Preparasyon pou Kindègaten: Resous pou sipòte timoun kap aprann de lang

Page 1

Preparasyon pou Kindègaten: Resous pou sipòte timoun kap aprann de lang Yon twous pou Paran/Titè

Seri Twous LICM a


Twous sa vinn posib gras a sipò Fondasyon Angela ak Scott Jaggar.

Getting Ready for Kindergarten: Resources for Dual Language Learners/ A Toolkit for Parents ©2017 Long Island Children’s Museum 11 Davis Avenue Garden City, NY 11530


Tab dè Matyè Panflè pwogram Ansanm, Ansanm pou Kindègaten ……………………...….....................……

1

Preparasyon pou kourikoulom Kindègaten (nan Nou Yòk) …………………....…........…………

1

Sipòte pitit ou nan Kindègaten ………………………………...........………………………………

2

STEM nan LICM (Syans, Teknoloji, Enjeniè & Matematik) Aktivite pou timoun & Paran..........…

2

Sipòte e pwolonje aprantisaj lakay ou ……………….………........…………………………………

3

Sipòte e pwolonje aprantisaj nan lòt …………...…….................………………..………………

4

Kesyon pou poze nan konferans Paran-Pwofesè pou pitit ou ki nan jaden danfan……...……….

5

Kontakte Nou ..............................................................................................................

5


Preparasyon twous sa fèt pou paran ak titè kap patisipe oubyen ki te patisipe nan sesyon Ansanm, Ansanm pou Kindègaten ou pou lòt moun ki gen timoun kap rentre ou ki enrejistre nan jaden danfan. Enfòmasyon nan twous sa ap kapab sipòte sa ou ap fè avèk pitit ou. Sit resous yo gen diferan degre de tradiksyon.

Panflè pwogram Ansanm, Ansanm pou Kindègaten • Effective Ways to Read to Your Child • Four Principals for Approaching Kindergarten • Helping Your Child Learn & Enjoy Mathematics • Mealtime Memo • Tips for Parents of Kindergarteners

Preparasyon pou kourikoulom Kindègaten (nan Nou Yòk) Men enfòmasyon ke eta Nou Yòk la estime enpòtan pou elèv nan klas matènèl konnen anvan ke yo rentre nan jaden danfan. Common Core Fondasyon pou Klas avan Kindègaten nan Etat Nou Yòk

Souvan, paran yo resevwa mesaj ki pa klè ki di yo ki matyè ki pi enpòtan pou pitit yo aprann. Li rezonab pou ou sonje ke chak matyè pou kont li enpòtan, men ansanm, yo ranfòse e sipòte aprantisaj yonn ak lòt. Pa ekzanp, matematik, syans, mizik e at konekte ansanm e ede timoun aprann chak matyè pi plis. Li enpòtan pou founi pitit ou avèk ekperyans edikasyonèl byen konplè otan ke posib e sipote enterè yo nan aprantisaj.

1


Sipòte pitit ou nan Kindègaten Resous sa yo te devlope pa plizyè òganizasyon pou ede pitit ou travay byen lekòl: • Paran Imigran : Kijan pou ede pitit ou Reyisi Lekòl • Timoun kap apran de Lang: 5 Konsey pou Paran • ¡Colorín Colorado! -Yon sit bileng pou Edikatè ak Fanmi Timoun kap Aprann Anglè. Mande ki resous ki disponib nan lekòl pitit ou. Ekzanp ke nou itilize yo gen rapò avèk resous ki disponib nan lekòl ki nan areya vil Nou Yòk. Mande si gen pwogram ki parèy nan lekòl zòn lakay ou. • Deklarasyon Dwa ak Responsabilite Paran (Depatman de Edikasyon nan vil Nou Yòk) ( Tradwi nan diferan lang ) • Deklarasyon Dwa Paran pou Timoun kap Aprann Anglè ( Tradwi nan diferan lang ) • BOCES – Nan zonn lès Suffolk (NY) Resous Miltip pou Paran Timoun kap aprann Anglè – tradwi an plizyè lang (inkli video oryentasyon, evalyasyon enfòmatik, guid pou paran timoun kap aprann Anglè, etc…)

STEM nan LICM (Syans, Teknoloji, Enjeniè & Matematik) Aktivite pou timoun & Paran (pou timoun jiska laj de 8 an) Super STEM: Liv ki gen aktivite bileng (Anglè/Espanyòl) ki ofri eksperyans nan Syans, Teknoloji, Enjenyè e Matematik pou ou fè lakay ou. Kreye tankou aktivite familyal, eksperyans sa yo kinbe timoun yo aktif e angaje e yo stimile kiryozite, kreativite, pense critik e teknik pou solisyon pwoblèm.

2


Sipòte e pwolonje aprantisaj lakay ou Aktivite daprantisaj ak Resous pratik CHISPA (Timoun kap Envestige Syans ak Paran yo oubyen aprè lekòl) • Kat aktivite ECHOS an Anglè e an Espanyòl : ECHOS, (Syans pratik pou timoun piti) se yon kourikoulom de syans pou klas matènèl, devlope pa Mize de Syans de Patricia e Philip Frost e finanse pa Depatman de Edikasyon dè Zetazini. ECHOS entwodyi done syantifik de baz a elèv ki nan klas matenèl a travè yon kourikoulom baze sou eksperyans. Kat entegrasyon ECHOS (iCards) yo gen aktivite sou lang/lekti, matematik, e la kreatif ki gen rapò a leson syans ak matematik ECHOS yo. Paran yo kapab itilize iCards yo pou yo pwolonje aprantisaj lakay yo.

Mize pou Timoun nan Boston • Materyo STEM SPROUTS an Anglè e Espanyòl: Guid ansèyman STEM SPROUTS e papye konsèy pou paran yo debite aprè rezilta kolaborasyon ant National Grid, Boston Children’s Museum e WGBH. Bi guid sa se asiste edikatè yo konsantre e rafine kònpòtman natirèlman kirye timoun ki gen laj de twa a senk an genyen sou syans, teknoloji, enjenyè e matematik. Enfòmasyon jeneral sou fason ke jenn timoun eksplore done syantifik ki aliye avèk direksyon ke leta Massachusetts pou anseyman STEM pou timoun yo enkli. Entansyon panflè konsèy de STEM Sprouts pou Paran, se pou yo akompanye yon aktivite ki gen menn topik la. Pa ekzanp, si wap eksplore fèy deyò yo lè gen van, oubyen li liv Leaves ke David Ezra Stein ekri, ou gen dwa pale de kijan van fe bagay deplase.

Sesame Street – Timoun kap Dekouvri : Gwo divètisman avèk Syans, Matematik e plis ankò… • Aktivite nan Syans, Teknoloji, Enjenyè ak Matematik + Videyo sijè yo avèk Elmo, Abby ak Lòt, Timoun kap Dekouvri: Gwo divetisman avèk syans, matematik e plis anko, se yon destinasyon dijital de sujè ki genyen videyo, jwèt ak aktivite ki enspire timoun e granmoun ki nan vi yo pou yo enkòpore konsèp e teknik STEM – Syans, Teknoloji, Enjenyè e Matematik – nan tout moman jou an. Ou kapab ale nan sit la nan pòtab ou pou jewnn nouvo SESAME Street STEM jwèt.

3


Sipòte e pwolonje aprantisaj nan lòt Paran yo se pwofesè ak reprezantan enpòtan pou edikasyon pitit yo. Paran kapab kreye opòtinite daprantisaj nan tout mwayen.

Rekonèt valè bibliyotèk piblik Bibliyotèk se yon resous de gran valè ki bay piblik la aksè (gratis) a yon vas koleksyon de liv ak ashiv. Bibliyotèk ofri enfòmasyon sou yon gran nonb de sijè fasinan – kap retann yon moun pran yo pou pataje avèk pitit ou. Pwofesyonèl sèviab dispoze pou guide e ankouraje pitit ou kap chèche aprann.

Eksplore mond nan a chak opòtinite Lè wap vwayaje avèk pitit ou – ke se pou yon jou ou pou ale vizite fanmi ou – yo kapab aprann yon pakèt bagay ki nan mond la. Ou kapab anseye yo istwa, jeografi an mèm tan pale yo de divèsite kilti yo ak tradisyon e koutim. Atmòsfè vwayaj en fanmi a kapab ankouraje kiryozite e konvèsasyon.

Anbrase « Edikasyon chak jou » Edikasyon chak jou kapab ouvri pòt pou leson ki trè eksitan. Pa ekzanp, prepare yon pla bonbon kapab ilistre aplikasyon pratik de matematik, syans e nitrisyon; asiste yon match baseball kapab demontre statistic, istwa e travay an ekip.

