1 minute read

Chante nòt mizik nan mitan nechèl

Pawòl ak mizik: Micheline L. Denis

Advertisement

Madmawazèl MI, pa lage liy li La, lalalala, la, lala, la Li balanse sou premye liy li!

RE, se yon atlèt ki pa nan jwèt Li menm sèl ki ka pote chay sou tèt!

Kanta pou FA, kote l’ ye nan kache li, Se dièz a beka Ki pou rale’l deyò!

Lè SOL , parèt ak kle l’ lan men l’ Se pou tout nòt mache dèyè l’

LA, se li k’ sonnen dyapazon Pou fè rasanbleman

Etan l’ ap veye…

SI, ki vle pou l’ kouri kay ti do DO, RE, MI, FA, SO,L LA, SI….. do

This article is from: