
1 minute read
DEFINISYON
Nan dokiman sa a, “imaj mak” fè referans ak itilizasyon yon non, yon tèm, yon konsepsyon, oswa yon senbòl pou idantifye yon òganizasyon epi distenge pwojè oswa pwodui li yo.
Mak Nou
Mak IAF la plis ke yon logo. Li reprezante valè distenktif ak prensip ajans lan. Logo IAF la se yon glòb ki reprezante
“Makaj” fè referans ak vizibilite ki pèmèt rekonèt esponnsò yon pwojè oswa yon pwodui lè yo aplike logo oswa idantite grafik li yo nan materyèl dijital oswa nan materyèl pou enprime yo.
Emisfè Oksidantal la, ki ansèkle ak yon liy wouj ki gen pa anba l non INTER-AMERICAN FOUNDATION (FONDASYON ENTÈ-AMERIKEN). Logo a souvan akonpanye pa eslogan an: EMPOWERED COMMUNITIES, SUSTAINABLE RESULTS (KOMINOTE OTONÒM, REZILTA



DIRAB). Non òganizasyon an toujou ekri ak lèt majiskil.
ItIlizasyon SO: Ansèy, plak, fich enfòmasyon, bwochi, filigràn foto, imèl, siyati.
Itilizasyon LOGO VÈTIKAL: Envitasyon fòmèl, papetri, sètifika, ak lè gen ko-makaj ak lòt logo vètikal yo.
Itilizasyon LOGO ORIZONTAL: Piblikasyon, paj wèb, ansèy, estasyonè, ko-makaj ak lòt logo orizontal.
VARYASYON LOGO AK OPSYON KOULÈ INTER-AMERICAN FOUNDATION









Itilizasyon Tipik MAK DISTENKTIF: grafik pou medya sosyal ak pwodui yo kote logo a annantye pa ta ka adapte oswa pa ta ka lizib.

Vèsyon vètikal oswa orizontal logo nou an nan ann Espanyòl ka itilize tou pou piblikasyon nan lang Panyòl.
Lè logo a itilize pou PAPYE AK ANTÈT (an Koulè oswa Nwa e Blan orizontal), dimansyon ki rekòmande a se 1x4”.

Itilizasyon Enk R K Logo A




Pou Asire Konsistans Nan Itilizasyon Idantite Iaf
LA, TANPRI PINGA:
• Ajoute okenn lonbraj oswa lòt efè yo, tankou kontou yo, kaz yo, aparans flou yo, teskti, oswa efè “3-D”
• Defòme imaj la nan nenpòt ki fason (egzanp pou fè l adapte yon fason vètikal oswa orizontal nan yon espas)
• Chanjman nenpòt nan koulè yo, karaktè, oswa nenpòt aspè estanda oswa eleman nan logo a
• Chanje anplasman logo a ak eslogan an
• Chanje relasyon ant eleman yo

Anplasman Logo Ak Ary Plan
Pou li ka byen lizib, logo IAF la ta dwe itilize sou yon koulè aryèplan ki diferan. Lè w ap desine pwodui ki itilize koulè (dokiman, paj wèb, prezantasyon PowerPoint, oswa foto), li souvan preferab pou plase logo a anndan yon bandwòl anwo pwodui a ak logo sipèpoze sou tèt li.
Pou foto yo: plase logo an koulè a dirèkteman sou foto yo ak aryèplan ki gen koulè yo lè sa posib. Chwazi foto yo ak koulè aryèplan yo ki diferansye yon fason sifizan ak koulè logo a pou prezève entegrite logo a.
Lè li pa posib pou plase logo a dirèkteman sou yon foto oswa yon aryèplan ki gen koulè, li akseptab pou plase logo a sou yon bann koulè ki klè oswa ki fonse, jan yo montre l nan egzanp foto ki nan pwochen paj la.