazen an ki vole, men li te jwenn yo. Ti mesye yo monte al kloure l pou li. Madanm vwazen an di li menm li fè tout lannwit lan avèk bib li nan men l, kidonk, li pa t pè. Gen anpil netwayaj ki gen pou fèt.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

Gwoupman mesye yo te reyini vè midi pou yo fè konsta. Tout moun te deja mache avèk manchèt yo pou yo fè netwayaj e debare wout la. Medam yo te ranmase kont lam veritab yo pou yo al bouyi bay mesye yo manje

pandan yo ap travay. Timoun yo menm t ap ranmase fèy


40

Yon lòt fwa ankò, move tan te frape zile a, men pa t gen okenn moun ki te viktim. Majistra t ale Okay pou li fè ánons nan radyo li t apral pote kole avèk gwoupman yo. Nan twa(3) jou, zile pral bèl ankò paske tout moun ap mete tèt ansanm pou ranje li jan li te ye a. Siklòn pase, men Ilavach rete

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Ban nou sonje kek konsey majistra te bay ? Kisa papa n ak manman n konn fè le move tan pou evite dega? Ki kote mou lakay ou mete bèt yo le move tan ? Eske ou pè lè move tan ap pase ?

www.ile-a-vache.com


41

ric

k

Lu

ci

en

Sè Flora

Je

an

-P

at

Sè Flora se yon Mè kánadyèn ki se yon enfimyè tou ki abite sou zile Ilavach depi 1981. Lè Sè Flora te rive sou zile a, sa te fè li lapenn pou li te wè anpil timoun ki pa te gen manman avèk papa e ki te malald. Se konsa li te fonde yon òfelina kote li t ap pran swen plizyè timoun e li te deside rete sou zile a. Ofelina Sè Flora rele “Ev Sen Franswa”, li gen anpil timoun ki andikape, sa vle di ki pa ka mache oubyen lespri yo pa twò avanse. Sè Flora met sou pye yon lekòl ki gen anpil timoun, li genyen yon dispansè tou. Genyen tou yon lekòl ménaje kote jenn fi ak jenn gason aprann metye fè manje, konn koud ak fè bwodri. Sè Flora renmen timoun anpil.Lè li avèk yo,ou ta di se pitit li yo ye. Sè Flora pa wo, men w a gen kouraj pa w. Li debou depi byen bónè pou li ede timoun yo e li pa


k

Lu

ci

en

42

-P

at

ric

janm bouke travay. Gen moun ki mande kote li pran kouraj sa a. Lè konsa, li reponn se Letènèl k ap travay

Je

an

Moun nan zile a renmen Sè Flora anpil. Li toujou la pou tout moun. Sè Flora se youn nan moun k ap rete nan listwa zile a pou toutan. Nou deklare Sè Flora, Sent Flora TI Kesyon Nan ki peyi Sè Flora soti ? Ki lane Sè Flora rantre nan zile a ? Ki sa yon òfelina ye ? Kòman yo rele òfelina Sè Flora a ? Sa sa vle di lè yon moun andikape? Eske ou konn Sè Flora ? Kisa ou ta renmen fè pou zile a lè ou gran ?


Je an -P at ric k Lu ci en

43


Lu

ci

ELEKSYON

en

44

Je

an

-P

at

ric

k

Mwa sa a, gen eleksyon nan Ilavach. Se mwa sa a moun nan zile a pral chwazi ki moun ki prale majistra pèp la. Majistra a, se li ki tankou prezidan zile a. Li dwe travay e pran desizyon pou ede zile a avanse. Tout moun ki gen pase dizuit(18) láne gen dwa chwazi ki moun yo vle kòm majistra nan eleksyon an. Gen anpil aktivite sou zile a nan mwa eleksyon. Chak kandida ap pwomennen pale sa yo wè yo te ka fè pou zile a. Yo fè reyinyon nan chak kominote. Yo kole foto yo sou tout pyebwa. Yo mache eksplike kouman yo pral fè zile a vini pi bèl e kouman yo pral fè tout moun gen lavi miyò. Mèt Andre se yon pwofesè lekòl. Li kandida pou majistra Ilavach. Daprè li, se edikasyon ki pi enpòtan. Mèt Andre di se edikasyon timoun yo ki kap fè zile a