Enfòme ou Kiltirèlman Ekspoze pitit ou a plizyè kote atistik e sosiab otan ke posib. Mize, jaden zoolojik, plas istorik ak evènman kiltirèl tankou pèfòmans teatral, dans ou konsè misik ofri gran opòtinite pou ansenye e diveti timoun. Souvan, timoun panse ke avanti sa yo pi amizan pase chita sou yon ban lekòl. An plis, yo kapab agrandi orizon yo e propabman anime enterè, pastan e pasyon pou la vi. Verifye avèk bibliyotèk lokal ou pou wè si pas pou fanmi yo disponib pou vizite òganizasyon kiltirel yo ou pou yon mize ki ofri rantre gratis chak mwa.

Gen la Fwa Si fanmi ou fè pati de yon kominote relijye, fè pitit ou patasipe nan klas, al nan kan, nan retrèt e fè pati de gwoup de jènn. Timoun a aprann istwa lafwa ak zansèt avèk konsèp relijye e spirityel.

Itilize chak opòtinite pou reponn « Pouki sa ? » Menn moman ki pi òdinè kapab devni yon opòtinite dansèyman remakab, Akonpanye manman ou papa nan travay ou soti pou al la bank ou nan magazen kapab inisye yon konvèsasyon sou lajan ou biznis ; gade syèl la le swa kapab enspire keksyon sou objè ki nan syèl la nan gran inivè nou an ; ashte pwovizyon ba ou opòtinite pou diskite planifikasyon, estimasyon e bidjè. Pwofite chak jou de tout opòtinite pou aprann an fanmi – e sonje pou apresye kiryozite natirel pitit ou.

Konekte – Men fè atensyon Teknoloji reprezente yon bagay trè enpòtan nan mond modèn nou an e amelyorasyon ap fèt chak jou. Sa vle di ke pitit ou gen abilite pou li gen aksè a enfòmasyon e satisfè kiryozite li imedyatman ! Ankouraje pitit ou chèche repons kesyon li nan entènèt ou gade video ki bay enstriksyon ou aktyalite ki vre. An plis, siveye aktivite pitit ou pou yo kapab rete entelijan e an sekirite. SOURCE: Parents.com

4


Kesyon pou poze nan konferans Paran-Pwofesè pou pitit ou ki nan jaden danfan Ekzanp kesyon e sijesyon Si ou pa si ki kesyon pou poze nan premye konferans paran-pwofesè, kesyon sa yo kapab ede ou kòmanse: • Sa nòt ki sou kanè pitit mwen an vle di ? • Eske pitit mwen kapab fè jan de travay ke ou vle li fè ? • Kijan pou mwen fè konnen si pitit mwen konprann sa map li pou li ? • Ki jan de kesyon pou mwen mande pitit mwen le nap li ansanm ? • Kijan mwen ka ede pitit mwen si li gen difikilte avèk devwa matimatik li ? • Ki aktivite daprentisaj pou matematik ke mwen kapab fè lakay mwen ? • Eske pitit mwen antann li byen avèk lòt elèv nan lekòl la ? • Eske pitit mwen gen difilkilte pou li suiv ou fè direksyon ke yo ba li ? • Ki sa ou kapab di mwen de fason pitit mwen ap aprann ? • Eske gen lòt sèvis pandan ou apre lekòl ki kapab ede pitit mwen ? Si wi, kijan mwen ka fè pou mwen gen sèvis sa yo pou pitit mwen ? • Ki bagay ke mwen ka fè lakay mwen pou mwen ede pitit mwen travay byen lekòl? • Ki sa ke mwen ka fè pou mwen ranfòse sa ke ou ap ansenye li lekòl? • Ki meyè fason ke mwen ka rentre an kontak avèk ou si mwen gen kesyon ou si mwen konsène ? • Ki jan pou mwen konnen ki devwa oubyen ki pwojè ke ou bay pitit mwen? • Ki bi ke ou genyen pou pitit mwen? Sources Adapte nan Depatman Edikasyon nan vil Nou Yòk Signupgenius.com

Kontakte nou Eske ou gen yon kesyon sou pwogram Ansanm, Ansanm pou Kindègaten ki nan LICM? Kontakte nou earlychildhood@licm.org

5



Long Island Children’s Museum 11 Davis Ave, Garden City, NY 11530 (516) 224-5800 • www.licm.org


Issuu converts static files into: digital portfolios, online yearbooks, online catalogs, digital photo albums and more. Sign up and create your flipbook.