Skip to main content

Haitian Creole - The Reality of Hell

Page 1

Reyalite lanfè a Epi pa pè moun ki touye kò a, men ki pa kapab touye nanm nan. Okontrè, se pou nou pè moun ki kapab detwi nanm nan ak kò a nan lanfè. Matye 10:28

Pentatek ak Istwa Paske mwen fache tankou yon dife. Mwen pral boule tout pyebwa yo jouk kote mò yo ye a. L'ap boule tout pyebwa ki sou latè ak tout rekòt yo. L'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo. Detewonòm 32:22 Lanmò te sènen m' toupatou. Lanmò te twouve m' twouble. Nan mizè mwen te ye a, mwen rele Seyè a, mwen kriye nan pye Bondye mwen an. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. 2 Samyèl 22:6-7

Pwezi Èske ou ka fouye byen fon nan Bondye? Èske ou ka konnen nèt ale Bondye ki gen tout pouvwa a? Li byen wo tankou syèl la. Kisa ou ka fè? Li pi fon pase lanfè. Kisa ou ka konnen? Jòb 11:7-8 Lanfè a toutouni devan l, epi pa gen anyen pou l kouvri destriksyon. Jòb 26:6 Mechan yo gen pou yo mouri. Tout nasyon ki bliye Bondye gen pou yo mouri. Sòm 9:17 Paske ou p'ap kite nanm mwen kote mò yo ye a, ni ou p'ap kite moun pa ou la pouri. Sòm 16:10 Lanmò te pran m' toupatou. Sòm 18:5 Lapenn lanmò te tonbe sou mwen. Se pou lanmò pran yo, se pou yo desann vivan nan peyi kote mò yo ye a, paske mechanste a rete lakay yo, li nan mitan yo. Sòm 55:15 Paske ou gen anpil mizèrikòd pou mwen, ou delivre nanm mwen soti nan lanmò ki pi pwofon an. Sòm 86:13 Lapenn lanmò te vlope m', doulè lanfè te pran m'. Mwen te jwenn tray ak lapenn. Sòm 116:3 Si m monte nan syèl la, ou la. Si m al kouche nan peyi kote mò yo ye a, ou la tou. Sòm 139:8


Turn static files into dynamic content formats.

Create a flipbook
Haitian Creole - The Reality of Hell by Filipino Tracts and Literature Society Inc. - Issuu