45

ric

k

Lu

ci

en

vini yon gwo zile demen. Mèt Andre pwomèt pou li mete plis lekòl sou zile a epi tou pou li mete klas filozofi pou timoun zile a pa bezwe ale fini etid yo lavil Okay. Mèt Andre pwomèt pou li fè alfabetizasyon nan tout zile pou anvan senk(5) láne, tout moun ka konn ni li, ni ekri. Misye se moun Soulèt e se yon bon pwofesè lekòl.

Je

an

-P

at

Agwónòm Michèl se yon gwo agrikiltè. Li kandida pou menm pòs la tou. Agwónòm nan kwè se pou zile a ka bay pwòp tèt li manje. Li pwomèt pou li fè tout zile a vini tou vèt ak pyebwa, plantasyon legim avèk fwi. Li vle vini avèk nouvo teknik pou plantè nan zile a ka fè plis manje. Li pwomèt tou pou li mete twa(3) bèl mache sou zile a, kote machann yo ka vann bèl fwi avèk legim yo. Se yon moun ki renmen travay latè anpil e jaden li bèl pase pa tout lòt moun. Mesye Chal se yon lòt kandida ki t ap viv nan Pòtoprens, men ki tounen sou zile a. Li menm ki konn vwayaje aletranje kwè pou jan zile Ilavach bèl, se pou li tounen yon paradi pou touris ka vini e pou anpil moun kapab travay. Li pwomèt li pral netwaye tout plaj, mete


46

bato pou touris epi al pale de Ilavach tout kote li pase. Se yon nonm ki renmen tout moun e li toujou ap pale de bèl istwa Ilavach nan tan lontan.

Lu

Je

an

-P

at

ric

k

V O T E

ci

en

Nan zile a, tout moun ap pale de kandida pa yo. Mesye Jera di li menm li gen de timoun piti ; li vle yo resevwa bon jan ledikasyon. Antwánèt li menm di se yon bèl mache li ta renmen wè nan Soulèt pou li ka vann bèl berejèn mari li Aselòm pote chak jou soti nan jaden. Tijo li menm gen de(2) bato ; li di li pare pou resevwa touris yo paske pa gen moun ki konn lanmè Ilavach pase li e se madanm li ki konn kwit pi bon lanbi nan zile a.

Jodi a se jou eleksyon. Gen anpil kè kontan, anpil pale anpil. Chak kandida ap pase de kay an kay pou yo ankouraje moun al vote pou yo. Tout granmoun byen chèlbè pou y al vote. Tout timoun ap gade. Tankou timoun ki lekòl, tout granmoun kanpe an liy devan biwo vòt la pou yo vote. Tout bagay ap pase nan lòd.


47

Zile Ilavach kontan paske yon konnen tout kandida yo se moun serye ki vle fè bon travay. Kandida yo pwomèt pou yo ede kèlkanswa kandida ki vini majistra zile a paske zile la se pou yo tout. Se yon bèl jou nan Ilavach.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Ti Kesyon Kisa yon eleksyon ye ? Kisa role majistra nan bouk la? Kisa sa vle di lè moun al vote ? A ki laj ou ka vote nan peyi nou ? Di nou kisa chak kandida yo di yo pral fè pou bouk la ? Si ou ta majistra, kisa ou ta fè pou zile a ?

SE TOUT DWA W E SE DEVWA W

www.ile-a-vache.com


48

ci

en

GRANN

at

ric

k

Lu

Grann, se te yon ti granmoun ki te abite nan yon bèl ti kay avèk mari li Pè Enòk. Lè nou te piti, se te pi bèl plezi pou nou t ale pase vakans nan lakou kay grann.

Je

an

-P

Grann pa t gen anpil pitit pitit, men lakou li te toujou chaje avèk timoun. Gen anpil ladan yo li pa te menm konnen. Grann, sete grann tout moun. Li te youn nan dényè jénerasyon pa li yo ki te rete Grann pa t konn ni li, ni ekri, men, lè grann leve le dimanch pou l ale legliz, liv chan li anba bra li e bib li nan men gòch li. Ou pa t ka chante pi byen pase li. E pa gen moun ki te konn vèsè labib pase Grann. Yo menm di Grann te konn Sòm 119 pakè. Si nou pa konnen, se sòm ki pi long nan bib la. Mesye ki te konnen Grann pa t konn li yo te toujou soti pou yo fè koutay sou Grann nan koze lajan. Men, Grann te konn lajan pase yo. Depi ou pran nenpòt chif, ou ajoute goud,


49

ki se lajan peyi a, dèyè li, Grann ap ba w adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon, e divizyon.

ci

en

Lè nou te rive kay Grann, galta l te toujou plen mango ap tann nou. Grann te konnen zafè mango a, se te zafè pitit pitit li yo. Manje Grann yo te gen yon lòt gou paske se te manje fre, sa nou rele kounye a manje byolojik. Tout bagay te natirèl, yo soti dirèkteman nan jaden Grann. Grann pa t kite lòt moun fè manje pou nou paske li te mefye oubyen li te pè malfektè.

at

ric

k

Lu

Depi li te sizè di swa, ou mèt konnen manje te pare. Lè konsa, se te yon konbit ki te gen kay Grann, paske tout timoun te debake pran pòz se yon bagay yo te vin

Je

an

-P

chache ou byen etidye yo ti vin etidy kay Grann. Men, Grann te konnen se dèyè manje yo te vini, e li te toujou fè ase pou tout moun. Cheve Grann te swa e byen blan. Sete yon plezi pou tout ti medam nan katye a pou yo te penyen tèt Grann. Lè konsa, yo te konn bay Grann bèl kout peny. Grann te renmen sa, men Pè Enòk li menm, sete yon mesye apa ki pa t renmen tout koze sa yo nan lakou li ya. Sèlman, li pa t plenyen lè yo te pote yon bon ti manje pou li. Lè apremidi, tout sote kòd, tire kont, domino, sete kay Grann sa te fèt. Lakou a te tounen yon pak pou jèn yo.


50

Grann te gen yon sèl defo, li te tèti. Menm si li ta malad, fòk li leve pou l ale nan jaden. Ou te mèt kouri dèyè li, li pap tande w. Se paske Grann pa t jwe nan koze bay pitit li manje.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Yon jou pandan Grann te nan jaden, Fransiyis t ap keyi yon lam veritab, youn nan lam veritab yo te tonbe sou tèt Grann e li te tonbe atè a ; je li te frape nan yon rasin

pyebwa. Grann te tonbe endispoze. Grann te vin leve e li te fè kè jou kouche. Yo te mennen li nan dispansè a. Yo te di Grann li te lè pou li te kite zafè ale nan jaden paske li te gen swasantdisèt (77) láne. Yon bon jou, li te vè senkè, nou te fèk fin jwe yon ti macth foutbòl, nou te rantre. Nou tout te grangou, nou t ap mande kot manje a. Lè li te fè pase sizè, li te kòmanse ap fè nwa e nou wè Grann pa t mete chodyè nan dife. Se lè sa a nou kòmanse ap rele Grann. Nou pase nan tout vwazinaj, nou pa t jwenn Grann. Youn nan timoun yo pase pa dèyè lakou a, li jwenn Grann atè


51

nan jaden an. Grann pa t ap respire e foumi te kòmanse ap monte sou li. Letènèl te rele Grann. Li te mouri avèk de(2) lo patat ak lam veritab bò kote li pou li te al ba nou manje. Grann pa t ka kite pitit pitit li yo pase yon jounen san se pa li ki ba yo manje. Tout bouk la te nan lapenn. Premye rèl la te bay e tout moun te debake. Yo pa t ka kwè Grann ta mouri konsa.

ci

en

Nan lantèman Grann, tout gwo zotobre nan bouk la te debake. Anpil ladan yo se Grann ki te konn ba yo ti manje lè yo te soti lekòl e bay yo ti kòb pou yo te al fè filozofi yo lòt kote. Nan mesye sa yo, genyen ki te vin majistra, chèf seksyon, agwónòm, e menm depite.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

Gen youn nan mesye ki gade sèkèy la, li souke tèt li epi li di : « Gade n ap pran pòz save nou, n ap pran pòz entèlektyèl nou. Pouki se pa t yon moun konsa ki t ap dirije peyi a. Lakou li plen ak pyebwa, jaden li bèl, timoun li toujou byen manje, li voye anpil nan nou lekòl, li pa janm mande moun lajan e sete yon granmoun ónèt. Se pa sa n ap chache ? » Granmoun tankou Grann, pa t gen anpil tankou l.


