


![]()




Èske ou genyen yon ka refi, revokasyon, oswa peman eksesif pou avantaj Sekirite Sosyal?
Avantaj Sekirite Sosyal
Alokasyon Chomaj
Koupon Alimantè (SNAP)

FRLS ede tout moun kalifye, lè yo refize aplikasyon oswa revoke avantaj piblik yo, oubyen si yo gen pwoblèm peman eksesif. Kabinè avoka nou an, ki pa travay pou bennefis, ede kliyan ki pèdi tout oubyen moso nan avantaj piblik yo.

Medicaid
Asistans Tanporè pou
Fanmi ki nan Bezwen (TANF)
Fon Medicaid
Reklamasyon ki Refize nan
Asirans Pansyon & Plis
Florida Rural Legal Services, Inc (FRLS) se yon kabinè avoka san bi likratif ki bay èd legal sivil gratis pou moun, fanmi yo ak kominote vilnerab ki elijib yo atravè 13 konte Florid yo, ansanm ak travayè agrikòl nan tout eta a

Kote Biwo Yo:
Zòn Sèvis FRLS:
Florida Rural Legal Services (FRLS) gen fyète dèske li sèvi yon gran kantite konte nan Sid ak nan Sant Florida, kote li bay asistans legal esansyèl gratis pou moun ki rete nan konte Lee, Polk, Palm Beach, St Lucie, Martin, Okeechobee, Indian River, Highlands, Hardee, Hendry, Charlotte, DeSoto, ak Glades

FRLS sipòte kliyan yo te refize aplikasyon pou
Sekirite Sosyal (Supplemental Security IncomeSSI), oswa Asirans pou Andikape nan Sekirite Sosyal (Security Disability Insurance - SSDI), oswa moun yo revoke avantaj yo, oswa moun ki gen pwoblèm an rapò avèk peman eksesif.
Pou moun k ap goumen avèk refi aplikasyon pou peman pou chomaj, FRLS ofri ede kliyan yo jwenn avantaj yo gen dwa resevwa pandan tan difisil yo pase san travay la
FRLS travay sou pwoblèm ki an rapò avèk revokasyon avantaj, refi, oswa peman eksesif pou koupon alimantè (Food Stamps - SNAP).

FRLS ede nan ka refi oswa rediksyon nan peman pou Medicaid, I-budget, ak pwogram asistans lakay ak nan kominote a

Sekirize Avantaj Piblik ou yo avèk

Kontakte nou pou wè si ou kalifye pou asistans gratis avèk bezwen ou pou avantaj piblik; ou mèt rele nimewo asistans gratis nou an.