52

ci

en

AGWONOM IZARAK

-P

at

ric

k

Lu

Konpè Zache se yon jèn gason ki rete nan zile a, pa anwo. Papa l ak manman l te kite l lontan pou peyi san chapo. Zache te fè efò pou li te kontinye al lekòl jiskaske li te rive nan klas katriyèm segondè.

Je

an

Zache pa t kite lavi a dekouraje li. Kòm papa l te gen anpil tè, li te fè efò pou li te kontinye travay latè menm lè li te pral lekòl. Zache te konn valè ledikasyon, e se pou sa li pa t manke okenn fòmasyon yo t ap bay nan bouk la nan koze agrikilti paske se sou sa li t ap viv. Zache gen yon bèl jaden e jodi a li vle remesye yon agwónòm ki te pase nan zile e ki te montre li kouman pou li te kenbe jaden li bèl. Se te agwonòm Izarak. Kanmarad Izarak sete moun Labòd, zòn ayewopò Okay. Depi li te piti, li te toujou pral nan jaden avèk papa l li ki te yon gwo plantè. Lè kanmarad Izarak te vin gran, li pa t wè lòt bagay pou li te fè, sete pou li te vin agwónòm pou li kontinye nan chimen papa li. Kanmarad Izarak te


53

pran leson tout fason. Kote li jwenn yo li pa t manke yo, li te toujou ap veye lè etranje yo ap rantre pou bay fòmasyon pou li patisipe. Li te menm pran kou pa korespondans avèk lekòl aletranje. Misye te renmen lakónesans. E avèk sa, li te vini yon bon agwónòm.

at

ric

k

Lu

ci

en

Agwónòm Izarak sete yon moun ki te kwè anpil nan lapratik. Se sa k fè lè ekspè yo te soti Pòtoprens ou byen aletranje pou vin bay fòmasyon, li te toujou di yo tewori se pawòl bouch ak papye e li menm papye pa li sete latè a. Kidonk, agwónòm lan te toujou mande pou yo te fè de(2) jou anplis nan bouk la pou yo te mete sa yo t ap di a nan lapratik. Anpil nan ekspè yo te konn dakò ak agwónòm nan, men kèk fwa sa pa t pase byen pou yo paske sa yo t ap di nan tewori a pa t pwouve sou teren an. Dèfwa, se agwónòm nan ki te vini avèk ti tewori pa li pou li te fè sa mesye yo t ap di a mache.

Je

an

-P

Lè agwónòm nan ap asiste fòmasyon sa yo, gen moun ki te konn di li te poze twòp keksyon, e li t ap fè ekspè yo wont. Agwónòm nan te konn souke tèt li pou li eksplike: “Mesye, se depi m piti m ap travay tè sa nou wè la a. Tè peyi d Ayiti pa menm jan ak okenn lòt tè. Se konmsi m ta di nou zansèt nou yo ki te travay di kòm esklav te vèse san yo sou tè pou okenn lòt nasyon pat vin pwofite li. Tè a vin mistik. Ou pa ka pran kónesans ki soti lòtbòdlo pou vini aplike li pa bò isit konsa. Kónesans lan bon se vre men m ap di nou, li pap janm mache si nou pa melanje li avèk sa sanzèt nou te kite pou nou. Pa bliye mesye, se plis pase desanzan yo te fè ap travay tè sa a. Pa gen liv ki ka ranplase kónesans sa a.


54

Agwónòm Izarak te konn sa li t ap pale a. Li pa t janm refize kónesans lan, men li te konn sa pou l te pran ki te bon, sa pou l te rejte. Li te konn pran tan l tou pou li fè eksperyans pa li nan melanje de kónesans yo.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Se nan konsa li te vin fò nan koze grefe mango pou donnen plis e nan zafè piman. Li te mache grefe anpil mango nan zile a. Li te vin louvri yon ti lekòl kote li te bay fòmasyon. Lekòl agwónòm nan pa t fèt sou papye. Sete mete w atè pou ou pran kónesans nan mitan jaden an. Agwónóm pa t yon moun ki te pale anpil, men, si ou te vin ak koze agrikilti sou li, ou byen si ou te vin bay kónesans nan bouk la, li t ap di w sa li gen pou li di w la.


55

Se konsa tout etranje ak lòt Ayisyen ki te enterese nan koze agrilkilti pa t ka desann nan ayewopò Okay la pou yo pa mande pou agwónòm nan. Agwónòm nan te bay tèt li kòm misyon pou li pa t kite kónesans sa a kache e li te di li pap kanpe toutotan li pa fòme plis pase desan (200) jèn teknisyen agrikòl.

Lu

ci

en

Lè ou te rankontre agwónòm Izarak, sete toujou avèk gwo bòt li ou te wè li, li pral nan jaden. Li pa t gen lòt inifòm. Men sèlman, lè agwónòm nan deside pou li abiye, pa t gen moun chèlbè tankou l.

Je

an

-P

at

ric

k

Jodi a agwónòm nan di rèv li se pou pandan li chita lakay li ya bò ayowepò pou l ap konte avyon k ap debake chak jou k ap vin pran bon pwodui byolojik, san angrè chimik tout zòn Sid la pwodui ki fèt apati de kónesans syantifik e kónesans zansèt nou yo. Ti Kesyon Kisa yon agwónóm ye ? Lè ou plante yon pye bwa, kisa ou fè pou li ka leve byen ? Kisa yon legim ye ? Kisa yon fwi ye ? Kisa ou konn wè manman w ak papa w ap plante? Poukisa nou pa dwe koupe pye bwa ?


56

Yon pesonaj ap pale Tande Mr. Lelio Justin kap pale nou de kèk istwa nan devlopman Ilavach.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Na peyi nou, sitou nan zòn pwovens yo, lè yo di ke yon moun se yon pèsonaj, sa vle di ke se yon moun dwat, ke tout moun respekte nan bouk la. Lè ou rive nan zile Ilavach ou mande pou mesye Lelio Justin, yap di w ou se yon pesonaj li ye. Misye Lelio te fèt nan lane 1942, nan jounen sèt (7) jiyè, nan lokalite Gran Sab. Li te ale lekòl nan prestibè nan soulèt. Apre ke li te fini lekòl li, li te kòmanse travay avèk kèk prêt nan sakristi e li te pwofesè lekòl tou. Apre sa, en 1975, li te swiv yon seminè nan kesyon agrikilti., pwoteksyon sòl, pepinyè e preparasyon plantil. Li pat janm kite zile a. Mesye Lelio te vin ouvri yon lekòl paske li te vle pataje konesans li e alfabetize tout moun nan zile a. Lekòl sa te louvri an 1963. Mysye Lelio rakonte nou ke chanjman nan zile a koumanse nan lane 1950 avèk rantre Pè Magwon (Margron) ki te soti nan pawas Sen Jan di Sid. Avan 1950, la plipa moun nan zile a pat konn afè al legliz e pat tèlman gen lekòl pase sa. Pè Magwon te jije bon pou li te rantre nan zafè mete lekòl nan zile a. Se konsa nan ane ki tap vini yo anpil lekòl te tabli ke nou te jwenn nan Kakòk, Lahat, Bale Raz, Dantèl, Madan Bèna, Soulèt.


57

Anpli moun sou zile a te plis sou koze rara, matigra, donk avek lekòl sa yo, fanmi te koumane al legliz e legliz te koumanse ap etabli sou zile a e plis ti moun te koumanse al lekòl.

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

Pè Magwon te rantre nan zafè devlopman anpil. nan lane 1972 yo te gentan gen wout nan zile prèske soti nan pwent ès rive nan pwent wès. Pè Magwon se sèl moun ki te janm vini nan zile a ak machin. Lòt moun te koumanse rantre ak motosiklèt tou. Pou wout te kenbe, chak lokalite te gen gwoupman kominòtè yo ki tap travay avèk leta peyi a. Nan fen ane 79 a 80 yo, leta te koumanse lage sa e gwoupman pat gen mwayen pou yo te kenbe, wout yo te fin craze. Jiska jounen jodi a, ou ka soti nan pwent ès rive nan pwent wès, men wout la pa bon ankò. Misye Lelio rankonte nou ke gras a Pè Magwon, zile te koumanse fè bèl devlopman, men pat gen lòt moun ki te vinn ranplase Pè Magwon ki te mouri nan lane 1982 e leta te vinn lage zile a nèt. Misye Lelio ki gen twa pitit di ke zile pa bezwen twop bagay, ni twop moun ki ap vinn fè gwo koze ladanl, rèv li, se pou li ta wè travay ke Pè Magwon te koumanse a kontinye, pou ti moun al lekòl, pou abitan zile aprann travay tè a pi byen e pou pechè jwen sipò pou yo achte bon nas avèk bon bato pou yal peche. Misye Lelio di lap tann nou, si nou vle edi zile a.


Je an -P at ric k Lu ci en

58

Chache Mo


Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

59

1 Moun ki fè m nan vann mwen. Moun ki achte m nan pa sèvi avè m. Moun ki sèvi avè m nan pa wè m

2

Dlo pandye

3

Papa m' bati yon kay tout an klou

4 Fezè nat fè nat epi li domi atè 5 Dlo kouche 7 Manman m gen 3 pitit; si youn pa la, 2 pa sèvi

6

Mwen pi wo lèm chita ke lèm kanpe

8

Abiye san soti

10

Mwen rantre blan, mwen soti milat

9 Kotem pase, wap swiv mwen 10 Piti piti leve madan prezidan sou chèz

11

Piti piti fè lonè prezidan

12

REPONS YO NAN LIV LA, WA CHACHE KONNEN PASKE FOK NOU PA BLYE TI KRIK KRAK NOU.

Dlo kampe

13 Mwen gen yon bagay lakay mwen, si mwen pa pete de jel, li pap travay


Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

60

CHACHE VIL NAN DEPATMAN SID LA aken kavayon senlwidisid okay Kanperen Tòbèk

chantal manich Ilavach chadonyè lezanglè tibiwon

lakot pòapiman wochabato pòsali anikè senlwidisid


61

Madan Bèna

Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

kakok

A a, Mysye Patrik Pèdi! Tanpri edel jwen wout li.

Men Patrik ki rive nan zile a, epi ki deside soti Kakòk pou li ale Madan Bèna. Li panse li konn wout, e li koumanse vire ron tèlman li pedi. Tanpri edel jwen chimen soti Kakòk pou rive Madan Bèna


62

Vil Peyi Nou.

Je

an

ric at

-P

aekn kyavaon sniseliiwdd oaky Kapnreen Tòèbk canhtal maicnh Icavalh cdoyhanè lzengalè tibwoin lokat ppaiòamn whòtacabo pslòai

k

Lu

ci

en

Ranje mo sa yo ki anba pou fè non kèk vil nan peyi d’Ayiti Ekzamp: tihia = haiti

mntaeanw nogwm eabbnesl seètl snkema lmbee agwtvi aonkvya yaeognl miaagwrn gonyiav Pepdòè sieiwdsnlid poepntròs oakp twigav


Je an -P at ric k Lu ci en

63


Je

an

-P

at

ric

k

Lu

ci

en

64

Mèsi dèske ou te li ti liv zile Ilavach. Nous espere wèw yon lè Nap toujou akeyi w ak kè kontan www.ile-a-vache.com

Mwen Renmen Ileavach  

Ce livre qui évoque l’histoire, la culture et la vie sociale et économique de l’Ile-a-Vache (www.ile-a-vache.com) est un cadeau à tous les...

Read more
Read more
Similar to
Popular now
Just for you